Matye 9:1-13

Matye 9:1-13 1998 Haïtienne (HAT98)

Jezi moute nan kannòt la, li tounen lòt bò lanmè a ankò, nan lavil kote l te ye a. Se konsa, yo pote ba li yon nonm paralize kouche sou yon kabann. Jezi wè jan moun yo te gen konfyans nan li, li di nonm paralize a: — Pran kouray, pitit mwen, peche ou yo padonnen. Lè sa a, kèk dirèktè lalwa di nan kè yo: — Nonm sa a ap pale mal sou Bondye. Men, Jezi te gentan konnen sa ki t'ap pase nan tèt yo. Li di yo: — Poukisa n'ap fè move lide konsa nan tèt nou? Kisa ki pi fasil pou m di: Peche ou yo padonnen, osinon: Leve mache? Enben, m'ap fè nou konnen mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen gen pouvwa sou latè pou m padonnen peche. Li vire, li di nonm paralize a: — Leve kanpe, pran kabann ou, ale lakay ou. Nonm lan leve kanpe vre, l'ale lakay li. Lè moun yo wè sa, yo tout te pè, yo fè lwanj Bondye dapre li te bay lèzòm kalite pouvwa sa a. Jezi kite kote l te ye a. Antan li t'ap pase konsa, li wè yon nonm yo te rele Matye ki te chita nan biwo kontribisyon an. Jezi di l konsa: — Swiv mwen. Matye annik leve, li swiv Jezi. Pita, Jezi t'ap manje nan kay la. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal ki te vin chita sou tab avè l ansanm ak disip li yo. Farizyen yo wè sa, yo di disip li yo: — Poukisa Mèt nou an ap manje konsa ak pèseptè kontribisyon ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal yo? Jezi tande sa, li di yo: — Si yon moun ansante, li pa bezwen dòktè. Se moun malad ki bezwen dòktè. Ale non. Chache konprann sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib. Mwen pa bezwen bèt n'ap touye fè sakrifis pou mwen yo. Paske mwen pa vin rele moun ki konprann yo bon devan Bondye, men moun ki konnen se pechè yo ye.

Matye 9:1-13 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Jésus monte dans la barque, il traverse le lac et il va dans sa ville . Des gens lui amènent un paralysé couché sur une natte. Quand Jésus voit leur foi, il dit au paralysé : « Reprends courage ! Tes péchés sont pardonnés ! » Quelques maîtres de la loi se mettent à penser : « Cet homme insulte Dieu ! » Jésus sait ce qu’ils pensent et il leur dit : « Pourquoi avez-vous ces pensées mauvaises ? Qu’est-ce qui est plus facile ? Dire : “Tes péchés sont pardonnés”, ou dire : “Lève-toi et marche” ? Eh bien, vous devez le savoir : le Fils de l’homme a le pouvoir de pardonner les péchés sur la terre. » Alors Jésus dit au paralysé : « Lève-toi, prends ta natte et rentre chez toi. » L’homme se lève et il rentre chez lui. Quand les foules voient cela, elles ont peur. Elles disent : « Gloire à Dieu ! Il a donné un très grand pouvoir aux hommes ! » Jésus s’en va. En passant, il voit un homme appelé Matthieu assis au bureau des impôts. Jésus lui dit : « Suis-moi ! » Matthieu se lève et il suit Jésus. Ensuite, Jésus prend un repas dans la maison de Matthieu. Beaucoup d’employés des impôts et de pécheurs viennent manger avec Jésus et ses disciples. En voyant cela, les Pharisiens disent aux disciples de Jésus : « Votre maître mange avec les employés des impôts et avec les pécheurs. Pourquoi donc ? » Jésus les a entendus et il dit : « Les gens en bonne santé n’ont pas besoin de médecin. Ce sont les malades qui en ont besoin. Allez donc apprendre le sens de cette phrase des Livres Saints : “Je désire l’amour, et non les sacrifices d’animaux.” En effet, je ne suis pas venu appeler ceux qui se croient justes, mais ceux qui se reconnaissent pécheurs. »

