Matye 13:37-50
Matye 13:37-50 1998 Haïtienne (HAT98)
Li reponn yo: — Moun ki simen bon grenn lan, se Moun Bondye voye nan lachè a. Jaden an se latè. Bon grenn yo, se moun ki fè pati Peyi Wa a. Move zèb yo, se moun ki patizan Satan. Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k'ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo. Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini. Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k'ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k'ap fè sa ki mal. Y'a mete yo deyò nan Peyi kote l Wa a. Zanj yo va jete yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl. Se la va gen manje dan. Men, lè sa a, moun ki te mache dwat devan Bondye yo va klere tankou solèy nan peyi Papa yo ki Wa a. Si nou gen zòrèy pou n tande, tande. — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l ankò. Li sitèlman kontan, l ale, li vann tou sa l genyen, li tounen vin achte jaden an. — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl. Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, l ale, li vann tou sa l genyen pou l ka achte li. — Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon privye yo voye nan lanmè. Li pran tout kalite pwason. Lè li fin plen, pechè pwason yo rale l sou bò rivay la. Yo chita, yo triye pwason yo: yo mete bon pwason yo nan panyen, yo jete sa ki pa bon yo nan lanmè ankò. Se konsa sa pral rive tou lè tout bagay va fini. Zanj Bondye yo va vini, y'ap mete mechan yo yon bò, moun ki fè sa ki byen yo yon bò. Y'a jete mechan yo nan gwo founo k'ap boule a. Se la va gen rèl. Se la va gen manje dan.
Matye 13:37-50 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Jésus leur répond : « Celui qui sème le bon grain, c’est le Fils de l’homme. Le champ, c’est le monde. Le bon grain, ce sont les gens qui appartiennent au Royaume. La mauvaise herbe, ce sont les gens qui appartiennent à l’esprit du mal. L’ennemi qui a semé la mauvaise herbe, c’est l’esprit du mal. La récolte, c’est la fin du monde, et les ouvriers, ce sont les anges. On a ramassé la mauvaise herbe pour la brûler dans le feu. Eh bien, la même chose arrivera à la fin du monde. Le Fils de l’homme enverra ses anges. Ils enlèveront de son Royaume tous ceux qui font tomber les autres dans le péché et tous ceux qui font le mal. Ils les jetteront dans le grand feu. Là, ces gens pleureront et ils grinceront des dents . Mais ceux qui sont fidèles à Dieu brilleront comme le soleil dans le Royaume de leur Père. Celui qui a des oreilles, qu’il écoute ! » « Le Royaume des cieux ressemble à ceci : Il y a un trésor caché dans un champ. Un homme trouve le trésor et il le cache de nouveau. Il est plein de joie, il va vendre tout ce qu’il a et il achète ce champ. » « Le Royaume des cieux ressemble encore à ceci : Un marchand cherche de belles perles. Il trouve une perle qui a beaucoup de valeur. Alors, il va vendre tout ce qu’il a et il achète la perle. » « Le Royaume des cieux ressemble encore à ceci : On jette un filet dans le lac et il ramène toutes sortes de poissons. Quand le filet est plein, les pêcheurs le tirent au bord de l’eau. Ils s’assoient. Ils ramassent les bons poissons dans des paniers et ils rejettent ceux qui ne valent rien. À la fin du monde, ce sera la même chose. Les anges viendront séparer les méchants et les justes. Ils jetteront les méchants dans le grand feu. Là, ils pleureront et grinceront des dents . »
Matye 13:37-50 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè sa a, Jezi di yo: “Moun ki plante bon grenn nan, se Pitit Lòm nan. Jaden an reprezante lemonn antye. Bon grenn nan, se moun ki fè pati wayòm Bondye a. Zèb la se tout moun Satan yo. Lènmi ki plante zèb la se Dyab la. Jou rekòt la reprezante lafendimond. Travayè yo se anj Bondye yo. Menm jan yo rache zèb yo pou boule nan dife, se kon sa sa pral ye lè lafendimond nan rive. Pitit Lòm nan ap voye anj li yo pou vin triye tout sa yo k ap fè peche epi k ap pouse moun fè peche pou retire yo mete deyò wayòm li an. Apre sa anj yo ap voye moun sa yo nan flanm dife kote ki gen kriye ak manje dan. Moun ki te mache dwat devan Bondye pral klere kon solèy nan wayòm Bondye a. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande! Wayòm syèl la se tankou yon ja lajan ki sere anba tè. Yon moun jwenn li, li sere l pi fon. Li tèlman kontan, l ale vann tout sa l genyen pou l achte jaden an. Wayòm syèl la se tankou yon machannn bijou k ap chache bèl grenn pèl. Lè l jwenn yon bèl grenn pèl ki gen anpil valè, l ale vann tout sa li genyen pou l achte li. Wayòm syèl la se tankou yon senn yo jete nan lak la ki pran tout kalite pwason. Lè senn nan plen, pechè yo rale l mete deyò. Yo chita pou yo triye pwason yo. Yo mete tout sa k bon nan panye, epi yo jete rès sa k pa vo anyen yo. Se menm jan an sa pral pase lè lafendimond lan rive. Zanj yo ap separe mechan yo ak moun jis yo. Y ap voye mechan yo nan yon gwo flanm dife kote ki pral gen kriye ak manje dan.”
