Matye 5:3-16

Matye 5:3-16 1998 Haïtienne (HAT98)

Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouray. Benediksyon pou moun ki dou, paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè. Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a. Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou. Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye. Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li. Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. — Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m nou ye. Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo. — Se sèl nou ye pou moun sou latè. Si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou yo ba li gou ankò? Li pa vo anyen ankò. Se jete pou yo voye sa jete deyò, pou moun pile sa anba pye yo. — Se limyè nou ye pou moun sou latè. Moun pa kapab kache yon lavil ki bati sou yon mòn. Ni yo pa limen lanp pou mete li anba tab. Men yo mete li sou etajè pou li klere tout moun nan kay la. Konsa tou, se pou limyè nou klere devan tout moun, pou lè yo wè tout byen n'ap fè yo, y'a fè lwanj Papa nou ki nan syèl la.

Matye 5:3-16 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

« Ils sont heureux, ceux qui ont un cœur de pauvre, parce que le Royaume des cieux est à eux ! Ils sont heureux, ceux qui pleurent, parce que Dieu les consolera ! Ils sont heureux, ceux qui sont doux, parce qu’ils recevront la terre comme un don de Dieu ! Ils sont heureux, ceux qui ont faim et soif d’obéir à Dieu, parce qu’ils seront satisfaits ! Ils sont heureux, ceux qui sont bons pour les autres, parce que Dieu sera bon pour eux ! Ils sont heureux, ceux qui ont le cœur pur, parce qu’ils verront Dieu ! Ils sont heureux, ceux qui font la paix autour d’eux, parce que Dieu les appellera ses fils. Ils sont heureux, ceux qu’on fait souffrir parce qu’ils obéissent à Dieu. Oui, le Royaume des cieux est à eux ! Vous êtes heureux quand on vous insulte, quand on vous fait souffrir, quand on dit contre vous toutes sortes de mauvaises paroles et de mensonges à cause de moi. Soyez dans la joie, soyez heureux, parce que Dieu vous prépare une grande récompense ! En effet, c’est ainsi qu’on a fait souffrir les prophètes qui ont vécu avant vous. » « Vous êtes le sel de toute la terre. Mais quand le sel perd son goût, comment lui rendre son bon goût ? Il ne sert plus à rien. On le jette dehors et les gens marchent dessus. « Vous êtes la lumière du monde. Quand une ville est construite sur une montagne, elle ne peut pas être cachée. Et quand on allume une lampe, ce n’est pas pour la mettre sous un seau ! Au contraire, on la met bien en haut, et elle brille pour tous ceux qui sont dans la maison. De la même façon, votre lumière doit briller devant tout le monde. Alors les autres verront le bien que vous faites. Ils pourront chanter la gloire de votre Père qui est dans les cieux. »

Matye 5:3-16 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

“Benediksyon pou moun kè yo tankou mandyan ki nan bezwen, paske wayòm syèl la se pou yo. Benediksyon pou moun ki nan lapenn jodi a, paske Bondye gen pou konsole yo. Benediksyon pou moun ki desann tèt yo, paske y a eritye tè Bondye te pwomèt la. Benediksyon pou moun ki grangou epi ki swaf fè sa ki byen, paske y ap jwenn satisfaksyon. Benediksyon pou moun ki gen konpasyon pou lòt moun, Bondye ap gen konpasyon pou yo tou. Benediksyon pou moun ki gen panse pwòp, yo gen pou yo wè Bondye. Benediksyon pou moun k ap travay pou lapè y a rele yo pitit Bondye. Benediksyon pou moun k ap sibi pèsekisyon poutèt y ap fè sa ki dwat paske wayòm syèl la se pou yo li ye. Benediksyon pou nou lè y ap joure nou, lè y ap pèsekite n, lè y ap pale n mal paske n ap swiv mwen. Nou mèt kòmanse fè kè nou kontan paske se pa ti rekonpans ki rezève pou nou nan syèl la. Ansyen pwofèt yo te pase anba menm kalite pèsekisyon sa yo. Ou se sèl latè. Men si sèl la pèdi gou sale l, pa gen anyen yo ka fè pou l vin gen gou sale ankò. Sèl sa a vin pa itil anyen ankò. Yon sèl bagay yo ka fè avè l: se lage l atè pou pye pilonnen l. Ou se limyè lemonn. Lè yon vil chita sou tèt yon mòn tout je ka wè l. Yo pa konn limen lanp pou yo mete l anba bokit. Men yo mete l yon kote byen wo pou l ka klere je tout moun ki nan kay la. Menm jan an tou, se pou limyè ou briye devan tout moun. Y a gade bon bagay w fè, epi y a fè lwanj pou Bondye, papa ou ki nan syèl la.

Matye 5:3-16 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Heureux ceux qui se reconnaissent spirituellement pauvres, car le royaume des cieux leur appartient. Heureux ceux qui pleurent, car Dieu les consolera. Heureux ceux qui sont doux, car Dieu leur donnera la terre en héritage . Heureux ceux qui ont faim et soif de justice, car ils seront rassasiés. Heureux ceux qui témoignent de la bonté, car Dieu sera bon pour eux. Heureux ceux dont le cœur est pur, car ils verront Dieu. Heureux ceux qui répandent autour d’eux la paix, car Dieu les reconnaîtra pour ses fils. Heureux ceux qui sont opprimés pour la justice, car le royaume des cieux leur appartient. Heureux serez-vous quand les hommes vous insulteront et vous persécuteront, lorsqu’ils répandront toutes sortes de calomnies sur votre compte à cause de moi. Oui, réjouissez-vous alors et soyez heureux, car une magnifique récompense vous attend dans les cieux. Car vous serez ainsi comme les prophètes d’autrefois : eux aussi ont été persécutés avant vous de la même manière. Vous êtes le sel de la terre. Si ce sel perd sa saveur, avec quoi la salera-t-on? Ce sel ne vaut plus rien : il n’est bon qu’à être jeté dehors et piétiné. Vous êtes la lumière du monde. Une ville au sommet d’une colline n’échappe pas aux regards. Il en est de même d’une lampe : si on l’allume, ce n’est pas pour la mettre sous une mesure à grains : au contraire, on la fixe sur un pied de lampe pour qu’elle éclaire tous ceux qui sont dans la maison. C’est ainsi que votre lumière doit briller devant tous les hommes, pour qu’ils voient le bien que vous faites et qu’ils en attribuent la gloire à votre Père céleste.

Matye 5:3-16

Matye 5:3-16 HAT98Matye 5:3-16 HAT98Matye 5:3-16 HAT98