Matye 19:1-12
Matye 19:1-12 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè Jezi fin di pawòl sa yo, li kite peyi Galile a, l'ale nan zòn peyi Jide ki lòt bò larivyè Jouden an. Yon gwo foul moun t'ap swiv li. Lè l rive, li geri malad yo. Kèk farizyen pwoche bò kote Jezi pou yo wè si yo te ka pran l nan pèlen. Yo mande li: — Eske lalwa nou pèmèt yon nonm kite ak madanm li pou nenpòt ki kòz? Jezi reponn yo: — Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi. Apre sa li di: Se poutèt sa, gason an va kite papa l ak manman l pou l mete tèt li ansanm ak madanm li. Yo tou de va fè yon sèl kò. Konsa, yo pa de ankò, men yo fè yon sèl kò. Se poutèt sa, pèsonn moun pa gendwa separe sa Bondye mete ansanm. Farizyen yo di li: — Bon, poukisa Moyiz te bay lòd pou yon nonm ekri yon papye divòs voye bay madanm li, anvan pou l kite avè li? Jezi reponn yo: — Se paske nou gen tèt di kifè Moyiz te ban nou dwa kite ak madanm nou. Men, nan konmansman se pat konsa. Mwen menm, men sa m'ap di nou: Lè yon nonm kite ak madanm li pou l al marye ak yon lòt, li fè adiltè, esèpte si se pou lenkondit li ta kite ak madanm lan. Disip li yo di li: — Si se konsa bagay la ye pou yon nonm ak madanm li, pito yon nonm pa marye. Jezi reponn yo: — Se pa tout moun ki asepte pawòl sa a. Se sèlman moun Bondye bay pouvwa pou sa. Paske, gen anpil rezon ki ka enpoze yon nonm marye. Genyen ki fèt tou konsa: yo pa ka marye. Gen lòt, se moun ki mete yo nan eta sa a pou yo pa ka marye. Gen lòt ankò ki pa marye poutèt Peyi Wa ki nan syèl la. Si yon moun ka asepte pawòl sa a, se pou l asepte li.
Matye 19:1-12 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Quand Jésus a fini de dire cela, il quitte la Galilée. Et il va dans la région de la Judée qui est de l’autre côté du Jourdain. Des foules nombreuses le suivent, et là, il guérit les gens. Des Pharisiens s’approchent de lui. Ils veulent lui tendre un piège et lui demandent : « Est-ce qu’un homme a le droit de renvoyer sa femme pour n’importe quelle raison ? » Jésus leur répond : « Vous n’avez pas lu ce qui est écrit dans les Livres Saints ? “Au commencement, Dieu a créé l’homme et la femme.” Et Dieu a dit : “À cause de cela, l’homme quittera son père et sa mère pour vivre avec sa femme. Et les deux deviendront comme une seule personne.” Ainsi, ils ne sont plus deux, mais ils sont comme une seule personne. Ne séparez donc pas ce que Dieu a uni. » Les Pharisiens lui disent : « Mais quand un homme renvoie sa femme, Moïse a commandé à l’homme de donner à sa femme une lettre de divorce. Pourquoi donc ? » Jésus leur répond : « Moïse vous a permis de renvoyer votre femme, parce que votre cœur est fermé. Mais au commencement, cela ne se passait pas de cette façon. Vraiment, je vous le dis, un homme ne doit pas renvoyer sa femme, sauf quand le mariage est contraire à la loi. En effet, quand un homme renvoie sa femme et se marie avec une autre, il commet un adultère. » Les disciples de Jésus lui disent : « Si les choses se passent ainsi entre l’homme et la femme, il vaut mieux ne pas se marier ! » Jésus leur répond : « Tout le monde n’est pas capable d’accepter cela. Mais Dieu donne à quelques-uns de pouvoir l’accepter. Il y a des gens qui ne se marient pas, parce qu’ils ne peuvent pas le faire : pour certains c’est depuis leur naissance. D’autres, c’est parce qu’on les a empêchés de le faire en les rendant eunuques. Et il y a des gens qui ne se marient pas à cause du Royaume des cieux. Celui qui peut accepter cette parole, qu’il l’accepte ! »
Matye 19:1-12 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Apre Jezi fin pale sou tout koze sa yo, li kite rejyon Galile a pou l ale nan rejyon Jide ak rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. Yon gwo foul moun t ap swiv li. Li te fè anpil gerizon. Kèk Farizyen ki te vle pase Jezi yon tès, te pwoche bò kote l. Yo di li: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse madanm li pou nenpòt ki rezon?” Jezi reponn yo: “Èske Bib la pa di lè Bondye t ap kreye lemonn se yon gason ak yon fi l te kreye? Apre sa Bondye di: Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl. Konsa, yo pa de ankò, men yo vin tounen