Levitik 6:1-30
Levitik 6:1-30 1998 Haïtienne (HAT98)
Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa: — Si yon moun fè peche, si li fè bagay Senyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te ba li kenbe pou li an zanmi, ou ankò si li vòlò l, ou ankò si li twonpe l, ou ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pat jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann. Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, se pou li renmèt li, kit sa li te vòlò oubyen li te pran anmètdam lan, kit depo yo te ba li, kit se bagay pèdi li te jwenn lan, osinon sa li te sèmante li pa te jwenn nan. Wi, se pou li renmèt tout, plis ven pou san, bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye sa li te fè ki mal la. Apre sa, l'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki san okenn enfimite, l'a mennen l bay prèt la ki va ofri l bay Senyè a pou li peye pou sa l te fè ki mal la. Y'a kalkile pri belye a dapre sa yo gen pou yo peye pou ofrann konsa. Prèt la va fè ofrann lan pou li bay Senyè a. Bondye va padonnen l nenpòt kisa li te fè li pat dwe fè. Senyè a pale ak Moyiz, li di l ankò: — Men lòd pou ou pase Arawon ansanm ak pitit gason l yo. Men ki jan pou yo fè ofrann pou yo boule nèt pou Senyè a. Se pou ofrann lan pase tout nwit la ap boule jouk denmen maten sou lotèl la. Se pou dife sou lotèl la pa janm mouri. Nan maten, prèt la va chanje rad sou li, l'a mete yon chemiz fèt ak twal fen blan, ansanm ak yon kalson ki fèt ak menm twal la, l'a wete sann ki rete apre ofrann lan fin boule nèt sou lotèl la, l'a mete l sou kote lotèl la. Apre sa, l'a chanje rad ankò. L'a mete rad òdinè sou li. L'a pote sann lan kote ki rezève pou sa a lòt bò limit kote moun yo rete a. Fòk dife ki sou lotèl la toujou ap boule. Pa janm kite l mouri. Chak maten prèt la va mete bwa ladan l, epi l'a ranje ofrann pou boule a sou li, epi l'a boule grès ofrann yo fè pou di Bondye mèsi a. Se pou dife a toujou ap boule sou lotèl la. Pa janm kite l mouri. Men regleman pou lè n'ap ofri grenn ki sòti nan jaden nou. Yonn nan pitit Arawon yo va prezante grenn y'ap ofri a bay Senyè a devan lotèl la. Apre sa, l'a pran yon ponyen farin nan ofrann grenn lan tou melanje ak lwil ansanm ak tout lansan an, l'a boule l sou lotèl la pou Senyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, ki vle di se tout yo ofri bay Senyè a. Sant ofrann yo boule a va fè Senyè a plezi. Arawon ak pitit li yo va manje rès la. Y'a fè pen san ledven avè l, y'a manje pen an yon kote apa pou Senyè a nan lakou Tant Randevou a. Se pou yo kwit pen an san ledven. Se mwenmenm menm ki ba yo pòsyon pa yo nan ofrann y'ap boule nèt pou mwen an. Se yon bagay ki apa nèt pou mwen, tankou yon ofrann yo fè pou peche yo ak ofrann yo fè pou peye pou sa yo te fè ki mal. Nenpòt gason nan branch fanmi Arawon an ka manje l. Sa se yon prensip k'ap la pou tout tan. Se va pòsyon pa yo nan ofrann grenn y'ap boule pou Senyè a. Si lòt moun manyen yon ofrann grenn yo mete apa pou Senyè a, malè va rive l poutèt sa. Apre sa, Senyè a pale ak Moyiz, li di l ankò: — Men ofrann Arawon ak pitit gason l yo va fè pou Senyè a jou y'ap mete yo apa pou sèvis Bondye a. Jou sa a, y'a pote yon liv farin menm kantite ak sa yo ofri chak jou a, y'a ofri mwatye ladan l nan maten, lòt mwatye a nan aswè. Y'a melanje lwil ladan l, y'a kwit li sou griy. Apre sa, y'a kraze l an ti moso tankou lè y'ap fè ofrann grenn ki sòti nan jaden yo, y'a ofri l bay Senyè a. Sant ofrann yo boule a va moute, l'a fè Senyè a plezi. Se yon lòd ki la pou tout tan. Se pou pitit Arawon y'a mete apa pou ranplase Arawon an toujou fè ofrann sa a bay Senyè a. Y'a boule ofrann lan nèt, y'a ofri l bay Senyè a. Lè yon prèt ap fè yon ofrann grenn pou tèt pa l, se pou yo boule tout nèt nan dife. Yo pa fèt pou yo manje anyen ladan l. Senyè a pale ak Moyiz, li di l: — Men sa w'a di Arawon ak pitit gason l yo. Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen. Y'a touye bèt y'a ofri pou kalite peche sa yo sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule a. Sa se yon ofrann yo mete apa nèt pou Senyè a. Prèt ki va touye bèt la va manje l kote yo mete apa pou Bondye nan lakou Tant Randevou a. Nenpòt moun osinon nenpòt bagay ki touche ak vyann bèt yo konsakre pou Senyè a, li va tounen yon moun osinon yon bagay apa pou Bondye tou. Si san bèt la tonbe sou yon rad, w'a lave rad la yon kote ki apa pou Senyè a. Se pou yo kraze tout veso an tè ki te sèvi pou bouyi vyann lan. Men, si se nan yon veso an kwiv yo te bouyi l, se pou yo grate l byen grate epi lave l nan gwo dlo. Tout ggason nan fanmi prèt yo gendwa manje vyann lan paske se yon vyann yo konsakre nèt pou Senyè a. Men, si yo pran ti gout nan san bèt la pou yo pote l anndan Tant Randevou a pou yo sèvi avè l tankou san bèt yo ofri pou repare sa yon moun fè ki mal, yo pa fèt pou yo manje anyen nan bèt la. Se pou yo boule l nèt nan dife.
