Matye 9:18-26
Matye 9:18-26 1998 Haïtienne (HAT98)
Antan Jezi t'ap pale konsa ak moun yo, yonn nan chèf jwif yo vin rive, li mete ajenou devan Jezi. Li di li: — Pitit fi mwen an fenk mouri. Men, vin mete men ou sou li pou li ka viv. Jezi leve, li swiv nonm lan. Disip li yo te ale avè l tou. Lè sa a, yon fanm malad pwoche dèyè Jezi. Li te gen pèdisyon depi douzan. Li manyen rebò rad Jezi, paske li t'ap di nan kè l: Si m ka manyen rad li sèlman, m'a geri. Jezi vire tèt li, li wè fanm lan. Li di l konsa: — Pran kouray, mafi. Konfyans ou nan Bondye ap geri ou. Menm lè a, fanm lan geri. Lè Jezi rive kay chèf la, li jwenn fanfa a t' ap pare pou lantèman an ansanm ak yon foul moun ki t'ap fè yon pakèt bri. Jezi di yo: — Tout moun, sòti. Tifi a pa mouri. Se dòmi l'ap dòmi. Yo pran pase l nan betiz. Lè foul moun yo fin sòti, Jezi antre nan chanm lan. Li pran men tifi a. Lamenm, tifi a leve. Nouvèl la gaye nan tout peyi a.
Matye 9:18-26 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Pendant que Jésus leur dit cela, un notable arrive. Il se met à genoux devant Jésus et lui dit : « Ma fille vient de mourir. Mais va poser ta main sur sa tête, et elle vivra. » Jésus se lève et suit le notable. Les disciples de Jésus viennent aussi. Il y a là une femme qui est malade. Elle perd du sang depuis douze ans. Elle s’approche de Jésus par-derrière et elle touche le bord de son vêtement. En effet, elle se dit : « Si seulement je touche son vêtement, je serai guérie ! » Jésus se retourne, il la voit et lui dit : « Reprends courage ! Ta foi t’a sauvée. » Et au même moment la femme est guérie. Jésus arrive à la maison du notable. Il voit les musiciens prêts pour l’enterrement et la foule qui fait du bruit. Il leur dit : « Allez-vous-en ! La petite fille n’est pas morte, mais elle dort. » Les gens se moquent de lui. On fait sortir la foule. Jésus entre dans la maison, il prend la petite fille par la main, et elle se lève. Dans toute la région, on se met à raconter cela.
Matye 9:18-26 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi pa t ko menm fin pale lè yon lidè nan sinagòg la vin kote l. Li mete ajenou nan pye Jezi, epi l di: “Pitit fi m nan fèk mouri! Men si ou vin poze men w sou li, l ap resisite.” Jezi ak tout disip li yo te deplase ak mesye a pou ale lakay li. Pami moun ki te la yo, te gen yon dam ki te gen douzan ak yon emoraji. Li pase pa dèyè epi li touche ke rad Jezi, paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!” Jezi vire tèt li, li wè dam nan epi li di: “Pran kouray pitit fi m, se lafwa w ki delivre w.” Nan menm lè a, emoraji a koupe. Lè Jezi rive lakay lidè Jwif la, moun k ap jwe mizik fin èb sou flit yo te gen tan rive. Foul la te ajite anpil epi yo t ap kriye. Jezi di yo: “Ale lakay nou! Demwazèl la pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” Lè moun yo tande sa, yo te kòmanse pase Jezi nan betiz. Apre yo fin fè tout moun ale, Jezi antre nan chanm demwazèl la, li kenbe men li epi ti jèn fi a leve. Bri a kouri epi nouvèl la gaye nan tout zòn nan.
Matye 9:18-26 New International Version (NIV)
While he was saying this, a synagogue leader came and knelt before him and said, “My daughter has just died. But come and put your hand on her, and she will live.” Jesus got up and went with him, and so did his disciples. Just then a woman who had been subject to bleeding for twelve years came up behind him and touched the edge of his cloak. She said to herself, “If I only touch his cloak, I will be healed.” Jesus turned and saw her. “Take heart, daughter,” he said, “your faith has healed you.” And the woman was healed at that moment. When Jesus entered the synagogue leader’s house and saw the noisy crowd and people playing pipes, he said, “Go away. The girl is not dead but asleep.” But they laughed at him. After the crowd had been put outside, he went in and took the girl by the hand, and she got up. News of this spread through all that region.
Matye 9:18-26 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Pendant que Jésus leur disait cela, un responsable juif arriva, se prosterna devant lui et lui dit : Ma fille vient de mourir : mais viens lui imposer les mains, et elle revivra. Jésus se leva et le suivit avec ses disciples. A ce moment, une femme qui souffrait d’hémorragies depuis douze ans, s’approcha de lui par-derrière et toucha la frange de son vêtement. Elle se disait : « Si seulement j’arrive à toucher son vêtement, je serai guérie. » Jésus se retourna et, quand il l’aperçut, il lui dit : Prends courage, ma fille : parce que tu as eu foi en moi, tu es guérie. A l’instant même, la femme fut guérie. Lorsque Jésus arriva à la maison du responsable juif, il vit des joueurs de flûtes et toute une foule agitée. Alors il leur dit : Retirez-vous, la fillette n’est pas morte, elle est seulement endormie. Mais les gens se moquaient de lui. Lorsqu’il eut fait mettre tout le monde dehors, il entra dans la chambre, prit la main de la jeune fille, et elle se leva. La nouvelle de ce qui s’était passé fit le tour de toute la contrée.