Jan 18:1-40
Jan 18:1-40 1998 Haïtienne (HAT98)
Lè Jezi fin pale konsa, li pati avèk disip li yo, l'al lòt bò ti ravin Sedwon an. Te gen yon jaden la. Jezi antre nan jaden an avèk disip li yo. Jida, nonm ki te gen pou trayi l la, te konnen ti kote sa a tou paske Jezi te konn vin la anpil fwa ak disip li yo. Se konsa, Jida al nan jaden an. Li te gen yon kolonn sòlda ansanm ak kèk gad avè li. Se chèf prèt yo ak gwoup farizyen yo ki te voye yo avè li. Yo tout te gen zam, yo te pote fannal ak gwo chandèl tou limen. Jezi menm ki te konnen sa ki te pou rive l la, mache sou yo, li mande yo: — Ki moun n'ap chache? Yo reponn li: — Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi di yo: — Se mwen. Jida, nonm ki t'ap trayi l la, te la avèk yo. Lè Jezi di yo: Se mwen, yo renka kò yo dèyè, yo tonbe atè. Lè sa a, Jezi mande yo ankò: — Ki moun n'ap chache? Yo di l: — Jezi, nonm Nazarèt la. Jezi reponn yo: — Mwen pa deja di nou se mwen menm. Si se mwen n'ap chache, kite lòt mesye sa yo al fè wout yo. Se konsa pawòl li te di a rive vre: Nan tout moun ou te ban mwen yo, Papa, yonn menm pa pèdi. Simon Pyè te gen yon nepe sou li, li rale l, li frape domestik granprèt la, li sote zòrèy dwat li. (Yo te rele domestik la Malkis.) Men, Jezi di Pyè konsa: — Mete nepe ou la nan djenn li. Eske se pa pou m bwè gode soufrans Papa a ban m bwè a? Kolonn sòlda yo, kòmandan an ansanm ak gad jwif yo mete men sou Jezi, yo mare li. Premye kote yo mennen l, se kay Àn. Àn te bòpè Kayif ki te granprèt pou lanne a. Se Kayif sa a ki te bay jwif yo konsèy sa a: Li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou tout pèp la! Simon Pyè te swiv Jezi ansanm ak yon lòt disip. Disip sa a te yon konesans granprèt la. Se konsa li te antre anmenmtan ak Jezi nan lakou granprèt la. Pyè menm te rete deyò, bò pòt la. Lè sa a, lòt disip la, ki te yon konesans granprèt la, sòti deyò, li pale ak fanm ki t'ap veye pòt la, li fè Pyè antre. Sèvant ki t'ap veye pòt la di Pyè konsa: — Ou menm tou, ou se yonn nan disip nonm sa a. Pyè reponn li: — Non. Mwen pa disip nonm sa a. Domestik yo ak gad yo te limen dife, yo tout te kanpe bò dife a, yo t'ap chofe kò yo paske te fè frèt. Pyè te kanpe la avèk yo, li t'ap chofe kò l tou. Granprèt la poze Jezi kèsyon sou disip li yo ak sou sa l t'ap moutre yo. Jezi reponn li: — Mwen te pale an piblik pou tout moun tande. Se nan sinagòg yo ak nan tanp lan, kote tout jwif yo sanble, se la mwen toujou moutre sa pou m te moutre a. Mwen pa janm di anyen an kachèt. Poukisa w'ap kèsyonnen m konsa? Mande moun ki te tande m yo sa m te di yo. Yo menm yo konnen sa m te di. Antan Jezi t'ap di pawòl sa yo, yon gad ki te kanpe la bò kote l ba l yon souflèt. Li di li: — Se konsa w'ap reponn granprèt la? Jezi reponn li: — Si m pale mal, moutre moun yo sa m di ki mal la a. Men, si m pale byen, poukisa ou frape mwen? Apre sa, Àn voye Jezi tou mare ale lakay Kayif, granprèt la. Pandan tout tan sa a, Simon Pyè te kanpe la ap chofe dife. Yo di li: — Ou menm tou, ou se yon disip nonm sa a. Men, Pyè demanti sa, li di: — Non. Mwen pa disip nonm sa a. Yonn nan domestik granprèt la ki te fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy la, di konsa: — Eske mwen pat wè ou nan jaden an avè li? Pyè di ankò se pa vre. Lamenm yon kòk chante. Apre sa, sòti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pat antre nan palè a. Yo pat vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan. Se poutèt sa, Pilat, gouvènè a, te blije sòti vin jwenn yo deyò a. Li mande yo: — Kisa nou di nonm sa a fè? Yo reponn li: — Si nonm sa a pat yon malfektè, nou pa ta mennen l ba ou. Pilat di yo: — Poukisa nou pa pran l nou menm, pou nou jije l dapre lalwa nou? Jwif yo reponn li: — Nou pa gendwa touye pèsonn. Se konsa pawòl Jezi te di lè l t'ap fè konnen jan l ta pral mouri a, ta pral rive vre. Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: — Eske se wa jwif yo ou ye? Jezi reponn li: — Eske ou di sa paske ou fè lide sa a ou menm, osinon eske se lòt moun ki di ou sa? Pilat reponn li: — Eske se jwif mwen ye, mwen menm? Se pwòp moun peyi ou ansanm ak chèf prèt yo ki mennen ou ban mwen? Kisa ou fè? Jezi reponn: — Nan peyi kote m wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Lè sa a, Pilat di li: — Si se konsa, ou se wa vre? Jezi reponn li: — Se ou ki di li. Wi, se wa mwen ye. Mwen fèt pou m di verite a jan li ye a. Wi, se pou sa menm mwen vin sou latè. Tout moun ki patizan laverite ap koute vwa mwen. Pilat reponn li: — Laverite? Kisa l ye? Lè l fin di sa, Pilat sòti ankò, l'al jwenn jwif yo. Li di yo: — Mwen pa wè rezon pou m kondannen nonm sa a. Dapre koutim nou, mwen toujou lage yon prizonye ban nou pou chak fèt Pak. Eske nou vle m'lage wa jwif yo ban nou. Lè sa a, yo tout pran rele: — Non, nou pa vle li. Se Barabas pou lage ban nou! Barabas sa a, se te yon ansasen granchemen.
