Jozye 7:5-26

Jozye 7:5-26 1998 Haïtienne (HAT98)

Yo kouri dèyè sòlda pèp Izrayèl yo depi devan pòtay lavil la jouk nan min wòch yo. Nan ladesant lan yo touye trannsis moun konsa nan sòlda pèp Izrayèl yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la sòti pè. Yo pèdi kouray. Jozye te sitèlman nan lapenn, li endiye, li chire rad sou li epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Senyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo benyen tèt yo ak pousyè pou fè wè lapenn yo. Epi Jozye di: — Ay, Senyè Bondye! Poukisa ou fè pèp la janbe lòtbò larivyè Jouden an? Genlè se pou ou te lage nou nan men moun Amori pou yo touye nou? Pa pito ou te kite nou rete lòtbò larivyè Jouden an! Tanpri, Mèt mwen! Kisa m ka di kounyeya lè m wè moun Izrayèl yo ap kouri devan lènmi l yo? Moun Kanaran yo ak tout lòt moun ki rete nan peyi a pral konn sa. Yo pral leve dèyè nou. Yo pral touye nou nèt nan peyi a. Kisa ou pral fè lè sa a pou yo pa avili non ou? Senyè a di Jozye konsa: — Leve non! Poukisa ou lage kò ou atè konsa? Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo. Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske kounyeya se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l nan mitan nou pou nou detwi l tou. Leve non! Fè sèvis pou mete pèp la nan kondisyon pou sèvi m. W'a di yo pou yo pare kò yo pou yo ka nan kondisyon fè sèvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Nou menm pèp Izrayèl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lòd detwi. Nou p'ap ka kenbe tèt ak lènmi nou yo si nou pa wete l nan mitan nou. Se konsa, denmen maten, nou tout n'ap vini, branch fanmi pa branch fanmi. Branch fanmi Senyè a va denonse a va pwoche fanmi pa fanmi. Nan fanmi Senyè a va denonse a, chèf fanmi yo va pwoche yonn apre lòt avèk moun pa yo. Chèf fanmi Senyè a va denonse a va fè moun pa l yo pwoche grenn pa grenn. Moun y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Senyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la. Nan denmen maten vre, Jozye leve byen bonè, li fè tout pèp Izrayèl la pwoche vin jwenn li, branch fanmi pa branch fanmi. Se branch fanmi Jida a Senyè a te denonse. Li fè fanmi Jida yo vin jwenn li yonn apre lòt. Se fanmi Zerak la Senyè a te denonse. Li fè tout chèf fanmi Zerak yo vin jwenn li yonn apre lòt ak tout fanmi yo. Se Zabdi Senyè a te denonse. Zabdi fè tout moun pa l yo pwoche grenn pa grenn. Se konsa Senyè a denonse Akan, pitit Kami an. Kami te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak, yo tout te fè pati branch fanmi Jida a. Jozye di Akan konsa: — Pitit mwen, fè lwanj Senyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Kounyeya, di m kisa ou fè. Pa kache m anyen. Akan reponn li: — Se vre wi. Se mwen ki peche kont Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Men sa m fè. Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te sòti lavil Babilòn, desan (200) pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m rete a, mwen antere yo ladan l, avèk pyès ajan yo anba nèt. Jozye voye kèk mesaje ki kouri al nan tant Akan an. Yo jwenn tout bagay yo nan twou a avèk pyès ajan yo anba nèt. Yo pran yo, yo sòti avèk yo nan tant lan. Yo pote yo bay Jozye ak tout pèp Izrayèl la. Yo mete yo atè devan Senyè a. Jozye, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, pran Akan, pyès ajan yo, manto a, moso lò a ansanm ak pitit fi l yo, pitit gason l yo, bèlfi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton l yo ak tout lòt bagay li te genyen, yo mennen yo nan Fon Malè. Epi Jozye di Akan konsa: — Poukisa ou rale tout malè sa a sou tèt nou? Jòdi a, Senyè a pral fè malè tonbe sou ou! Epi tout moun pèp Izrayèl yo pran wòch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l yo ak bèt li yo ak koutwòch. Yo mete yon gwo pil wòch sou yo. Gwo pil wòch sa a la jouk jòdi a. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele kote sa a Fon Malè. Se konsa Senyè a te sispann move sou pèp la.

