Levitik 9:1-7

Levitik 9:1-7 1998 Haïtienne (HAT98)

Sou uityèm jou a, apre yo fin ak sèvis konsekrasyon pou Bondye a, Moyiz rele Arawon ak pitit gason li yo ansanm ak tout chèf fanmi tout pèp Izrayèl la. Epi li di Arawon konsa: — Pran yon jenn ti towo san okenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa nou fè ki mal, ak yon belye mouton san okenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou nou boule nèt pou Senyè a. Ofri yo bay Senyè a. Apre sa, w'a mande moun pèp Izrayèl yo pou yo pran yon bouk san okenn enfimite ki pou sèvi ofrann pou yo boule nèt pou Senyè a, yon ti towo san okenn enfimite ki gen ennan ak yon ti mouton san okenn enfimite ki gen ennan ki pou sèvi ofrann pou peye pou sa pèp la fè ki mal. Lèfini, y'a pran yon towo ak yon belye pou sèvi ofrann pou di Bondye mèsi. Y'a ofri yo tout bay Senyè a ansanm ak ofrann grenn ki sot nan jaden yo melanje ak lwil. Y'a fè sa paske Senyè a pral parèt devan yo jòdi a. Se konsa yo pran tou sa Moyiz te ba yo lòd pran an. Yo mennen yo devan pòt Tant Randevou a. Apre sa, tout pèp la nèt sanble menm kote a, yo rete kanpe devan Senyè a. Lè sa a Moyiz di yo: — Senyè a te bay lòd pou nou te fè tou sa pou li ka fè nou wè pouvwa li. Apre sa, Moyiz di Arawon konsa: — Pwoche bò lotèl la, fè yon ofrann pou peye pou tou sa ou fè ki mal, ak yon ofrann pou ou boule nèt pou Senyè a. Apre sa w'a fè menm bagay pou pèp la. Wi, mete ofrann pèp la devan Bondye, mande Bondye pou l fè yo gras, jan Senyè a te bay lòd la.