Lik 14:25-35
Lik 14:25-35 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè sa a, te gen anpil anpil moun ki t'ap fè wout ansanm ak Jezi. Li vire, li di yo: — Yon moun ki vin jwenn mwen, si li pa rayi papa l, manman l, pitit li, frè l, sè l, menm pwòp tèt pa l, li pa kapab disip mwen. Moun ki pa pote kwa l epi ki pa swiv mwen, li pa kapab disip mwen nonplis. — Si yonn nan nou vle fè yon gwo batisman, premye bagay pou l fè: se pou l chita pou l kalkile konbe sa pral koute l pou l wè si li gen kont lajan pou l fin fè travay la. Si l pa fè sa, l'ap fin poze fondasyon an, epi l p'ap ka fini batisman an. Lè sa a, tout moun ki va wè sa va pran pase l nan betiz. Y'a di: Nonm lan konmanse bati, men li pa kapab fini. — Konsa tou, si yon wa vle fè lagè ak yon lòt wa, premye bagay pou l fè: l'ap chita pou l egzaminen bagay la byen, pou l wè si, avèk dimil (10.000) nonm, li kapab mache kontre lòt wa a k'ap mache sou li ak venmil (20.000) nonm. Si li pa kapab, antan lòt wa a lwen toujou, l'ap voye kèk mesaje bò kote l pou mande l fè aranjman. Jezi di yo ankò: — Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l pa detache kè l sou tou sa l genyen. Sèl, se yon bon bagay. Men si sèl la pèdi gou l, ak kisa pou n fè l sale ankò? Lè sa a, sèl la pa bon pou jete ni atè ni nan fimye. Li annik bon pou voye sa jete. Sa ki ka konprann, konprann.
Lik 14:25-35 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Plus tard, Jésus est en route, et des foules nombreuses l’accompagnent. Il se tourne vers elles et il dit : « Celui qui vient à moi doit m’aimer plus que son père, sa mère, sa femme, ses enfants, ses frères, ses sœurs et même plus que sa vie. Sinon, cette personne ne peut pas être mon disciple. Celui qui ne porte pas sa croix et qui ne me suit pas, celui-là ne peut pas être mon disciple. « En effet, quand l’un de vous veut construire une grande maison, il commence par s’asseoir et il calcule : “Combien est-ce que cela va coûter ? Est-ce que j’ai assez d’argent pour aller jusqu’au bout ?” Mais s’il pose les fondations sans pouvoir finir la maison, tous ceux qui verront cela se mettront à se moquer de lui. Ils diront : “Cet homme a commencé à construire, mais il n’a pas pu finir !” Et quand un roi part en guerre contre un autre roi, il commence par s’asseoir et il se demande : “J’ai 10 000 soldats. Est-ce que je peux aller combattre mon ennemi qui vient m’attaquer avec 20 000 soldats ?” S’il ne peut pas, il envoie des messagers à l’autre roi, pendant qu’il est encore loin, et il demande à faire la paix. » Jésus ajoute : « Ainsi, parmi vous, si quelqu’un ne laisse pas tout ce qu’il possède, cette personne ne peut pas être mon disciple. « Oui, le sel est une bonne chose, mais quand le sel perd son goût, comment le lui rendre ? On ne peut plus l’utiliser pour la terre ni pour l’engrais. On le jette dehors. Celui qui a des oreilles pour écouter, qu’il écoute ! »
Lik 14:25-35 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Yon gwo foul moun t ap swiv Jezi nan wout la. Li vire gade yo li di yo: “Si yon moun vle vin disip mwen, ki fèt pou l mete m nan premye plas nan lavi li. Moun sa a pa fèt pou l okipe l de dezi papa l, manman l, madanm li, pitit li yo, frè l you osinon sè l yo. Li fèt pou l mete pwòp dezi pa l yo andènye, san sa, li pa kapab disip mwen. Nenpòt moun ki refize pote pwòp kwa li yo ba l pote a epi pou l swiv mwen, li pa kapab disip mwen. Nenpòt nan nou ki ta vle konstwi yon gwo kay t ap chita dabò pou evalye pri a epi wè si l gen ase resous pou fini konstriksyon an? Si li pa fè sa, li gendwa fin poze fondasyon an epi li pa ka fin konstwi kay la. Nenpòt moun