Jozye 7:5-26 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Ceux-ci tuent environ 36 Israélites, ils poursuivent les autres depuis la porte de la ville jusqu’à Chébarim, et ils les tuent dans la descente. Alors le peuple, complètement découragé, perd toute force. Josué et les anciens d’Israël déchirent leurs vêtements. Ils se couvrent la tête de poussière en signe de tristesse, ils se mettent à genoux, le front contre le sol, devant le coffre du SEIGNEUR. Ils restent ainsi jusqu’au soir. Puis Josué dit : « Ah ! Seigneur DIEU ! Tu nous as fait traverser le fleuve Jourdain, mais pourquoi ? Est-ce pour nous livrer aux Amorites et nous faire mourir ? Si seulement nous étions restés de l’autre côté du Jourdain ! Je t’en prie, Seigneur, qu’est-ce que je peux dire, maintenant que les Israélites ont fui devant leurs ennemis ? Les Cananéens et les autres habitants du pays vont apprendre cette nouvelle. Ils vont se réunir contre nous et nous faire disparaître. Alors comment feras-tu reconnaître ta grandeur ? » Le SEIGNEUR répond à Josué : « Relève-toi ! Tu t’es mis à genoux, le front contre le sol. Pourquoi donc ? Les Israélites ont péché. En effet, ils n’ont pas respecté les règles de l’alliance que je leur ai commandé de suivre. Ils ont pris des objets interdits. Ils les ont même volés, cachés, mis dans leurs affaires. C’est pourquoi les Israélites ne pourront plus résister à leurs ennemis. Ils fuiront devant eux. En effet, ils sont devenus comme un objet interdit qui doit être détruit. Si vous ne détruisez pas les objets que je vous ai interdit de prendre et celui qui les a pris, je ne serai plus avec vous. Maintenant, va prévenir le peuple pour qu’il se rende pur. Tu diras : “Rendez-vous purs pour demain. En effet, voici ce que moi, le SEIGNEUR, Dieu d’Israël, je dis aux Israélites : Vous possédez des objets que je vous ai interdit de prendre. Si vous ne les détruisez pas, ainsi que celui qui les a pris, vous ne pourrez pas résister à vos ennemis. Demain matin, vous vous approcherez de moi, tribu par tribu. La tribu que je désignerai s’approchera clan après clan. Le clan que je désignerai s’approchera famille après famille. Les hommes de la famille que je désignerai s’approcheront un à un. Alors je désignerai celui qui possède des objets interdits. Vous le jetterez dans le feu avec tout ce qui est à lui. En effet, il n’a pas respecté les règles de mon alliance et il a commis une chose horrible en Israël.” » Le jour suivant, Josué se lève tôt le matin. Il fait approcher les Israélites tribu par tribu. La tribu de Juda est désignée. Josué fait approcher cette tribu clan après clan, et le clan de Zéra est désigné. Il fait approcher ce clan famille après famille, et la famille de Zabdi est désignée. Il fait avancer l’un après l’autre les hommes de cette famille. Akan est désigné. C’est le fils de Karmi, petit-fils de Zabdi, arrière-petit-fils de Zéra, de la tribu de Juda. Josué dit à Akan : « Mon ami, reconnais la grandeur du SEIGNEUR, Dieu d’Israël, et dis la vérité. Dis-moi ce que tu as fait, ne me cache rien. » Akan répond à Josué : « Oui, c’est moi qui ai péché contre le SEIGNEUR, Dieu d’Israël. Voici ce que j’ai fait : j’ai vu parmi les richesses de l’ennemi un très beau vêtement de Mésopotamie, deux cents pièces d’argent et un demi-kilo d’or. J’en ai eu envie et je les ai pris. Vous les trouverez cachés dans la terre, au milieu de ma tente, et l’argent est dessous. » Alors Josué envoie des hommes à la tente d’Akan. Ils y vont tout de suite et ils trouvent les objets cachés dans la tente, avec l’argent dessous. Ils les sortent de là, puis les apportent à Josué et aux Israélites. Ils placent ces objets devant le SEIGNEUR. Josué et tous les Israélites prennent Akan, fils de Zéra, avec l’argent, le vêtement et le demi-kilo d’or. Ils prennent aussi ses fils et ses filles, ses bœufs, ses ânes, ses moutons et ses chèvres, sa tente et tout ce qu’il possède. Ils les emmènent dans la vallée d’Akor. Josué dit à Akan : « Tu nous as porté malheur , pourquoi ? Eh bien, que le SEIGNEUR te porte malheur aujourd’hui ! » Alors les Israélites le tuent en lui jetant des pierres. Ils détruisent de la même façon sa famille et ce qui lui appartient, puis ils brûlent tout. Ensuite, on élève sur lui un grand tas de pierres qui existe encore aujourd’hui. C’est pourquoi aujourd’hui encore, cet endroit porte le nom de « Vallée d’Akor ». Après cela, la colère du SEIGNEUR se calme.

