Matye 26:20-25
Matye 26:20-25 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè solèy fin kouche, Jezi chita bò tab la ak douz disip li yo. Antan yo t'ap manje, Jezi di yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yonn nan nou pral trayi mwen. Sa te fè disip yo lapenn anpil. Yonn apre lòt yo pran mande li: — Eske se mwen menm, Mèt? Li reponn yo: — Moun ki tranpe pen l ansanm avè m nan plat la, se li menm ki pral trayi mwen. Moun Bondye voye nan lachè a prale, jan sa te ekri sou li a. Men, malè pou moun k'ap trayi l la. Li ta pi bon pou moun sa a si li pat janm fèt. Jida ki ta pral trayi l la pran lapawòl, li di: — Mèt, eske se mwen menm? Jezi reponn li: — Se ou ki di li.
Matye 26:20-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
C’est le soir. Jésus s’installe pour le repas avec les douze apôtres. Pendant qu’ils sont en train de manger, Jésus dit : « Je vous l’affirme, c’est la vérité : l’un de vous va me livrer. » Les disciples deviennent tout tristes et ils se mettent à lui demander l’un après l’autre : « Seigneur, est-ce que c’est moi ? » Jésus leur répond : « Celui qui a mis la main avec moi dans le même plat , c’est lui qui va me livrer. Le Fils de l’homme va mourir, comme les Livres Saints l’annoncent. Mais quel malheur pour celui qui livre le Fils de l’homme ! Pour cet homme-là, ce serait une bonne chose de ne pas être né ! » Judas, celui qui va livrer Jésus, lui demande : « Maître, est-ce que c’est moi ? » Jésus lui répond : « C’est toi qui le dis. »
Matye 26:20-25 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nan aswè Jezi te mete l atab ak douz disip li yo. Pandan y ap manje konsa, Jezi di: “An verite m ap di nou, gen youn nan nou ki pral trayi m.” Yo te vin tris anpil epi youn apre lòt yo kòmanse ap mande Jezi: “Rabi, èske se mwen?” Jezi reponn yo: “Moun nan menm ki fèk tranpe pen nan plat la avè m, se li menm ki ap livre m. Pitit Lòm nan gen pou mouri jan sa te prevwa nan Bib la, men malè pou moun ki livre l bay la. Li t ap pi bon pou moun sa a pou l pa t janm fèt.” Jida, ki te gen pou livre Jezi a, di: “Rabi, èske se mwen?” Jezi reponn li: “Se ou ki di l!”
Matye 26:20-25 New International Version (NIV)
When evening came, Jesus was reclining at the table with the Twelve. And while they were eating, he said, “Truly I tell you, one of you will betray me.” They were very sad and began to say to him one after the other, “Surely you don’t mean me, Lord?” Jesus replied, “The one who has dipped his hand into the bowl with me will betray me. The Son of Man will go just as it is written about him. But woe to that man who betrays the Son of Man! It would be better for him if he had not been born.” Then Judas, the one who would betray him, said, “Surely you don’t mean me, Rabbi?” Jesus answered, “You have said so.”
Matye 26:20-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Le soir, Jésus se mit à table avec les Douze et, pendant qu’ils mangeaient, il dit : Vraiment, je vous l’assure : l’un de vous me trahira. Les disciples en furent consternés. Ils se mirent, l’un après l’autre, à lui demander : Seigneur, ce n’est pas moi, n’est-ce pas ? En réponse, il leur dit : C’est un qui a trempé son pain dans le plat avec moi, lui, il me trahira. Certes, le Fils de l’homme s’en va conformément à ce que les Ecritures annoncent à son sujet. Mais malheur à celui qui le trahit ! Il aurait mieux valu pour lui n’être jamais né ! A son tour, Judas, qui le trahissait, lui demanda : Maître, ce n’est pas moi, n’est-ce pas ? – Tu le dis toi-même, lui répondit Jésus.