Levitik 6:1-30 New International Version (NIV)
The LORD said to Moses: “If anyone sins and is unfaithful to the LORD by deceiving a neighbor about something entrusted to them or left in their care or about something stolen, or if they cheat their neighbor, or if they find lost property and lie about it, or if they swear falsely about any such sin that people may commit— when they sin in any of these ways and realize their guilt, they must return what they have stolen or taken by extortion, or what was entrusted to them, or the lost property they found, or whatever it was they swore falsely about. They must make restitution in full, add a fifth of the value to it and give it all to the owner on the day they present their guilt offering. And as a penalty they must bring to the priest, that is, to the LORD, their guilt offering, a ram from the flock, one without defect and of the proper value. In this way the priest will make atonement for them before the LORD, and they will be forgiven for any of the things they did that made them guilty.” The LORD said to Moses: “Give Aaron and his sons this command: ‘These are the regulations for the burnt offering: The burnt offering is to remain on the altar hearth throughout the night, till morning, and the fire must be kept burning on the altar. The priest shall then put on his linen clothes, with linen undergarments next to his body, and shall remove the ashes of the burnt offering that the fire has consumed on the altar and place them beside the altar. Then he is to take off these clothes and put on others, and carry the ashes outside the camp to a place that is ceremonially clean. The fire on the altar must be kept burning; it must not go out. Every morning the priest is to add firewood and arrange the burnt offering on the fire and burn the fat of the fellowship offerings on it. The fire must be kept burning on the altar continuously; it must not go out. “ ‘These are the regulations for the grain offering: Aaron’s sons are to bring it before the LORD, in front of the altar. The priest is to take a handful of the finest flour and some olive oil, together with all the incense on the grain offering, and burn the memorial portion on the altar as an aroma pleasing to the LORD. Aaron and his sons shall eat the rest of it, but it is to be eaten without yeast in the sanctuary area; they are to eat it in the courtyard of the tent of meeting. It must not be baked with yeast; I have given it as their share of the food offerings presented to me. Like the sin offering and the guilt offering, it is most holy. Any male descendant of Aaron may eat it. For all generations to come it is his perpetual share of the food offerings presented to the LORD. Whatever touches them will become holy.’ ” The LORD also said to Moses, “This is the offering Aaron and his sons are to bring to the LORD on the day he is anointed: a tenth of an ephah of the finest flour as a regular grain offering, half of it in the morning and half in the evening. It must be prepared with oil on a griddle; bring it well-mixed and present the grain offering broken in pieces as an aroma pleasing to the LORD. The son who is to succeed him as anointed priest shall prepare it. It is the LORD’s perpetual share and is to be burned completely. Every grain offering of a priest shall be burned completely; it must not be eaten.” The LORD said to Moses, “Say to Aaron and his sons: ‘These are the regulations for the sin offering: The sin offering is to be slaughtered before the LORD in the place the burnt offering is slaughtered; it is most holy. The priest who offers it shall eat it; it is to be eaten in the sanctuary area, in the courtyard of the tent of meeting. Whatever touches any of the flesh will become holy, and if any of the blood is spattered on a garment, you must wash it in the sanctuary area. The clay pot the meat is cooked in must be broken; but if it is cooked in a bronze pot, the pot is to be scoured and rinsed with water. Any male in a priest’s family may eat it; it is most holy. But any sin offering whose blood is brought into the tent of meeting to make atonement in the Holy Place must not be eaten; it must be burned up.