Mak 14:43-65

Mak 14:43-65 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi pa t ko menm fin pale, lè Jida, youn nan douz disip yo, te parèt. Chèf prèt yo, direktè Lalwa yo ak lidè Juif yo te voye avè l yon foul moun ame ak nepe ak baton. Jida, nonm ki te gen pou trayi Jezi a, te bay moun ki avè l yo yon sinyal. Li di yo: “Moun nou wè m bo a, se li menm. Nou mèt arete l, epi eskòte l mennen l ale.” Konsa, kou Jida rive, l al sou Jezi epi l di: “Mèt mwen!” Epi Jida bo Jezi. Moun ki te avèk Jida yo met men sou li, yo arete l. Youn nan disip Jezi yo ki te kanpe tou pre, rale nepe l, li fè you kout nepe sou sèvitè gran chèf prèt la, li koupe zòrèy li. Lè sa a, Jezi reponn yo: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Chak jou mwen te avèk nou, m t ap anseye nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? Antouka, sa pase kon sa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Lè sa a, disip Jezi yo abandone l, yo kouri. Te gen yon jenn gason ki t ap swiv li, li pa t gen anyen sou li, eksepte yon dra. Yo fè sa yo mete men sou li pou yo te arete l; Jenn gason an kite dra a nan men yo, epi li chape poul li toutouni. Yo mennen Jezi devan gran chèf prèt la. Epi yo rasanble tout chèf prèt yo, lidè pèp Juif la ak pwofesè lalwa yo. Pyè ki t ap swiv yo a yon distans te antre nan lakou granprèt la tou. Li rantre nan lakou a epi li chita nan mitan sèvitè yo, li t ap chofe dife. Chèf prèt yo ak gran Konsèy Juif la t ap chache fo temwayaj pou yo met sou do Jezi pou yo ka jwenn yon rezon pou yo fè touye l, men yo pa t jwenn anyen. Anpil moun te vin bay fo temwanyaj kont li, men tout temwanyaj yo te depaman youn ak lòt. Se kon sa kèk lòt moun kanpe pou kontinye bay plis manti toujou. Yo di: “Nou tande nonm lan di M ap kraze tanp sa lèzòm fè a, epi nan twa jou m ap bati yon lòt tanp ki pa fèt ak men lòm.” Men, menm sa moun sa yo t ap di te depaman tou. Lè sa a, Granprèt la leve kanpe nan mitan mesye yo epi l mande Jezi: “Ki sa w di sou akizasyon sa yo? Èske sa yo di a se vre?” Men Jezi rete an silans, li pa reponn anyen. Gran chèf prèt la mande l ankò: “Èske ou se Mesi a, Pitit Bondye beni an?” Jezi reponn li: “Oui, se sa menm. Nou gen pou n wè Pitit Lòm nan sou tèt nyaj yo k ap desann sou latè avèk anpil pouvwa ak gwo onè.” Lè sa a gran chèf prèt la chire rad li. Epi li di: “Ki temwanyaj nou bezwen anplis! Nou tout tande jan li t ap ensite Bondye. Ki sa a n ap fè ak sa? Konsa, yo tout kondane l, yo di li merite lanmò.” Yo tout kondane li pou li mouri. Kèk moun kòmanse krache sou li. Yo kouvri figi l epi yo di l: “Pwofetize non, di nou ki moun ki te frape w?” Apre sa, gad tanp lan yo te ba l anpil kalòt.

