Jan 2:13-17
Jan 2:13-17 1998 Haïtienne (HAT98)
Fèt Pak jwif yo te vanse rive. Se konsa, Jezi moute Jerizalèm. Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan. Li pran kòd li kòde fè fwèt. Epi li tonbe chase moun yo deyò nan Tanp lan, ak tout mouton yo, tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. Li di moun ki t'ap vann pijon yo: — Demaske nou, fè m' pa wè bagay sa yo la a! Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik. Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen.
Jan 2:13-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
C’est bientôt la fête juive de la Pâque, et Jésus va à Jérusalem. Dans le temple, il trouve des gens qui vendent des bœufs, des moutons et des colombes. Il trouve aussi des gens qui changent de l’argent. Ils sont installés à leurs tables. Alors Jésus fait un fouet avec des cordes. Il chasse du temple tous ces gens-là avec les moutons et les bœufs. Il jette par terre les pièces de ceux qui changent l’argent et il renverse leurs tables. Il dit aux marchands de colombes : « Enlevez cela d’ici ! Ne faites pas de la maison de mon Père une maison de commerce ! » Les disciples de Jésus se rappellent cette phrase des Livres Saints : « Seigneur, j’aime beaucoup ta maison. Cet amour me brûle comme un feu. »
Jan 2:13-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Fèt Pak Jwif yo te prèske rive, kon sa Jezi t al Jerizalèm. Li jwenn nan tanp lan yon bann moun ki t ap vann bèf, mouton ak pijon. Li jwenn lòt moun ki te chita bò tab yo ap chanje lajan tou. Jezi fè yon fwèt ak plizyè kòd. Li te chase yo tout nan tanp lan ansanm avèk mouton yo ak bèf yo. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo. Li jete tout lajan yo atè. Epi li di moun ki t ap vann pijon yo: “Wete bagay sa yo isit la. Nou pa dwe fè kay Papa m nan tounen yon mache pou moun ap vann epi pou y ap achte.” Disip li yo sonje sa k te ekri sou li nan Bib la
Jan 2:13-17 New International Version (NIV)
When it was almost time for the Jewish Passover, Jesus went up to Jerusalem. In the temple courts he found people selling cattle, sheep and doves, and others sitting at tables exchanging money. So he made a whip out of cords, and drove all from the temple courts, both sheep and cattle; he scattered the coins of the money changers and overturned their tables. To those who sold doves he said, “Get these out of here! Stop turning my Father’s house into a market!” His disciples remembered that it is written: “Zeal for your house will consume me.”
Jan 2:13-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Le jour où les Juifs célèbrent la fête de la Pâque était proche et Jésus se rendit à Jérusalem. Il trouva, dans la cour du Temple, des marchands de bœufs, de brebis et de pigeons, ainsi que des changeurs d’argent, installés à leurs comptoirs. Alors il prit des cordes, en fit un fouet, et les chassa tous de l’enceinte sacrée avec les brebis et les bœufs ; il jeta par terre l’argent des changeurs et renversa leurs comptoirs, puis il dit aux marchands de pigeons : Otez cela d’ici ! C’est la maison de mon Père. N’en faites pas une maison de commerce. Les disciples se souvinrent alors de ce passage de l’Ecriture : L’amour que j’ai pour ta maison, ô Dieu, est en moi un feu qui me consume .