Matye 26:26-32
Matye 26:26-32 1998 Haïtienne (HAT98)
Antan yo t'ap manje, Jezi pran pen, li rann gras, li kase li, li bay disip epi li di: — Pran, manje. Sa a se kò mwen. Apre sa, li pran yon gode diven, li di Bondye mèsi, li pase l ba yo, li di: — Se pou nou tout nou bwè ladan li. Paske, sa se san mwen, san ki siyen kontra Bondye fè a, san ki koule pou anpil moun jwenn padon pou peche yo. M'ap di nou sa: Depi jòdi a, mwen p'ap janm bwè diven ankò jouk jou m'a bwè yon lòt diven ansanm ak nou nan peyi kote Papa m wa a. Apre yo fin chante kantik espesyal pou fèt la, yo sòti, y'ale sou mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi di disip li yo: — Aswè a menm, nou tout nou pral kouri kite m pou kont mwen. Paske, men sa ki ekri nan Liv la: M'ap frape gadò mouton yo, epi tout bann mouton yo pral gaye nan bwa. Men, apre sa, lè m'a leve sòti vivan nan lanmò, mwen pral tann nou nan peyi Galile.
Matye 26:26-32 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Pendant le repas, Jésus prend du pain. Il dit la prière de bénédiction, il partage le pain et le donne à ses disciples en disant : « Prenez et mangez, ceci est mon corps. » Ensuite il prend une coupe de vin. Il remercie Dieu et il donne la coupe à ses disciples en disant : « Buvez-en tous. Oui, ceci est mon sang, le sang de l’alliance de Dieu. Il est versé pour un grand nombre de gens, pour le pardon des péchés. Je vous le dis, je ne boirai plus de ce vin, jusqu’au jour où je boirai le vin nouveau, avec vous, dans le Royaume de mon Père. » Ils chantent les psaumes de la fête. Ensuite ils vont au mont des Oliviers. Alors Jésus dit à ses disciples : « Cette nuit, vous allez tous m’abandonner. En effet, dans les Livres Saints on lit : “Je vais tuer le berger, et les moutons du troupeau partiront de tous les côtés .” » Jésus ajoute : « Mais, quand je me réveillerai de la mort, je vous attendrai en Galilée. »
Matye 26:26-32 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Pandan yo t ap manje konsa, Jezi pran pen an, li di Bondye mèsi, epi li kase l bay disip yo. Li di yo: “Sa a se kò mwen. Pran, epi manje.” Apre sa li pran yon vè diven, li di Bondye mèsi, epi li bay disip li yo. Li di yo: “Chak moun, bwè ladan l! Sa a se san mwen k ap siyen nouvo kontra a. L ap koule pou padon peche anpil moun. M ap di nou sa: Mwen p ap bwè diven sa a ak nou ankò, jouk lè mwen va bwè l ankò ak nou nouvo diven an nan wayòm Papa m nan.” Apre yo chante kèk kantik, yo ale sou Mòn Olivye a. Apre sa Jezi di disip yo: “Aswè a nou tout gen pou n kouri kite m, paske men sa ki ekri nan Bib la: M ap touye bèje a, epi mouton yo ap gaye toupatou. Men apre m fin resisite, M pral tann nou nan Galile.”
Matye 26:26-32 New International Version (NIV)
While they were eating, Jesus took bread, and when he had given thanks, he broke it and gave it to his disciples, saying, “Take and eat; this is my body.” Then he took a cup, and when he had given thanks, he gave it to them, saying, “Drink from it, all of you. This is my blood of the covenant, which is poured out for many for the forgiveness of sins. I tell you, I will not drink from this fruit of the vine from now on until that day when I drink it new with you in my Father’s kingdom.” When they had sung a hymn, they went out to the Mount of Olives. Then Jesus told them, “This very night you will all fall away on account of me, for it is written: “ ‘I will strike the shepherd, and the sheep of the flock will be scattered.’ But after I have risen, I will go ahead of you into Galilee.”
Matye 26:26-32 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Au cours du repas, Jésus prit du pain puis, après avoir prononcé la prière de reconnaissance, il le partagea en morceaux, puis il les donna à ses disciples, en disant : Prenez, mangez, ceci est mon corps. Ensuite il prit une coupe et, après avoir remercié Dieu, il la leur donna en disant : Buvez-en tous ; ceci est mon sang, par lequel est scellée l’alliance. Il va être versé pour beaucoup d’hommes, afin que leurs péchés soient pardonnés. Je vous le déclare : désormais, je ne boirai plus du fruit de la vigne jusqu’au jour où je boirai le vin nouveau avec vous dans le royaume de mon Père. Après cela, ils chantèrent les psaumes de la Pâque. Ensuite, ils sortirent pour se rendre au mont des Oliviers. Jésus leur dit alors : Cette nuit, ce qui m’arrivera vous ébranlera tous dans votre foi. En effet, il est écrit : Je frapperai le berger, et les brebis du troupeau seront dispersées . Néanmoins, quand je serai ressuscité, je vous précéderai en Galilée.