Lik 12:35-59

Lik 12:35-59 1998 Haïtienne (HAT98)

— Se pou nou toujou pare ak ponyèt nou tou twouse, lanp nou tou limen, tankou domestik k'ap tann mèt yo tounen sot nan nòs. Kou l rive, li frape, yo louvri pòt pou li. L'ap bon nèt pou domestik sa yo lè mèt la p'ap jwenn yo ap dòmi! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Mèt la va twouse ponyèt li, l'ap fè domestik yo chita sou tab, la vin sèvi yo. Wi, l'ap bon nèt pou domestik sa yo, si l jwenn yo p'ap dòmi, kit li tounen vè menwit osinon menm pita toujou. Se yon bagay nou tout nou dwe konnen: Si mèt kay la te konn kilè vòlò ap vini, li ta veye, li pa ta kite l kase kay la. Nou menm tou, se pou n' toujou pare. Paske Moun Bondye voye nan lachè a, li va vini sanzatann! Lè sa a Pyè di li: — Mèt, parabòl sa a, se pou nou menm sèlman osinon pou tout moun ou di li? Jezi reponn li: — Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. Se va bèl bagay pou domestik sa a, si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l tounen lakay la. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mèt la va mete l reskonsab tout byen l yo. Men, si domestik sa a te di nan kè l: Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. Epi, li tonbe bat lòt sèvitè yo, fi kou gason, li rete ap plede manje, bwè jouk li sou; mèt domestik sa a va rive jou l pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen l anba kou, l'ap aji avè l menm jan yo aji ak moun ki pa fè travay yo. — Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou. Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k'ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y'ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y'ap mande l anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y'ap egzije plis ankò nan men li. — Mwen vini jete yon dife sou latè. Mwen ta renmen wè dife sa a limen deja! Mwen gen yon batèm pou m resevwa. Men, mwen twouve l pran anpil tan pou l rive. Nou kwè mwen vin mete lapè sou latè. Mwen di nou: Non, mwen vin mete divizyon. Depi kounyeya, yon fanmi ki gen senk moun va divize, twa kont de, de kont twa. Papa va leve kont pitit gason, pitit gason va leve kont papa, manman va leve kont pitit fi, pitit fi va leve kont manman, bèlmè va leve kont bèlfi, bèlfi va leve kont bèlmè. Jezi t'ap di foul moun yo tou: — Lè nou wè yon nyaj ap leve bò kote solèy kouche a, lamenm nou di: Li pral fe lapli. Epi se sa k rive vre. Lè nou wè van an soufle sòti nan sid, nou di: Li pral fè cho. E se sa k rive vre. Ipokrit, nou konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase sou tè a ak nan syèl la, poukisa atò nou pa konn ki sans pou nou bay bagay k'ap pase kounyeya nan tan sa a? — Poukisa nou pa chache konprann pou tèt pa nou sa nou dwe fè ki dwat? Si yon moun pote plent lajistis pou ou, si nou tou de nou pral nan tribinal ansanm, pito n chache antann nou pandan nou nan chemen. Si se pa sa, l'ap trennen ou devan jij la, jij la ap lage ou nan men lapolis, lapolis ap mete ou nan prizon. M'ap di ou sa: ou p'ap sòti nan prizon an tout tan ou pa peye dènye lajan ou dwe a.