youn. Donk, okenn moun pa dwe chache separe de moun Bondye mete ansanm.” Farizyen yo di Jezi: “Enben, poukisa Moyiz te bay lòd si yon gason ap kite madanm li fòk li ba li papye divòs?” Jezi reponn yo: “Moyiz bay pèmisyon an paske tèt nou di, men sa pa t nan plan kreyasyon an. Men mwen menm, m ap di nou: si yon nonm divòse ak madanm li, eksepte pou koz peche seksyèl, epi l al marye avèk yon lòt fi, li komèt adiltè.” Lè disip yo tande sa, yo di Jezi: “Si se kon sa bagay la ye nan relasyon gason ak fi, li ta pi bon pou yon nonm pa janm marye!” Jezi reponn yo: “Se sèlman moun Bondye bay don pou sa ki konprann sa n ap di la a. Gen moun ki pa marye poutèt jan yo fèt la: se bagay de nesans. Gen lòt moun ki pa marye poutèt operasyon lèzòm fè sou yo. Gen kèk lòt moun ki deside pa marye pou yo ka fè sèvis Bondye pi byen. Sa a se pou moun ki ka fè l.”
Matye 19:1-12 New International Version (NIV)
When Jesus had finished saying these things, he left Galilee and went into the region of Judea to the other side of the Jordan. Large crowds followed him, and he healed them there. Some Pharisees came to him to test him. They asked, “Is it lawful for a man to divorce his wife for any and every reason?” “Haven’t you read,” he replied, “that at the beginning the Creator ‘made them male and female,’ and said, ‘For this reason a man will leave his father and mother and be united to his wife, and the two will become one flesh’? So they are no longer two, but one flesh. Therefore what God has joined together, let no one separate.” “Why then,” they asked, “did Moses command that a man give his wife a certificate of divorce and send her away?” Jesus replied, “Moses permitted you to divorce your wives because your hearts were hard. But it was not this way from the beginning. I tell you that anyone who divorces his wife, except for sexual immorality, and marries another woman commits adultery.” The disciples said to him, “If this is the situation between a husband and wife, it is better not to marry.” Jesus replied, “Not everyone can accept this word, but only those to whom it has been given. For there are eunuchs who were born that way, and there are eunuchs who have been made eunuchs by others—and there are those who choose to live like eunuchs for the sake of the kingdom of heaven. The one who can accept this should accept it.”
Matye 19:1-12 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Après avoir donné ces enseignements, Jésus quitta la Galilée et se rendit dans la partie de la Judée située de l’autre côté du Jourdain. De grandes foules le suivaient et il guérit là les malades. Des pharisiens s’approchèrent de lui avec l’intention de lui tendre un piège. Ils lui demandèrent : Un homme a-t-il le droit de divorcer d’avec sa femme pour une raison quelconque ? Il leur répondit : N’avez-vous pas lu dans les Ecritures qu’au commencement le Créateur a créé l’être humain homme et femme et qu’il a déclaré : C’est pourquoi l’homme laissera son père et sa mère pour s’attacher à sa femme, et les deux ne feront plus qu’un ? Ainsi, ils ne sont plus deux, ils font un. Que l’homme ne sépare donc pas ce que Dieu a uni. Mais les pharisiens objectèrent : Pourquoi alors Moïse a-t-il commandé à l’homme de remettre à sa femme un certificat de divorce quand il divorce d’avec elle ? Il leur répondit : C’est à cause de la dureté de votre cœur que Moïse vous a permis de divorcer d’avec votre épouse. Mais, au commencement, il n’en était pas ainsi. Aussi, je vous déclare que celui qui divorce et se remarie, commet un adultère – sauf en cas d’immoralité sexuelle. Les disciples lui dirent : Si telle est la situation de l’homme par rapport à la femme, il n’est pas intéressant pour lui de se marier. Il leur répondit : Tous les hommes ne sont pas capables d’accepter cet enseignement. Cela n’est possible qu’à ceux qui en ont reçu le don. En effet, il y a ceux qui ne peuvent pas avoir de vie sexuelle normale parce que, de naissance, ils en sont incapables ; pour d’autres, il en est ainsi à cause d’une intervention humaine ; d’autres, enfin, y renoncent à cause du royaume des cieux. Que celui qui est capable d’accepter cet enseignement, l’accepte !