Matye 3:7-12
Matye 3:7-12 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè Jan wè te gen anpil farizyen ak sadiseyen ki t'ap vin jwenn li pou resevwa batèm nan men l, li di yo: — Bann vèmin! Ki moun ki fè nou konnen nou kapab chape anba kòlè Bondye k'ap vini an? Fè bagay ki pou fè wè lavi nou chanje tout bon. Pa konprann nou ka di nan kè nou: Se pitit pitit Abraram nou ye. Paske, mwen p'ap kache di nou sa: Bondye kapab pran wòch sa yo, li fè yo tounen pitit pou Abraram. Epitou, rach la tou pare pou koupe rasin pyebwa yo. Nenpòt pyebwa ki pa bay bon donn, yo pral koupe sa jete nan dife. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Men, moun k'ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m. Mwen pa bon ase menm pou m ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. L'a ranmase grenn ki bon yo, l'a mete yo nan galata li. Men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.
Matye 3:7-12 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Beaucoup de Pharisiens et de Sadducéens viennent pour que Jean les baptise. En voyant cela, Jean leur dit : « Espèce de vipères ! La colère de Dieu va venir, et vous croyez que vous pouvez l’éviter ? Qui vous a dit cela ? Faites donc de bonnes actions pour montrer que vous avez changé votre vie ! Ne vous mettez pas à penser : “Notre ancêtre, c’est Abraham.” Oui, je vous le dis, vous voyez ces pierres, ici. Eh bien, Dieu peut les changer pour en faire des enfants d’Abraham ! Déjà la hache est prête à attaquer les racines des arbres. Tous les arbres qui ne produisent pas de bons fruits, on va les couper et les jeter dans le feu ! Moi, je vous baptise dans l’eau, pour montrer que vous changez votre vie. Mais celui qui vient après moi est plus puissant que moi. Je ne suis pas digne de lui enlever ses sandales. Lui, il vous baptisera avec le feu de l’Esprit Saint. Dans la cour, il tient son van dans les mains pour séparer le grain de la paille. Il va ranger son grain dans le grenier, mais la paille, il va la brûler dans le feu qui ne s’éteint pas. »
Matye 3:7-12 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pami moun yo ki t ap vin resevwa batèm Jan an, te gen anpil Farizyen ak Sadiseyen. Lè Jan wè sa, li di yo: “Bann ras vipè! Kilès ki fè nou konnen pou n chape anba jijman kolè Bondye ki pa lwen vini an? Enben, se pou nou montre nou repanti nan jan n ap viv. Pa chita ap di: Se pitit Abraram nou ye! Paske, m ap di nou franchman, Bondye ka fè wòch sa yo fè pitit pou Abraram. Rach la gentan pare pou koupe pyebwa yo depi nan rasin. Nenpòt pyebwa ki pa pwodui bonjan fwi, y ap koupe l epi jete l nan dife a. Mwen menm, mwen batize nou nan dlo pou montre chanjman nan kè nou ak nan lavi nou. Men, sila a k ap vin apre m nan, li ka fè plis pase m. Mwen pa diy ase pou m sèvi kòm esklav pou delase sandal nan pye l. Li menm l ap batize nou nan Sentespri ak nan dife. Li gen laye l nan men l pou l ka separe bon grenn yo ak pay yo. L ap mete bon grenn yo nan depo, epi l ap lage pay yo nan yon dife ki p ap janm etenn.”
Matye 3:7-12 New International Version (NIV)
But when he saw many of the Pharisees and Sadducees coming to where he was baptizing, he said to them: “You brood of vipers! Who warned you to flee from the coming wrath? Produce fruit in keeping with repentance. And do not think you can say to yourselves, ‘We have Abraham as our father.’ I tell you that out of these stones God can raise up children for Abraham. The ax is already at the root of the trees, and every tree that does not produce good fruit will be cut down and thrown into the fire. “I baptize you with water for repentance. But after me comes one who is more powerful than I, whose sandals I am not worthy to carry. He will baptize you with the Holy Spirit and fire. His winnowing fork is in his hand, and he will clear his threshing floor, gathering his wheat into the barn and burning up the chaff with unquenchable fire.”
Matye 3:7-12 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Beaucoup de pharisiens et de sadducéens venaient se faire baptiser par lui. Il leur dit : Espèces de vipères ! Qui vous a enseigné à fuir la colère de Dieu qui va se manifester ? Produisez plutôt pour fruits des actes qui montrent que vous avez changé. Ne vous imaginez pas qu’il vous suffit de répéter en vous-mêmes : « Nous sommes les descendants d’Abraham ! » Car, regardez ces pierres : je vous déclare que Dieu peut en faire des enfants d’Abraham. La hache est déjà sur le point d’attaquer les arbres à la racine. Tout arbre qui ne produit pas de bon fruit sera coupé et jeté au feu. Moi, je vous baptise dans l’eau, en signe d’un profond changement. Mais quelqu’un vient après moi : il est bien plus puissant que moi et je ne suis même pas digne de lui enlever les sandales. C’est lui qui vous baptisera dans le Saint-Esprit et le feu. Il tient en main sa pelle à vanner. Il va nettoyer son aire de battage et amasser le blé dans son grenier. Quant à la bale, il la brûlera dans un feu qui ne s’éteindra pas.