Jozye 8:1-26

Jozye 8:1-26 1998 Haïtienne (HAT98)

Senyè a di Jozye konsa: — Ou pa bezwen pè. Ou pa bezwen dekouraje. Pran tout sòlda yo avè ou, epi mache sou lavil Ayi. M'ap lage wa lavil la ansanm ak pèp la, lavil la ak tout zòn yo a nan men ou. Menm sa ou te fè moun lavil Jeriko yo ak wa yo a, se sa ou pral fè moun lavil Ayi yo ak wa yo a. Men, fwa sa a, n'a gendwa pran byen yo ak bèt yo pou nou. Fè sòlda yo al anbiske kò yo pou yo atake lavil la pa dèyè. Se konsa, Jozye reyini tout sòlda pèp Izrayèl yo, li fè plan pou yo mache sou lavil Ayi. Jozye chwazi trantmil (30.000) vanyan gason, li fè yo pati devan nan mitan lannwit. Men lòd li ba yo: — Al anbiske kò nou lòt bò sou dèyè lavil la. Pa kache twò lwen non. Epi pare pou nou atake. Mwen menm, mwen pral pwoche bò lavil la avèk tout sòlda ki avè m yo pa devan pòtay la. Lè n'a wè moun lavil yo sòti vin fè faskare ak nou, nou menm ki sou devan yo, n'a pran kouri devan yo ankò, jan nou te fè l anvan an. Yo menm menm yo pral kouri dèyè nou, jouk y'a kite lavil la byen lwen dèyè yo, paske yo pral konprann se tankou premye fwa a. Lè sa a, nou menm ki te kache sou dèyè a, n'a sòti kote nou te anbiske kò nou an, n'a antre nan lavil la, paske Senyè a, Bondye nou an, ap lage lavil la nan men nou. Lè n'a fin pran lavil la, n'a mete dife ladan l jan Senyè a te mande l la. Men lòd mwen ban nou. Se konsa, Jozye voye yo ale. Y'al anbiske kò yo sou dèyè lavil la, sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl. Jozye menm rete pase lannwit lan nan kan an. Nan maten, bonè bonè, Jozye leve, li reyini tout lòt sòlda yo. Li pase yo enspeksyon. Apre sa, li pran direksyon lavil Ayi a pou li. Li t'ap mache alatèt lame a ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo. Sòlda ki te avè l yo rive jouk anfas pòtay lavil la. Yo moute kan yo sou bò nò lavil Ayi a. Yo kite yon ti fon nan mitan yo ak lavil Ayi a. Jozye pran senkmil (5.000) sòlda, li fè yo al kache sou bò solèy kouche, ant lavil Ayi ak lavil Betèl. Se konsa, pifò nan lame a moute kan yo sou bò nò lavil la, epi rès lame a al kache kò yo sou bò solèy kouche. Jou sa a, Jozye pase lannwit lan nan Fon an. Lè wa lavil Ayi a wè sòlda Jozye yo, li menm ansanm ak tout gason nan lavil la, yo leve granmaten, yo prese pare yo. Yo sòti al atake moun Izrayèl yo sou pant ki desann nan Fon Jouden an. Men, li pat konnen yo ta pral atake l sou dèyè. Jozye ak moun pa l yo fè tankou y'ap kouri pou yo, yo lage kò yo nan dezè a. Tout gason ki te nan lavil la t'ap kouri dèyè yo, yo t'ap rele byen fò. Se konsa, nan kouri dèyè Jozye a, yo kite lavil la byen lwen dèyè. Pat gen yon gason nan lavil Ayi a, tout te kouri sòti dèyè pèp Izrayèl la. Yo kite pòtay lavil la gran batan louvri san pèsonn pou defann li. Senyè a di Jozye konsa: — Leve frenn ki nan men ou lan, lonje l sou lavil Ayi a: mwen pral lage lavil la nan men ou. Jozye lonje frenn ki te nan men l lan sou lavil la. Leve li leve men l, mesye ki te anbiske kò yo sòti byen vit nan kachèt yo a, yo kouri antre nan lavil la, yo pran lavil la pou yo. Lamenm yo mete dife ladan l. Lè mesye lavil Ayi yo vire tèt yo gade, yo wè yon gwo lafimen ki t'ap sòti nan lavil la moute nan syèl, yo pat konn ki bò pou yo fè, paske lè sa a, sòlda pèp Izrayèl ki t'ap kouri nan direksyon dezè a te vire tounen sou yo. Lè Jozye ak tout moun li yo wè lòt sòlda ki te kache yo te pran lavil la, lè yo wè dife nan lavil la, yo vire tounen, yo atake moun lavil Ayi yo. Lòt moun pèp Izrayèl yo menm sòti nan lavil la, epi yo mache sou yo tou. Konsa moun lavil Ayi yo te sènen toupatou ak moun pèp Izrayèl yo. Sòlda pèp Izrayèl yo touye mezi moun yo jwenn devan yo. Yo pa kite yonn vivan, esèpte wa lavil Ayi a. Yo pran mesye, yo mennen l bay Jozye. Moun Izrayèl yo kouri dèyè lènmi yo nan tout mòn yo ak nan tout dezè a. Lè yo fin touye tout, yo tounen lavil Ayi, epi yo touye tout moun ki te ladan l. Jou sa a, yo touye douzmil (12.000) moun, fi kou gason, ki t'ap viv nan lavil Ayi a. Jozye menm te kenbe bra l leve anlè ak frenn lan lonje sou lavil Ayi a jouk yo te fin touye tout moun ki te rete nan lavil la tankou yon ofrann pou Senyè a.

