Matye 21:1-9
Matye 21:1-9 1998 Haïtienne (HAT98)
Yo t'ap pwoche bò lavil Jerizalèm, yo te gentan rive nan bouk Betfaje, toupre mòn Oliv la. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo, li di yo: — Ale nan bouk ki devan nou an. Kou n'a rive, n'a jwenn yon manman bourik mare, ak yon jenn ti bourik avèk li. Lage yo, mennen yo ban mwen. Si yon moun di nou kichòy, n'a reponn li: Se Mèt yo ki bezwen yo. Epi menm lè a, l'a kite nou ale ak yo. Sa te rive konsa pou pawòl pwofèt la te di a te ka rive vre: Ale di moun lavil Siyon yo: Gade, men wa nou an ap vin jwenn nou. Li san lògèy, li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman. Disip yo ale, yo fè tou sa Jezi te bay yo lòd fè a. Yo mennen manman bourik la ak ti bourik la. Yo pran rad mete sou do yo fè panno epi Jezi moute ti bourik la. Yon foul moun te louvri rad yo atè sou tout wout la. Lòt menm te rache fèy branch bwa vin tann atè nan chemen an tou. Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l yo, yo tout t'ap rele: — Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
Matye 21:1-9 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus et ses disciples approchent de Jérusalem. Ils sont près de Bethfagé, vers le mont des Oliviers. Alors Jésus envoie deux disciples, en leur disant : « Allez au village qui est devant vous. Là, vous verrez tout de suite une ânesse attachée avec une corde, et son petit âne avec elle. Détachez-la et amenez-les-moi. On va peut-être vous dire quelque chose, vous répondrez : “Le Seigneur en a besoin.” Et on les laissera partir tout de suite. » Ainsi se réalise ce que le prophète a dit de la part du Seigneur : « Dites à la ville de Sion : Regarde ! Ton roi vient vers toi ! Il est plein de douceur. Il est monté sur une ânesse et sur un ânon, le petit d’une bête qui porte des charges. » Les disciples partent et ils font tout ce que Jésus leur a commandé. Ils amènent l’ânesse et l’ânon. Ils posent des vêtements sur eux, et Jésus s’assoit dessus. Beaucoup de gens étendent des vêtements sur le chemin. D’autres coupent des branches d’arbres et ils les mettent sur le chemin. Les foules qui marchent devant Jésus et celles qui le suivent crient : « Gloire au Fils de David ! Que Dieu bénisse celui qui vient en son nom ! Gloire à Dieu au plus haut des cieux ! »
Matye 21:1-9 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi ak disip li yo te rive toupre Jerizalèm. Yo te rive Bètfaje nan zòn mòn Olivye a. Lè sa a, Jezi te voye de nan disip li yo. Li di yo: “Ale nan ti vil ki devan nou an, n ap jwenn yon manman bourik ki mare, ak yon jenn bourik. Lage yo mennen ban mwen. Nenpòt moun ki ta di nou yon bagay, reponn li konsa: Mèt la bezwen yo, l ap voye yo tounen touswit.” Tout sa rive kon sa pou konfime pwofesi a: “Fè anons lan pase nan Siyon: men Wa w la ap vini. Li plen ak dousè, li monte sou yon bourik. Wi, sou yon ti bourik dèyè manman.” Disip yo te ale epi yo te fè jan Jezi te di yo a. Yo mennen ba li manman bourik la ak tout ti bourik la. Yo voye manto yo sou do bourik yo, kon sa Jezi chita sou yo. Anpil moun nan foul la te ouvè rad yo atè nan wout la, gen lòt ki te koupe branch bwa pou mete kote bourik yo t ap pase a. Jezi te nan mitan foul la. Moun ki te devan l yo ak moun ki te dèyè l yo, yo tout t ap rele, yo t ap di
Matye 21:1-9 New International Version (NIV)
As they approached Jerusalem and came to Bethphage on the Mount of Olives, Jesus sent two disciples, saying to them, “Go to the village ahead of you, and at once you will find a donkey tied there, with her colt by her. Untie them and bring them to me. If anyone says anything to you, say that the Lord needs them, and he will send them right away.” This took place to fulfill what was spoken through the prophet: “Say to Daughter Zion, ‘See, your king comes to you, gentle and riding on a donkey, and on a colt, the foal of a donkey.’ ” The disciples went and did as Jesus had instructed them. They brought the donkey and the colt and placed their cloaks on them for Jesus to sit on. A very large crowd spread their cloaks on the road, while others cut branches from the trees and spread them on the road. The crowds that went ahead of him and those that followed shouted, “Hosanna to the Son of David!”
Matye 21:1-9 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
En approchant de Jérusalem, ils arrivèrent près du village de Bethphagé, sur le mont des Oliviers. Jésus envoya deux de ses disciples en leur disant : Allez dans le village qui se trouve là devant vous. Dès que vous y serez, vous trouverez une ânesse attachée et, près d’elle, son petit. Détachez-les et amenez-les moi. Si quelqu’un vous fait une observation, vous n’aurez qu’à lui dire : « Le Seigneur en a besoin », et on vous laissera les prendre immédiatement. Tout cela arriva pour que s’accomplisse la prédiction du prophète : Dites à la communauté de Sion : Voici, ton roi vient vers toi ; plein de douceur, monté sur une ânesse, sur un ânon, le petit d’une bête de somme . Les disciples partirent donc et suivirent les instructions de Jésus. Ils amenèrent l’ânesse et son petit et posèrent sur eux leurs manteaux, et Jésus s’assit dessus. Une grande foule de gens étendirent leurs manteaux sur le chemin. D’autres coupèrent des branches aux arbres et en jonchèrent le chemin. Et toute la foule, de la tête à la fin du cortège, criait : Hosanna au Fils de David ! Béni soit celui qui vient ╵ au nom du Seigneur ! Hosanna à Dieu au plus haut des cieux !