Jozye 7:5-26 New International Version (NIV)

who killed about thirty-six of them. They chased the Israelites from the city gate as far as the stone quarries and struck them down on the slopes. At this the hearts of the people melted in fear and became like water. Then Joshua tore his clothes and fell facedown to the ground before the ark of the LORD, remaining there till evening. The elders of Israel did the same, and sprinkled dust on their heads. And Joshua said, “Alas, Sovereign LORD, why did you ever bring this people across the Jordan to deliver us into the hands of the Amorites to destroy us? If only we had been content to stay on the other side of the Jordan! Pardon your servant, Lord. What can I say, now that Israel has been routed by its enemies? The Canaanites and the other people of the country will hear about this and they will surround us and wipe out our name from the earth. What then will you do for your own great name?” The LORD said to Joshua, “Stand up! What are you doing down on your face? Israel has sinned; they have violated my covenant, which I commanded them to keep. They have taken some of the devoted things; they have stolen, they have lied, they have put them with their own possessions. That is why the Israelites cannot stand against their enemies; they turn their backs and run because they have been made liable to destruction. I will not be with you anymore unless you destroy whatever among you is devoted to destruction. “Go, consecrate the people. Tell them, ‘Consecrate yourselves in preparation for tomorrow; for this is what the LORD, the God of Israel, says: There are devoted things among you, Israel. You cannot stand against your enemies until you remove them. “ ‘In the morning, present yourselves tribe by tribe. The tribe the LORD chooses shall come forward clan by clan; the clan the LORD chooses shall come forward family by family; and the family the LORD chooses shall come forward man by man. Whoever is caught with the devoted things shall be destroyed by fire, along with all that belongs to him. He has violated the covenant of the LORD and has done an outrageous thing in Israel!’ ” Early the next morning Joshua had Israel come forward by tribes, and Judah was chosen. The clans of Judah came forward, and the Zerahites were chosen. He had the clan of the Zerahites come forward by families, and Zimri was chosen. Joshua had his family come forward man by man, and Achan son of Karmi, the son of Zimri, the son of Zerah, of the tribe of Judah, was chosen. Then Joshua said to Achan, “My son, give glory to the LORD, the God of Israel, and honor him. Tell me what you have done; do not hide it from me.” Achan replied, “It is true! I have sinned against the LORD, the God of Israel. This is what I have done: When I saw in the plunder a beautiful robe from Babylonia, two hundred shekels of silver and a bar of gold weighing fifty shekels, I coveted them and took them. They are hidden in the ground inside my tent, with the silver underneath.” So Joshua sent messengers, and they ran to the tent, and there it was, hidden in his tent, with the silver underneath. They took the things from the tent, brought them to Joshua and all the Israelites and spread them out before the LORD. Then Joshua, together with all Israel, took Achan son of Zerah, the silver, the robe, the gold bar, his sons and daughters, his cattle, donkeys and sheep, his tent and all that he had, to the Valley of Achor. Joshua said, “Why have you brought this trouble on us? The LORD will bring trouble on you today.” Then all Israel stoned him, and after they had stoned the rest, they burned them. Over Achan they heaped up a large pile of rocks, which remains to this day. Then the LORD turned from his fierce anger. Therefore that place has been called the Valley of Achor ever since.

