Lik 11:24-28
Lik 11:24-28 1998 Haïtienne (HAT98)
— Lè yon move lespri sòti nan yon nonm, l'al pwonmennen toupatou nan dezè, l'ap chache yon kote pou l pran repo. Si l pa jwenn, l'ap di nan kè li: m'ap tounen lakay mwen kote m sòti a. Lè l rive, li jwenn nonm lan tankou yon kay byen bale, byen ranje. Lè sa a, l'al chache sèt lòt lespri pi mechan pase li, yo antre nan kay la, epi yo enstale yo. Konsa, ka nonm lan vin pi grav pase jan li te ye anvan an. Pandan Jezi t'ap pale konsa, yon fanm pran pale byen fò nan mitan foul la, epi l di: — Fanm ki te pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni! Jezi reponn li: — Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l an pratik, se yo menm Bondye beni.
Lik 11:24-28 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
« Quand un esprit mauvais est sorti d’une personne où il habitait, il va et vient dans des endroits secs. Il cherche un lieu pour se reposer, mais il n’en trouve pas. Alors il se dit : “Je vais retourner dans la maison que j’ai quittée.” Il y retourne, il voit que la maison est balayée et bien en ordre. Il va donc chercher sept autres esprits encore plus mauvais que lui. Ils entrent et ils s’installent dans la maison. Après cela, la personne est dans un état encore plus grave qu’au début ! » Quand Jésus a dit cela, une femme dans la foule lui dit d’une voix forte : « Elle est heureuse, la femme qui t’a porté dans son ventre et qui t’a nourri de son lait ! » Mais Jésus répond : « Dis plutôt : “Ils sont heureux, ceux qui écoutent la parole de Dieu et qui lui obéissent !” »
Lik 11:24-28 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè yon move lespri sòti sou yon moun, li vwayaje pati al nan zòn dezè pou l chache yon lòt kote pou l rete. Si l pa jwenn, li di tèt li: “M ap retounen nan ansyen kay mwen.” Men lè li l rive, li jwenn kay la byen bale, byen ranje. Lè sa a li pati al chache konkou sèt lòt move lespri ki pi mechan pase l. Yo antre sou moun nan. Lè konsa, moun nan vin pi mal pase jan l te ye anvan. Pandan Jezi t ap pale pawòl sa yo, gen yon fi nan foul la ki pale byen fò, li di Jezi konsa: “Ala beni Bondye beni manman ki te pote w nan vant li epi ki te ba ou tete a.” Men Jezi reponn ni: “Okontrè, moun ki beni se moun ki tande pawòl Bondye epi ki obeyi li.”
Lik 11:24-28 New International Version (NIV)
“When an impure spirit comes out of a person, it goes through arid places seeking rest and does not find it. Then it says, ‘I will return to the house I left.’ When it arrives, it finds the house swept clean and put in order. Then it goes and takes seven other spirits more wicked than itself, and they go in and live there. And the final condition of that person is worse than the first.” As Jesus was saying these things, a woman in the crowd called out, “Blessed is the mother who gave you birth and nursed you.” He replied, “Blessed rather are those who hear the word of God and obey it.”
Lik 11:24-28 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Lorsqu’un esprit mauvais est sorti de quelqu’un, il erre çà et là dans des lieux déserts, à la recherche d’un lieu de repos, et il n’en trouve pas. Il se dit alors : « Mieux vaut regagner la demeure que j’ai quittée. » Il y retourne donc et la trouve balayée et mise en ordre. Alors il va chercher sept autres esprits encore plus méchants que lui et les amène avec lui. Ils entrent dans la demeure et s’y installent. Finalement, la condition de cet homme est pire qu’avant. Pendant qu’il parlait ainsi, du milieu de la foule, une femme s’écria : Heureuse la femme qui t’a mis au monde et qui t’a allaité ! Mais Jésus répondit : Heureux plutôt ceux qui écoutent la Parole de Dieu et qui y obéissent !