Lamantasyon 3:1-66

Lamantasyon 3:1-66 1998 Haïtienne (HAT98)

Mwen se yon nonm ki konnen mizè moun gen pou pase lè Bondye ankòlè sou yo, lè Bondye ap pini yo. Li trennen m, li fè m mache nan fènwa san yon ti limyè pou klere m. Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete. Po kò m fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m. Li fèmen m nan yon koridò mizè ak lafliksyon. Li fè m' rete nan fènwa tankou moun ki mouri depi lontan lontan yo. Li moute yon miray, li fèmen kote m ye a, m pa ka chape. Li mare m ak gwo chenn. Tout rele mwen rele byen fò, pèsonn p'ap tande m. Li simen gwo wòch toupatou sou wout mwen. Kote m vire, chak pa mwen fè, m bite. Tankou yon lous, li biske kò l, l'ap veye m. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen. Li fè m tonbe nan bwa. Li filange tout kò m. Lèfini, li lage m. Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l'ap voye yo. Li fè flèch li yo antre fon nan kò m. Tout moun nan peyi a ap pase m nan betiz. Se toutan y'ap fè chante sou mwen. Li plen vant mwen ak manje anmè kou fyèl. Li fè m bwè labsent jouk mwen sou. Li fwote tout figi m atè, li fè m kase dan m nan wòch. Mwen pa konn sa yo rele kèpoze. Mwen bliye gou kè kontan. Mwen di: M pa gen lontan pou m viv ankò. M pèdi tout espwa mwen te gen nan Bondye. Lè m chonje nan ki mizè mwen ye, jan m'ap mache pwonmennen san rete, se tankou yon labsent, yon fyèl m'ap vale. Wi, lè m chonje sa, kè m sere, m santi kè m ap rache Men sa m'ap repase nan tèt mwen, Men sa ki ban mwen tout espwa: Sous bonte Senyè a p'ap janm teri. Mizerikòd li poko janm bout. Li renouvle yo chak maten Ala kenbe ou konn kenbe pawòl ou, Senyè! Mwen di: Se Senyè a ki tout mwen. Se nan li mwen mete tout espwa m. Senyè a bon pou tout moun ki mete konfyans yo nan li, pou moun k'ap konte sou li. Sa bon pou nou rete dousman ap tann li vin delivre nou. Sa bon pou nou aprann sipòte depi nou tou jenn. Lè Bondye ap manyen ak nou, ann chita pou kont nou san di anyen. Nou pa bezwen plenyen. Nou pa janm konnen, ka gen espwa toujou. Se pou n pare figin pou n pran souflèt. Se pou n asepte tou sa yo fè nou. Bondye sèl Mèt la p'ap janm lage nou nèt. Li ka fè nou lapenn, men l'ap gen pitye pou nou paske li renmen nou anpil. Li pa pran plezi nan fè nou soufri, ni nan ban nou lapenn. Atò, se konnen Senyè a, Bondye sèl Mèt la, pa konnen lè y'ap kraze prizonye anba baton, lè yo derefize rekonèt dwa Bondye ban nou, lè y'ap bay move jijman nan tribinal! Atò, se konnen li pa konnen! Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l di se sa k fèt. Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa. Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè! Annou gade jan n'ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n'ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye! Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l! Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou. Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou. Ou vlope kò ou nan yon gwo nyaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou. Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo. Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou. N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè! De je m yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m wè malè ki tonbe sou pèp mwen an! Dlo ap koule nan je m san rete. Li p'ap janm sispann, jouk jou Senyè a va rete nan syèl la, l'a voye je l gade, l'a wè! Wi, kè m fè m mal pou m wè sa ki rive moun lavil mwen yo! Yon bann moun pa vle wè m' san m'pa fè yo anyen. Yo pran kouri dèyè m' tankou zwazo y'ap chache trape. Yo lage m tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch. Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m pran! Nan twou kote m te ye a, Senyè, mwen rele ou! Ou tande vwa m. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou. Wi, lè m rele ou, ou pwoche. Ou di m mwen pa bezwen pè! Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m an konsiderasyon. Ou sove lavi m. Senyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m. Tanpri, defann kòz mwen. Ou wè jan yo sòti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m. Senyè, ou tande jan y'ap joure m. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m. Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan. Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m! Senyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè. Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo! Move sou yo, Senyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!