ki wè sa ta tonbe pase l nan betiz. Yo ta di: Nonm sa a kòmanse bati, men li pa ka fin i. Si yon wa pral fè lagè kont yon lòt wa, l ap chita anvan pou l planifye. Si l gen dimil (10,000) sòlda l ap eseye deside si l kapab bat lòt wa a ki li menm gen venmil (20,000) sòlda. Si l wè li pa kapab fè lagè a, antan lòt wa a byen lwen toujou, l ap voye mesaje kote li pou mande l pou yo fè lapè. Konsa tou, nenpòt nan nou la a ki pa dakò abandone byen l yo, li pa kapab disip mwen.” “Sèl se yon bon bagay. Men si menm sèl la pèdi gou sale li, ak kisa y ap reba li gou sale a ankò? Yon sèl kon sa pa bon ni pou mete nan tè a kòm angrè, ni pou mete nan matyè pou fè dife. Se jete pou voye sa jete. Moun ki gen zòrèy pou tande, tande.”
Lik 14:25-35 New International Version (NIV)
Large crowds were traveling with Jesus, and turning to them he said: “If anyone comes to me and does not hate father and mother, wife and children, brothers and sisters—yes, even their own life—such a person cannot be my disciple. And whoever does not carry their cross and follow me cannot be my disciple. “Suppose one of you wants to build a tower. Won’t you first sit down and estimate the cost to see if you have enough money to complete it? For if you lay the foundation and are not able to finish it, everyone who sees it will ridicule you, saying, ‘This person began to build and wasn’t able to finish.’ “Or suppose a king is about to go to war against another king. Won’t he first sit down and consider whether he is able with ten thousand men to oppose the one coming against him with twenty thousand? If he is not able, he will send a delegation while the other is still a long way off and will ask for terms of peace. In the same way, those of you who do not give up everything you have cannot be my disciples. “Salt is good, but if it loses its saltiness, how can it be made salty again? It is fit neither for the soil nor for the manure pile; it is thrown out. “Whoever has ears to hear, let them hear.”
Lik 14:25-35 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Comme de grandes foules accompagnaient Jésus, il se retourna vers ceux qui le suivaient et leur dit : Si quelqu’un vient à moi et n’est pas prêt à renoncer à son père, sa mère, sa femme, ses enfants, ses frères, ses sœurs, et même à sa propre vie, il ne peut être mon disciple. Celui qui ne porte pas sa croix, et qui ne me suit pas, ne peut être mon disciple. En effet, si l’un de vous veut bâtir une tour, est-ce qu’il ne prend pas d’abord le temps de s’asseoir pour calculer ce qu’elle lui coûtera et de vérifier s’il a les moyens de mener son entreprise à bonne fin ? Sans quoi, s’il n’arrive pas à terminer sa construction après avoir posé les fondations, il risque d’être la risée de tous les témoins de son échec. « Regardez, diront-ils, en voilà un qui a commencé à construire et qui n’a pas pu terminer ! » Ou bien, supposez qu’un roi soit sur le point de partir en guerre contre un autre. Ne prendra-t-il pas le temps de s’asseoir pour examiner s’il peut, avec dix mille hommes, affronter celui qui est sur le point de marcher contre lui avec vingt mille ? S’il se rend compte qu’il en est incapable, il lui enverra une délégation, pendant que l’ennemi est encore loin, pour négocier la paix avec lui. Il en est de même pour vous ; celui qui n’est pas prêt à abandonner tout ce qu’il possède, ne peut pas être mon disciple. Le sel est une bonne chose, mais s’il devient insipide, comment lui rendra-t-on sa saveur ? On ne peut plus l’utiliser, ni pour la terre, ni pour le fumier. Il n’y a plus qu’à le jeter. Celui qui a des oreilles pour entendre, qu’il entende !