Jan 2:1-25
Jan 2:1-25 1998 Haïtienne (HAT98)
De jou apre sa, te gen yon maryaj lavil Kana nan peyi Galile. Manman Jezi te la, yo te envite Jezi ak disip li yo nan nòs la tou. Rive yon lè, pa te gen diven ankò. Manman Jezi di li konsa: — Diven moun yo fini wi. Men Jezi reponn li: — Nan kisa mwen ye avè ou, madanm? Lè pa m lan poko rive. Lè sa a, manman Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: — Fè tou sa l di nou fè. Te gen sis gwo ja fèt an wòch ki te sèvi pou jwif yo lave kò yo dapre koutim yo. Yo te gwo ase pou chak te kenbe ven trant galon konsa. Jezi di moun ki t'ap sèvi yo: — Plen ja yo dlo. Yo plen yo ra bouch. Lè yo fini, Jezi di yo: — Pran ti gout nan dlo sa a, pote bay chèf kanbiz la goute. Yo pote ti gout bay chèf kanbiz la. Chèf kanbiz la goute dlo ki te tounen diven an. Li pat konnen ki bò diven sa a te sòti. (Men, domestik yo ki te pran dlo a te konnen.) Li rele nonm ki t'ap marye a, li di li konsa: — Tout moun sèvi pi bon diven an anvan. Se apre tout envite yo fin sou, se lè sa a yo sèvi diven ki pa twò bon an. Men ou menm, ou te sere pi bon diven an. Se kounyeya w'ap sèvi l. Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li. Apre sa, l'ale lavil Kapènawòm ansanm ak manman l, frè l yo ak disip li yo. Yo pase de twa jou la. Fèt Pak jwif yo te vanse rive. Se konsa, Jezi moute Jerizalèm. Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan. Li pran kòd li kòde fè fwèt. Epi li tonbe chase moun yo deyò nan Tanp lan, ak tout mouton yo, tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje lajan yo, li jete tout kòb yo atè. Li di moun ki t'ap vann pijon yo: — Demaske nou, fè m' pa wè bagay sa yo la a! Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik. Disip li yo vin chonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Jwif yo mande li: — Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gendwa fè sa w'ap fè la a? Jezi reponn yo: — Kraze tanp sa a kounyeya. Nan twa jou m'ap rebati l ban nou. Jwif yo di li: — Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta pran twa sèl jou pou rebati li? Men Jezi li menm, lè l t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li. Lè Jezi leve sòti vivan nan lanmò, disip li yo vin chonje li te di sa. Se konsa yo te kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo. Pandan Jezi te Jerizalèm pou fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li lè yo te wè mirak li t'ap fè. Men, Jezi pat fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen. Li pat bezwen moun te di l anyen sou pèsonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.
