Matye 21:8-22
Matye 21:8-22 1998 Haïtienne (HAT98)
Yon foul moun te louvri rad yo atè sou tout wout la. Lòt menm te rache fèy branch bwa vin tann atè nan chemen an tou. Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele: — Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la! Lè Jezi antre lavil Jerizalèm, tout lavil la te tèt anba. Moun yo t'ap mande: — Ki moun nonm sa a ye menm? Foul moun yo menm t'ap reponn yo: — Se pwofèt Jezi, moun Nazarèt nan peyi Galile a. Jezi antre nan tanp Bondye a, li chase tout moun ki t'ap vann ak tout moun ki t'ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t'ap vann pijon yo. Apre sa, li di yo. — Men sa ki ekri: Y'a rele kay mwen an kay kote pou moun vin lapriyè nan pye m. Men nou menm, nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè. Kèk avèg ak kèk enfim nan pye pwoche bò kote Jezi nan tanp lan. Li geri yo. Men, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo te fache anpil lè yo wè bèl bagay li t'ap fè, lè yo tande timoun yo ki t'ap rele nan tanp lan: Lwanj pou Pitit David la! Yo di Jezi konsa: — Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: — M tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou? Apre sa, li kite yo, li sòti lavil la, l'ale Betani. Se la li pase nwit lan. Nan denmen maten, antan yo t'ap tounen lavil Jerizalèm, Jezi te grangou. Li wè yon pye fig frans bò wout la, li pwoche bò kote l. Men se fèy ase li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig frans lan: — Ou p'ap janm donnen ankò. Menm lè a, pye fig frans lan cheche. Lè disip yo wè sa, yo pat manke sezi, yo di li: — Kouman pye fig frans lan fè vin chèch nan yon ti moman? Jezi reponn yo: — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Si nou te gen konfyans nan Bondye, si nou pat gen doutans nan kè nou, se pa sèlman sa k rive pye fig frans lan nou ta fè. Men, nou ta ka di mòn sa a: Wete kò ou la. Ale jete tèt ou nan lanmè. Sa ta fèt vre. Si nou gen konfyans nan Bondye, n'a resevwa tou sa n'a mande l lè n'ap lapriyè.
Matye 21:8-22 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Beaucoup de gens étendent des vêtements sur le chemin. D’autres coupent des branches d’arbres et ils les mettent sur le chemin. Les foules qui marchent devant Jésus et celles qui le suivent crient : « Gloire au Fils de David ! Que Dieu bénisse celui qui vient en son nom ! Gloire à Dieu au plus haut des cieux ! » Quand Jésus entre à Jérusalem, toute la ville est bouleversée. Les habitants demandent : « Qui est cet homme ? » Les foules répondent : « C’est le prophète Jésus, de la ville de Nazareth en Galilée. » Jésus entre dans le temple. Il chasse tous ceux qui vendent et achètent dans le temple. Il renverse les tables de ceux qui changent de l’argent et les chaises des marchands de colombes. Il leur dit : « Dans les Livres Saints, Dieu a dit : “On appellera ma maison : Maison de prière.” Mais vous, vous en avez fait un abri pour les voleurs. » Des aveugles et des boiteux s’approchent de Jésus dans le temple, et il les guérit. Les chefs des prêtres et les maîtres de la loi voient les choses étonnantes que Jésus vient de faire. Ils voient aussi les enfants qui crient dans le temple : « Gloire au Fils de David ! » Alors ils se mettent en colère. Et ils disent à Jésus : « Est-ce que tu entends ce que ces enfants disent ? » Jésus leur répond : « Oui. Vous n’avez donc pas lu cette phrase dans les Livres Saints : “La bouche des enfants et des bébés dit ta gloire, comme tu l’as voulu ” ? » Ensuite Jésus les quitte. Il sort de la ville pour aller à Béthanie. Il passe la nuit là-bas. Le matin suivant, en revenant à la ville, Jésus a faim. Il voit un figuier au bord du chemin. Il s’approche de l’arbre, mais il ne trouve que des feuilles. Alors il dit au figuier : « Tu n’auras plus jamais de fruits ! » Et aussitôt le figuier devient tout sec. Quand les disciples voient cela, ils sont très étonnés et ils disent : « Comment est-ce que le figuier a pu sécher tout de suite ? » Jésus leur répond : « Je vous le dis, c’est la vérité : si vous avez la foi et si vous n’hésitez pas, vous pourrez faire ce que j’ai fait au figuier. Vous pourrez même dire à cette montagne : “Va-t’en et jette-toi dans la mer !” Et cela arrivera. Si vous avez la foi, vous recevrez tout ce que vous demanderez dans la prière. »
Matye 21:8-22 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a. Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di: “Louwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou sila a ki vini nan non Senyè a! Louanj pou Bondye ki pi wo nan syèl la!” Lè Jezi antre nan lavil Jerizalèm, tout vil la te boulvèse. Yon bann moun t ap mande: “Kilès nonm sa a ye?” Epi foul moun yo t ap reponn: “Se Jezi, pwofèt la, ki soti Nazarèt, nan rejyon Galile.” Apre sa, Jezi antre nan lakou tanp la. Li mete deyò tout moun ki t ap vann oswa achte. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo, ak ban moun ki t ap vann pijon yo. Epi li di yo: “Men sa ki ekri nan Bib la: Y a rele kay ki apa pou mwen an yon mezon lapriyè. Men nou menm nou fè l tounen yon kachèt pou vòlè.” Kèk avèg ak moun enfim ki te nan lakou tanp lan te pwoche bò kote Jezi epi li geri yo. Chèf prèt yo ak pwofesè lalwa yo te wè ki kalite mirak ki t ap fèt. Yo te wè kijan timoun yo ki te nan tanp lan t ap kriye: “Louanj pou Pitit David la!” Yo te vin fache anpil epi yo di Jezi: “Èske w tande sa timoun yo ap di la a?” Jezi reponn yo: “Wi, m tande! Bib la di: Ou montre ata timoun ak ti bebe nan tete pou yo fè louanj ou. Èske w pa li sa nan Bib la?” Apre sa Jezi deplase, li soti kite vil la. L ale Betani. Se la li te pase nuit la. Byen bonè demen maten, Jezi t ap retounen Jerizalèm, epi l te santi l grangou. Li wè yon pye fig bò wout la. Lè l al gade wè si l ta jwenn yon fig, se fèy sèlman li jwenn. Lè sa a, Jezi di pye fig la: “Ou p ap janm pote fwi ankò!” Menm lè a pye fig la te tounen bwa sèk. Disip Jezi yo te sezi pou wè sa k pase a. Yo mande Jezi: “Ki jan pye fig la fè sèk vit konsa?” Jezi di yo: “An verite m ap di nou, si nou gen lafwa, epi san n pa doute, non sèlman n ap ka fè menm bagay mwen fè ak pye fig la, n ap menm ka di mòn sa a: Retire kò w la; al jete tèt ou nan lanmè! Sa gen pou rive toutbon vre. Tout sa nou mande nan lapriyè nou fè avèk lafwa, nou va resevwa l.”