Lamantasyon 3:1-66 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Je suis l’homme qui a connu le malheur sous les coups de la fureur du SEIGNEUR. Il m’a poussé devant lui, il m’a fait marcher non dans la lumière mais dans la nuit. Oui, tous les jours, il fait peser sa main sur moi, et sur moi seul. Il m’a usé de la tête aux pieds, il m’a brisé les os. Il m’a enfermé en m’entourant de peine et de difficultés. Il m’a fait habiter dans l’obscurité, comme ceux qui sont morts depuis longtemps. Le SEIGNEUR m’a entouré d’un mur pour m’empêcher de sortir, il m’a chargé de lourdes chaînes. Même quand je crie et appelle au secours, il ferme ses oreilles à ma prière. Il m’a barré la route avec de grosses pierres, il m’a conduit sur une fausse piste. Le SEIGNEUR est pour moi comme un animal sauvage prêt à bondir, comme un lion caché dans un buisson. Il m’a fait perdre mon chemin, il m’a déchiré et détruit. Il a tendu son arc et dirigé ses flèches contre moi. Il a planté toutes ses flèches dans mes reins. Tout mon peuple rit de moi. Tous les jours, les gens chantent des chansons pour se moquer de moi. Le SEIGNEUR m’a rempli d’une souffrance amère, il m’a donné du poison à boire. Il m’a obligé à briser des cailloux avec les dents, il m’a écrasé dans la poussière. Il m’a enlevé la paix, j’ai oublié le bonheur. Alors je dis : Je n’ai plus d’avenir, je n’attends plus rien du SEIGNEUR. Je suis dans le malheur et je ne sais pas où je vais. Penser à mon malheur est pour moi comme un poison amer. J’y pense sans arrêt, je ne peux pas oublier, et je suis abattu. Mais voici la pensée qui me vient à l’esprit, voici pourquoi j’espère : La bonté du SEIGNEUR n’est pas épuisée, il n’a pas fini de montrer son amour. Chaque matin, sa bonté et son amour sont tout neufs. Oui, ta fidélité est immense ! Je me dis : « Le SEIGNEUR est mon trésor. » C’est pourquoi je compte sur lui. Le SEIGNEUR est bon pour celui qui met sa confiance en lui, pour celui qui le cherche. C’est une bonne chose d’attendre en silence le secours du SEIGNEUR. C’est une bonne chose pour l’être humain de se soumettre à des règles dès sa jeunesse. Quand le SEIGNEUR le fait souffrir, il doit s’asseoir à l’écart et se taire. Qu’il s’abaisse, le visage dans la poussière ! Il y a peut-être de l’espoir ! Qu’il tende la joue à celui qui le frappe, qu’il se laisse couvrir d’insultes ! En effet, le Seigneur ne rejette pas les humains pour toujours. Même s’il fait souffrir, il est plein d’amour, car sa bonté est immense. Non, ce n’est pas de bon cœur que le Seigneur abaisse les humains et les fait souffrir. * Quand on écrase tous les prisonniers d’un pays, quand on méprise les droits d’un être humain sous les yeux du Dieu très-haut, quand on fausse la justice dans un procès, est-ce que le Seigneur ne le voit pas ? Qui peut faire exister les choses par sa seule parole ? Est-ce que ce n’est pas le Seigneur qui décide ? C’est bien par la parole du Dieu très-haut que tout arrive, le malheur et le bonheur. Alors celui qui reste en vie malgré ses fautes, pourquoi est-ce qu’il se plaint ? Examinons à fond notre conduite et revenons au SEIGNEUR. Prions de tout notre cœur en élevant les mains vers le Dieu qui est au ciel. Nous avons commis des fautes, nous nous sommes révoltés, et toi, tu n’as pas pardonné ! Tu t’es enveloppé de colère, tu nous as poursuivis et tu nous as tués sans pitié. Tu t’es caché dans un nuage pour empêcher nos prières de parvenir jusqu’à toi. Tu as fait de nous des ordures, des objets dégoûtants parmi les autres peuples. Tous nos ennemis parlent contre nous. Ce qui tombe sur