Pataje
Li Lik 12

Lik 12:35-59 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

« Restez en vêtements de travail et gardez vos lampes allumées ! Soyez comme des gens qui attendent leur maître au retour d’un mariage. Et, quand il arrivera et frappera, les serviteurs lui ouvriront la porte. Ils sont heureux, ces serviteurs, si, en arrivant, le maître les trouve éveillés ! Oui, je vous le dis, c’est la vérité, il mettra son vêtement de travail, il fera asseoir ses serviteurs pour le repas et il passera pour leur servir à manger. Si le maître revient à minuit, ou plus tard encore, et s’il trouve ses serviteurs éveillés, alors ils sont heureux ! « Comprenez ceci : le maître de maison ne sait pas à quelle heure le voleur va venir. Sinon, il ne laisserait pas le voleur entrer chez lui. Vous aussi, soyez prêts. En effet, le Fils de l’homme viendra, mais vous ne savez pas à quel moment. » Alors Pierre dit à Jésus : « Seigneur, est-ce que tu racontes cette histoire pour nous seulement, ou pour tout le monde ? » Le Seigneur lui répond : « Le serviteur fidèle et intelligent, qui est-il ? C’est celui auquel le maître a dit : “Je te confie ce travail : donne à manger aux gens qui sont à mon service, au bon moment.” Il est heureux, ce serviteur, si son maître, à son retour, le trouve en train de faire ce travail ! Vraiment, je vous le dis, le maître lui confiera toutes ses richesses. Mais supposons ceci : le serviteur se dit : “Mon maître ne revient pas vite !” Et il se met à frapper les autres serviteurs et les servantes. Il mange, il boit, il devient ivre. Alors le maître viendra un jour où son serviteur ne l’attend pas, et à une heure qu’il ne connaît pas. Il chassera ce serviteur et il le traitera comme on traite ceux qui ne sont pas fidèles. « Ce serviteur sait ce que son maître veut, mais il ne prépare rien et il ne fait pas ce que son maître veut. C’est pourquoi on lui donnera beaucoup de coups. Mais si un serviteur ne sait pas ce que son maître veut et s’il agit mal, on lui donnera peu de coups. Si on donne beaucoup de choses à quelqu’un, on lui demandera aussi beaucoup. Si on confie beaucoup de choses à quelqu’un, on lui demandera encore plus. » « Je suis venu apporter un feu sur la terre, et je voudrais vraiment qu’il soit déjà allumé ! Je dois recevoir un baptême et j’attends avec grande impatience que cela se réalise. Ne pensez pas que je suis venu apporter la paix sur la terre. Au contraire, je vous le dis, à cause de moi, les gens ne seront pas d’accord entre eux. À partir de maintenant, quand cinq personnes vivront dans la même maison, elles ne seront pas d’accord. Elles seront trois contre deux et deux contre trois. Le père ne sera pas d’accord avec le fils, et le fils ne sera pas d’accord avec le père. La mère ne sera pas d’accord avec la fille, et la fille ne sera pas d’accord avec la mère. La belle-mère ne sera pas d’accord avec la belle-fille, et la belle-fille ne sera pas d’accord avec la belle-mère. » Jésus dit encore aux foules : « Quand vous voyez un nuage venir de l’ouest, vous dites tout de suite : “Il va pleuvoir”, et c’est ce qui arrive. Quand le vent du sud souffle, vous dites : “Il va faire chaud”, et c’est ce qui arrive. Hommes faux ! En regardant la terre et le ciel, vous savez quel temps il va faire ! Et les choses qui se passent maintenant, vous ne savez pas ce qu’elles veulent dire. Pourquoi ? « Vous ne jugez pas par vous-mêmes ce qu’il convient de faire. Pourquoi donc ? Par exemple, quand tu vas devant le tribunal avec ton adversaire, essaie de te mettre d’accord avec lui, pendant que vous êtes en route. Sinon, il va te traîner devant le juge. Le juge va te livrer à la police, et les policiers vont te jeter en prison. Je te dis une chose : “Tu ne sortiras pas de là si tu ne paies pas tout l’argent que tu dois !” »

