Matye 12:1-12
Matye 12:1-12 1998 Haïtienne (HAT98)
Kèk jou apre sa, Jezi t'ap pase bò yon jaden ble. Se te yon jou samdi. Disip li yo te grangou. Se konsa, yo pran rale kèk grap ble pou yo manje. Lè farizyen yo wè sa, yo di l konsa: — Gade. Disip ou yo ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo. Jezi reponn yo: — Eske nou pa li sa David te fè yon jou li te grangou, li menm ak moun pa l yo? Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje. Dapre lalwa nou an, ni li menm David ni moun ki te avè l yo pat gendwa manje pen sa yo. Se prèt yo sèlman ki gendwa sa a. Osinon, eske nou pa li sa ki ekri nan lalwa Moyiz la: Jou repo, prèt yo ki desèvis nan tanp lan pa respekte lalwa repo a, men yo pa koupab pou sa? Enben, m'ap di nou sa: Isit la, gen yon bagay ki pi konsekan pase tanp lan. Si nou te konnen sans pawòl sa yo ki nan Liv la: Mwen vle pou nou gen kè sansib, mwen pa bezwen ofrann bèt n'ap fè pou mwen yo, nou pa ta kondannen moun ki inonsan. Paske mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, se mwen ki mèt jou saba a. Jezi gen yon nonm men pòk nan asanble a. Moun ki te la yo t'ap chache okazyon pou akize Jezi. Se konsa yo mande li: — Eske lalwa nou an otorize geri moun jou saba? Jezi reponn yo: — Si yonn nan nou gen yon sèl mouton, si mouton sa a tonbe nan yon twou byen fon yon jou repo, eske li p'ap rale l mete deyò? Bon. Eske yon moun pa vo pi plis pase yon mouton? Konsa nou wè, lalwa nou an pèmèt nou fè byen pou yon moun jou repo.
Matye 12:1-12 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Peu de temps après, Jésus traverse des champs. C’est un jour de sabbat. Ses disciples ont faim. Ils se mettent à arracher des épis et ils mangent les grains. Quand les Pharisiens voient cela, ils disent à Jésus : « Regarde ce que tes disciples font ! Le jour du sabbat, c’est interdit ! » Jésus leur répond : « Vous n’avez pas lu ce que David a fait ? Un jour, il avait faim, et ceux qui étaient avec lui avaient faim aussi. Il est entré avec eux dans la maison de Dieu, et ils ont mangé les pains qui étaient offerts à Dieu. Pourtant, ils n’avaient pas le droit d’en manger, ni David, ni ceux qui l’accompagnaient. Seuls les prêtres avaient le droit d’en manger ! Ou encore, est-ce que vous n’avez pas lu ceci dans la loi : le jour du sabbat, les prêtres dans le temple ne respectent pas le repos du sabbat ? Pourtant, ils ne sont pas coupables ! Mais je vous le dis, il y a ici quelque chose de plus important que le temple ! Vous avez accusé ces hommes qui ne sont pas coupables. En effet, vous, vous ne savez pas le sens de cette phrase des Livres Saints : “Je désire l’amour, et non les sacrifices d’animaux .” » Jésus dit encore : « Le Fils de l’homme est maître du sabbat. » Jésus quitte cet endroit et il va dans la maison de prière juive. Là, il y a un homme qui a la main paralysée. Les gens veulent avoir une raison pour accuser Jésus, alors ils lui demandent : « Est-ce qu’on a le droit de guérir quelqu’un, le jour du sabbat ? » Jésus leur répond : « Par exemple, vous avez un seul mouton, et le jour du sabbat, il tombe dans un trou. Vous allez sûrement le prendre pour le sortir du trou ! Et un homme est beaucoup plus important qu’un mouton ! Donc, on a le droit de faire du bien, le jour du sabbat. »