nous, c’est la peur et l’horreur, la destruction et la catastrophe. Mes yeux sont inondés de larmes à cause de la catastrophe qui frappe mon peuple. Mes yeux pleurent sans arrêt. Il n’y a pas de repos, jusqu’à ce que le SEIGNEUR se penche du haut du ciel et regarde. Mes yeux me font mal quand je vois ce qui arrive aux villages voisins. * Ceux qui m’en veulent sans raison m’ont poursuivi comme s’ils chassaient un oiseau. Ils m’ont enfermé tout vivant dans une citerne, et ils ont bouché l’ouverture avec une pierre. L’eau montait plus haut que ma tête, et j’ai dit : « Je suis perdu. » Au fond du trou, j’ai fait appel à toi, SEIGNEUR. Tu m’as entendu dire : « Ne ferme pas tes oreilles à mes soupirs et à mes cris. » Quand je t’ai appelé, tu t’es approché et tu m’as dit : « N’aie pas peur ! » Seigneur, tu as pris ma défense, tu m’as sauvé la vie. Tu as vu, SEIGNEUR, le tort que les gens m’ont fait. Rends-moi justice. Tu as vu comment ils se sont vengés de moi, tout ce qu’ils ont préparé contre moi. Tu as entendu leurs insultes, SEIGNEUR, tout ce qu’ils ont préparé contre moi. Mes ennemis ont de mauvaises intentions et ils parlent contre moi tous les jours. Qu’ils soient assis ou debout, regarde-les : ils font des chansons sur moi. Rends-leur ce qu’ils m’ont fait, SEIGNEUR. Ferme leur cœur. Ce sera ta malédiction sur eux ! Poursuis-les avec colère et chasse-les de la terre !

Lamantasyon 3:1-66 New International Version (NIV)

I am the man who has seen affliction by the rod of the LORD’s wrath. He has driven me away and made me walk in darkness rather than light; indeed, he has turned his hand against me again and again, all day long. He has made my skin and my flesh grow old and has broken my bones. He has besieged me and surrounded me with bitterness and hardship. He has made me dwell in darkness like those long dead. He has walled me in so I cannot escape; he has weighed me down with chains. Even when I call out or cry for help, he shuts out my prayer. He has barred my way with blocks of stone; he has made my paths crooked. Like a bear lying in wait, like a lion in hiding, he dragged me from the path and mangled me and left me without help. He drew his bow and made me the target for his arrows. He pierced my heart with arrows from his quiver. I became the laughingstock of all my people; they mock me in song all day long. He has filled me with bitter herbs and given me gall to drink. He has broken my teeth with gravel; he has trampled me in the dust. I have been deprived of peace; I have forgotten what prosperity is. So I say, “My splendor is gone and all that I had hoped from the LORD.” I remember my affliction and my wandering, the bitterness and the gall. I well remember them, and my soul is downcast within me. Yet this I call to mind and therefore I have hope: Because of the LORD’s great love we are not consumed, for his compassions never fail. They are new every morning; great is your faithfulness. I say to myself, “The LORD is my portion; therefore I will wait for him.” The LORD is good to those whose hope is in him, to the one who seeks him; it is good to wait quietly for the salvation of the LORD. It is good for a man to bear the yoke while he is young. Let him sit alone in silence, for the LORD has laid it on him. Let him bury his face in the dust— there may yet be hope. Let him offer his cheek to one who would strike him, and let him be filled with disgrace. For no one is cast off by the Lord forever. Though he brings grief, he will show compassion, so great is his unfailing love. For he does not willingly bring affliction or