Jid 1:1-8
Jid 1:1-8 1998 Haïtienne (HAT98)
Mwen menm Jid, sèvitè Jezikri, frè Jak la, m'ap ekri nou lèt sa a, nou tout Bondye rele, nou menm k'ap viv ansanm nan renmen Bondye Papa a ak anba pwoteksyon Jezikri. Mwen mande pou li gen pitye pou nou, pou li ban nou kè poze ak renmen an kantite. Zanmi m yo, mwen pat manke anvi ekri nou pou m te pale nou sou jan Bondye delivre nou tout ansanm lan. Men, m blije ekri nou kounyeya pou mwen kapab ankouraje nou, pou nou pran defans lafwa Bondye te bay yon sèl fwa pou tout tan an, pou tout moun pa l yo. Paske, gen kèk mechan ki gentan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Senyè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo. Atout nou deja konnen tout bagay sa yo byen pwòp, mwen vle fè nou chonje ki jan, lè Bondye te fin delivre pèp Izrayèl la anba moun Lejip yo, li te detwi tout moun ki pat kwè yo. Chonje tou ki jan zanj ki pat rete nan pozisyon Bondye te ba yo a men ki te kite kote l te mete yo a, Bondye kenbe yo nan mitan fènwa a, mare nan yon chenn ki p'ap janm kase. Se la y'ap tann gwo jou jijman an. Menm jan an tou, chonje moun Sodòm ak Gomò ak tout ti bouk nan vwazinay yo a. Yo te fè tankou zanj sa yo. Yo te lage kò yo nan tout kalite dezòd lachè, yo te menm rive nan fè gason ak gason, fi ak fi. Pou pini yo, yo lage yo nan dife k'ap boule tout tan an. Sa se yon egzanp ak yon avètisman pou tout moun. Menm jan an tou, mesye sa yo, avèk tout vizyon y'ap plede fè yo, y'ap fè tout kalite vye bagay ak kò yo, y'ap meprize otorite Bondye, y'ap pale pouvwa ki nan syèl yo mal.
Jid 1:1-8 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Moi, Jude, serviteur de Jésus-Christ et frère de Jacques, j’écris à ceux que Dieu le Père a appelés. Il les aime et il les garde par Jésus-Christ. Que Dieu vous donne en abondance son pardon, sa paix et son amour ! Amis très chers, je désirais beaucoup vous écrire au sujet du salut qui est pour nous tous. Mais maintenant, je suis obligé de le faire, afin de vous encourager. Luttez pour cette foi que Dieu a donnée de façon définitive à ceux qui lui appartiennent. Je vous écris parce que des hommes mauvais sont venus en secret parmi vous. Ils tordent le message d’amour de notre Dieu, afin de pouvoir se conduire n’importe comment, et ils rejettent Jésus-Christ, notre seul Maître et Seigneur. Depuis longtemps, les Livres Saints ont annoncé leur punition. Vous connaissez très bien tout ce que je vais vous dire. Pourtant, je veux vous rappeler ceci : le Seigneur a sauvé son peuple de l’Égypte, ensuite, il a fait mourir ceux qui n’ont pas voulu croire. Rappelez-vous l’histoire de certains anges : ils n’ont pas gardé le pouvoir qu’ils avaient, mais ils ont quitté l’endroit où ils étaient. Alors Dieu les garde pour toujours en prison, dans la nuit, en attendant le grand jour du jugement. Rappelez-vous l’histoire de Sodome, de Gomorrhe et des villes voisines : elles ont fait le mal de la même façon. Leurs habitants se conduisaient de façon immorale et voulaient coucher avec des êtres d’une autre nature. Maintenant, ils sont punis dans un feu qui dure toujours, et ainsi ils servent d’exemple. Au milieu de vous, ces gens mauvais agissent comme les habitants de ces villes. Ils imaginent des choses qui sont fausses. Alors ils suivent les mauvais désirs de leur corps, ils méprisent l’autorité du Seigneur, ils insultent les anges glorieux.