Matye 12:1-12 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Nan menm peryòd la, Jezi ak disip li yo t ap travèse yon jaden ble nan jou saba. Disip yo te grangou. Yo rape kèk grap ble, epi yo manje grenn ble yo. Men lè Farizyen yo wè sa, yo di Jezi: “Atansyon! Apa disip ou yo ap fè bagay lalwa pa pèmèt nan jou repo a.” Lè sa a Jezi di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? Li te antre nan tanp Bondye a. Li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje ansanm ak mesye ki te avè l yo. Se sèlman sakrifikatè yo ki te gen dwa manje pen sa yo. Èske nou pa janm li lalwa Moyiz la ki di chak jou repo prèt yo k ap fè sèvis nan tanp la vyole lalwa jou repo a? Poutan yo pa koupab. Kite m di nou franchman, gen yon bagay la ki gen plis valè menm pase tanp la. Bondye di nan Bib la: Mwen pito kè sansib pase bèt n ap ofri pou touye ban mwen yo. Si nou byen konprann pawòl sa a, nou p ap kouri kondane moun ki inosan. Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.” Apre sa Jezi antre nan youn nan sinagòg Juif yo. Andedan sinagòg la te gen yon nonm ki te gen yon men pòk. Kèk moun ki t ap chache yon okazyon pou akize Jezi poze l yon kesyon: “Èske lalwa pèmèt moun fè gerizon nan jou repo a?” Jezi reponn yo: “Kilès pami nou, si l gen yon mouton ki tonbe nan yon pi nan jou repo a, ki p ap rale l met deyò? Mwen sèten yon moun gen plis valè pase yon mouton. Konsa, lalwa pèmèt moun fè sa ki byen nan jou repo a.”
Matye 12:1-12 New International Version (NIV)
At that time Jesus went through the grainfields on the Sabbath. His disciples were hungry and began to pick some heads of grain and eat them. When the Pharisees saw this, they said to him, “Look! Your disciples are doing what is unlawful on the Sabbath.” He answered, “Haven’t you read what David did when he and his companions were hungry? He entered the house of God, and he and his companions ate the consecrated bread—which was not lawful for them to do, but only for the priests. Or haven’t you read in the Law that the priests on Sabbath duty in the temple desecrate the Sabbath and yet are innocent? I tell you that something greater than the temple is here. If you had known what these words mean, ‘I desire mercy, not sacrifice,’ you would not have condemned the innocent. For the Son of Man is Lord of the Sabbath.” Going on from that place, he went into their synagogue, and a man with a shriveled hand was there. Looking for a reason to bring charges against Jesus, they asked him, “Is it lawful to heal on the Sabbath?” He said to them, “If any of you has a sheep and it falls into a pit on the Sabbath, will you not take hold of it and lift it out? How much more valuable is a person than a sheep! Therefore it is lawful to do good on the Sabbath.”
Matye 12:1-12 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
A cette époque, un jour de sabbat, Jésus traversait des champs de blé. Comme ses disciples avaient faim, ils se mirent à cueillir des épis pour en manger les grains. Quand les pharisiens virent cela, ils dirent à Jésus : Regarde tes disciples : ils font ce qui est interdit le jour du sabbat ! Il leur répondit : N’avez-vous donc pas lu ce qu’a fait David lorsque lui et ses compagnons avaient faim ? Il est entré dans le sanctuaire de Dieu et il a mangé avec eux les pains exposés devant Dieu. Or, ni lui ni ses hommes n’avaient le droit d’en manger, ils étaient réservés uniquement aux prêtres. Ou bien, n’avez-vous pas lu dans la Loi que, le jour du sabbat, les prêtres qui travaillent dans le Temple violent la loi sur le sabbat, sans pour cela se rendre coupables d’aucune faute ? Or, je vous le dis : il y a ici plus que le Temple. Ah ! si vous aviez compris le sens de cette parole : Ce que je veux, c’est la compassion bien plus que les sacrifices , vous n’auriez pas condamné ces innocents. Car le Fils de l’homme est maître du sabbat. En partant de là, Jésus se rendit dans l’une de leurs synagogues. Il y avait là un homme paralysé d’une main. Les pharisiens demandèrent à Jésus : A-t-on le droit de guérir quelqu’un le jour du sabbat ? Ils voulaient ainsi pouvoir l’accuser. Mais il leur répondit : Supposez que l’un de vous n’ait qu’un seul mouton et qu’un jour de sabbat, il tombe dans un trou profond. Ne va-t-il pas le prendre et l’en sortir ? Eh bien, un homme a beaucoup plus de valeur qu’un mouton ! Il est donc permis de faire du bien le jour du sabbat.