Jozye 8:1-8
Jozye 8:1-8 1998 Haïtienne (HAT98)
Senyè a di Jozye konsa: — Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou. Menm sa ou te fè moun lavil Jeriko yo ak wa yo a, se sa ou pral fè moun lavil Ayi yo ak wa yo a. Men, fwa sa a, n'a gendwa pran byen yo ak bèt yo pou nou. Fè sòlda yo al anbiske kò yo pou yo atake lavil la pa dèyè. Se konsa, Jozye reyini tout sòlda pèp Izrayèl yo, li fè plan pou yo mache sou lavil Ayi. Jozye chwazi trantmil (30.000) vanyan gason, li fè yo pati devan nan mitan lannwit. Men lòd li ba yo: — Al anbiske kò nou lòt bò sou dèyè lavil la. Pa kache twò lwen non. Epi pare pou nou atake. Mwen menm, mwen pral pwoche bò lavil la avèk tout sòlda ki avè m yo pa devan pòtay la. Lè n'a wè moun lavil yo sòti vin fè faskare ak nou, nou menm ki sou devan yo, n'a pran kouri devan yo ankò, jan nou te fè l anvan an. Yo menm menm yo pral kouri dèyè nou, jouk y'a kite lavil la byen lwen dèyè yo, paske yo pral konprann se tankou premye fwa a. Lè sa a, nou menm ki te kache sou dèyè a, n'a sòti kote nou te anbiske kò nou an, n'a antre nan lavil la, paske Senyè a, Bondye nou an, ap lage lavil la nan men nou. Lè n'a fin pran lavil la, n'a mete dife ladan l jan Senyè a te mande l la. Men lòd mwen ban nou.
Jozye 8:1-8 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Le SEIGNEUR dit à Josué : « N’aie pas peur, ne te laisse pas décourager. Prends toute ton armée et va attaquer la ville d’Aï. Regarde, je te livre le roi d’Aï avec son peuple, sa ville et son pays. Tu agiras avec cette ville et son roi comme tu as agi avec Jéricho et son roi. Mais vous pourrez prendre pour vous comme richesses de guerre leurs biens et leurs animaux. Prépare une attaque par surprise, à l’arrière de la ville. » Avec toute son armée, Josué se prépare donc à attaquer la ville d’Aï. Il choisit 30 000 hommes, des combattants courageux, et il les fait partir de nuit. Il leur donne ces ordres : « Allez vous cacher à l’arrière de la ville, pas trop loin, et tenez-vous prêts à l’attaque. Moi, je m’approcherai de la ville avec mes hommes. Quand les habitants sortiront à notre rencontre, nous fuirons devant eux, comme la première fois . Ils sortiront derrière nous, et nous les entraînerons loin de la ville. En effet, ils se diront : “Ils fuient devant nous comme la première fois.” Alors vous, vous sortirez de l’endroit où vous êtes cachés et vous prendrez la ville. En effet, le SEIGNEUR votre Dieu la livre en votre pouvoir. Quand vous aurez pris la ville, vous y mettrez le feu, comme le SEIGNEUR l’a commandé. Voilà les ordres que je vous donne. »
Jozye 8:1-8 New International Version (NIV)
Then the LORD said to Joshua, “Do not be afraid; do not be discouraged. Take the whole army with you, and go up and attack Ai. For I have delivered into your hands the king of Ai, his people, his city and his land. You shall do to Ai and its king as you did to Jericho and its king, except that you may carry off their plunder and livestock for yourselves. Set an ambush behind the city.” So Joshua and the whole army moved out to attack Ai. He chose thirty thousand of his best fighting men and sent them out at night with these orders: “Listen carefully. You are to set an ambush behind the city. Don’t go very far from it. All of you be on the alert. I and all those with me will advance on the city, and when the men come out against us, as they did before, we will flee from them. They will pursue us until we have lured them away from the city, for they will say, ‘They are running away from us as they did before.’ So when we flee from them, you are to rise up from ambush and take the city. The LORD your God will give it into your hand. When you have taken the city, set it on fire. Do what the LORD has commanded. See to it; you have my orders.”
Jozye 8:1-8 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
L’Eternel dit à Josué : N’aie pas peur, ne crains rien ! Emmène avec toi tous les soldats et va attaquer Aï ! Car je livre le roi d’Aï en ton pouvoir ainsi que son peuple, sa ville et tout son territoire. Tu traiteras Aï et son roi comme tu as traité Jéricho et son roi. Toutefois, vous pourrez prendre pour vous comme butin ses biens et son bétail. Place des guerriers en embuscade derrière la ville. Josué se mit en route avec toute son armée pour attaquer Aï. Il choisit trente mille valeureux guerriers et les fit partir de nuit en leur donnant les ordres suivants : Allez vous poster en embuscade derrière la ville, sans trop vous en éloigner, et tenez-vous tous prêts à intervenir. Je m’approcherai de la ville avec le gros de la troupe. Lorsque les gens d’Aï sortiront pour nous affronter comme la première fois, nous fuirons devant eux. Ils se lanceront à notre poursuite et nous les attirerons loin de la ville. En effet, ils penseront que nous fuyons encore devant eux, comme l’autre fois. A ce moment-là, vous surgirez de votre cachette et vous vous emparerez de la ville, car l’Eternel votre Dieu la livre en votre pouvoir. Dès que vous en serez maîtres, vous y mettrez le feu, comme l’Eternel l’a commandé. Voilà quels sont mes ordres.