Matye 9:27-34
Matye 9:27-34 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezi kite kote l te ye a. Antan li t'ap pase yon kote, de avèg pran mache dèyè li. Yo t'ap rele: — Pitit David, gen pitye pou nou! Lè Jezi rive nan kay la, avèg yo pwoche bò kote li. Jezi di yo: — Eske nou kwè mwen ka fè sa pou nou? Yo reponn li: — Wi, Mèt. Lè sa a, li manyen je yo, li di: — Se pou sa fèt pou nou jan nou kwè l la. Je yo louvri. Jezi pale byen sevè ak yo, li di yo: — Tande byen, piga pèsonn konn sa. Men, ale yo ale, yo pran nonmen non l toupatou nan peyi a. Antan avèg yo taprale, kèk lòt moun mennen yon nonm bay Jezi. Nonm sa a te bèbè, paske li te gen yon move lespri sou li. Chase Jezi chase move lespri a, bèbè a pran pale. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: — Nou poko janm wè bagay konsa nan peyi Izrayèl. Men, farizyen yo t'ap di: — Se chèf move lespri yo ki ba l pouvwa pou chase move lespri yo.
Matye 9:27-34 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus s’en va. Deux aveugles se mettent à le suivre en criant : « Fils de David, aie pitié de nous ! » Jésus entre dans la maison. Les aveugles s’approchent de lui, et Jésus leur dit : « Est-ce que vous croyez que je peux faire cela ? » Ils lui répondent : « Oui, Seigneur. » Alors Jésus touche leurs yeux en disant : « Que les choses se passent pour vous comme vous avez cru ! » Leurs yeux sont guéris. Jésus leur parle sévèrement en disant : « Attention ! Personne ne doit le savoir ! » Mais quand les aveugles sont sortis, ils parlent de Jésus dans toute la région. Au moment où les aveugles sortent, on amène à Jésus un homme qui est muet, à cause d’un esprit mauvais. Jésus chasse l’esprit mauvais, et le muet se met à parler. Les foules sont très étonnées et elles disent : « On n’a jamais vu cela en Israël ! » Mais les Pharisiens disent : « C’est le chef des esprits mauvais qui donne à Jésus le pouvoir de chasser ces esprits ! »
Matye 9:27-34 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pandan Jezi ta prale, de avèg pati dèyè l, epi yo t ap kriye byen fò: “Pitit David la, gen pitye pou nou!” Jezi antre andan yon kay, avèg yo antre dèyè l. Jezi mande yo: “Èske nou kwè m ka fè nou wè ankò?” Yo reponn li: “Wi, Senyè.” Jezi touche je yo, epi li di yo: “Tout bagay ap pase jan nou kwè l la.” La menm, mesye yo te wè. Apre sa, Jezi pale avèk yo byen sevè, li di yo: “Pa kite okenn moun konnen sa ki rive a.” Poutan, kite mesye yo kite Jezi, yo te kòmanse gaye nouvèl la nan tout zòn nan. Pandan mesye ki te avèg yo t ap soti, kèk lòt moun t ap mennen yon nonm bay Jezi. Nonm lan te bèbè paske li te gen demon sou li. Apre Jezi fin chase demon an, bèbè a te kòmanse pale ankò. Foul la pa t manke sezi lè yo te wè sa a epi yo t ap di: “Se premye fwa nou wè yon bagay kon sa nan Izrayèl.” Men, Farizyen yo t ap di: “Se chèf demon yo ki ba li pouvwa pou l chase demon.”
Matye 9:27-34 New International Version (NIV)
As Jesus went on from there, two blind men followed him, calling out, “Have mercy on us, Son of David!” When he had gone indoors, the blind men came to him, and he asked them, “Do you believe that I am able to do this?” “Yes, Lord,” they replied. Then he touched their eyes and said, “According to your faith let it be done to you”; and their sight was restored. Jesus warned them sternly, “See that no one knows about this.” But they went out and spread the news about him all over that region. While they were going out, a man who was demon-possessed and could not talk was brought to Jesus. And when the demon was driven out, the man who had been mute spoke. The crowd was amazed and said, “Nothing like this has ever been seen in Israel.” But the Pharisees said, “It is by the prince of demons that he drives out demons.”
Matye 9:27-34 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Lorsque Jésus partit de là, deux aveugles le suivirent en criant : Fils de David, aie pitié de nous ! Lorsqu’il fut arrivé à la maison, les aveugles s’approchèrent de lui. Il leur dit : Croyez-vous que je peux faire ce que vous me demandez ? – Oui, Seigneur, lui répondirent-ils. Alors il leur toucha les yeux en disant : Qu’il vous soit fait selon votre foi ! Et aussitôt, leurs yeux s’ouvrirent. Jésus ajouta d’un ton sévère : Veillez à ce que personne n’apprenne ce qui vous est arrivé. Mais, une fois dehors, ils se mirent à raconter dans toute la région ce que Jésus avait fait. Mais alors que les deux hommes sortaient, on amena à Jésus un homme muet qui était sous l’emprise d’un démon. Jésus chassa le démon et le muet se mit à parler. La foule était émerveillée et disait : Jamais on n’a rien vu de pareil en Israël ! Mais les pharisiens, eux, déclaraient : C’est par le pouvoir du chef des démons qu’il chasse les démons.