Matye 28:1-15
Matye 28:1-15 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè jou repo a te fin pase, dimanch maten byen bonè, Mari, moun lavil Magdala a, ak lòt Mari a te al vizite kavo a. Yo rete konsa, epi tè a pran tranble byen fò. Yon zanj Bondye desann sòti nan syèl la, li vini, li woule wòch la sou kote, lèfini li chita sou li. Li te klere tankou yon zèklè, rad li te blan kou lanèj. Gad yo te sitèlman pè, yo pran tranble, yo tonbe atè tankou moun ki mouri. Men, zanj lan pran pale, li di fanm yo: — Nou menm, nou pa bezwen pè. Mwen konnen se Jezi n'ap chache, nonm yo te kloure sou kwa a. Enben, li pa isit la. Li leve vivan jan l te di a. Vini wè kote l te kouche a. Apre sa, prese al di disip li yo li leve sòti vivan nan lanmò. Li gentan pran devan yo ale nan peyi Galile. Se la y'a wè li. Se sa m te gen pou m di nou. Fanm yo kouri kite kavo a. Yo te pè, men anmenmtan tou yo te kontan. Yo t'ap kouri pote nouvèl la bay disip yo. Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo, li di yo: — Bonjou, medam. Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye l, yo adore li. Jezi di yo: — Nou pa bezwen pè. Ale di frè m yo pou y'al nan Galile. Se la y'a wè mwen. Antan medam yo te nan wout toujou, nan gad ki t'ap veye kavo a te genyen ki te gentan tounen lavil la, yo rakonte chèf prèt yo tou sa ki te rive. Lè sa a, chèf prèt yo reyini ak chèf fanmi yo, yo fè plan yo ansanm. Yo bay sòlda yo yon gwo lajan. Epi yo di yo: — Se pou nou di se disip li yo ki te vin vòlò kò a pote ale lannwit antan nou t'ap dòmi. Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, n'a konnen ki jan pou n pale avè l pou nou menm, gad yo, nou pa nan traka. Sòlda yo pran lajan an, yo fè jan yo te di yo fè l la. Se konsa, popagann sa a gaye pami jwif yo jouk jounen jòdi a.

Matye 28:1-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Après le sabbat, le dimanche, au lever du jour, Marie de Magdala et l’autre Marie vont voir la tombe. Tout à coup, il y a un grand tremblement de terre. Un ange du Seigneur descend du ciel. Il vient rouler la pierre de la tombe et il s’assoit dessus. Il brille comme un éclair et ses vêtements sont très blancs. Les soldats qui gardent la tombe sont effrayés. Ils se mettent à trembler et ils deviennent comme des morts. L’ange dit aux femmes : « Vous, n’ayez pas peur. Je sais que vous cherchez Jésus, celui qu’on a cloué sur une croix. Il n’est pas ici, il s’est réveillé de la mort, comme il l’a dit. Venez voir l’endroit où il était couché. Ensuite, allez vite dire à ses disciples : “Il s’est réveillé de la mort et il vous attend en Galilée. Vous le verrez là-bas.” Voilà ce que j’ai à vous dire. » Les femmes quittent vite la tombe. Elles ont peur, mais elles sont très joyeuses. Elles courent annoncer la nouvelle aux disciples de Jésus. Tout à coup, Jésus vient à leur rencontre et il leur dit : « Je vous salue ! » Elles s’approchent de lui, elles saisissent ses pieds et l’adorent. Alors Jésus leur dit : « N’ayez pas peur. Allez dire à mes frères de partir pour la Galilée. Ils me verront là-bas. » Les femmes sont en route. Pendant ce temps, quelques soldats qui gardaient la tombe vont à la ville. Ils vont annoncer aux chefs des prêtres tout ce qui est arrivé. Les chefs des prêtres se réunissent avec les anciens. Ils décident ensemble de donner une grosse somme d’argent aux soldats. Et ils leur disent : « Voilà ce que vous raconterez : “Les disciples de Jésus sont venus pendant la nuit et ils ont volé son corps pendant que nous dormions.” Si le gouverneur apprend cela, nous lui expliquerons l’affaire, et vous n’aurez pas d’ennuis. » Les soldats prennent l’argent et ils font ce qu’on leur a dit. À cause de cela, on raconte cette histoire encore aujourd’hui parmi les habitants de la Judée.