Pataje
Li Mak 14

Mak 14:43-65 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi t'ap pale toujou lè Jida, yonn nan douz disip yo, vin rive. Li te gen yon bann moun ki te gen nepe ak baton nan men yo avèk li: se chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo ki te voye yo avèk li. Jida, nonm ki t'ap trayi Jezi a, te gen dizon ak yo pou l ba yo yon siyal. Li te di yo: — Moun n'a wè m bo a se li menm n'ap chache a. Mete men sou li, mennen li ale, pa kite l chape. Rive Jida rive, li pwoche bò kote Jezi, li di li: — Mèt! Epi li bo li. Menm lè a, moun yo mete men sou Jezi, yo arete li. Yonn nan disip yo rale nepe l, li frape domestik granprèt la. Li koupe yon zòrèy li. Jezi pran lapawòl, li di yo: — Nou vin dèyè m ak nepe, ak baton, tankou si m te yon ansasen. Men, toulejou mwen te la nan mitan nou, mwen t'ap pale nan tanp lan. Lè sa a nou pat janm arete mwen. Men, tou sa pase konsa pou sa ki ekri a ka rive vre. Lè sa a tout disip yo kite l, yo pran kouri. Te gen yon jenn gason ki t'ap swiv Jezi. Li te gen yon dra ase sou li. Yo mete men sou mesye. Men, li lage dra a, li chape nan men yo toutouni. Yo mennen Jezi kay granprèt la. Se la tout chèf prèt yo, chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo te reyini. Pyè t'ap swiv Jezi yon ti jan lwen lwen. Li antre jouk nan fon lakou granprèt la. Li chita ak gad yo bò dife a, li t'ap chofe. Chèf prèt yo ak tout manm Gran Konsèy jwif yo t'ap chache yon manti pou yo te fè sou Jezi pou yo te kondannen l amò, men yo pat kapab jwenn anyen menm. Anpil moun te vin fè manti sou li. Men, pawòl yo pat dakò. Lè sa a, kèk moun leve kanpe, yo fè manti sa a sou li: — Nou te tande l di: M'a kraze tanp moun te fè a, epi nan twa jou m'a bati yon lòt tanp moun pa ka fè. Menm sou pwen sa a yo pat dakò. Lè sa a, granprèt la leve nan mitan asanble a, li poze Jezi kèsyon, li di l konsa: — Ou pa reponn anyen? Kisa mesye yo ap di sou ou konsa? Jezi pa louvri bouch li, li pa reponn anyen. Granprèt la kèsyonnen li ankò, li mande l: — Eske se ou ki Kris la, Pitit Bondye ki merite lwanj la? Jezi reponn li: — Wi, se mwen menm. Nou gen pou nou wè m, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, chita sou bò dwat Bondye ki gen pouvwa a, n'a wè m tou ap vini anwo nyaj yo nan syèl la. Lè sa a, granprèt la chire rad ki te sou li a, li di: — Sa nou bezwen temwen ankò fè? Nou sot tande jan l pale mal sou Bondye. Sa nou di nan sa? Yo tout deklare Jezi koupab, yo di li merite lanmò. Kèk ladan yo tonbe krache sou li, yo bouche je l, yo pran ba l koutpwen. Lèfini yo di li: — Si ou konnen di nou ki moun k'ap fè ou sa? Menm gad yo pran bay Jezi souflèt.