grief to anyone. To crush underfoot all prisoners in the land, to deny people their rights before the Most High, to deprive them of justice— would not the Lord see such things? Who can speak and have it happen if the Lord has not decreed it? Is it not from the mouth of the Most High that both calamities and good things come? Why should the living complain when punished for their sins? Let us examine our ways and test them, and let us return to the LORD. Let us lift up our hearts and our hands to God in heaven, and say: “We have sinned and rebelled and you have not forgiven. “You have covered yourself with anger and pursued us; you have slain without pity. You have covered yourself with a cloud so that no prayer can get through. You have made us scum and refuse among the nations. “All our enemies have opened their mouths wide against us. We have suffered terror and pitfalls, ruin and destruction.” Streams of tears flow from my eyes because my people are destroyed. My eyes will flow unceasingly, without relief, until the LORD looks down from heaven and sees. What I see brings grief to my soul because of all the women of my city. Those who were my enemies without cause hunted me like a bird. They tried to end my life in a pit and threw stones at me; the waters closed over my head, and I thought I was about to perish. I called on your name, LORD, from the depths of the pit. You heard my plea: “Do not close your ears to my cry for relief.” You came near when I called you, and you said, “Do not fear.” You, Lord, took up my case; you redeemed my life. LORD, you have seen the wrong done to me. Uphold my cause! You have seen the depth of their vengeance, all their plots against me. LORD, you have heard their insults, all their plots against me— what my enemies whisper and mutter against me all day long. Look at them! Sitting or standing, they mock me in their songs. Pay them back what they deserve, LORD, for what their hands have done. Put a veil over their hearts, and may your curse be on them! Pursue them in anger and destroy them from under the heavens of the LORD.

Lamantasyon 3:1-66 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Moi, je suis l’homme ╵qui a vu l’affliction sous les coups du bâton ╵de sa colère. Il m’a mené ╵et il m’a fait marcher dans des ténèbres ╵sans aucune lumière. C’est contre moi ╵qu’à longueur de journée il tourne et retourne sa main. Il a usé ma chair, ma peau, il a brisé mes os. Il a dressé contre moi des remparts pour m’assiéger d’amertume et de peine. Il m’a fait habiter ╵dans des lieux ténébreux comme ceux qui sont morts ╵depuis longtemps. Il m’a enclos d’un mur ╵afin que je ne sorte pas, il m’a chargé ╵de lourdes chaînes. J’ai beau crier et implorer, il n’écoute pas ma prière. Il a barré tous mes chemins ╵avec d’énormes pierres, il rend ma route impraticable. Il m’a épié ╵comme un ours aux aguets ou comme un lion ╵tapi dans sa cachette. Il m’a fait sortir du chemin, ╵il m’a mis en pièces, et il m’a transformé ╵en une terre dévastée. Il a bandé son arc, et il m’a pris pour cible. Il m’a percé les reins avec les flèches tirées de son carquois. Je suis devenu la risée ╵de tout mon peuple et le sujet de ses chansons, ╵à longueur de journée. Il m’a gavé d’herbes amères et il m’a abreuvé d’absinthe. Il m’a brisé les dents ╵sur du gravier ; il m’a couvert de cendre. Tu m’as banni loin de la paix, je ne sais plus ╵quel goût a le bonheur. Alors j’ai dit : ╵C’en est fini ╵de tout mon avenir  : je n’espère plus rien ╵de l’Eternel. Oh ! souviens-toi ╵de mon humiliation ╵et de ma vie errante, du poison, de