Lik 6:1-11
Lik 6:1-11 1998 Haïtienne (HAT98)
Yon jou samdi, Jezi t'ap pase bò yon jaden ble. Disip li yo rale kèk grap ble fwote nan men yo epi yo t'ap manje. Te gen kèk farizyen la ki di yo konsa: — Poukisa n'ap fè bagay lalwa nou pa pèmèt moun fè gwo jou repo a? Jezi pran lapawòl, li di farizyen yo konsa: — Eske nou pa li sa David te fè li menm ak moun pa l yo, yon jou yo te grangou? Li antre nan kay Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye a, li manje, li bay moun pa l yo manje tou. Men dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gendwa manje pen sa yo. Apre sa, li di yo: — Mwen menm, moun Bondye voye nan lachè a, se mwen ki mèt jou saba a. Yon lòt jou repo, Jezi antre nan sinagòg la, li t'ap moutre moun yo anpil bagay. Te gen yon nonm nan lasanble a ki te gen men dwat li pòk. Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo t'ap veye Jezi konsa pou wè si l t'ap geri moun jou repo a, paske yo te vle jwenn yon kòz pou akize li. Men, Jezi te konnen sa k te dèyè tèt yo. Lè sa a, li di nonm ki te gen menm pòk la: — Leve, vin kanpe la a nan mitan nou. Nonm lan leve kanpe. Apre sa, Jezi di moun yo: — M'ap mande nou kichòy: Kisa lalwa a pèmèt moun fè jou repo a? Byen oswa mal? Sove lavi yon moun osinon kite l mouri? Apre sa, li pwonmennen je l sou yo tout, li di nonm lan: — Lonje men ou. Nonm lan lonje men li. Latou, men an geri. Men, lòt moun yo pat manke ankòlè. Yo t'ap diskite yonn ak lòt sou sa yo ta kapab fè Jezi.
Lik 6:1-11 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Un jour de sabbat, Jésus traverse des champs. Ses disciples arrachent des épis, ils les frottent dans leurs mains et ils mangent les grains. Quelques Pharisiens disent : « Pourquoi est-ce que vous faites cela ? Le jour du sabbat, c’est interdit ! » Jésus leur répond : « Vous n’avez donc pas lu ce que David a fait ? Un jour, il avait faim, et ceux qui étaient avec lui avaient faim aussi. Il est entré dans la maison de Dieu, et il a pris les pains qui étaient offerts à Dieu. Il en a mangé et il en a donné à ceux qui l’accompagnaient. Pourtant, seuls les prêtres avaient le droit d’en manger ! » Jésus dit encore aux Pharisiens : « Le Fils de l’homme est maître du sabbat. » Un autre jour de sabbat, Jésus entre dans la maison de prière, et il enseigne. Là, il y a un homme qui a la main droite paralysée. Les maîtres de la loi et les Pharisiens regardent Jésus avec attention pour voir s’il va guérir quelqu’un un jour de sabbat. En effet, ils cherchent une raison de l’accuser. Mais Jésus connaît leurs pensées. Il dit à l’homme qui a la main paralysée : « Lève-toi ! Viens ici, devant tout le monde ! » L’homme se lève et il s’avance. Jésus dit aux maîtres de la loi et aux Pharisiens : « Je vous demande une chose : le jour du sabbat, qu’est-ce qu’il est permis de faire ? Du bien ou du mal ? De sauver la vie de quelqu’un ou de la détruire ? » Jésus les regarde tous, ensuite il dit à l’homme : « Tends ta main ! » L’homme le fait, et sa main est guérie ! Mais les maîtres de la loi et les Pharisiens sont très en colère. Ils se demandent entre eux : « Qu’est-ce que nous pouvons faire contre Jésus ? »
Lik 6:1-11 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Yon jou saba, Jezi t ap pase nan yon gwo jaden ble. Disip li yo keyi kèk grap ble, yo fwote ble a nan men yo, epi yo t ap manje grenn yo. Lè sa a, kèk nan Farizyen yo di konsa: “Pouki sa n ap fè sa lalwa pa pèmèt nan jou repo a?” Jezi reponn yo, li di yo: “Èske nou pa li sa David te fè lè li menm ak mesye l yo te grangou? Li te antre nan tanp Bondye a, li pran pen yo te ofri bay Bondye yo, li manje epi li bay mesye ki te ak li yo tou, epi se prèt yo sèlman ki te gen dwa manje pen sa yo.” Apre sa li di yo: “Pitit Lòm nan se chèf jou repo a.” Yon lòt jou saba, Jezi te