Jozye 8:1-26 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Le SEIGNEUR dit à Josué : « N’aie pas peur, ne te laisse pas décourager. Prends toute ton armée et va attaquer la ville d’Aï. Regarde, je te livre le roi d’Aï avec son peuple, sa ville et son pays. Tu agiras avec cette ville et son roi comme tu as agi avec Jéricho et son roi. Mais vous pourrez prendre pour vous comme richesses de guerre leurs biens et leurs animaux. Prépare une attaque par surprise, à l’arrière de la ville. » Avec toute son armée, Josué se prépare donc à attaquer la ville d’Aï. Il choisit 30 000 hommes, des combattants courageux, et il les fait partir de nuit. Il leur donne ces ordres : « Allez vous cacher à l’arrière de la ville, pas trop loin, et tenez-vous prêts à l’attaque. Moi, je m’approcherai de la ville avec mes hommes. Quand les habitants sortiront à notre rencontre, nous fuirons devant eux, comme la première fois . Ils sortiront derrière nous, et nous les entraînerons loin de la ville. En effet, ils se diront : “Ils fuient devant nous comme la première fois.” Alors vous, vous sortirez de l’endroit où vous êtes cachés et vous prendrez la ville. En effet, le SEIGNEUR votre Dieu la livre en votre pouvoir. Quand vous aurez pris la ville, vous y mettrez le feu, comme le SEIGNEUR l’a commandé. Voilà les ordres que je vous donne. » Josué envoie les soldats à l’endroit choisi pour l’attaque par surprise. Ils s’installent à l’ouest d’Aï, entre Béthel et Aï. Josué passe cette nuit-là avec le reste de l’armée. Le jour suivant, Josué se lève tôt le matin, et il examine ses troupes. Ensuite, avec les anciens d’Israël, il part à leur tête pour attaquer la ville d’Aï. Tous les soldats s’avancent avec lui et ils arrivent en face d’Aï. Ils installent leur camp au nord. Ils sont séparés de la ville par une vallée. Josué choisit environ 5 000 hommes et il leur commande de se cacher à l’ouest de la ville, entre Béthel et Aï. L’armée installe son camp principal au nord de la ville. Une autre partie des troupes prend place à l’ouest. Josué passe cette nuit-là dans la vallée. Le matin, quand le roi d’Aï voit les Israélites, il sort très vite de la ville avec tous ses soldats. Ils partent combattre les Israélites au même endroit qu’avant, en direction de la vallée du Jourdain. Mais il ne sait pas qu’il va y avoir contre lui une attaque par surprise à l’arrière de la ville. Josué et tous les Israélites se laissent battre par eux et ils fuient en direction du désert. Tous les hommes d’Aï reçoivent l’ordre de les poursuivre. De cette façon, ils sont entraînés loin de la ville. Aucun homme ne reste dans Aï. Ils poursuivent les Israélites et ils laissent la ville sans défense. Alors le SEIGNEUR dit à Josué : « Tends ton arme en direction d’Aï, je vais te livrer la ville. » Josué tend son arme. Dès qu’il tend le bras, les Israélites qui sont cachés sortent très vite de l’endroit où ils sont. Ils courent jusqu’à la ville, ils entrent dedans et la prennent, puis ils y mettent le feu aussitôt. Les hommes d’Aï regardent derrière eux et ils voient la fumée qui monte de leur ville. Personne ne trouve le moyen de fuir d’un côté ou d’un autre. En effet, les Israélites qui sont en train de fuir vers le désert se retournent contre ceux qui les poursuivent. Josué et ses hommes voient que les soldats placés à l’arrière de la ville ont pris celle-ci et qu’elle brûle. Alors ils font demi-tour et ils attaquent les gens d’Aï. Les autres Israélites quittent la ville pour les attaquer aussi. Les gens d’Aï se trouvent donc au milieu des troupes d’Israël et ils sont tous tués. Personne ne peut fuir, personne ne reste en vie, sauf le roi d’Aï. On le fait prisonnier et on l’amène à Josué. Les Israélites tuent leurs ennemis dans la campagne, là où les gens d’Aï les ont poursuivis. Quand tous les ennemis sont tués, les Israélites reviennent vers la ville et ils font mourir le reste des habitants. Ils tuent, ce jour-là, 12 000 personnes, hommes et femmes, tous les gens d’Aï. Josué garde son arme tendue en direction d’Aï jusqu’à ce que toute la population soit détruite.