Pataje
Li Mak 14

Mak 14:43-65 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Au même moment, pendant que Jésus dit cela, Judas, l’un des douze apôtres, arrive. Il y a avec lui une foule de gens avec des armes et des bâtons. Ils viennent de la part des chefs des prêtres, des maîtres de la loi et des anciens. Judas, celui qui livre Jésus, a déjà expliqué à la foule ce qu’il va faire. Il leur a dit : « L’homme que je vais embrasser, c’est lui ! Arrêtez-le, emmenez-le et gardez-le bien ! » En arrivant, Judas s’approche tout de suite de Jésus, et il lui dit : « Maître ! » Puis il l’embrasse. Alors les gens mettent la main sur Jésus et ils l’arrêtent. Un des disciples prend son épée. Il frappe le serviteur du grand-prêtre et lui coupe l’oreille. Jésus leur dit : « Vous êtes venus me prendre avec des armes et des bâtons, comme pour arrêter un bandit ! Tous les jours, j’étais avec vous dans le temple et j’enseignais. Pourtant, vous ne m’avez pas arrêté. Mais, de cette façon, ce que les Livres Saints ont dit se réalise. » Tous les disciples abandonnent Jésus et ils partent en courant. Un jeune homme suit Jésus. Il est couvert seulement d’un drap. On l’arrête, mais il laisse le drap et il part en courant, tout nu. Ils emmènent Jésus chez le grand-prêtre. Là, tous les chefs des prêtres, les anciens et les maîtres de la loi se réunissent. Pierre suit Jésus de loin et il entre chez le grand-prêtre. Il s’assoit dans la cour avec les serviteurs et il se chauffe près du feu. Les chefs des prêtres et tout le Tribunal religieux cherchent une raison d’accuser Jésus pour le condamner à mort, mais ils n’en trouvent pas. En effet, beaucoup de témoins disent des mensonges contre Jésus, mais ils ne sont pas d’accord entre eux. Quelques-uns se lèvent et ils accusent Jésus en disant ce mensonge : « Nous l’avons entendu dire : “Je détruirai ce temple que les hommes ont construit. Et en trois jours, j’en bâtirai un autre qui ne sera pas construit par les hommes.” » Mais même ces témoins-là ne sont pas d’accord entre eux. Alors le grand-prêtre se lève devant tout le monde et il demande à Jésus : « Tu ne réponds rien ? Qu’est-ce que ces gens disent contre toi ? » Mais Jésus se tait, il ne répond rien. De nouveau, le grand-prêtre lui demande : « Est-ce que tu es le Messie, le Fils du Dieu que nous adorons ? » Jésus lui répond : « Oui, je le suis. Et vous verrez le Fils de l’homme assis à la droite du Dieu tout-puissant, et venir parmi les nuages du ciel. » Alors le grand-prêtre déchire ses vêtements et il dit : « Nous n’avons plus besoin de témoins ! Vous l’avez entendu insulter Dieu. Qu’est-ce que vous en pensez ? » Tout le monde condamne Jésus et dit qu’il doit mourir. Quelques-uns se mettent à cracher sur lui. Ils couvrent son visage, ils le frappent à coups de poing et lui disent : « Qui t’a frappé ? Devine ! » Les serviteurs prennent Jésus et lui donnent des gifles.

Pataje
Li Mak 14

Mak 14:43-65 New International Version (NIV)

Just as he was speaking, Judas, one of the Twelve, appeared. With him was a crowd armed with swords and clubs, sent from the chief priests, the teachers of the law, and the elders. Now the betrayer had arranged a signal with them: “The one I kiss is the man; arrest him and lead him away under guard.” Going at once to Jesus, Judas said, “Rabbi!” and kissed him. The men seized Jesus and arrested him. Then one of those standing near drew his sword and struck the servant of the high priest, cutting off his ear. “Am I leading a rebellion,” said Jesus, “that you have come out with swords and clubs to capture me? Every day I was with you, teaching in the temple courts, and you did not arrest me. But the Scriptures must be fulfilled.” Then everyone deserted him and fled. A young man, wearing nothing but a linen garment, was following Jesus. When they seized him, he fled naked, leaving his garment behind. They took Jesus to the high priest, and all the chief priests, the elders and the teachers of the law came together. Peter followed him at a distance, right into the courtyard of the high priest. There he sat with the guards and warmed himself at the fire. The chief priests and the whole Sanhedrin were looking for evidence against Jesus so that they could put him to death, but they did not find any. Many testified falsely against him, but their statements did not agree. Then some stood up and gave this false testimony against him: “We heard him say, ‘I will destroy this temple made with human hands and in three days will build another, not made with hands.’ ” Yet even then their testimony did not agree. Then the high priest stood up before them and asked Jesus, “Are you not going to answer? What is this testimony that these men are bringing against you?” But Jesus remained silent and gave no answer. Again the high priest asked him, “Are you the Messiah, the Son of the Blessed One?” “I am,” said Jesus. “And you will see the Son of Man sitting at the right hand of the Mighty One and coming on the clouds of heaven.” The high priest tore his clothes. “Why do we need any more witnesses?” he asked. “You have heard the blasphemy. What do you think?” They all condemned him as worthy of death. Then some began to spit at him; they blindfolded him, struck him with their fists, and said, “Prophesy!” And the guards took him and beat him.