antre nan sinagòg la, li t ap anseye pèp la. Vwala te gen yon nonm ki te la ki te andikape nan men dwat li. Skrib yo ansanm ak Farizyen yo t ap veye pou wè si Jezi t ap geri nonm nan pandan jou repo a, paske yo t ap chache jwenn yon koz pou yo akize l. Men, Jezi ki te konnen sa k t ap pase nan tèt yo, li di nonm ki te andikape a: “Leve kanpe nan mitan la a.” Nonm nan leve, li kanpe. Jezi di yo: “M ap poze nou yon kesyon. Ki sa lalwa pèmèt moun fè nan jou repo a, byen osinon mal, sove lavi osinon detwi lavi?” Apre sa, Jezi pwonmennen je li gade yo tout, epi li di nonm nan: “Lonje men w.” Nonm nan lonje men l, epi men l geri. Men Skrib ak Farizyen ki te la yo te fache anpil. Yo t ap diskite antre yo menm sou kisa pou yo ta fè ak Jezi.
Lik 6:1-11 New International Version (NIV)
One Sabbath Jesus was going through the grainfields, and his disciples began to pick some heads of grain, rub them in their hands and eat the kernels. Some of the Pharisees asked, “Why are you doing what is unlawful on the Sabbath?” Jesus answered them, “Have you never read what David did when he and his companions were hungry? He entered the house of God, and taking the consecrated bread, he ate what is lawful only for priests to eat. And he also gave some to his companions.” Then Jesus said to them, “The Son of Man is Lord of the Sabbath.” On another Sabbath he went into the synagogue and was teaching, and a man was there whose right hand was shriveled. The Pharisees and the teachers of the law were looking for a reason to accuse Jesus, so they watched him closely to see if he would heal on the Sabbath. But Jesus knew what they were thinking and said to the man with the shriveled hand, “Get up and stand in front of everyone.” So he got up and stood there. Then Jesus said to them, “I ask you, which is lawful on the Sabbath: to do good or to do evil, to save life or to destroy it?” He looked around at them all, and then said to the man, “Stretch out your hand.” He did so, and his hand was completely restored. But the Pharisees and the teachers of the law were furious and began to discuss with one another what they might do to Jesus.
Lik 6:1-11 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Un jour de sabbat, Jésus traversait des champs de blé. Ses disciples cueillaient des épis et, après les avoir frottés dans leurs mains, en mangeaient les grains. Des pharisiens dirent : Pourquoi faites-vous ce qui est interdit le jour du sabbat ? Jésus prit la parole et leur dit : N’avez-vous pas lu ce qu’a fait David lorsque lui et ses compagnons eurent faim ? Il est entré dans le sanctuaire de Dieu, a pris les pains exposés devant Dieu et en a mangé, puis il en a donné à ses hommes, alors que seuls les prêtres ont le droit d’en manger. Et il ajouta : Le Fils de l’homme est maître du sabbat. Un autre jour de sabbat, Jésus entra dans la synagogue et commença à enseigner. Or, il y avait là un homme dont la main droite était paralysée. Les spécialistes de la Loi et les pharisiens surveillaient attentivement Jésus pour voir s’il ferait une guérison le jour du sabbat : ils espéraient ainsi trouver un motif d’accusation contre lui. Mais Jésus, sachant ce qu’ils méditaient, dit à l’homme qui avait la main infirme : Lève-toi et tiens-toi là, au milieu ! L’homme se leva et se tint debout. Alors Jésus s’adressa aux autres : J’ai une question à vous poser : Est-il permis, le jour du sabbat, de faire du bien, ou de faire du mal ? Est-il permis de sauver une vie ou bien faut-il la laisser périr ? Il balaya alors l’assistance du regard, puis il dit à cet homme : Etends la main ! Ce qu’il fit. Et sa main fut guérie. Les spécialistes de la Loi et les pharisiens furent remplis de fureur et se mirent à discuter entre eux sur ce qu’ils pourraient entreprendre contre Jésus.