Jan 2:1-25 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Le troisième jour, il y a un mariage dans le village de Cana, en Galilée. La mère de Jésus est là. On a aussi invité Jésus et ses disciples au mariage. À un moment, il n’y a plus de vin. Alors la mère de Jésus lui dit : « Les gens n’ont plus de vin. » Jésus lui répond : « Mère, qu’est-ce que tu me veux ? Ce n’est pas encore le moment pour moi. » La mère de Jésus dit aux serviteurs : « Faites tout ce qu’il vous dira. » Il y a là six grands récipients de pierre. Les Juifs se servent de l’eau qu’ils contiennent pour se rendre purs selon leur coutume. Dans chaque récipient, on peut mettre une centaine de litres. Jésus dit aux serviteurs : « Remplissez ces récipients avec de l’eau. » Les serviteurs les remplissent jusqu’au bord. Jésus leur dit : « Maintenant, prenez de cette eau et apportez-la au responsable du repas. » Les serviteurs lui en portent. Le responsable du repas goûte l’eau, qui est devenue du vin. Il ne sait pas où on a pris ce vin. Mais les serviteurs qui ont pris de l’eau dans les récipients le savent. Alors le responsable du repas appelle le marié et il lui dit : « Tout le monde sert d’abord le bon vin. Et quand les invités ont beaucoup bu, on sert du vin moins bon. Mais toi, tu as gardé le bon vin jusqu’à maintenant ! » C’est le premier signe étonnant que Jésus fait. Cela se passe à Cana, en Galilée. Jésus montre ainsi sa gloire, et ses disciples croient en lui. Ensuite il va à Capernaüm, avec sa mère, ses frères et ses disciples. Ils y restent seulement quelques jours. C’est bientôt la fête juive de la Pâque, et Jésus va à Jérusalem. Dans le temple, il trouve des gens qui vendent des bœufs, des moutons et des colombes. Il trouve aussi des gens qui changent de l’argent. Ils sont installés à leurs tables. Alors Jésus fait un fouet avec des cordes. Il chasse du temple tous ces gens-là avec les moutons et les bœufs. Il jette par terre les pièces de ceux qui changent l’argent et il renverse leurs tables. Il dit aux marchands de colombes : « Enlevez cela d’ici ! Ne faites pas de la maison de mon Père une maison de commerce ! » Les disciples de Jésus se rappellent cette phrase des Livres Saints : « Seigneur, j’aime beaucoup ta maison. Cet amour me brûle comme un feu. » Alors des chefs juifs disent à Jésus : « Fais un signe extraordinaire devant nous. Ainsi tu nous prouveras que tu as le droit de faire cela. » Jésus leur répond : « Détruisez ce temple, et en trois jours, je le remettrai debout. » Ils lui disent : « On a mis 46 ans pour construire ce temple, et toi, en trois jours, tu vas le remettre debout ! » Mais quand Jésus parlait du temple, il parlait de son corps. C’est pourquoi, quand Jésus se réveillera du milieu des morts, ses disciples se souviendront qu’il a dit cela. Alors ils croiront à ce que disent les Livres Saints et aux paroles de Jésus. Pendant la fête de la Pâque, Jésus est à Jérusalem. Quand les gens voient les signes étonnants qu’il fait, beaucoup croient en lui. Mais Jésus n’a pas confiance en eux, parce qu’il les connaît tous. Il n’a pas besoin qu’on le renseigne sur les gens. Lui, il sait ce qu’il y a dans le cœur humain.
Jan 2:1-25 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Apre de jou, te gen yon maryaj nan ti vil yo rele Kana a, nan teritwa Galile. Manman Jezi te la. Yo te envite Jezi ak disip li yo nan maryaj la tou. Pandan fèt la, diven an vin fin i. Manman Jezi di l konsa: “Yo pa gen diven ankò non.” Jezi reponn: “Chè madam, pou kisa ou di m sa? Lè m poko rive.” Manman l di moun ki t ap sèvi yo: “Fè sa l di nou fè.” Te gen sis gwo ja an wòch ki te la, Jwif yo te konn itilize yo pou mete dlo pou seremoni pirifikasyon yo. Chak ja te kapab kenbe 20 pou rive 30 galon konsa. Jezi di moun ki t ap sèvi yo: “Plen ja yo dlo.” Yo te plen yo dlo ra bouch. Lè l fin i, li di yo: “Pran tigout nan dlo a pote bay responsab fèt la.” Yo te fè sa l te di yo fè a. Epi, responsab fèt la goute dlo ki te tounen diven an. Li pa t konnen ki kote li soti, men sèvitè yo ki te pote dlo a te konnen. Apre sa, responsab la rele mesye marye a. Li di l: “Nòmalman tout moun toujou sèvi pi bon diven an anvan. Pita, lè tout envite yo fin sou, yo sèvi diven ki pa twò chè a. Men, ou menm, ou kite bon diven an epi se kounye a ou ap sèvi li.” Se te premye mirak Jezi te fè. Sa te pase nan Kana, yon ti vil, nan teritwa Galile. Konsa, Jezi te montre grandè li epi disip li yo kwè nan li. Apre sa Jezi ale lavil Kapènawòm. Manman li, frè li yo ak disip li yo te ale avèk li. Epi yo te pase de twa jou la. Fèt Pak Jwif yo te prèske rive, kon sa Jezi t al Jerizalèm. Li jwenn nan tanp lan yon bann moun ki t ap vann bèf, mouton ak pijon. Li jwenn lòt moun ki te chita bò tab yo ap chanje lajan tou. Jezi fè yon fwèt ak plizyè kòd. Li te chase yo tout nan tanp lan ansanm avèk mouton yo ak bèf yo. