Jowèl 3:1-21
Jowèl 3:1-21 1998 Haïtienne (HAT98)
Senyè a di ankò: — Lè sa a, jou sa yo, m'a fè peyi Jida a ak lavil Jerizalèm kanpe ankò. M'a sanble tout nasyon yo, M'a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a. Se la mwen pral jije yo pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa mwen yo. Paske, se yo ki te gaye moun Izrayèl yo nan mitan lòt nasyon yo. Lèfini, yo separe peyi a ant yo. Yo te fè tiraj pou konnen pou ki moun prizonye yo ap ye. Yo t'ap vann ti gason pou jwenn kòb al nan jennès. Yo t'ap vann tifi pou jwenn kòb al nan banbòch, Lèfini, yo bwè jouk yo sou. Nou menm moun lavil Tir ak moun lavil Sidon, sa n'ap chache fè m konsa? Nou menm tou ki rete nan tout zòn peyi Filisti a, se chache n'ap chache fè m peye pou sa m te fè nou? Si nou vle tire revanj nou sou mwen, enben, anvan nou bat je nou, m'ap fè nou peye sa. Nou te pran tout ajan ak tout lò mwen yo, nou pote tout bèl gwo richès mwen yo ale nan tanp nou yo. Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n'al vann yo bay moun peyi Lagrès. Kounyeya, mwen pral fè yo sòti kote nou te vann yo a. Mwen pral fè nou sa nou te fè yo a. Mwen pral vann pitit gason ak pitit fi nou yo. Mwen pral lage yo nan men moun Jida yo. Yo menm, yo pral vann yo bay sabeyen yo ki rete nan yon peyi byen lwen. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa. Mache fè piblikasyon sa a nan mitan tout nasyon yo! Pare nou pou n'al fè lagè pou Bondye! Rele tout vanyan gason yo! Se pou tout sòlda yo leve kanpe! Fè yo mache pran yo! Rache lam chari nou yo fè epe. Pran kouto digo nou yo fè fwenn. Menm moun ki pi kapon yo ap vin brav. Nou menm, tout nasyon ki sou lizyè fontyè peyi a, prese non! Kouri vini! Sanble nan fon an! Senyè, voye vanyan sòlda ou yo al atake yo! Se pou tout nasyon ki sou lizyè fontyè peyi a sanble tout lame yo pou yo vini nan Fon Jijman an, paske se la mwen pral chita pou m jije tout nasyon ki sou lizyè fontyè peyi a. Moun sa yo twò mechan. Koupe tèt yo tankou n'ap koupe pitimi. Kraze yo tankou kann y'ap moulen. Barik ji kann yo plen ap debòde. Foul moun sou foul moun nan Fon Jijman an! Paske jou Senyè a pa lwen rive nan Fon Jijman an. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa. Zetwal yo pa klere nan syèl la. Senyè a rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò. Syèl la ak latè a ap tranble. Men, se Senyè a k'ap pwoteje pèp li a. Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Mwen rete sou mòn Siyon an, mòn ki apa pou mwen an. Jerizalèm va yon vil apa pou Bondye. Moun lòt nasyon yo p'ap ka pran li ankò. Jou sa a, mòn yo pral kouvri ak jaden rezen. Bèf pral sou tout ti mòn yo. Va gen kont dlo nan larivyè peyi Jida yo. Yon sous dlo pral koule sòti nan kay Senyè a. Li pral wouze bafon zakasya yo. Peyi Lejip pral tounen yon savann dezole. Peyi Edon pral tounen yon dezè. Paske, yo te fè moun peyi Jida yo mechanste, yo te touye yon bann inonsan nan peyi yo. Men, m'a pran revanj moun yo te touye yo. Mwen p'ap fè pa moun ki koupab yo. Men, va gen moun rete nan peyi Jida a ak nan lavil Jerizalèm pou tout tan. Epitou, mwen menm, Senyè a, m'a fè mòn Siyon an tounen kay mwen ankò.
Jowèl 3:1-21 New International Version (NIV)
“In those days and at that time, when I restore the fortunes of Judah and Jerusalem, I will gather all nations and bring them down to the Valley of Jehoshaphat. There I will put them on trial for what they did to my inheritance, my people Israel, because they scattered my people among the nations and divided up my land. They cast lots for my people and traded boys for prostitutes; they sold girls for wine to drink. “Now what have you against me, Tyre and Sidon and all you regions of Philistia? Are you repaying me for something I have done? If you are paying me back, I will swiftly and speedily return on your own heads what you have done. For you took my silver and my gold and carried off my finest treasures to your temples. You sold the people of Judah and Jerusalem to the Greeks, that you might send them far from their homeland. “See, I am going to rouse them out of the places to which you sold them, and I will return on your own heads what you have done. I will sell your sons and daughters to the people of Judah, and they will sell them to the Sabeans, a nation far away.” The LORD has spoken. Proclaim this among the nations: Prepare for war! Rouse the warriors! Let all the fighting men draw near and attack. Beat your plowshares into swords and your pruning hooks into spears. Let the weakling say, “I am strong!” Come quickly, all you nations from every side, and assemble there. Bring down your warriors, LORD! “Let the nations be roused; let them advance into the Valley of Jehoshaphat, for there I will sit to judge all the nations on every side. Swing the sickle, for the harvest is ripe. Come, trample the grapes, for the winepress is full and the vats overflow— so great is their wickedness!” Multitudes, multitudes in the valley of decision! For the day of the LORD is near in the valley of decision. The sun and moon will be darkened, and the stars no longer shine. The LORD will roar from Zion and thunder from Jerusalem; the earth and the heavens will tremble. But the LORD will be a refuge for his people, a stronghold for the people of Israel. “Then you will know that I, the LORD your God, dwell in Zion, my holy hill. Jerusalem will be holy; never again will foreigners invade her. “In that day the mountains will drip new wine, and the hills will flow with milk; all the ravines of Judah will run with water. A fountain will flow out of the LORD’s house and will water the valley of acacias. But Egypt will be desolate, Edom a desert waste, because of violence done to the people of Judah, in whose land they shed innocent blood. Judah will be inhabited forever and Jerusalem through all generations. Shall I leave their innocent blood unavenged? No, I will not.”