Matye 26:50-56
Matye 26:50-56 1998 Haïtienne (HAT98)
Jezi di li: — Zanmi, sa ou te vin pou fè a, fè li. Lè sa a, lòt moun yo pwoche, yo mete men sou Jezi, yo arete li. Yonn nan mesye ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li frape domestik granprèt la, li koupe yon zòrèy li. Jezi di l konsa: — Mete nepe ou nan fouwo l, paske tout moun ki sèvi ak nepe, se nepe k'ap touye yo tou. Ou pa konnen mwen ta ka rele Papa m vin ede mwen. Menm lè a, li ta voye depase douz lame zanj ban mwen. Men lè sa a, ki jan sa ki ekri nan Liv la ta ka rive vre? Paske Liv la di: Se konsa pou sa pase. Apre sa, Jezi di foul moun yo: — Nou vin dèyè m ak nepe ak baton tankou si m te yon ansasen. Toulejou mwen te chita la nan tanp lan, ap moutre moun yo anpil bagay, nou pat janm arete mwen. Men, tou sa rive pou sa ki ekri nan liv pwofèt yo ka rive vre. Lè sa a, tout disip yo kite l, yo pran kouri.
Matye 26:50-56 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus lui répond : « Mon ami, fais ce que tu dois faire. » Alors les gens s’approchent, ils mettent la main sur Jésus et ils l’arrêtent. Un des disciples de Jésus prend son épée. Il attaque le serviteur du grand-prêtre et lui coupe l’oreille. Jésus lui dit : « Remets ton épée à sa place. En effet, tous ceux qui prennent des armes seront tués par des armes. Tu crois que je ne pourrais pas appeler mon Père ? Il m’enverrait tout de suite plus de douze armées d’anges. Mais alors, ce que les Livres Saints disent ne se réaliserait pas ! En effet, ils disent que les choses doivent se passer de cette façon. » Ensuite Jésus dit à la foule : « Vous êtes venus me prendre avec des épées et des bâtons, comme pour arrêter un bandit ! Tous les jours, j’étais assis dans le temple et j’enseignais, pourtant, vous ne m’avez pas arrêté ! Tout cela réalise ce que les prophètes ont dit dans les Livres Saints. » Alors tous les disciples abandonnent Jésus et ils partent en courant.
Matye 26:50-56 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Men Jezi di l: “Zanmi m, sa ou vin pou fè a, fè l.” Apre sa, moun ki te avèk Jida yo, pwoche bò kot Jezi epi yo met men sou li, yo arete l. Youn nan moun ki te avèk Jezi yo rale nepe l, li atake sèvitè Chèf Prèt la, li koupe zòrèy li. Jezi di moun ki te rale nepe a: “Mete nepe a nan fouwo l. Moun ki goumen ak nepe, nepe k ap touye l. Èske ou pa konnen mwen te ka rele Papa m kounye a, epi l t ap voye douz lame anj? Men sa pa t ap tonbe daplon ak pwofesi ki te gen tan di kijan tout bagay pral pase.” Lè sa a, Jezi di foul la: “Poukisa nou vin chache avèk baton ak nepe kòm si m te yon bandi? Mwen te chita nan tanp lan chak jou ap anseye, pouki nou pa t arete m? Antouka, sa pase kon sa pou pawòl pwofèt yo te ka akonpli.” Apre pawòl sa yo, tout disip yo gaye.
Matye 26:50-56 New International Version (NIV)
Jesus replied, “Do what you came for, friend.” Then the men stepped forward, seized Jesus and arrested him. With that, one of Jesus’ companions reached for his sword, drew it out and struck the servant of the high priest, cutting off his ear. “Put your sword back in its place,” Jesus said to him, “for all who draw the sword will die by the sword. Do you think I cannot call on my Father, and he will at once put at my disposal more than twelve legions of angels? But how then would the Scriptures be fulfilled that say it must happen in this way?” In that hour Jesus said to the crowd, “Am I leading a rebellion, that you have come out with swords and clubs to capture me? Every day I sat in the temple courts teaching, and you did not arrest me. But this has all taken place that the writings of the prophets might be fulfilled.” Then all the disciples deserted him and fled.
Matye 26:50-56 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
– Mon ami, lui dit Jésus, ce que tu es venu faire ici, fais-le ! Alors les autres s’avancèrent et, mettant la main sur Jésus, ils se saisirent de lui. A ce moment, l’un des compagnons de Jésus porta la main à son épée, la dégaina, en frappa le serviteur du grand-prêtre et lui emporta l’oreille. Jésus lui dit : Remets ton épée à sa place, car tous ceux qui se serviront de l’épée mourront par l’épée. Penses-tu donc que je ne pourrais pas faire appel à mon Père ? A l’instant même, il enverrait des dizaines de milliers d’anges à mon secours. Mais alors, comment les Ecritures, qui annoncent que tout doit se passer ainsi, s’accompliraient-elles ? Là-dessus, Jésus dit à la troupe : Me prenez-vous pour un bandit, pour que vous soyez venus en force avec épées et gourdins afin de vous emparer de moi ? J’étais assis chaque jour dans la cour du Temple pour donner mon enseignement et vous ne m’avez pas arrêté ! Mais tout ceci est arrivé pour que les écrits des prophètes s’accomplissent. Alors tous les disciples l’abandonnèrent et prirent la fuite.