Jozye 7:5-26 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

qui leur tuèrent environ trente-six hommes : ils les poursuivirent depuis la porte de la ville jusqu’à Shebarim et les battirent dans la descente. Alors le peuple atterré perdit tous ses moyens. Josué déchira ses vêtements, il se jeta, la face contre terre, devant le coffre de l’Eternel et resta là jusqu’au soir. Les responsables d’Israël firent de même. Et ils se jetèrent de la poussière sur la tête. Josué s’écria : Ah ! Seigneur Eternel, pourquoi donc as-tu fait traverser le Jourdain à ce peuple, si c’est pour nous livrer aux Amoréens et nous faire périr ? Si seulement nous étions restés de l’autre côté du fleuve ! Maintenant, je te prie, Seigneur, que puis-je dire après qu’Israël a pris la fuite devant ses ennemis ? Les Cananéens et les autres habitants du pays l’apprendront, ils nous encercleront et feront disparaître notre nom de la terre. Comment alors feras-tu reconnaître ta grandeur ? L’Eternel répondit à Josué : Lève-toi ! Pourquoi restes-tu prostré la face contre terre ? Israël a commis un péché. On a transgressé l’alliance que j’avais établie pour eux. On a pris des objets qui m’étaient voués, on en a dérobé, caché et mis dans ses propres affaires. C’est pourquoi les Israélites ne pourront plus résister à leurs ennemis, ils fuiront devant eux car ils sont sous le coup d’une sentence de destruction. Je ne continuerai pas à être avec vous si vous ne détruisez pas ce qui est au milieu de vous. Maintenant, lève-toi, Josué, convoque le peuple et purifie-le. Dis-leur : « Purifiez-vous pour demain, car voici ce que déclare l’Eternel, le Dieu d’Israël ! Vous avez au milieu de vous, Israélites, ce qui m’est voué. Vous ne pourrez pas résister à vos ennemis tant que vous n’aurez pas ôté cela du milieu de vous. Demain matin, vous vous présenterez devant moi, par tribus. Puis la tribu que l’Eternel désignera par le sort se présentera, groupe familial par groupe familial, et le groupe familial que l’Eternel désignera s’avancera famille par famille. Dans la famille que j’aurai désignée, les hommes se présenteront un par un. Celui qui sera désigné comme coupable d’avoir pris ce qui m’était voué sera brûlé avec tout ce qui lui appartient, parce qu’il a transgressé l’alliance de l’Eternel et qu’il a commis une infamie en Israël. » Le lendemain, Josué se leva de bon matin et fit avancer les Israélites tribu par tribu. Et c’est la tribu de Juda qui fut désignée. Il la fit approcher groupe familial par groupe familial, le sort désigna celui de Zérah. Il fit passer les familles du groupe familial de Zérah l’une après l’autre, et c’est la famille de Zabdi qui fut désignée. Il fit avancer cette famille homme par homme, et Akân, fils de Karmi, descendant de Zabdi et de Zérah, de la tribu de Juda, fut désigné par le sort. Josué lui dit : Mon fils, je te prie solennellement, au nom de l’Eternel, le Dieu d’Israël, de l’honorer en m’avouant ce que tu as fait, sans rien me cacher. Akân lui répondit : C’est vrai, j’ai commis une faute envers l’Eternel, le Dieu d’Israël. Voici ce que j’ai fait : J’ai vu dans le butin un magnifique manteau de Babylone, deux cents pièces d’argent et un lingot d’or d’une livre. J’en ai eu fortement envie, alors je m’en suis emparé. Ces objets sont enterrés au milieu de ma tente, et l’argent est en-dessous. Josué envoya des hommes à la tente d’Akân, ils se dépêchèrent d’y aller et retrouvèrent effectivement le manteau enfoui dans la tente et l’argent en-dessous. Ils prirent le tout et l’apportèrent à Josué et à tous les Israélites, puis on le déposa devant l’Eternel. Josué, aidé de tous les Israélites, saisit Akân avec l’argent, le manteau et le lingot d’or, ainsi que ses fils, ses filles, ses bœufs, ses ânes, ses brebis, sa tente, bref, tout ce qui lui appartenait, et ils les menèrent dans la vallée d’Akor. Josué dit à Akân : Pourquoi nous as-tu attiré le malheur  ? Que l’Eternel fasse ton malheur aujourd’hui ! Alors tous les Israélites le lapidèrent. Ils lapidèrent aussi tous les siens et brûlèrent les cadavres. Puis on éleva sur lui un grand tas de pierres qui existe encore aujourd’hui. Après cela, l’Eternel abandonna sa colère. C’est à cette occasion que l’endroit fut appelé vallée d’Akor (vallée du Malheur), nom qui lui est resté jusqu’à ce jour.