Lik 23:50-56
Lik 23:50-56 1998 Haïtienne (HAT98)
Te gen yon jwif ki te rele Jozèf, moun lavil Arimate. Se te yon bon gason ki te mache dwat devan Bondye. Li t'ap tann kilè Bondye t'ap vin pran pouvwa a nan men li. Li te fè pati Gran Konsèy jwif yo, men li pat dakò ak sa lòt yo te fè ni ak sa yo te deside. Jozèf al lakay Pilat, li mande kò Jezi. Apre sa, l'al desann kò a sou kwa a, li vlope l nan yon bèl dra blan, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Se te yon kavo tou nèf: yo pat ankò janm mete pèsonn ladan li. Se te yon jou vandredi, saba ta pral louvri. Medam ki t'ap mache avèk Jezi depi nan peyi Galile yo te ale ansanm ak Jozèf. Yo wè kavo a, yo wè ki jan yo te mete kò Jezi ladan li. Apre sa, yo tounen lakay yo, y'al pare lwil santi bon ak odè pou benyen kò a. Men, jou repo a yo pat fè anyen, jan lalwa Moyiz te vle l la.
Lik 23:50-56 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Il y a là un homme appelé Joseph, de la ville juive d’Arimathée. Il fait partie du Tribunal religieux. C’est un homme bon et juste, il attend le Royaume de Dieu. Il n’est pas d’accord avec ce que le Tribunal a décidé et fait. Joseph va voir Pilate, il lui demande le corps de Jésus. Ensuite, Joseph descend le corps de la croix, il l’enveloppe dans un drap et il le met dans une tombe creusée dans le rocher. Dans cette tombe, on n’a encore enterré personne. C’est vendredi, et le sabbat va commencer. Les femmes qui ont accompagné Jésus depuis la Galilée viennent avec Joseph. Elles voient la tombe, elles regardent comment on place le corps de Jésus. Ensuite elles rentrent chez elles. Elles préparent l’huile et les parfums pour son corps, mais, le jour du sabbat, elles ne travaillent pas. En effet, c’est interdit par la loi.
Lik 23:50-56 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Vwala te gen yon nonm nan zòn nan yo rele Jozèf. Se te yon manm gran konsèy Jwif yo, men se te yon moun debyen, ki te mache dwat devan Bondye. Jozèf pa t dakò ak gran konsèy la, ni nan desizyon yo te pran ni nan aksyon yo te poze. Jozèf sa a te moun lavil Arimate, yon vil nan teritwa Jide. Jozèf se youn ki t ap tann Wayòm Bondye a etabli. Jozèf ale kote Pilat, li mande pèmisyon pou l pran kò Jezi. Li desann kò a, li vlope l nan yon bèl dra blan, epi li mete l nan yon kavo yo te fouye nan wòch. Kavo a te tou nèf. Pèsonn lòt moun pa t ko antere ladan l. Se te nan vandredi apremidi. Saba a te prèske kòmanse. Medam ki t ap mache dèyè Jezi depi nan Galile yo te swiv Jozèf. Yo wè kavo a. Yo wè tou kijan yo te mete kò Jezi ladan li. Medam yo retounen lakay, y al prepare lwil santi bon, yon melanj pafen ak epi s, pou yo vin mete sou kò a. Men, nan jou repo a, yo te repoze, jan lalwa Moyiz la mande l la.
Lik 23:50-56 New International Version (NIV)
Now there was a man named Joseph, a member of the Council, a good and upright man, who had not consented to their decision and action. He came from the Judean town of Arimathea, and he himself was waiting for the kingdom of God. Going to Pilate, he asked for Jesus’ body. Then he took it down, wrapped it in linen cloth and placed it in a tomb cut in the rock, one in which no one had yet been laid. It was Preparation Day, and the Sabbath was about to begin. The women who had come with Jesus from Galilee followed Joseph and saw the tomb and how his body was laid in it. Then they went home and prepared spices and perfumes. But they rested on the Sabbath in obedience to the commandment.
Lik 23:50-56 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Il y avait un homme, appelé Joseph, un membre du Grand-Conseil des Juifs. C’était un homme bon et droit qui n’avait pas approuvé la décision ni les actes des autres membres du Grand-Conseil. Il venait d’Arimathée, en Judée, et attendait le royaume de Dieu. Il alla demander à Pilate le corps de Jésus. Après l’avoir descendu de la croix, il l’enroula dans un drap de lin et le déposa dans un tombeau taillé en plein rocher, où personne n’avait encore été enseveli. C’était le soir de la préparation, avant le début du sabbat. Les femmes qui avaient accompagné Jésus depuis la Galilée suivirent Joseph, elles regardèrent le tombeau et observèrent comment le corps de Jésus y avait été déposé. Ensuite, elles retournèrent chez elles et préparèrent des huiles aromatiques et des parfums. Puis elles observèrent le repos du sabbat, comme la Loi le prescrit.