Levitik 26:1-12

Levitik 26:1-12 1998 Haïtienne (HAT98)

Senyè a di: — Nou pa gendwa fè zidòl, nou pa gendwa fè estati, ni mete wòch kanpe. Nou pa gendwa pran wòch pou fè desen sou li, lèfini pou n mete l kanpe yon kote nan peyi a pou nou adore yo. Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou fete tout fèt mwen yo. Se pou nou respekte kay ki apa pou mwen an. Se mwen menm ki Senyè a! Si nou mache dapre lòd mwen yo, si nou kenbe tout kòmandman m yo, si nou swiv yo, lè sezon an rive, m'a ban nou lapli. Konsa tè nou va bay rekòt, pyebwa nan jaden nou va donnen. Lè sa a, nou p'ap ankò fin bat ble, n'ap gentan nan keyi rezen. Nou p'ap ankò fin keyi rezen, n'ap gentan nan plante grenn. N'a gen kont manje pou nou manje, epi n'a rete nan peyi nou an san nou pa bezwen pè anyen. M'a mete kè poze nan peyi a, n'a kouche dòmi san kè sote. M'ap fè tout bèt mawon disparèt nan peyi a, moun p'ap vin fè nou lagè ankò. N'a kouri dèyè lènmi nou yo, n'a bat yo, n'a kraze yo ak nepe nou. Senk moun nan mitan nou va kont pou bat san lènmi, san moun nan mitan nou va kont pou bat mil lènmi. N'a kraze lènmi nou yo anba kout nepe nou yo. M'a beni nou, m'a ban nou pitit, m'a ban nou anpil pitit. Mwen menm, m'a kenbe kontra mwen te siyen ak nou an. N'a sitèlman fè bèl rekòt, apre nou fin manje pandan ennan, n'a sètoblije mete rès grenn dènye rekòt la deyò pou nou fè plas pou rekòt k'ap vin apre a. M'ap rete nan mitan nou nan kay mwen an, m'ap toujou kontan ak nou. M'a toujou la nan mitan nou, se mwen menm k'ap Bondye nou, se pèp mwen n'a ye.

Levitik 26:1-12 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

« Ne vous fabriquez pas de faux dieux. Ne dressez pas de statues ni de pierres sacrées. Ne placez pas dans votre pays des pierres décorées pour les adorer. En effet, le SEIGNEUR votre Dieu, c’est moi. « Gardez le repos du sabbat et montrez du respect pour mon lieu saint. Le SEIGNEUR, c’est moi. » « Si vous suivez mes lois, si vous respectez mes commandements et si vous leur obéissez, je ferai tomber de l’eau à la saison des pluies. Alors la terre produira des récoltes, et les arbres donneront des fruits. Chez vous, le battage des céréales durera jusqu’à la récolte du raisin. Et cette récolte durera jusqu’au moment où vous sèmerez. Vous aurez beaucoup de nourriture et vous habiterez en sécurité dans votre pays. Grâce à moi, le pays sera en paix. Quand vous vous coucherez, rien ne vous troublera. Je ferai disparaître du pays les bêtes méchantes. On ne vous fera pas la guerre. Vous ferez fuir vos ennemis, ils tomberont sous les coups de vos armes. 5 Israélites feront fuir 100 ennemis, 100 Israélites en feront fuir 10 000, et ils tomberont sous les coups de vos armes. Je montrerai ma bonté envers vous, je vous donnerai beaucoup d’enfants et je garderai mon alliance avec vous. Vous récolterez tellement que vous pourrez vous nourrir longtemps de l’ancienne récolte. Vous devrez même sortir ce qui reste pour mettre en réserve les nouvelles récoltes. Je viendrai habiter moi-même au milieu de vous et mon cœur ne vous rejettera pas. Je serai toujours présent parmi vous, je serai votre Dieu et vous serez mon peuple.

Levitik 26:1-12 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Vous ne vous fabriquerez pas d’idoles, vous ne vous dresserez ni statue ni stèle, et vous ne mettrez pas dans votre pays de pierre sculptée avec des figures pour vous prosterner devant elle ; car je suis l’Eternel, votre Dieu. Vous observerez les jours de repos que je vous ai prescrits et vous révérerez mon sanctuaire. Je suis l’Eternel. Si vous suivez mes ordonnances, si vous obéissez à mes commandements et si vous les appliquez, je vous donnerai vos pluies en leur saison, la terre livrera ses produits et les vergers donneront leurs fruits. Vous serez encore en train de battre le blé quand viendra le temps de la vendange et celle-ci durera jusqu’aux semailles  ; vous mangerez du pain à satiété, et vous habiterez en sécurité dans votre pays. Je ferai régner la paix dans le pays ; quand vous vous coucherez, rien ne viendra troubler votre sommeil. Je ferai disparaître du pays les animaux nuisibles, et l’épée ne traversera pas votre territoire. Vous poursuivrez vos ennemis, et ils succomberont devant vous sous les coups de l’épée. Cinq d’entre vous en poursuivront cent, et cent d’entre vous en mettront dix mille en fuite, et vos ennemis tomberont devant vous sous les coups de l’épée. Je prendrai soin de vous, je vous rendrai féconds et vous multiplierai, et je maintiendrai mon alliance avec vous. Vous pourrez vivre longtemps de la récolte précédente, et vous devrez sortir l’ancienne pour engranger la nouvelle. Je mettrai ma demeure au milieu de vous, et je ne vous rejetterai pas. Je marcherai au milieu de vous : je serai votre Dieu et vous serez mon peuple.