Matye 28:1-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nan demen apre jou Saba a, dimanch maten byen bonè, Mari, moun Magdala a, ak lòt Mari a te fè yon pase gade kavo a. Sanzatann, tè a pran tranble byen fò paske yon anj Senyè a te desann sot nan syèl. Li woule wòch ki te bouche kavo a, epi l chita sou li. Li te briye tankou yon kout zèklè, epi rad sou li te parèt blan tankou nèj. Sòlda yo t ap tranble epi yo te vin tankou mò, tèlman yo te pè. Anj lan pale ak medam yo, li di yo: “Nou pa bezwen pè. M konnen n ap chache Jezi, moun yo te klouwe sou kwa a, men li pa isit la. Li resisite jan l te di a. Vin wè kote kadav la te kouche a. Apre sa kouri vit al di disip li yo, Jezi resisite. Li pran devan, l al tann nou Galile, se la n a wè li, jan li te di nou an.” Medam yo te kite kavo a touswit. Yo te pè, anmenmtan yo te kontan anpil, epi yo pa t ka tann pou yo te bay disip yo nouvèl la. Yo rete konsa, yo wè Jezi parèt devan yo. Li di yo: “Bonjou!” Yo pwoche bò kote l, yo kenbe pye li, epi yo adore l. Apre sa Jezi di yo: “Nou pa bezwen pè! Ale di frè m yo pou y al Galile. Se la yo va wè mwen.” Pandan medam yo sou wout pou y al bay disip yo nouvèl la, kèk nan sòlda yo t ap antre lavil la pou y al bay chèf prèt yo rapò sou sa k pase a. Chèf prèt yo rankontre ak lòt lidè yo, epi yo fè yon plan. Yo bay sòlda yo yon bon sòm lajan, epi yo di yo: “Di pèp la: disip Jezi veye nan nuit pandan n ap dòmi, epi yo vin vòlè kò a. Si pawòl la tonbe nan zòrèy gouvènè a, nou mèt kite sa sou kont nou. N ap konvenk li de inosans nou.” Sòlda yo pran lajan yo. Yo fè egzateman jan chèf prèt yo te mande pou yo fè. Jis jodi a, se kon sa istwa a sikile pami Juif yo.
Matye 28:1-15 New International Version (NIV)
After the Sabbath, at dawn on the first day of the week, Mary Magdalene and the other Mary went to look at the tomb. There was a violent earthquake, for an angel of the Lord came down from heaven and, going to the tomb, rolled back the stone and sat on it. His appearance was like lightning, and his clothes were white as snow. The guards were so afraid of him that they shook and became like dead men. The angel said to the women, “Do not be afraid, for I know that you are looking for Jesus, who was crucified. He is not here; he has risen, just as he said. Come and see the place where he lay. Then go quickly and tell his disciples: ‘He has risen from the dead and is going ahead of you into Galilee. There you will see him.’ Now I have told you.” So the women hurried away from the tomb, afraid yet filled with joy, and ran to tell his disciples. Suddenly Jesus met them. “Greetings,” he said. They came to him, clasped his feet and worshiped him. Then Jesus said to them, “Do not be afraid. Go and tell my brothers to go to Galilee; there they will see me.” While the women were on their way, some of the guards went into the city and reported to the chief priests everything that had happened. When the chief priests had met with the elders and devised a plan, they gave the soldiers a large sum of money, telling them, “You are to say, ‘His disciples came during the night and stole him away while we were asleep.’ If this report gets to the governor, we will satisfy him and keep you out of trouble.” So the soldiers took the money and did as they were instructed. And this story has been widely circulated among the Jews to this very day.
Matye 28:1-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Après le sabbat, comme le jour commençait à poindre le dimanche matin, Marie de Magdala et l’autre Marie se mirent en chemin pour aller voir la tombe. Tout à coup, voici qu’il y eut un violent tremblement de terre : un ange du Seigneur descendit du ciel, s’approcha de la tombe, roula la pierre de côté et s’assit sur elle. Il avait l’apparence de l’éclair, et ses vêtements étaient aussi blancs que la neige. Les gardes furent saisis d’épouvante : ils se mirent à trembler et devinrent comme morts. Mais l’ange, s’adressant aux femmes, leur dit : Vous autres, n’ayez pas peur ; je sais que vous cherchez Jésus, qui a été crucifié. Il n’est plus ici, car il est ressuscité comme il l’avait dit. Venez voir l’endroit où il était couché. Puis allez vite annoncer à ses disciples qu’il est ressuscité. Et voici : il vous précède en Galilée. Là vous le verrez. Voilà ce que j’avais à vous dire. Elles quittèrent le tombeau en hâte, tout effrayées, mais en même temps remplies d’une grande joie, et elles coururent porter la nouvelle aux disciples. Et voici que, tout à coup, Jésus vint à leur rencontre et leur dit : Salut à vous. Elles s’approchèrent de lui, lui embrassèrent les pieds et l’adorèrent. Alors Jésus leur dit : N’ayez aucune crainte ! Allez dire à mes frères qu’ils doivent se rendre en Galilée : c’est là qu’ils me verront. Pendant qu’elles étaient en chemin, quelques soldats de la garde retournèrent en ville pour faire aux chefs des prêtres leur rapport sur tous ces événements. Ceux-ci convoquèrent les responsables du peuple et, après avoir délibéré avec eux, versèrent aux soldats une forte somme d’argent avec cette consigne : Vous raconterez que ses disciples sont venus pendant la nuit et qu’ils ont volé son cadavre pendant que vous dormiez. Si jamais l’affaire parvenait aux oreilles du gouverneur, nous saurons lui parler et faire le nécessaire pour que vous n’ayez pas d’ennuis. Les soldats prirent l’argent et se conformèrent à ces consignes. Cette version des faits s’est propagée parmi les Juifs où elle a cours jusqu’à aujourd’hui.