l’absinthe ╵dont je suis abreuvé ! Sans cesse, ╵je m’en souviens, et j’en suis abattu. Mais voici la pensée ╵que je me rappelle à moi-même, la raison pour laquelle ╵j’aurai de l’espérance : non, les bontés de l’Eternel ╵ne sont pas à leur terme et ses tendresses ╵ne sont pas épuisées. Chaque matin, ╵elles se renouvellent. Oui, ta fidélité est grande ! J’ai dit : L’Eternel est mon bien, c’est pourquoi je compte sur lui. L’Eternel est plein de bonté ╵pour ceux qui ont confiance en lui, pour ceux qui se tournent vers lui. Il est bon d’attendre en silence la délivrance ╵que l’Eternel opérera. C’est une bonne chose, pour l’homme, de porter ╵le joug dans sa jeunesse. Qu’il se tienne à l’écart ╵et garde le silence quand l’Eternel le lui impose ! Et qu’il s’incline, ╵le visage dans la poussière : peut-être y a-t-il un espoir… Qu’il présente la joue ╵à celui qui le frappe, qu’il se rassasie de mépris ! Car le Seigneur ne le rejettera pas pour toujours. Mais s’il afflige, ╵il aura aussi compassion selon son grand amour. Ce n’est pas par plaisir ╵qu’il humilie et qu’il afflige les humains. Lorsque l’on foule aux pieds tous les prisonniers du pays, lorsque l’on viole ╵le droit d’un homme sous les yeux mêmes du Très-Haut, et lorsque l’on opprime ╵quelqu’un dans son procès, le Seigneur ne le voit-il pas ? Qui donc n’a qu’à parler ╵pour qu’une chose soit, quand le Seigneur ╵ne l’a pas ordonné ? Par sa parole, le Très-Haut ╵ne suscite-t-il pas et le malheur et le bonheur ? Pourquoi l’homme se plaindrait-il ╵alors qu’il reste en vie ? Que chacun se plaigne de ses péchés. Considérons notre conduite ╵et examinons-la, puis revenons à l’Eternel. Tournons notre cœur, élevons nos mains vers Dieu qui est au ciel. Nous, nous avons péché ╵et nous nous sommes révoltés. Tu ne nous as pas pardonné : tu t’es drapé dans ta colère, ╵tu nous as poursuivis, tu as massacré sans pitié. Tu t’es couvert d’une nuée pour que notre prière ╵ne parvienne pas jusqu’à toi. Tu as fait de nous un rebut ╵et un déchet, parmi les peuples, et tous nos ennemis ouvrent la bouche contre nous. Nous avons en partage ╵l’effroi, la fosse, la destruction, la ruine. Je verse des torrents de larmes à cause du désastre ╵qui a atteint ╵la communauté de mon peuple. Mes yeux pleurent sans cesse, ils n’ont aucun répit jusqu’à ce qu’enfin l’Eternel, du haut du ciel, regarde et voie. Je suis bien malheureux à la vue de ce qui arrive ╵aux filles de ma ville. Ils m’ont donné la chasse ╵comme à un passereau, ceux qui sans cause sont mes ennemis. Ils m’ont mis dans une citerne ╵dans le but de m’ôter la vie, ils m’ont jeté des pierres. L’eau montait plus haut que ma tête, ╵je me disais : Je suis perdu. Mais du fond de la fosse, ô Eternel, ╵j’ai fait appel à toi, et tu m’as entendu. Ne ferme pas l’oreille ╵à mes soupirs, ╵à mes cris de détresse ! Au jour où je t’ai invoqué, ╵tu es venu auprès de moi, tu m’as dit : « N’aie pas peur ! » Seigneur, tu as plaidé ma cause, tu m’as sauvé la vie. Tu as vu, Eternel, ╵les maux dont on m’accable : fais-moi justice ! Tu as été témoin ╵de leur soif de vengeance et de leurs complots contre moi. Tu entends leurs outrages, ╵ô Eternel, tu connais les complots ╵qu’ils forgent contre moi, leurs propos, leurs pensées sont tournés contre moi ╵à longueur de journée. Regarde-les : ╵qu’ils s’assoient, qu’ils se lèvent, moi, je suis le sujet ╵de leurs chansons. Tu les rétribueras, ╵ô Eternel, selon ce qu’ils ont fait tu rendras leur cœur obstiné et tu les frapperas ╵de ta malédiction. Tu les harcèleras ╵dans ta colère ardente, ╵et tu les détruiras de sous ton ciel, ╵ô Eternel.