Matye 20:20-22
Matye 20:20-22 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè sa a, manman pitit Zebede yo pwoche bò kote Jezi ak pitit li yo. Li bese tèt li byen ba devan Jezi pou mande l yon favè. Jezi di li: — Kisa ou vle? Madanm lan reponn: — Men de pitit mwen yo. Bay lòd pou yo chita, yonn sou bò dwat ou, lòt la sou bò gòch ou, lè ou va wa. Jezi reponn li: — Nou pa konnen sa n'ap mande a non. Eske nou ka bwè gode chatiman mwen pral bwè a? Eske nou ka resevwa batèm mwen gen pou m' resevwa a? Yo reponn li: — Nou kapab.
Matye 20:20-22 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Alors la mère des fils de Zébédée s’approche de Jésus avec ses fils. Elle se met à genoux devant lui pour lui demander quelque chose. Jésus lui dit : « Qu’est-ce que tu veux ? » Elle répond : « Voici mes deux fils. Promets-moi qu’ils seront assis, l’un à ta droite et l’autre à ta gauche, quand tu seras roi. » Jésus dit : « Vous ne savez pas ce que vous demandez. Est-ce que vous pouvez boire la coupe de souffrance que je vais boire ? » Ils lui répondent : « Nous le pouvons. »
Matye 20:20-22 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Apre sa, manman pitit Zebede yo ak de pitit gason l yo, pwoche bò kote Jezi. Li mete l ajenou devan Jezi pou mande l yon favè. Jezi mande li: “Kisa w vle?” Li reponn: “Mwen vle pou ou pwomèt mwen de pitit gason m yo ap chita youn sou bò dwat ou epi youn sou bò gòch ou, lè w va nan wayòm ou an.” Jezi di li: “M pa kwè ou konprann sa w ap mande la a. Èske nou ka bwè nan menm gode mwen pral bwè a?” Mesye yo reponn: “Wi, nou kapab!”
Matye 20:20-22 New International Version (NIV)
Then the mother of Zebedee’s sons came to Jesus with her sons and, kneeling down, asked a favor of him. “What is it you want?” he asked. She said, “Grant that one of these two sons of mine may sit at your right and the other at your left in your kingdom.” “You don’t know what you are asking,” Jesus said to them. “Can you drink the cup I am going to drink?” “We can,” they answered.
Matye 20:20-22 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Alors, la femme de Zébédée, s’approcha de Jésus avec ses fils. Elle se prosterna devant lui pour lui demander une faveur. – Que désires-tu ? lui demanda-t-il. Elle lui répondit : Voici mes deux fils. Promets-moi de faire siéger l’un à ta droite, l’autre à ta gauche, dans ton royaume. Jésus leur répondit : Vous ne vous rendez pas compte de ce que vous demandez. Pouvez-vous boire la coupe que je vais boire ? – Oui, lui répondirent-ils, nous le pouvons.