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo. Li jete tout lajan yo atè. Epi li di moun ki t ap vann pijon yo: “Wete bagay sa yo isit la. Nou pa dwe fè kay Papa m nan tounen yon mache pou moun ap vann epi pou y ap achte.” Disip li yo sonje sa k te ekri sou li nan Bib la: “Lamou m genyen pou tanp ou a ap boule nan mwen tankou yon dife.” Jwif yo te reponn li konsa: “Fè yon mirak kòm yon siy ki soti nan Bondye. Ban nou prèv ou gen dwa fè bagay sa yo.” Jezi reponn yo: “Detwi tanp sa a, epi m ap rebati l nan twa jou.” Jwif yo reponn li: “tanp sa a pran karannsizan (46) pou yo bati l, epi ou menm, nan twa jou ou ap rebati l!” Men, tanp Jezi t ap pale a, se te pwòp kò li. Lè Jezi resisite, disip yo sonje li te di sa. Yo te kwè nan sa ki te ekri nan Bib la epi nan pawòl Jezi te di yo. Pandan Jezi te lavil Jerizalèm, nan fèt Pak la, anpil moun te kwè nan li, paske yo te wè mirak li t ap fè yo. Men Jezi pa t fè yo konfyans, paske li te konnen ki moun yo ye. Li pa t bezwen pèsonn di l kijan lòm ye. Li menm li te konnen sa ki nan lòm.
Jan 2:1-25 New International Version (NIV)
On the third day a wedding took place at Cana in Galilee. Jesus’ mother was there, and Jesus and his disciples had also been invited to the wedding. When the wine was gone, Jesus’ mother said to him, “They have no more wine.” “Woman, why do you involve me?” Jesus replied. “My hour has not yet come.” His mother said to the servants, “Do whatever he tells you.” Nearby stood six stone water jars, the kind used by the Jews for ceremonial washing, each holding from twenty to thirty gallons. Jesus said to the servants, “Fill the jars with water”; so they filled them to the brim. Then he told them, “Now draw some out and take it to the master of the banquet.” They did so, and the master of the banquet tasted the water that had been turned into wine. He did not realize where it had come from, though the servants who had drawn the water knew. Then he called the bridegroom aside and said, “Everyone brings out the choice wine first and then the cheaper wine after the guests have had too much to drink; but you have saved the best till now.” What Jesus did here in Cana of Galilee was the first of the signs through which he revealed his glory; and his disciples believed in him. After this he went down to Capernaum with his mother and brothers and his disciples. There they stayed for a few days. When it was almost time for the Jewish Passover, Jesus went up to Jerusalem. In the temple courts he found people selling cattle, sheep and doves, and others sitting at tables exchanging money. So he made a whip out of cords, and drove all from the temple courts, both sheep and cattle; he scattered the coins of the money changers and overturned their tables. To those who sold doves he said, “Get these out of here! Stop turning my Father’s house into a market!” His disciples remembered that it is written: “Zeal for your house will consume me.” The Jews then responded to him, “What sign can you show us to prove your authority to do all this?” Jesus answered them, “Destroy this temple, and I will raise it again in three days.” They replied, “It has taken forty-six years to build this temple, and you are going to raise it in three days?” But the temple he had spoken of was his body. After he was raised from the dead, his disciples recalled what he had said. Then they believed the scripture and the words that Jesus had spoken. Now while he was in Jerusalem at the Passover Festival, many people saw the signs he was performing and believed in his name. But Jesus would not entrust himself to them, for he knew all people. He did not need any testimony about mankind, for he knew what was in each person.
