Matye 16:1-12

Matye 16:1-12 1998 Haïtienne (HAT98)

Farizyen yo ak sadiseyen yo pwoche bò kot Jezi. Yo te vle pran l nan pèlen. Yo mande l pou l fè yon mirak ki pou moutre se Bondye ki ba l tout pouvwa sa a. Jezi reponn yo: — Lè solèy la pral kouche, nou di: Gade jan syèl la wouj, tan an pral bèl. Nan granmaten nou di: Jòdi a l'ap fè lapli. Gade jan syèl la kouvri, li tou wouj. Nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase nan syèl la. Poukisa, atò, nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou latè kounyeya? Moun alèkile yo, atout yo mechan, atout yo vire do bay Bondye, men y'ap mande mirak! Men tou, yo p'ap jwenn lòt mirak pase mirak Jonas la. Apre sa, li vire do l, l'al fè wout li. Lè disip yo janbe lòt bò lanmè a, yo te bliye pote pen. Lè sa a, Jezi di yo: — Fè atansyon, pran prekosyon nou avèk ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo. Disip yo yonn t'ap di lòt: — Se paske nou pa pote pen kifè l'ap di sa. Jezi vin konnen sa yo t'ap di konsa. Li mande yo: — Poukisa nou yonn ap di lòt se paske nou pa pote pen kifè m'ap di sa? Ala nou manke konfyans nan Bondye! Nou poko ka konprann toujou! Se bliye nou gentan bliye lè m te separe senk pen bay senkmil (5.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale? Se bliye nou gentan bliye lè m te separe sèt pen bay katmil (4.000) moun lan? Nou pa chonje konbe panyen nou te pote ale apre sa? Ki jan nou fè konprann se sou pen mwen t'ap pale nou, lè mwen di nou: pran prekosyon nou ak ledven farizyen yo ansanm ak ledven sadiseyen yo? Se lè sa a disip yo konprann li pat di yo pran prekosyon ak ledven yo fè pen, men ak tout bagay farizyen yo ak sadiseyen yo t'ap moutre moun.

Matye 16:1-12 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Les Pharisiens et les Sadducéens s’approchent de Jésus. Ils veulent lui tendre un piège. Ils lui demandent : « Fais un miracle devant nous ! Ainsi tu nous prouveras que c’est Dieu qui t’envoie. » Jésus leur répond : « Au coucher du soleil, quand le ciel est rouge, vous dites : “Il va faire beau.” Et le matin, quand le ciel est rouge foncé, vous dites : “Aujourd’hui, il va faire mauvais temps.” Quand vous regardez le ciel, vous savez quel temps il va faire. Mais les choses qui se passent maintenant, vous ne savez pas ce qu’elles veulent dire. Pourquoi donc ? Les gens d’aujourd’hui sont mauvais et infidèles à Dieu. Ils demandent un miracle. Mais les gens verront un seul miracle : ce qui est arrivé au prophète Jonas . » Ensuite, Jésus les laisse et il s’en va. Les disciples passent de l’autre côté du lac. Ils ont oublié de prendre du pain. Jésus leur dit : « Faites attention ! Méfiez-vous du levain des Pharisiens et des Sadducéens ! » Alors les disciples pensent : « Nous n’avons pas pris de pain. » Jésus sait qu’ils pensent cela et il leur dit : « Vous n’avez pas beaucoup de foi ! Pourquoi est-ce que vous pensez : “Nous n’avons pas de pain” ? Vous ne comprenez pas encore ? Souvenez-vous des cinq pains pour les 5 000 hommes ! Ce jour-là, vous avez emporté combien de paniers ? Souvenez-vous des sept pains pour les 4 000 hommes ! Ce jour-là, vous avez emporté combien de paniers ? Je vous ai dit : “Méfiez-vous du levain des Pharisiens et des Sadducéens.” Vous ne comprenez donc pas que je ne vous parlais pas de pain ? » Alors les disciples comprennent : Jésus ne leur a pas dit de se méfier du levain du pain. Mais ils doivent se méfier de l’enseignement des Pharisiens et des Sadducéens.