Pataje
Li Lik 12

Lik 12:35-59 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Se pou nou toujou tou pare ak rad nou sou nou epi ak lanp nou limen nan men nou. Se pou nou rete tankou sèvitè k ap tann mèt yo tounen sot nan yon fèt maryaj. Kou l frape nan pòt la pou yo gentan louvri pou li san pèdi tan. Ala benediksyon pou sèvitè sa yo Mèt la jwenn ap veye vini li! Sa m ap di nou la a se pawòl sèten, mèt la ap mete tabliye l sou li, l ap fè sèvitè yo chita bò tab epi l ap sèvi yo manje. L ap bon nèt pou sèvitè sa yo si mèt la vini vè minwi osinon vè twazè dimaten menm epi li jwenn yo ap veye. Sonje byen: si mèt kay la te konnen a ki lè nan nuit la vòlè ap vini, li pa t ap kite l kase kay la. Nou menm tou, nou bezwen prè, paske Pitit Lòm nan ap vini nan lè nou pa atann.” Lè sa a, Pyè di Jezi konsa: “Mèt ou rakonte parabòl sa a pou nou menm disip yo osinon pou tout moun?” Senyè a reponn, li di: “Ki lès nan sèvitè mèt la yo ki saj ase pou mèt la fè l konfyans? Mèt la fè youn nan sèvitè yo konfyans pou l bay lòt sèvitè yo manje lè yo gen bezwen. Byenere sèvitè sa a lè Mèt la retounen, li jwenn nan pye travay li! An verite m ap di nou: Mèt la ap mete l chèf sou tout sa l genyen. Imajine tou yon move sèvitè ki di nan kè l: Mèt la pa ko ap tounen? Epi li kòmanse ap bat lòt sèvitè yo ak sèvant yo tou epi li tonbe bwè jouk li vin sou. Mèt la ap rive sou li sanzatann, nan lè li pa konnen; lè sa a l ap resevwa yon pinisyon ki sevè. Mèt la ap voye l menm kote ak ipokrit yo. Yon sèvitè ki konnen volonte mèt li, epi ki pa prepare osinon ki pa fè zafè l selon volonte mèt li, l ap gen pou resevwa anpil kout makak. Men, kisa k ap rive ak yon sèvitè ki pa konnen kisa mèt li vle l fè? Si li fè bagay ki fè l merite pini, y ap pini l mwens pase sèvitè ki konnen byen sa pou l fè a. Moun Bondye konfye anpil, y ap espere menm plis pase sa yo te konfye l la de li. Mwen vini pou m simaye yon dife sou latè. M swete m te wè dife sa limen deja. Gen yon kalite batèm mwen dwe resevwa. M santi m twouble anpil jouktan mwen resevwa batèm sa a. Èske nou panse se lapè mwen te vin simaye sou latè? Non! Se divizyon mwen vin simaye pito. Apati de jodi a, si gen senk moun nan yon fanmi, y ap divize twa kont de, de kont twa. Papa ap leve kont pitit gason li, pitit gason ap leve kont papa li; manman ap leve kont pitit fi li, pitit fi ap leve kont manman li; bèlmè ap leve kont bèlfi, bèlfi ap leve kont bèlmè.” Apre sa, Jezi di foul la: “Lè nou wè nyaj ap gonfle sou bò solèy kouche a, nou di: Li pral fè yon kokenn chenn lapli, epi sa rive vre jan nou di a. Lè nou wè van an ap soufle soti nan sid pou met tèt nan nò, nou di: li pral l fè cho konpè! Epi sa rive vre. Bann ipokrit! Nou konn kijan pou n entèprete bagay sou fas tè a ak nan syèl la pou nou konnen ki tan l ap fè, pou kisa atò nou pa ka entèprete bagay k ap pase nan tan sa a kounye a? Pouki sa nou pa ka jije pou tèt nou tou kisa ki dwat ak kisa ki pa dwat? Si yon moun gen pwoblèm ak ou epi li rele w nan tribinal. Etan nou nan wout pra l nan tribinal la, se pou ou chache antann ou ak moun nan pou bagay la pa rive devan jij. Si se pa sa, l ap trennen w devan jij la, jij la menm ap lage w nan men lapolis, epi lapolis ap lage w nan prizon. M ap di w sa, ou p ap soti nan prizon an jouktan ou fin peye tout lajan ou dwe a, san manke yon santim.”

Pataje
Li Lik 12

Lik 12:35-59 New International Version (NIV)

“Be dressed ready for service and keep your lamps burning, like servants waiting for their master to return from a wedding banquet, so that when he comes and knocks they can immediately open the door for him. It will be good for those servants whose master finds them watching when he comes. Truly I tell you, he will dress himself to serve, will have them recline at the table and will come and wait on them. It will be good for those servants whose master finds them ready, even if he comes in the middle of the night or toward daybreak. But understand this: If the owner of the house had known at what hour the thief was coming, he would not have let his house be broken into. You also must be ready, because the Son of Man will come at an hour when you do not expect him.” Peter asked, “Lord, are you telling this parable to us, or to everyone?” The Lord answered, “Who then is the faithful and wise manager, whom the master puts in charge of his servants to give them their food allowance at the proper time? It will be good for that servant whom the master finds doing so when he returns. Truly I tell you, he will put him in charge of all his possessions. But suppose the servant says to himself, ‘My master is taking a long time in coming,’ and he then begins to beat the other servants, both men and women, and to eat and drink and get drunk. The master of that servant will come on a day when he does not expect him and at an hour he is not aware of. He will cut him to pieces and assign him a place with the unbelievers. “The servant who knows the master’s will and does not get ready or does not do what the master wants will be beaten with many blows. But the one who does not know and does things deserving punishment will be beaten with few blows. From everyone who has been given much, much will be demanded; and from the one who has been entrusted with much, much more will be asked. “I have come to bring fire on the earth, and how I wish it were already kindled! But I have a baptism to undergo, and what constraint I am under until it is completed! Do you think I came to bring peace on earth? No, I tell you, but division. From now on there will be five in one family divided against each other, three against two and two against three. They will be divided, father against son and son against father, mother against daughter and daughter against mother, mother-in-law against daughter-in-law and daughter-in-law against mother-in-law.” He said to the crowd: “When you see a cloud rising in the west, immediately you say, ‘It’s going to rain,’ and it does. And when the south wind blows, you say, ‘It’s going to be hot,’ and it is. Hypocrites! You know how to interpret the appearance of the earth and the sky. How is it that you don’t know how to interpret this present time? “Why don’t you judge for yourselves what is right? As you are going with your adversary to the magistrate, try hard to be reconciled on the way, or your adversary may drag you off to the judge, and the judge turn you over to the officer, and the officer throw you into prison. I tell you, you will not get out until you have paid the last penny.”

