Lik 13:10-17
Lik 13:10-17 1998 Haïtienne (HAT98)
Yon jou saba, Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan yo sinagòg la. Te gen yon fanm nan sinagòg la ki te malad. Depi dizwitan li te gen yon move lespri sou li ki te fè l rete kokobe. Li pat kapab kanpe dwat menm. Lè Jezi wè l, li rele l, li di li: — Mafi, ou delivre anba enfimite ou la tande. Jezi lonje men li sou li. Latou, fanm lan kanpe dwat, epi li pran bay Bondye glwa. Men, chèf sinagòg la pat kontan menm paske Jezi te fè gerizon an yon jou repo. Li pran lapawòl, li di foul la: — Nou gen sis jou pou nou travay, vin fè yo geri nou jou sa yo. Pa vini jou repo a. Jezi reponn li: — Ala nou ipokrit! Jou saba a, nou tout nou lage bèf nou ak bourik nou mennen yo al bwè, pa vre? Bon, fanm sa a, moun ras Abraram, ki gen dizwitan depi Satan mare l anba yon maladi, mwen pat dwe delivre l yon jou repo? Repons Jezi te ba yo a te fè tout moun ki pat vle wè l yo wont. Men, tout moun nan foul la te kontan pou tout bèl mèvèy li t'ap fè yo.
Lik 13:10-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Un jour de sabbat, Jésus est en train d’enseigner dans une maison de prière. Là, il y a une femme, malade depuis 18 ans, à cause d’un esprit mauvais. Elle est toujours penchée en avant et elle ne peut vraiment pas se tenir droite. Quand Jésus la voit, il l’appelle et dit à la femme : « Ta maladie est finie. » Il pose les mains sur elle. Aussitôt, la femme se tient droite et elle dit : « Gloire à Dieu ! » Mais le chef de la maison de prière est très en colère, parce que Jésus a guéri quelqu’un le jour du sabbat. Alors le chef dit à la foule : « Il y a six jours où on doit travailler. Venez donc vous faire guérir ces jours-là et non le jour du sabbat ! » Mais le Seigneur répond : « Hommes faux ! Le jour du sabbat, chacun de vous détache de la mangeoire son bœuf ou son âne pour le mener boire. Et cette femme, qui est de la famille d’Abraham, Satan l’avait attachée depuis 18 ans. Est-ce qu’il ne fallait pas la délivrer de sa maladie, le jour du sabbat ? » Pendant que Jésus dit cela, ses adversaires sont pleins de honte. Mais toute la foule est dans la joie, parce que Jésus fait des choses magnifiques.
Lik 13:10-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Jezi t ap anseye nan yon sinagòg yon jou saba. Te gen yon fi nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Sa fè dizuit (18) an depi move lespri a te fè l kokobe. Li te bosi. Li pa t ka kanpe dwat. Lè Jezi wè fi a, li rele l, li di l: “Madanm, ou delivre anba maladi w la tande!” Jezi poze men li sou fi a epi menm kote a fi a vin ka kanpe dwat epi li kòmanse fè louwanj pou Bondye. Chèf sinagòg la menm pa t manke fache dèske Jezi te geri fi a nan jou repo a. Li di foul la konsa: “Gen sis (6) jou nan senmenn nan pou moun travay, se pou nou vini nan jou sa yo pou nou jwenn gerizon. Pa vini pou chache gerizon nan jou repo a.” Jezi reponn chèf sinagòg la, li di li: “Bann ipokrit! Èske nou pa lage bèf nou ak bourik nou epi mennen yo al bwè dlo nan jou repo a? Fi sa a mwen geri a, se yon pitit pitit Abraram li ye tou. Satan te kenbe l anba pouvwa li depi dizuit (18) an. Alò li menm tou pa ta dwe jwenn libète l nan jou repo a?” Lè Jezi te bay repons sa a, tout moun ki t ap kritike l yo te wont. Foul la menm te kontan anpil pou tout bèl mèvèy Jezi t ap fè yo.
Lik 13:10-17 New International Version (NIV)
On a Sabbath Jesus was teaching in one of the synagogues, and a woman was there who had been crippled by a spirit for eighteen years. She was bent over and could not straighten up at all. When Jesus saw her, he called her forward and said to her, “Woman, you are set free from your infirmity.” Then he put his hands on her, and immediately she straightened up and praised God. Indignant because Jesus had healed on the Sabbath, the synagogue leader said to the people, “There are six days for work. So come and be healed on those days, not on the Sabbath.” The Lord answered him, “You hypocrites! Doesn’t each of you on the Sabbath untie your ox or donkey from the stall and lead it out to give it water? Then should not this woman, a daughter of Abraham, whom Satan has kept bound for eighteen long years, be set free on the Sabbath day from what bound her?” When he said this, all his opponents were humiliated, but the people were delighted with all the wonderful things he was doing.
Lik 13:10-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Un jour de sabbat, Jésus enseignait dans une synagogue. Il s’y trouvait une femme qui, depuis dix-huit ans, était sous l’emprise d’un esprit qui la rendait infirme : elle était voûtée et n’arrivait absolument pas à se redresser. Lorsque Jésus la vit, il l’appela et lui dit : Femme, tu es délivrée de ton infirmité ! Il posa ses mains sur elle et, immédiatement, elle se redressa et se mit à louer Dieu. Mais le responsable de la synagogue fut fâché que Jésus ait fait cette guérison le jour du sabbat. S’adressant à la foule, il lui dit : Il y a six jours pour travailler : venez donc vous faire guérir ces jours-là, mais pas le jour du sabbat ! Le Seigneur lui répondit : Hypocrites que vous êtes ! Chacun de vous ne détache-t-il pas son bœuf ou son âne de la mangeoire pour le mener à l’abreuvoir le jour du sabbat ? Et cette femme, qui est une fille d’Abraham, et que Satan tenait en son pouvoir depuis dix-huit ans, fallait-il ne pas la délivrer de sa chaîne aujourd’hui parce que c’est le jour du sabbat ? Cette réponse de Jésus remplit de confusion tous ceux qui avaient pris parti contre lui, tandis que le peuple était enthousiasmé de le voir accomplir tant d’œuvres merveilleuses.