Jozye 8:1-26 New International Version (NIV)

Then the LORD said to Joshua, “Do not be afraid; do not be discouraged. Take the whole army with you, and go up and attack Ai. For I have delivered into your hands the king of Ai, his people, his city and his land. You shall do to Ai and its king as you did to Jericho and its king, except that you may carry off their plunder and livestock for yourselves. Set an ambush behind the city.” So Joshua and the whole army moved out to attack Ai. He chose thirty thousand of his best fighting men and sent them out at night with these orders: “Listen carefully. You are to set an ambush behind the city. Don’t go very far from it. All of you be on the alert. I and all those with me will advance on the city, and when the men come out against us, as they did before, we will flee from them. They will pursue us until we have lured them away from the city, for they will say, ‘They are running away from us as they did before.’ So when we flee from them, you are to rise up from ambush and take the city. The LORD your God will give it into your hand. When you have taken the city, set it on fire. Do what the LORD has commanded. See to it; you have my orders.” Then Joshua sent them off, and they went to the place of ambush and lay in wait between Bethel and Ai, to the west of Ai—but Joshua spent that night with the people. Early the next morning Joshua mustered his army, and he and the leaders of Israel marched before them to Ai. The entire force that was with him marched up and approached the city and arrived in front of it. They set up camp north of Ai, with the valley between them and the city. Joshua had taken about five thousand men and set them in ambush between Bethel and Ai, to the west of the city. So the soldiers took up their positions—with the main camp to the north of the city and the ambush to the west of it. That night Joshua went into the valley. When the king of Ai saw this, he and all the men of the city hurried out early in the morning to meet Israel in battle at a certain place overlooking the Arabah. But he did not know that an ambush had been set against him behind the city. Joshua and all Israel let themselves be driven back before them, and they fled toward the wilderness. All the men of Ai were called to pursue them, and they pursued Joshua and were lured away from the city. Not a man remained in Ai or Bethel who did not go after Israel. They left the city open and went in pursuit of Israel. Then the LORD said to Joshua, “Hold out toward Ai the javelin that is in your hand, for into your hand I will deliver the city.” So Joshua held out toward the city the javelin that was in his hand. As soon as he did this, the men in the ambush rose quickly from their position and rushed forward. They entered the city and captured it and quickly set it on fire. The men of Ai looked back and saw the smoke of the city rising up into the sky, but they had no chance to escape in any direction; the Israelites who had been fleeing toward the wilderness had turned back against their pursuers. For when Joshua and all Israel saw that the ambush had taken the city and that smoke was going up from it, they turned around and attacked the men of Ai. Those in the ambush also came out of the city against them, so that they were caught in the middle, with Israelites on both sides. Israel cut them down, leaving them neither survivors nor fugitives. But they took the king of Ai alive and brought him to Joshua. When Israel had finished killing all the men of Ai in the fields and in the wilderness where they had chased them, and when every one of them had been put to the sword, all the Israelites returned to Ai and killed those who were in it. Twelve thousand men and women fell that day—all the people of Ai. For Joshua did not draw back the hand that held out his javelin until he had destroyed all who lived in Ai.