Pataje
Li Lik 12

Lik 12:35-59 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Restez en tenue de travail. Gardez vos lampes allumées. Soyez comme des serviteurs qui attendent le retour de leur maître parti pour une noce. Dès qu’il arrive et qu’il frappe à la porte, ils lui ouvrent. Heureux ces serviteurs que le maître, en arrivant, trouvera en train de veiller ! Vraiment, je vous l’assure, c’est lui qui se mettra en tenue de travail, les fera asseoir à table et passera de l’un à l’autre pour les servir. Peu importe qu’il rentre à minuit ou vers trois heures du matin : Heureux ces serviteurs qu’il trouvera ainsi vigilants ! Vous le savez bien : si le maître de maison savait à quel moment le voleur va venir, il ne le laisserait pas pénétrer dans sa maison. Vous aussi, tenez-vous prêts, car c’est à un moment que vous n’auriez pas imaginé que le Fils de l’homme viendra. Pierre lui demanda : Seigneur, cette parabole s’applique-t-elle seulement à nous, ou bien concerne-t-elle tout le monde ? Le Seigneur répondit : Quel est le gérant fidèle et sensé à qui le maître confiera le soin de veiller sur son personnel pour qu’il donne à chacun, au moment voulu, la ration de blé qui lui revient ? Heureux ce serviteur que le maître, à son retour, trouvera en train d’agir comme il le lui a demandé ! En vérité, je vous l’assure, son maître lui confiera l’administration de tout ce qu’il possède. Mais si ce serviteur se dit : « Mon maître n’est pas près de venir », et s’il se met à maltraiter les autres serviteurs et servantes, à manger, à boire et à s’enivrer, son maître arrivera un jour où il ne s’y attendra pas, et à un moment qu’il ne connaît pas. Alors le maître le punira très sévèrement, et le traitera comme on traite les esclaves infidèles. Le serviteur qui sait ce que son maître veut de lui, mais qui n’aura rien préparé ou qui n’aura pas agi selon la volonté de son maître, sera sévèrement puni. Mais celui qui n’aura pas su ce que son maître voulait, et qui aura commis des actes méritant une punition, celui-là subira un châtiment peu rigoureux. Si quelqu’un a beaucoup reçu, on exigera beaucoup de lui ; et plus on vous aura confié, plus on demandera de vous. Je suis venu jeter un feu sur la terre ; comme je voudrais qu’il soit déjà allumé ! Mais il y a un baptême que je dois recevoir, et quelle angoisse est la mienne, tant que je ne l’ai pas reçu ! Pensez-vous que je sois venu pour apporter la paix sur la terre ? Non, mais la division. En effet, à partir de maintenant, s’il y a cinq personnes dans une famille, elles seront divisées trois contre deux, et deux contre trois. Le père sera contre le fils et le fils contre son père ; la mère contre sa fille, et la fille contre sa mère : la belle-mère contre sa belle-fille, et la belle-fille contre sa belle-mère. Puis, s’adressant de nouveau à la foule, Jésus reprit : Quand vous voyez apparaître un nuage du côté de l’ouest, vous dites aussitôt : « Il va pleuvoir », et c’est ce qui arrive. Quand le vent du sud se met à souffler, vous dites : « Il va faire très chaud », et c’est ce qui arrive. Hypocrites ! Vous êtes capables d’interpréter correctement les phénomènes de la terre et les aspects du ciel, et vous ne pouvez pas comprendre en quel temps vous vivez ? Pourquoi aussi ne discernez-vous pas par vous-mêmes ce qui est juste ? Ainsi, quand tu vas en justice avec ton adversaire, fais tous tes efforts pour t’arranger à l’amiable avec lui pendant que vous êtes encore en chemin. Sinon, il te traînera devant le juge, celui-ci te remettra entre les mains des forces de l’ordre qui te jetteront en prison. Or, je te l’assure : tu n’en sortiras pas avant d’avoir remboursé jusqu’à la dernière petite pièce.

Pataje
Li Lik 12

YouVersion sèvi ak cookies pou pèsonalize eksperyans ou. Lè w sèvi ak sit entènèt nou an, ou aksepte itilizasyon cookies yo jan sa dekri nan Règleman sou enfòmasyon privenou an