Matye 2:16-23
Matye 2:16-23 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè Ewòd vin konprann se woule nèg yo woule li, li fè yon sèl kòlè! Li bay lòd touye dènye ti gason ki te Betleyèm, ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fenk fèt jouk rive sou sa ki gen dezan, dapre dat mesye yo te ba li a. Se konsa, pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo tande yon rèl nan lavil Rama. Yo tande kriye ak gwo anmwe. Se Rachèl k'ap kriye pou pitit li yo. Li pa vle pèsonn ba li kouray, paske pitit li yo mouri. Apre Ewòd mouri, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi, antan l nan peyi Lejip la. Zanj lan di l: — Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l, tounen nan peyi Izrayèl la. Paske, moun yo ki te vle touye ti pitit la mouri. Lamenm Jozèf leve, li pran ti pitit la ansanm ak manman l, li tounen nan peyi Izrayèl la. Men, lè Jozèf vin konnen se Akelayis ki t'ap gouvènen peyi Jide a nan plas Ewòd, papa l, Jozèf te pè ale la. Bondye pale avè l ankò nan dòmi. Lè sa a, li pati, l'ale nan peyi Galile. Li vin rete nan yon vil yo rele Nazarèt. Se konsa, pawòl pwofèt yo te di a rive vre: Y'a rele l moun Nazarèt.
Matye 2:16-23 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Quand Hérode voit que les sages l’ont trompé, il est très en colère. Les sages lui ont dit à quel moment l’étoile est apparue. C’est pourquoi il donne l’ordre de tuer tous les enfants qui ont deux ans ou moins de deux ans, à Bethléem et dans les environs. Ainsi s’est réalisée cette parole du prophète Jérémie : « Dans Rama, on entend une plainte, des pleurs amers et des cris de deuil. C’est Rachel qui pleure sur ses enfants. Elle ne veut pas être consolée, parce qu’ils ne sont plus. » Après la mort d’Hérode, l’ange du Seigneur se montre à Joseph dans un rêve, en Égypte. L’ange lui dit : « Lève-toi, prends avec toi l’enfant et sa mère et retourne dans le pays d’Israël. En effet, ceux qui voulaient tuer l’enfant sont morts. » Joseph se lève, il prend avec lui l’enfant et sa mère et il retourne dans le pays d’Israël. Mais il apprend qu’Arkélaos est roi de Judée, depuis la mort d’Hérode, son père. Alors Joseph a peur d’aller en Judée. Le Seigneur lui parle dans un rêve, et Joseph va dans la région de Galilée. Il vient habiter dans une ville qui s’appelle Nazareth. Ainsi les choses se passent comme les prophètes l’avaient annoncé : « On l’appellera Nazaréen. »
Matye 2:16-23 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè Ewòd reyalize maj yo te fè l yon move kou, se pa ti fache l te fache. Li pase lòd pou yo touye tout ti gason soti nan zewo pou rive dezan nan Bètleyèm ak nan tout zòn ozalantou l yo. Ewòd te aji dapre kalkil li te fè selon sa l te aprann nan bouch maj yo konsènan lè zetwal la te parèt la. Konsa, sa fè nou konprann pi byen pwofesi Jeremi an: “Yon rèl pete nan Rama. Se yon rèl lanmò ak dezolasyon. Rachèl ap kriye pou pitit li yo. Li refize tout konsolasyon. Paske pitit li yo mouri.” Apre lanmò Ewòd, yon anj Senyè a parèt devan Jozèf nan yon rèv nan peyi Ejip. Li di l: “Leve! Pran pitit la ak manman l, retounen nan peyi Izrayèl. Moun ki te vle touye l yo gen tan mouri.” Konsa, Jozèf pran ti pitit la ak manman l, yo retounen nan peyi Izrayèl. Men, lè Jozèf tande se Akelayis, pitit Ewòd la, ki te pran plas papa l kòm wa nan rejyon Jide a, li te pè pou retounen nan zòn sa a. Konsa, apre Bondye te avèti l nan yon rèv, Jozèf t al rete nan rejyon Galile pito. Li t al rete nan yon ti vil yo rele Nazarèt. Sa fè nou konprann pi byen sa pwofèt yo te di a: “Y a rele li moun Nazarèt.”
Matye 2:16-23 New International Version (NIV)
When Herod realized that he had been outwitted by the Magi, he was furious, and he gave orders to kill all the boys in Bethlehem and its vicinity who were two years old and under, in accordance with the time he had learned from the Magi. Then what was said through the prophet Jeremiah was fulfilled: “A voice is heard in Ramah, weeping and great mourning, Rachel weeping for her children and refusing to be comforted, because they are no more.” After Herod died, an angel of the Lord appeared in a dream to Joseph in Egypt and said, “Get up, take the child and his mother and go to the land of Israel, for those who were trying to take the child’s life are dead.” So he got up, took the child and his mother and went to the land of Israel. But when he heard that Archelaus was reigning in Judea in place of his father Herod, he was afraid to go there. Having been warned in a dream, he withdrew to the district of Galilee, and he went and lived in a town called Nazareth. So was fulfilled what was said through the prophets, that he would be called a Nazarene.
Matye 2:16-23 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Quand Hérode s’aperçut que les mages s’étaient moqués de lui, il devint furieux : il donna l’ordre de tuer à Bethléhem et dans les environs tous les enfants de moins de deux ans, conformément aux précisions que lui avaient données les mages sur l’époque où l’étoile était apparue. Ainsi s’accomplit la parole transmise par Jérémie, le prophète : On entend à Rama une voix qui gémit et d’abondants sanglots amers : Rachel pleure ses enfants et elle ne veut pas se laisser consoler car ils ne sont plus . Après la mort d’Hérode, un ange du Seigneur apparut en rêve à Joseph, en Egypte, et lui dit : Lève-toi, emmène l’enfant et sa mère et retourne avec eux dans le pays d’Israël, car ceux qui voulaient tuer l’enfant sont morts. Joseph se leva donc, emmena l’enfant et sa mère et retourna dans le pays d’Israël. Mais il apprit qu’Archélaüs était devenu roi de Judée à la place de son père Hérode. Il eut donc peur de s’y installer, et, averti par Dieu dans un rêve, il se retira dans la province de Galilée, où il s’établit dans une ville appelée Nazareth. Ainsi s’accomplit cette parole des prophètes : On l’appellera le Nazaréen .