Matye 21:8-22 New International Version (NIV)
A very large crowd spread their cloaks on the road, while others cut branches from the trees and spread them on the road. The crowds that went ahead of him and those that followed shouted, “Hosanna to the Son of David!” “Blessed is he who comes in the name of the Lord!” “Hosanna in the highest heaven!” When Jesus entered Jerusalem, the whole city was stirred and asked, “Who is this?” The crowds answered, “This is Jesus, the prophet from Nazareth in Galilee.” Jesus entered the temple courts and drove out all who were buying and selling there. He overturned the tables of the money changers and the benches of those selling doves. “It is written,” he said to them, “ ‘My house will be called a house of prayer,’ but you are making it ‘a den of robbers.’” The blind and the lame came to him at the temple, and he healed them. But when the chief priests and the teachers of the law saw the wonderful things he did and the children shouting in the temple courts, “Hosanna to the Son of David,” they were indignant. “Do you hear what these children are saying?” they asked him. “Yes,” replied Jesus, “have you never read, “ ‘From the lips of children and infants you, Lord, have called forth your praise’?” And he left them and went out of the city to Bethany, where he spent the night. Early in the morning, as Jesus was on his way back to the city, he was hungry. Seeing a fig tree by the road, he went up to it but found nothing on it except leaves. Then he said to it, “May you never bear fruit again!” Immediately the tree withered. When the disciples saw this, they were amazed. “How did the fig tree wither so quickly?” they asked. Jesus replied, “Truly I tell you, if you have faith and do not doubt, not only can you do what was done to the fig tree, but also you can say to this mountain, ‘Go, throw yourself into the sea,’ and it will be done. If you believe, you will receive whatever you ask for in prayer.”
Matye 21:8-22 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Une grande foule de gens étendirent leurs manteaux sur le chemin. D’autres coupèrent des branches aux arbres et en jonchèrent le chemin. Et toute la foule, de la tête à la fin du cortège, criait : Hosanna au Fils de David ! Béni soit celui qui vient ╵ au nom du Seigneur ! Hosanna à Dieu au plus haut des cieux ! Quand Jésus entra dans Jérusalem, toute la ville fut en émoi. Partout on demandait : Qui est-ce ? Et la foule qui l’accompagnait répondait : C’est Jésus le prophète, de Nazareth en Galilée. Jésus entra dans la cour du Temple. Il en chassa tous les marchands, ainsi que leurs clients. Il renversa les comptoirs des changeurs d’argent, ainsi que les chaises des marchands de pigeons, et il leur dit : Il est écrit : On appellera ma maison une maison de prière , mais vous, vous en faites une caverne de brigands ! Des aveugles et des paralysés s’approchèrent de lui dans la cour du Temple et il les guérit. Quand les chefs des prêtres et les spécialistes de la Loi virent les miracles extraordinaires qu’il venait d’accomplir, quand ils entendirent les cris des enfants dans la cour du Temple : « Hosanna au Fils de David ! », ils se mirent en colère et lui dirent : Tu entends ce qu’ils crient ? – Oui, leur répondit Jésus. Et vous, n’avez-vous donc jamais lu cette parole : De la bouche des petits enfants ╵ et des nourrissons, tu as tiré la louange . Puis il les laissa et quitta la ville pour se rendre à Béthanie, où il passa la nuit. Tôt le lendemain matin, en revenant vers la ville, il eut faim. Il aperçut un figuier sur le bord de la route et s’en approcha ; mais il n’y trouva que des feuilles. Alors, il dit à l’arbre : Tu ne porteras plus jamais de fruit ! A l’instant même, le figuier devint tout sec. En voyant cela, les disciples furent très étonnés et s’écrièrent : Comment ce figuier est-il devenu sec en un instant ? – Vraiment, je vous l’assure, répondit Jésus, si vous avez la foi, si vous ne doutez pas, non seulement vous pourrez accomplir ce que j’ai fait à ce figuier, mais même si vous dites à cette colline : « Soulève-toi de là et jette-toi dans la mer », cela se fera. Si vous priez avec foi, tout ce que vous demanderez, vous l’obtiendrez.