Jan 2:1-25 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Deux jours plus tard, on célébrait des noces à Cana, en Galilée. La mère de Jésus y assistait. Jésus avait aussi été invité au mariage avec ses disciples. Or voilà que le vin se mit à manquer. La mère de Jésus lui fit remarquer : Ils n’ont plus de vin. – Ecoute, lui répondit Jésus, est-ce toi ou moi que cette affaire concerne? Mon heure n’est pas encore venue. Sa mère dit aux serviteurs : Faites tout ce qu’il vous dira. Il y avait là six jarres de pierre que les Juifs utilisaient pour leurs ablutions rituelles. Chacune d’elles pouvait contenir entre quatre-vingts et cent vingt litres. Jésus dit aux serviteurs : Remplissez d’eau ces jarres. Ils les remplirent jusqu’au bord. – Maintenant, leur dit-il, prenez-en un peu et allez l’apporter à l’ordonnateur du repas. Ce qu’ils firent. L’ordonnateur du repas goûta l’eau qui avait été changée en vin. Il ne savait pas d’où venait ce vin, alors que les serviteurs le savaient, puisqu’ils avaient puisé l’eau. Aussitôt il fit appeler le marié et lui dit : En général, on sert d’abord le bon vin, et quand les gens sont ivres, on leur donne de l’ordinaire. Mais toi, tu as réservé le bon jusqu’à maintenant ! C’est là le premier des signes miraculeux que fit Jésus. Cela se passa à Cana en Galilée. Il révéla ainsi sa gloire, et ses disciples crurent en lui. Après cela, Jésus descendit à Capernaüm avec sa mère, ses frères et ses disciples ; mais ils n’y restèrent que quelques jours. Le jour où les Juifs célèbrent la fête de la Pâque était proche et Jésus se rendit à Jérusalem. Il trouva, dans la cour du Temple, des marchands de bœufs, de brebis et de pigeons, ainsi que des changeurs d’argent, installés à leurs comptoirs. Alors il prit des cordes, en fit un fouet, et les chassa tous de l’enceinte sacrée avec les brebis et les bœufs ; il jeta par terre l’argent des changeurs et renversa leurs comptoirs, puis il dit aux marchands de pigeons : Otez cela d’ici ! C’est la maison de mon Père. N’en faites pas une maison de commerce. Les disciples se souvinrent alors de ce passage de l’Ecriture : L’amour que j’ai pour ta maison, ô Dieu, est en moi un feu qui me consume . Là-dessus, les gens lui dirent : Quel signe miraculeux peux-tu nous montrer pour prouver que tu as le droit d’agir ainsi ? – Démolissez ce temple, leur répondit Jésus, et en trois jours, je le relèverai. – Comment ? répondirent-ils. Il a fallu quarante-six ans pour reconstruire le Temple, et toi, tu serais capable de le relever en trois jours ! Mais en parlant du « temple », Jésus faisait allusion à son propre corps. Plus tard, lorsque Jésus fut ressuscité, ses disciples se souvinrent qu’il avait dit cela, et ils crurent à l’Ecriture et à la parole que Jésus avait dite. Pendant que Jésus séjournait à Jérusalem pour la fête de la Pâque, beaucoup de gens crurent en lui en voyant les signes miraculeux qu’il accomplissait. Mais Jésus ne se fiait pas à eux, car il les connaissait tous très bien. En effet, il n’avait pas besoin qu’on le renseigne sur les hommes car il connaissait le fond de leur cœur.