Jozye 8:1-26 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

L’Eternel dit à Josué : N’aie pas peur, ne crains rien ! Emmène avec toi tous les soldats et va attaquer Aï ! Car je livre le roi d’Aï en ton pouvoir ainsi que son peuple, sa ville et tout son territoire. Tu traiteras Aï et son roi comme tu as traité Jéricho et son roi. Toutefois, vous pourrez prendre pour vous comme butin ses biens et son bétail. Place des guerriers en embuscade derrière la ville. Josué se mit en route avec toute son armée pour attaquer Aï. Il choisit trente mille valeureux guerriers et les fit partir de nuit en leur donnant les ordres suivants : Allez vous poster en embuscade derrière la ville, sans trop vous en éloigner, et tenez-vous tous prêts à intervenir. Je m’approcherai de la ville avec le gros de la troupe. Lorsque les gens d’Aï sortiront pour nous affronter comme la première fois, nous fuirons devant eux. Ils se lanceront à notre poursuite et nous les attirerons loin de la ville. En effet, ils penseront que nous fuyons encore devant eux, comme l’autre fois. A ce moment-là, vous surgirez de votre cachette et vous vous emparerez de la ville, car l’Eternel votre Dieu la livre en votre pouvoir. Dès que vous en serez maîtres, vous y mettrez le feu, comme l’Eternel l’a commandé. Voilà quels sont mes ordres. Là-dessus, Josué les fit partir et ils allèrent se poster en embuscade entre Béthel et Aï, à l’ouest d’Aï, tandis que Josué passa la nuit avec le reste du peuple. Le lendemain, Josué se leva de bon matin et passa ses troupes en revue, puis il prit la tête de l’armée, accompagné des responsables d’Israël, pour marcher contre Aï. Toute l’armée qu’il conduisait s’avança ainsi jusqu’à ce qu’elle arrive en face de la ville. Ils prirent position au nord d’Aï dont une vallée les séparait. Josué avait pris environ cinq mille hommes et les avait postés en embuscade entre Béthel et Aï, à l’ouest de la ville. Le gros de l’armée installa son camp au nord de la ville tandis que l’arrière-garde des troupes se tenait à l’ouest. Durant cette nuit, Josué partit en reconnaissance au milieu de la vallée. Quand le roi d’Aï vit la situation, il fit lever en hâte tous les hommes et se dépêcha de sortir de la ville pour se rendre sur le champ de bataille et affronter Israël en face de la plaine. Il ne se doutait pas qu’une embuscade avait été dressée contre lui derrière la ville. Josué et les Israélites firent semblant d’être battus par eux et s’enfuirent en direction du désert. Tous les gens qui étaient dans la ville furent appelés à grands cris pour les poursuivre. Ils se précipitèrent donc sur les pas de Josué et se laissèrent attirer loin de la ville. Il ne resta dans Aï pas un homme qui ne sortît à la poursuite d’Israël. Ainsi ils abandonnèrent la ville ouverte pour poursuivre les Israélites. Alors l’Eternel dit à Josué : Pointe le javelot que tu tiens en main en direction d’Aï, car je vais la livrer en ton pouvoir. Josué pointa le javelot en direction de la ville. Aussitôt, les hommes qui se tenaient en embuscade surgirent de leur cachette à toute vitesse et s’élancèrent vers la ville ; ils y entrèrent, s’en emparèrent, et y mirent le feu. Lorsque les hommes d’Aï se retournèrent, ils virent la fumée qui s’élevait de leur ville dans le ciel. Ils n’eurent même plus la possibilité de fuir, toute retraite d’un côté comme de l’autre leur étant coupée, car les Israélites qui fuyaient vers le désert faisaient à présent volte-face contre leurs poursuivants. En effet, Josué et ses troupes, voyant que la ville avait été prise et incendiée par les hommes placés en embuscade, se retournaient pour attaquer les gens d’Aï. Et les autres soldats sortaient à leur tour de la ville pour les rejoindre, si bien que les gens d’Aï se trouvaient cernés de part et d’autre par les Israélites qui les battirent sans en laisser échapper un seul et sans leur laisser de survivants. Le roi d’Aï fut capturé vivant et amené à Josué. Les Israélites tuèrent tous les habitants d’Aï, soit en pleine campagne, soit dans le désert où ils les avaient poursuivis ; tous tombèrent sous les coups de leurs épées jusqu’au dernier. Après cela, tous les hommes d’Israël rentrèrent dans la ville et exterminèrent le reste de la population. Ainsi périrent, ce jour-là, douze mille personnes, hommes et femmes, c’est-à-dire toute la population d’Aï. Josué n’avait cessé de tenir son javelot tendu jusqu’à ce que tous les habitants de la ville aient été exterminés.