Matye 13:37-50 New International Version (NIV)
He answered, “The one who sowed the good seed is the Son of Man. The field is the world, and the good seed stands for the people of the kingdom. The weeds are the people of the evil one, and the enemy who sows them is the devil. The harvest is the end of the age, and the harvesters are angels. “As the weeds are pulled up and burned in the fire, so it will be at the end of the age. The Son of Man will send out his angels, and they will weed out of his kingdom everything that causes sin and all who do evil. They will throw them into the blazing furnace, where there will be weeping and gnashing of teeth. Then the righteous will shine like the sun in the kingdom of their Father. Whoever has ears, let them hear. “The kingdom of heaven is like treasure hidden in a field. When a man found it, he hid it again, and then in his joy went and sold all he had and bought that field. “Again, the kingdom of heaven is like a merchant looking for fine pearls. When he found one of great value, he went away and sold everything he had and bought it. “Once again, the kingdom of heaven is like a net that was let down into the lake and caught all kinds of fish. When it was full, the fishermen pulled it up on the shore. Then they sat down and collected the good fish in baskets, but threw the bad away. This is how it will be at the end of the age. The angels will come and separate the wicked from the righteous and throw them into the blazing furnace, where there will be weeping and gnashing of teeth.
Matye 13:37-50 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Il leur répondit : Celui qui sème la bonne semence, c’est le Fils de l’homme ; le champ, c’est le monde ; la bonne semence, ce sont ceux qui font partie du royaume. La mauvaise herbe, ce sont ceux qui suivent le diable. L’ennemi qui a semé les mauvaises graines, c’est le diable ; la moisson, c’est la fin du monde ; les moissonneurs, ce sont les anges. Comme on arrache la mauvaise herbe et qu’on la ramasse pour la jeter au feu, ainsi en sera-t-il à la fin du monde : le Fils de l’homme enverra ses anges et ils élimineront de son royaume tous ceux qui font tomber les autres dans le péché et ceux qui font le mal. Ils les précipiteront dans la fournaise ardente où il y aura des pleurs et d’amers regrets. Alors les justes resplendiront comme le soleil dans le royaume de leur Père. Celui qui a des oreilles, qu’il entende ! Le royaume des cieux ressemble à un trésor enfoui dans un champ. Un homme le découvre : il le cache de nouveau, s’en va, débordant de joie, vend tout ce qu’il possède et achète ce champ. Voici à quoi ressemble encore le royaume des cieux : un marchand cherche de belles perles. Quand il en a trouvé une de grande valeur, il s’en va vendre tout ce qu’il possède et achète cette perle précieuse. Voici encore à quoi ressemble le royaume des cieux : des pêcheurs ont jeté en mer un filet qui ramasse toutes sortes de poissons. Une fois qu’il est rempli, les pêcheurs le tirent sur le rivage, puis ils s’assoient autour et trient leur prise : ce qui est bon, ils le mettent dans des paniers et ce qui ne vaut rien, ils le rejettent. C’est ainsi que les choses se passeront à la fin du monde : les anges viendront et sépareront les méchants d’avec les justes et ils les précipiteront dans la fournaise ardente où il y aura des pleurs et d’amers regrets.