Matye 11:7-19

Matye 11:7-19 1998 Haïtienne (HAT98)

Lè patizan Jan yo al fè wout yo, Jezi pran pale ak foul la sou Jan. Li di yo konsa: — Sa nou te al wè nan dezè a? Yon pye wozo van t'ap souke? Non. Men, kisa nou te al wè menm? Yon nonm abiye ak bèl rad? Ala, moun ki mete bèl rad, se kay wa a yo jwenn yo. Manyè di m kisa nou te al wè menm? Yon pwofèt? Wi, mwen menm mwen di nou: li pi plis pase yon pwofèt. Men sa ki te ekri sou Jan: Men m'ap voye mesaje m lan devan ou. Li va louvri chemen an devan pou ou. — Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nan tout moun ki fèt sou latè pa gen yonn ki pi konsekan pase Jan Batis. Malgre sa, moun ki pi piti nan Peyi Wa ki nan syèl la, pi konsekan pase l. Depi sou tan Jan Batis jouk jòdi a, Peyi Wa ki nan syèl la anba gwo goumen. Se moun ki konn goumen k'ap antre ladan l. Anvan Jan Batis te rive, tout pwofèt yo ansanm ak lalwa Moyiz la te pale sou Peyi Bondye a. Si nou vle kwè l: Jan Batis se Eli ki te gen pou vini an. Si nou gen zòrèy pou n tande, tande. — Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik, yonn ap rele lòt pou di l konsa: Nou jwe mizik cho pou nou, nou pa danse. Nou chante chante tris, nou pa kriye. — Jan Batis vini. Li pa manje ak moun, li pa bwè ak moun. Yo di li gen move lespri sou li. Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon.

Matye 11:7-19 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Les disciples de Jean repartent. Jésus se met à parler de Jean aux foules qui sont là. Il leur dit : « Qu’est-ce que vous êtes allés regarder dans le désert ? Un roseau secoué par le vent ? Non ! Alors, qu’est-ce que vous êtes allés voir ? Un homme habillé de vêtements élégants ? Mais ceux qui ont de beaux vêtements habitent dans les palais des rois. Qu’est-ce que vous êtes allés voir ? Un prophète ? Oui, je vous le dis, et même plus qu’un prophète ! En effet, Jean est celui que les Livres Saints annoncent quand Dieu dit : “Moi, je vais envoyer mon messager devant toi. Il préparera le chemin pour toi .” » Jésus ajoute : « Je vous le dis, c’est la vérité : il n’y a jamais eu un homme plus important que Jean-Baptiste. Pourtant, celui qui est le plus petit dans le Royaume des cieux est plus important que lui. Depuis le temps où Jean baptisait jusqu’à maintenant, on attaque le Royaume des cieux avec violence, et les gens violents cherchent à le prendre. Jusqu’à Jean, la loi et tous les prophètes ont annoncé ce qui allait arriver. Et si vous voulez me croire, Jean, c’est Élie qui devait revenir ! Celui qui a des oreilles, qu’il écoute ! « À qui est-ce que je vais comparer les gens d’aujourd’hui ? Ils ressemblent à des enfants assis sur la place du village. Les uns crient aux autres : “Pour vous, nous avons joué un air de flûte, mais vous n’avez pas dansé. Nous avons chanté un chant de funérailles, mais vous n’avez pas pleuré !” En effet, Jean-Baptiste est venu. Il ne mange pas, il ne boit pas, et les gens disent : “Il est fou !” Le Fils de l’homme est venu, il mange et il boit. Et les gens disent : “Regardez, cet homme pense seulement à manger et à boire ! Il est l’ami des employés des impôts et des pécheurs.” Mais quand on voit ce que fait la sagesse de Dieu, on reconnaît qu’elle agit bien. »