Matye 16:1-12 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Farizyen yo ak Sadiseyen yo te pwoche bò kote Jezi, yo te vle pase Jezi yon tès. Yo mande li pou l fè yon mirak ki bay prèv Bondye avè l. Jezi reponn yo: “Si nou wè syèl la tou wouj lè solèy pral kouche, nou di l ap fè bon tan. Nan maten, si nou wè syèl la yon jan sonb, nou di jodi a l ap fè lapli. Nou ka gade syèl la epi nou konnen ki tan li pral fè. Poutan, nou pa menm rive konprann siy ki gen rapò ak nou menm jodi a. Se sèlman moun ki mechan ak moun ki plen peche k ap mande Bondye mirak. Men yo p ap jwenn lòt mirak eksepte mirak pwofèt Jonas la y a jwenn.” Apre sa Jezi vire do li, l ale fè wout li. Jezi travèse lak la avèk disip li yo. Yo te bliye pote pen. Apre sa Jezi di yo: “Fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.” Yo te kòmanse ap fè diskisyon ant yo. Youn t ap di lòt: “Se poutèt nou pa pote pen ki fè l ap di sa.” Jezi te konnen sou kisa disip yo t ap pale. Konsa li di yo: “Fwa nou piti! Pouki tout pale sa yo sou koze pen?” Èske nou pako konprann toujou? Oubyen èske se bliye nou gen tan bliye lè m te bay 5,000 moun manje ak senk pen? Konbyen panye nou te pote tounen? Èske nou gen tan bliye m te bay 4,000 moun manje ak sèt pen? Konbyen panye nou te pote tounen? Kòman nou fè pa ka konprann mwen p ap pale sou pen lè m di nou: fè atansyon ak ledven Farizyen yo ak Sadiseyen. Se apre sa yo vin konprann Jezi pa t ap pale yo de ledven pou fè pen, men se de ansèyman Farizyen yo ak Sadiseyen yo.

Matye 16:1-12 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Des pharisiens et des sadducéens abordèrent Jésus pour lui tendre un piège. Ils lui demandèrent de leur montrer un signe miraculeux venant du ciel. Il leur répondit : [Au crépuscule, vous dites bien : « Demain, il fera beau, car le ciel est rouge. » Ou bien, à l’aurore : « Aujourd’hui, on aura de l’orage, car le ciel est rouge sombre. » Ainsi, vous savez reconnaître ce qu’indique l’aspect du ciel ; mais vous êtes incapables de reconnaître les signes de notre temps.] Ces gens de notre temps qui sont mauvais et infidèles à Dieu réclament un signe miraculeux ! Un signe… il ne leur en sera pas accordé d’autre que celui de Jonas. Là-dessus, il les quitta et partit de là. En passant de l’autre côté du lac, les disciples avaient oublié d’emporter du pain. Jésus leur dit : Faites bien attention : gardez-vous du levain des pharisiens et des sadducéens ! Les disciples discutaient entre eux : Il dit cela parce que nous n’avons pas pris de pain ! Jésus, sachant ce qui se passait, leur dit : Pourquoi discutez-vous entre vous parce que vous n’avez pas de pain ? Ah, votre foi est bien petite ! Vous n’avez donc pas encore compris ? Ne vous souvenez-vous pas des cinq pains distribués aux cinq mille hommes et du nombre de paniers que vous avez remplis avec les restes ? Et des sept pains distribués aux quatre mille hommes et du nombre de corbeilles que vous avez emportées ? Comment se fait-il que vous ne compreniez pas que je ne parlais pas de pain quand je vous disais : Gardez-vous du levain des pharisiens et des sadducéens ! Alors ils comprirent qu’il leur avait dit de se garder, non pas du levain que l’on met dans le pain, mais de l’enseignement des pharisiens et des sadducéens.