Matye 9:1-13 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Jezi monte yon ti bato, li travèse lak la pou li retounen lakay li. Yo mennen bay Jezi yon nonm paralize ki kouche sou yon branka. Lè Jezi wè kijan moun yo te gen lafwa, li di nonm ki te paralize a: “Pa dekouraje, pitit gason m, peche w yo padone!” Kèk pwofesè lalwa te tande sa Jezi te di. Yo t ap di nan kè yo: “Sa a se yon blasfèm!” Men, Jezi te konnen sa k t ap pase nan tèt yo. Li di yo: “Sa k fè panse nou sal konsa? Ki sa ki pi fasil pou di: Peche w yo padone, oubyen leve epi mache? Mwen pral ba nou prèv Pitit Lòm nan gen pouvwa sou tè a pou l padone peche.” Epi, Jezi di nonm ki te paralize a: “Leve kanpe, pran kabann ou, al lakay ou!” Nonm nan leve, l ale lakay li. Moun ki te la yo te pè anpil, men yo glorifye non Bondye tou paske li bay yon nonm kalite pouvwa sa a. Jezi t apral deplase kite zòn nan lè l wè yon mesye yo rele Matye ki te chita bò yon tab pou ramase taks kontribisyon. Jezi di l: “Swiv mwen. Levi leve kanpe epi li swiv Jezi.” Apre sa, Jezi ak disip li yo t al manje lakay Matye. Te gen anpil pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move repitasyon ki te la tou. Lè Farizyen yo wè sa, yo kòmanse poze disip Jezi yo kesyon: “Poukisa mèt nou an ap manje ak pèseptè kontribisyon, ak moun ki gen move repitasyon?” Lè Jezi tande sa, li di: “Moun ki an sante pa bezwen doktè. Se moun ki malad ki bezwen doktè. Ale chache konprann sans Bib la ki di: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo. Epi tou, m pa vin pou m rele moun ki panse yo bon deja, men sa yo ki rekonèt se pechè yo ye.”

Matye 9:1-13 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Jésus monta dans un bateau, traversa le lac et se rendit dans sa ville. On lui amena un paralysé couché sur un brancard. Lorsqu’il vit la foi de ces gens, Jésus dit au paralysé : Prends courage, mon enfant, tes péchés te sont pardonnés. Là-dessus, quelques spécialistes de la Loi pensèrent en eux-mêmes : « Cet homme blasphème ! » Mais Jésus connaissait leurs pensées. Il leur dit : Pourquoi avez-vous ces mauvaises pensées en vous-mêmes ? Qu’est-ce qui est le plus facile ? Dire : « Tes péchés te sont pardonnés », ou dire : « Lève-toi et marche » ? Eh bien, vous saurez que le Fils de l’homme a, sur la terre, le pouvoir de pardonner les péchés. Alors il dit au paralysé : Je te l’ordonne : lève-toi, prends ton brancard, et rentre chez toi ! Le paralysé se leva et s’en alla chez lui. En voyant cela, les foules furent saisies de frayeur et rendirent gloire à Dieu qui avait donné aux hommes un si grand pouvoir. Jésus s’en alla. En passant, il vit un homme installé au poste de péage. Son nom était Matthieu. Il lui dit : Suis-moi ! Matthieu se leva et le suivit. Un jour, Jésus était à table chez Matthieu. Or, beaucoup de collecteurs d’impôts et de pécheurs notoires étaient venus et avaient pris place à table avec lui et ses disciples. En voyant cela, les pharisiens interpellèrent ses disciples : Comment votre maître peut-il manger de la sorte avec des collecteurs d’impôts et des pécheurs notoires ? Mais Jésus, qui les avait entendus, leur dit : Les bien-portants n’ont pas besoin de médecin ; ce sont les malades qui en ont besoin. Allez donc apprendre quel est le sens de cette parole : Ce que je veux, c’est la compassion bien plus que les sacrifices . Car je ne suis pas venu appeler des justes, mais des pécheurs.