Matye 11:7-19 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Apre disip Jan yo fin ale, Jezi kòmanse pale de Jan ak foul moun ki te la yo: “Ki sa nou t al wè nan dezè a? Èske se yon pye wozo van t ap souke? Non, seryezman! Ki sa nou t al wè pito? Èske se yon moun ki abiye ak bèl rad ki koute chè? M pa kwè sa non! Paske nèg ki abiye chèlbè ak gwo mak rad sou yo se nan palè yo rete. Men, kisa nou t al wè menm? Yon pwofèt? Wi. M ap di nou sa: Li plis pase yon pwofèt. Men sa ki ekri sou li nan Bib la: Men m ap voye mesaje m nan devan w. L ap prepare chemen an devan w. M ap di nou sa: Pami tout moun sou latè, pa gen youn ki gen plis valè pase Janbatis. Epoutan, moun ki mwens enpòtan nan wayòm Bondye a gen plis valè pase Janbatis. Depi lè Janbatis kòmanse preche pou jis jounen jodi a, wayòm Bondye a ap sibi gwo vyolans. Gen anpil moun k ap sèvi ak lafòs pou eseye kontwole l. Depi anvan Jan vini, lalwa Moyiz la ak tout pwofèt yo te gen tan pale sou tout sa ki konsène wayòm nan. Konsa nenpòt moun ki kwè sa yo te di a ap dakò Jan se Eli ki te gen pou vini an. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande! Ak kisa pou m konpare jenerasyon sa a? M ap konpare nou ak yon gwoup timoun ki chita sou yon plas piblik k ap rele yon lòt gwoup timoun. Yo di lòt yo: Nou jwe bon ti mizik sou flit pou ou, ou pa danse. Nou chante chan fin eray pou ou, ou pa menm fè tankou w ta pral kriye. Koute! Jan vini, li pa bwè li pa manje menm manje ak tout moun. Yo di li gen move lespri sou li. Pitit Lòm nan vini, li manje li bwè menm jan ak tout moun. Yo di li se granmanjè, ak bwasonyè. Yo di li se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun ki gen move renome. Men vrè sajès la ap toujou bay bon rezilta nan aksyon l yo.”

Matye 11:7-19 New International Version (NIV)

As John’s disciples were leaving, Jesus began to speak to the crowd about John: “What did you go out into the wilderness to see? A reed swayed by the wind? If not, what did you go out to see? A man dressed in fine clothes? No, those who wear fine clothes are in kings’ palaces. Then what did you go out to see? A prophet? Yes, I tell you, and more than a prophet. This is the one about whom it is written: “ ‘I will send my messenger ahead of you, who will prepare your way before you.’ Truly I tell you, among those born of women there has not risen anyone greater than John the Baptist; yet whoever is least in the kingdom of heaven is greater than he. From the days of John the Baptist until now, the kingdom of heaven has been subjected to violence, and violent people have been raiding it. For all the Prophets and the Law prophesied until John. And if you are willing to accept it, he is the Elijah who was to come. Whoever has ears, let them hear. “To what can I compare this generation? They are like children sitting in the marketplaces and calling out to others: “ ‘We played the pipe for you, and you did not dance; we sang a dirge, and you did not mourn.’ For John came neither eating nor drinking, and they say, ‘He has a demon.’ The Son of Man came eating and drinking, and they say, ‘Here is a glutton and a drunkard, a friend of tax collectors and sinners.’ But wisdom is proved right by her deeds.”

Matye 11:7-19 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Comme les envoyés s’en allaient, Jésus saisit cette occasion pour parler de Jean à la foule : Qu’êtes-vous allés voir au désert ? leur demanda-t-il. Un roseau agité çà et là par le vent ? Oui, qui donc êtes-vous allés voir ? Un homme habillé avec élégance ? Généralement, ceux qui sont élégamment vêtus vivent dans les palais royaux. Mais qu’êtes-vous donc allés voir au désert ? Un prophète  ? Oui, assurément, et même bien plus qu’un prophète, c’est moi qui vous le dis. Car c’est celui dont il est écrit : J’enverrai mon messager devant toi, il te préparera le chemin . Vraiment, je vous l’assure : parmi tous les hommes qui sont nés d’une femme, il n’en a paru aucun de plus grand que Jean-Baptiste. Et pourtant, le plus petit dans le royaume des cieux est plus grand que lui. Depuis l’époque où Jean-Baptiste a paru jusqu’à cette heure, le royaume des cieux se force un passage avec violence, et ce sont les violents qui s’en emparent. En effet, jusqu’à Jean, tous les prophètes et la Loi l’ont prophétisé. Et, si vous voulez le croire, c’est lui, cet Elie qui devait venir. Celui qui a des oreilles, qu’il entende ! A qui donc pourrais-je comparer les gens de notre temps ? Ils sont comme ces enfants assis sur la place du marché qui crient à leurs camarades : Quand nous avons joué de la flûte, vous n’avez pas dansé ! Et quand nous avons chanté des airs de deuil, vous ne vous êtes pas lamentés ! En effet, Jean est venu, il ne mangeait pas et ne buvait pas de vin. Et qu’a-t-on dit ? « Il a un démon en lui ! » Le Fils de l’homme est venu, il mange et boit, et l’on dit : « Cet homme ne pense qu’à faire bonne chère et à boire du vin, il est l’ami des collecteurs d’impôts et des pécheurs notoires. » Et cependant, la sagesse de Dieu se fait reconnaître comme telle par les œuvres qu’elle accomplit.