Matye 12:22-32
Matye 12:22-32 1998 Haïtienne (HAT98)
Apre sa, yo mennen yon nonm bay Jezi. Li te soud, li te bèbè, paske te gen yon move lespri sou li. Jezi geri nonm lan. Lamenm, li vin pale epi li vin wè. Foul moun yo te sezi anpil. Yo t'ap di: — Nou pa kwè se pitit David la sa? Lè farizyen yo tande sa, yo di: — Si nou wè nonm sa a ap chase move lespri, se paske Bèlzeboul, chèf move lespri yo, ba l pouvwa pou sa. Men Jezi te konnen sa ki te nan tèt yo, li di yo: — Si yon peyi gen divizyon pou yonn dozado ak lòt, peyi sa a p'ap kenbe lontan. Si gen divizyon nan yon vil osinon nan yon fanmi jouktan pou yo ap fè lagè yonn ak lòt, ni vil sa a, ni fanmi sa a pa la pou lontan. Si Satan ap chase moun ki pou li yo, Satan ap goumen ak pwòp tèt li. Pouvwa Satan an pa la pou lontan. Si se Bèlzeboul ki ban m pouvwa pou chase move lespri, patizan nou yo, ak ki pouvwa yo menm yo chase move lespri? Se poutèt sa, se yo menm menm k'ap ban nou tò. Men, si se avèk Lespri Bondye m'ap chase move lespri yo, sa vle di pouvwa Gouvènman Bondye ki wa a gentan rive sou nou. — Pesonn pa ka antre piye kay yon vanyan gason si li pa mare nonm sa a anvan. Se apre sa, li ka resi piye kay la. — Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m ranmase, se gaye y'ap gaye. Se poutèt sa, m'ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va sòti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo. Moun ki pale mal sou Moun Bondye voye nan lachè a, y'a padonnen l. Men, moun ki pale mal sou Sentespri a, li p'ap jwenn padon ni kounyeya, ni nan tan k'ap vini apre sa a.
Matye 12:22-32 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Des gens amènent à Jésus un homme qui est aveugle et muet à cause d’un esprit mauvais. Jésus le guérit. Alors l’homme se met à parler et il voit clair. Toutes les foules sont très étonnées et elles disent : « Cet homme est peut-être le Fils de David ! » Mais quand les Pharisiens entendent cela, ils disent : « Cet homme ne chasse les esprits mauvais qu’avec le pouvoir de Satan, qui est leur chef. » Jésus connaît leurs pensées et il leur dit : « Quand les habitants d’un royaume font la guerre entre eux, ce royaume est détruit. Quand les gens d’une ville ou d’une famille se battent entre eux, cette ville ou cette famille ne peuvent pas continuer à exister. Si Satan, l’esprit du mal, chasse l’esprit du mal, il est en guerre contre lui-même. Alors, comment son royaume peut-il continuer à exister ? Vous dites : “C’est Satan qui lui donne le pouvoir de chasser les esprits mauvais.” Mais alors, qui donne à vos amis le pouvoir de chasser ces esprits ? Ainsi vos amis eux-mêmes montrent que vous avez tort. Mais moi, c’est l’Esprit de Dieu qui me donne le pouvoir de chasser les esprits mauvais. Le Royaume de Dieu est donc arrivé jusqu’à vous ! « Quand quelqu’un veut entrer dans la maison d’un homme fort et prendre ses richesses, il doit d’abord attacher l’homme fort. Alors il pourra tout prendre dans la maison. « Celui qui n’est pas avec moi est contre moi. Celui qui ne m’aide pas à rassembler le troupeau, il le fait partir de tous les côtés. C’est pourquoi, je vous le dis : les gens recevront le pardon pour tous leurs péchés et pour toutes leurs insultes contre Dieu. Mais si quelqu’un insulte l’Esprit Saint, il ne recevra pas le pardon. Si quelqu’un parle contre le Fils de l’homme, il recevra le pardon. Mais s’il parle contre l’Esprit Saint, il ne recevra pas le pardon, ni dans cette vie, ni dans la vie qui va venir. »