Jid 1:1-8 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Mwen menm se Jid, sèvitè Jezikris la, epi frè Jak la. M ap ekri pou tout moun Bondye rele yo. Li renmen yo epi l ap gade yo pa mwayen Jezikris. M ap priye pou Bondye ban nou mezerikòd, lapè ak lanmou l pi plis toujou. Byeneme m yo, se pa ti anvi mwen te anvi ekri nou osijè delivrans nou tout ap pataje ansanm lan. Men m santi yon pouse pou m ekri nou sou yon lòt bagay: pou m ka ankouraje nou pou n defann lafwa Bondye bay moun ki apa pou l yo, yon fwa pou tout. Gen kèk moun ki foure kò yo an kachèt pami nou. Se yon bann moun ki gentan kondane deja poutèt sa y ap komèt. Depi lontan Ekriti Sent yo te gentan anonse chatiman yo. Se moun ki kont Bondye yo ye. Y ap tòde sans mesaj gras Bondye a, pou yo kapab jistifye imoralite y ap komèt. Epi yo refize swiv Jezikris, ki se sèl Mèt ak sèl Senyè nou an. Mwen vle ede nou sonje kèk bagay nou konnen deja: Sonje Senyè a te sove pèp li a, lè l te kondui yo soti nan peyi Lejip. Men apre sa, li te detwi tout moun ki pa t kwè yo. Epi sonje tou, istwa yon seri zanj ki te pèdi otorite yo, yo te kite demè yo. Senyè a anchennen yo pou tout tan nan fènwa pou tann gran jijman fin al la. Sonje tou sa k te rive Sodòm ak Gomò ansanm ak lòt vil ki te toutotou yo. Sete menm jan ak move zanj yo. Yo te fè peche seksyèl, yo te menm rive fè sèks ak kreyati ki pa moun. Poutèt sa, yo te kondane pou lanfè etènèl la. Sa se te pou trase yon egzanp pou tout moun. Malgre sa, moun sa yo ki antre nan mitan nou yo, yo fè menm jan ak abitan vil sa yo. Y ap imajine bagay ki pa vre. Y ap swiv move lanvi kò yo. Yo meprize otorite Senyè a epi y ap ensilte zanj ki nan glwa yo.
Jid 1:1-8 New International Version (NIV)
Jude, a servant of Jesus Christ and a brother of James, To those who have been called, who are loved in God the Father and kept for Jesus Christ: Mercy, peace and love be yours in abundance. Dear friends, although I was very eager to write to you about the salvation we share, I felt compelled to write and urge you to contend for the faith that was once for all entrusted to God’s holy people. For certain individuals whose condemnation was written about long ago have secretly slipped in among you. They are ungodly people, who pervert the grace of our God into a license for immorality and deny Jesus Christ our only Sovereign and Lord. Though you already know all this, I want to remind you that the Lord at one time delivered his people out of Egypt, but later destroyed those who did not believe. And the angels who did not keep their positions of authority but abandoned their proper dwelling—these he has kept in darkness, bound with everlasting chains for judgment on the great Day. In a similar way, Sodom and Gomorrah and the surrounding towns gave themselves up to sexual immorality and perversion. They serve as an example of those who suffer the punishment of eternal fire. In the very same way, on the strength of their dreams these ungodly people pollute their own bodies, reject authority and heap abuse on celestial beings.
Jid 1:1-8 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Jude, serviteur de Jésus-Christ et frère de Jacques, salue ceux que Dieu a appelés à lui, qui sont aimés de Dieu le Père et gardés pour Jésus-Christ. Que la compassion, la paix et l’amour de Dieu vous soient pleinement accordés ! Mes chers amis, j’avais le vif désir de vous écrire au sujet du salut qui nous est commun. J’ai vu la nécessité de le faire maintenant afin de vous recommander de lutter pour la foi qui a été transmise une fois pour toutes à ceux qui font partie du peuple saint. Car des hommes dont la condamnation est depuis longtemps annoncée dans l’Ecriture se sont infiltrés parmi nous. Ce sont des impies qui travestissent en débauche la grâce de notre Dieu en reniant Jésus-Christ, notre seul Maître et Seigneur. Laissez-moi vous rappeler des faits que vous connaissez bien. Après avoir délivré son peuple de l’esclavage en Egypte, le Seigneur a fait périr ceux qui avaient refusé de lui faire confiance. Dieu a gardé, enchaînés à perpétuité dans les ténèbres pour le jugement du grand Jour, les anges qui ont abandonné leur demeure au lieu de conserver leur rang. Les habitants de Sodome, de Gomorrhe et des villes voisines se sont livrés de la même manière à la débauche et ont recherché des relations sexuelles contre nature. C’est pourquoi ces villes ont été condamnées à un feu éternel, elles aussi, et servent ainsi d’exemple. Eh bien, malgré cela, ces individus font de même : leurs rêveries les entraînent à souiller leur propre corps, à rejeter l’autorité du Seigneur et à insulter les êtres glorieux du ciel.