Pataje
Li Mak 14

Mak 14:43-65 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Il n’avait pas fini de parler que soudain survint Judas, l’un des Douze, accompagné d’une troupe armée d’épées et de gourdins. C’étaient les chefs des prêtres, les spécialistes de la Loi et les responsables du peuple qui les envoyaient. Le traître avait convenu avec eux d’un signal : Celui que j’embrasserai, c’est lui. Saisissez-vous de lui et emmenez-le sous bonne garde. En arrivant, Judas se dirigea droit sur Jésus ; il lui dit : « Maître ! » et l’embrassa. Aussitôt, les autres mirent la main sur Jésus et l’arrêtèrent. Mais l’un de ceux qui étaient là dégaina son épée, en donna un coup au serviteur du grand-prêtre et lui emporta l’oreille. Jésus leur dit : Me prenez-vous pour un bandit, pour que vous soyez venus en force avec des épées et des gourdins pour vous emparer de moi ? J’étais parmi vous chaque jour dans la cour du Temple pour donner mon enseignement et vous ne m’avez pas arrêté. Mais il en est ainsi pour que les Ecritures s’accomplissent. Alors tous ses compagnons l’abandonnèrent et prirent la fuite. Un jeune homme le suivait, couvert seulement d’un drap. On le saisit, mais il abandonna le drap et s’enfuit, tout nu. Jésus fut conduit devant le grand-prêtre chez qui se rassemblèrent les chefs des prêtres, les responsables du peuple et les spécialistes de la Loi. Pierre l’avait suivi à distance, jusqu’à l’intérieur de la cour du palais du grand-prêtre. Il était assis avec les gardes, près du feu, pour se réchauffer. Les chefs des prêtres et le Grand-Conseil au complet cherchaient un témoignage contre Jésus pour pouvoir le condamner à mort. Mais ils n’en trouvaient pas. Car il y avait beaucoup de gens pour apporter des faux témoignages contre lui, mais ces témoignages ne concordaient pas. Finalement, quelques-uns se levèrent pour porter contre lui ce faux témoignage : Nous l’avons entendu dire : « Je démolirai ce temple fait de main d’homme et, en trois jours, j’en reconstruirai un autre, qui ne sera pas fait par des mains humaines. » Mais même là-dessus, leurs dépositions ne s’accordaient pas. Alors le grand-prêtre se leva au milieu de l’assemblée et interrogea Jésus. – Eh bien, demanda-t-il, tu n’as rien à répondre aux témoignages qu’on vient de porter contre toi ? Mais Jésus garda le silence et ne répondit pas. Le grand-prêtre l’interrogea de nouveau et lui demanda : Es-tu le Messie, le Fils du Dieu béni ? Et Jésus lui répondit : Oui, je le suis ! Et vous verrez le Fils de l’homme siéger à la droite du Tout-Puissant et venir en gloire avec les nuées du ciel. Alors, le grand-prêtre déchira ses vêtements en signe de consternation et s’écria : Qu’avons-nous encore besoin de témoins ! Vous avez entendu le blasphème ! Qu’en concluez-vous ? Tous, alors, le condamnèrent en le déclarant passible de mort. Quelques-uns se mirent à cracher sur lui, ils lui recouvrirent le visage et le frappèrent en lui disant : Hé ! Fais le prophète ! Qui c’est ? Les gardes saisirent Jésus et lui donnèrent des gifles.

Pataje
Li Mak 14

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an