Matye 2:13-16
Matye 2:13-16 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè nèg save yo fin ale, yon zanj Bondye parèt devan Jozèf nan dòmi. Zanj lan di l konsa: — Leve non, pran ti pitit la ansanm ak manman l. Sove ale nan peyi Lejip. W'a rete la jouk lè m'a di ou pou ou tounen. Paske, Ewòd pral chache touye ti pitit la. Jozèf leve nan mitan lannwit lan, li pran ti pitit la ansanm ak manman l. Li pati, l'ale nan peyi Lejip. Jozèf rete la jouk lè Ewòd mouri. Se konsa, pawòl Bondye te mete nan bouch pwofèt la te rive vre. Li te di: Mwen rele pitit mwen, mwen fè l sòti kite peyi Lejip. Lè Ewòd vin konprann se woule nèg yo woule li, li fè yon sèl kòlè! Li bay lòd touye dènye ti gason ki te Betleyèm, ak nan tout vwazinaj la, depi sa ki te fenk fèt jouk rive sou sa ki gen dezan, dapre dat mesye yo te ba li a.
Matye 2:13-16 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Quand les sages sont partis, l’ange du Seigneur se montre à Joseph dans un rêve. L’ange lui dit : « Lève-toi, prends avec toi l’enfant et sa mère. Pars vite pour l’Égypte ! Reste là-bas. Je te dirai quand tu dois revenir. En effet, Hérode va chercher l’enfant pour le faire mourir. » Joseph se lève, il prend avec lui l’enfant et sa mère et il part pour l’Égypte, pendant la nuit. Il reste là-bas jusqu’à la mort d’Hérode le Grand. Ainsi se réalise ce que le prophète a dit de la part du Seigneur : « J’ai appelé mon fils à sortir d’Égypte. » Quand Hérode voit que les sages l’ont trompé, il est très en colère. Les sages lui ont dit à quel moment l’étoile est apparue. C’est pourquoi il donne l’ordre de tuer tous les enfants qui ont deux ans ou moins de deux ans, à Bethléem et dans les environs.
Matye 2:13-16 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Touswit apre maj yo fin pati, yon anj Senyè a te parèt devan Jozèf nan yon rèv. Zanj lan di li: “Leve! Degaje w pran pitit la ak tout manman l, ale nan peyi Ejip. Ewòd gen entansyon chache ti pitit la pou touye l. Rete nan peyi Ejip jouktan mwen di w lè pou w retounen.” Jozèf pran manman an ak tout pitit la, li pati pandan lannuit la pou ale an Ejip. Yo rete an Ejip jouktan Ewòd mouri. Vwayaj an Ejip la se yon aksyon ki fè nou konprann pi byen pwofesi ki di: “Mwen rele pitit gason m nan pou l soti kite peyi Ejip.” Lè Ewòd reyalize maj yo te fè l yon move kou, se pa ti fache l te fache. Li pase lòd pou yo touye tout ti gason soti nan zewo pou rive dezan nan Bètleyèm ak nan tout zòn ozalantou l yo. Ewòd te aji dapre kalkil li te fè selon sa l te aprann nan bouch maj yo konsènan lè zetwal la te parèt la.
Matye 2:13-16 New International Version (NIV)
When they had gone, an angel of the Lord appeared to Joseph in a dream. “Get up,” he said, “take the child and his mother and escape to Egypt. Stay there until I tell you, for Herod is going to search for the child to kill him.” So he got up, took the child and his mother during the night and left for Egypt, where he stayed until the death of Herod. And so was fulfilled what the Lord had said through the prophet: “Out of Egypt I called my son.” When Herod realized that he had been outwitted by the Magi, he was furious, and he gave orders to kill all the boys in Bethlehem and its vicinity who were two years old and under, in accordance with the time he had learned from the Magi.
Matye 2:13-16 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Après leur départ, un ange du Seigneur apparut à Joseph dans un rêve et lui dit : Lève-toi, emmène l’enfant et sa mère, et fuis en Egypte. Tu y resteras jusqu’à ce que je te dise de revenir, car Hérode fera rechercher l’enfant pour le tuer. Joseph se leva donc, emmena l’enfant et sa mère, de nuit, pour se réfugier en Egypte. Il y resta jusqu’à la mort d’Hérode. Ainsi s’accomplit ce que le Seigneur avait dit par le prophète : J’ai appelé mon fils à sortir de l’Egypte . Quand Hérode s’aperçut que les mages s’étaient moqués de lui, il devint furieux : il donna l’ordre de tuer à Bethléhem et dans les environs tous les enfants de moins de deux ans, conformément aux précisions que lui avaient données les mages sur l’époque où l’étoile était apparue.