Matye 12:22-32 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Apre sa yo te mennen bay Jezi yon nonm ki te avèg epi bèbè an menm tan paske li te gen yon move lespri sou li. Jezi geri li. Epi nonm nan te wè epi li te pale. Moun ki te la yo te etone anpil, epi se yon sèl pawòl ki te nan bouch yo: “Sanble nonm sa a se Pitit Bondye te pwomèt David la.” Lè Farizyen yo tande sa, yo di: “Se paske l sèvi Satan ki fè l gen pouvwa pou l chase demon sou moun.” Jezi ki te konnen sa ki t ap pase nan tèt yo te pale konsa: “Yon wayòm ki divize ap fini pa kraze. Yon vil oswa yon fanmi k ap goumen tout tan pa la pou lontan. Si Satan ap chase satan, se ak pwòp tèt li l ap goumen. Si se konsa, kijan pou wayòm li fè kontinye kanpe? Si nou di mwen chase denmon ak pouvwa Bèlzebil, epi patizan nou yo menm, ak ki pouvwa yo chase denmon? Se poutèt sa, se yo menm m ap kite jije nou pou sa nou di a. Men okontrè, si se pouvwa Lespri Bondye a m sèvi pou m chase demon, sa vle di wayòm Bondye a deja tabli pami nou. Pèsòn pa ka antre nan kay yon nèg vanyan pou l vòlè afè l, si li pa mare l anvan. Lè vòlè a fin mare l, l ap ka kòmanse vòlè atò. Yon moun ki p ap travay avè m, ap travay kont mwen. Yon moun ki p ap ede m sanble, se gaye l ap gaye. Konsa, m ap di kèlkeswa peche yon moun fè l ap jwenn padon pou li, men kanta moun ki pale Sentespri a mal, pa gen padon pou yo. Yon moun ki pale Pitit Lòm nan mal, li pou l jwenn padon. Men nenpòt moun ki pale Sentespri a mal p ap jwenn padon ni jodi a ni nan jou ki gen pou vini yo.
Matye 12:22-32 New International Version (NIV)
Then they brought him a demon-possessed man who was blind and mute, and Jesus healed him, so that he could both talk and see. All the people were astonished and said, “Could this be the Son of David?” But when the Pharisees heard this, they said, “It is only by Beelzebul, the prince of demons, that this fellow drives out demons.” Jesus knew their thoughts and said to them, “Every kingdom divided against itself will be ruined, and every city or household divided against itself will not stand. If Satan drives out Satan, he is divided against himself. How then can his kingdom stand? And if I drive out demons by Beelzebul, by whom do your people drive them out? So then, they will be your judges. But if it is by the Spirit of God that I drive out demons, then the kingdom of God has come upon you. “Or again, how can anyone enter a strong man’s house and carry off his possessions unless he first ties up the strong man? Then he can plunder his house. “Whoever is not with me is against me, and whoever does not gather with me scatters. And so I tell you, every kind of sin and slander can be forgiven, but blasphemy against the Spirit will not be forgiven. Anyone who speaks a word against the Son of Man will be forgiven, but anyone who speaks against the Holy Spirit will not be forgiven, either in this age or in the age to come.
Matye 12:22-32 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
On lui amena encore un homme qui était sous l’emprise d’un démon qui le rendait aveugle et muet. Jésus le guérit, et l’homme put de nouveau parler et voir. La foule, stupéfaite, disait : Cet homme n’est-il pas le Fils de David ? Les pharisiens, ayant appris ce qu’on disait de lui, déclarèrent : Si cet homme chasse les démons, c’est par le pouvoir de Béelzébul, le chef des démons. Mais Jésus, connaissant leurs pensées, leur dit : Tout royaume déchiré par la guerre civile est dévasté. Aucune ville, aucune famille divisée ne peut subsister. Si donc Satan se met à chasser Satan, il est en conflit avec lui-même. Comment alors son royaume subsistera-t-il ? D’ailleurs, si moi je chasse les démons par Béelzébul, qui donc donne à vos disciples le pouvoir de les chasser ? C’est pourquoi ils seront eux-mêmes vos juges. Mais si c’est par l’Esprit de Dieu que je chasse les démons, alors, de toute évidence, le royaume de Dieu est venu jusqu’à vous. Ou encore : Comment quelqu’un peut-il pénétrer dans la maison d’un homme fort et s’emparer de ses biens s’il n’a pas, tout d’abord, ligoté cet homme fort ? C’est alors qu’il pillera sa maison. Celui qui n’est pas avec moi est contre moi, et celui qui ne se joint pas à moi pour rassembler, disperse. C’est pourquoi je vous avertis : tout péché, tout blasphème sera pardonné aux hommes mais pas le blasphème contre le Saint-Esprit. Si quelqu’un dit une parole contre le Fils de l’homme, il lui sera pardonné ; mais si quelqu’un parle contre le Saint-Esprit, il ne recevra pas le pardon, ni dans la vie présente ni dans le monde à venir.