Jan 18:1-40 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Après que Jésus a dit cela, il part avec ses disciples, de l’autre côté du torrent du Cédron. Là, il y a un jardin où il entre avec ses disciples. Judas, celui qui va livrer Jésus, connaît cet endroit. En effet, Jésus est souvent venu là avec ses disciples. Judas conduit une troupe de soldats et des gardes du temple. Ils viennent de la part des chefs des prêtres et des Pharisiens. Ils arrivent dans le jardin avec des torches, des lampes et des armes. Jésus sait tout ce qui va lui arriver. Il s’avance et leur demande : « Qui cherchez-vous ? » Les soldats lui répondent : « Jésus de Nazareth. » Il leur dit : « C’est moi. » Avec les soldats, il y a aussi Judas, celui qui livre Jésus. Au moment où Jésus leur dit : « C’est moi », les soldats reculent et tombent par terre. Il leur demande une deuxième fois : « Qui cherchez-vous ? » Ils lui disent : « Jésus de Nazareth. » Jésus leur répond : « Je vous l’ai dit, c’est moi. Si c’est moi que vous cherchez, laissez partir ceux-là ! » De cette façon, ce que Jésus a annoncé se réalise : « Père, je n’ai perdu aucun de ceux que tu m’as donnés. » Simon-Pierre porte une épée. Il la sort de son étui, il frappe le serviteur du grand-prêtre et lui coupe l’oreille droite. Ce serviteur s’appelle Malkus. Mais Jésus dit à Pierre : « Remets ton épée dans son étui. La coupe de souffrance que le Père m’a donnée, est-ce que je ne vais pas la boire ? » Alors, la troupe des soldats, leur commandant et les gardes des chefs juifs arrêtent Jésus et ils l’attachent avec des cordes. Ils emmènent d’abord Jésus chez Hanne . Hanne est le beau-père de Caïphe, et cette année-là, Caïphe est le grand-prêtre. C’est Caïphe qui a donné ce conseil aux chefs juifs : « Il vaut mieux qu’un seul homme meure pour le peuple. » Simon-Pierre et un autre disciple suivent Jésus. Le grand-prêtre connaît cet autre disciple, c’est pourquoi celui-ci entre avec Jésus dans la cour du grand-prêtre. Mais Pierre reste dehors, près de la porte. Alors l’autre disciple, celui que le grand-prêtre connaît, sort de la cour. Il parle à la femme qui garde la porte et il fait entrer Pierre. La servante qui garde la porte dit à Pierre : « Tu es bien un des disciples de cet homme, toi aussi ? » Pierre lui répond : « Non. Pas du tout ! » Il fait froid, les serviteurs et les gardes du temple ont allumé un feu. Ils sont là et ils se chauffent. Pierre est avec eux et il se chauffe aussi. Le grand-prêtre pose des questions à Jésus sur ses disciples et sur ce qu’il enseigne. Jésus lui répond : « J’ai parlé à tout le monde en public. J’ai toujours enseigné dans les maisons de prière et dans le temple, là où tous les Juifs se rassemblent. Je n’ai rien dit en secret. Pourquoi est-ce que tu m’interroges ? Ce que j’ai dit, demande-le à ceux qui m’ont écouté. Ils savent bien ce que j’ai dit. » Quand Jésus dit cela, un des gardes du temple qui est là lui donne une gifle. Il lui dit : « C’est de cette façon que tu réponds au grand-prêtre ? » Jésus dit au garde : « Si j’ai mal parlé, montre ce que j’ai dit de mal. Mais si j’ai bien parlé, pourquoi est-ce que tu me frappes ? » Alors Hanne envoie Jésus chez Caïphe, le grand-prêtre. Jésus reste attaché. Pendant ce temps, Simon-Pierre reste dans la cour, il se chauffe. On lui dit : « Tu es bien un des disciples de cet homme, toi aussi ? » Pierre répond : « Non, ce n’est pas vrai ! » Il y a là un serviteur du grand-prêtre. C’est à quelqu’un de sa famille que Pierre a coupé l’oreille. Ce serviteur dit à Pierre : « C’est bien toi que j’ai vu avec Jésus dans le jardin ? » Mais Pierre dit encore une fois : « Non, ce n’est pas moi ! » Et au même moment, un coq se met à chanter. Ensuite, les soldats emmènent Jésus de chez Caïphe au palais du gouverneur romain. C’est le matin très tôt. Les chefs juifs n’entrent pas dans le palais. Ils veulent rester purs et pouvoir manger le repas de la Pâque. C’est pourquoi le gouverneur Pilate sort du palais. Il vient les trouver et il leur demande : « De quoi accusez-vous cet homme ? » Les chefs lui répondent : « Si nous t’avons livré cet homme, c’est qu’il a fait du mal. » Alors Pilate leur dit : « Prenez-le vous-mêmes et jugez-le d’après votre loi. » Ils lui répondent : « Nous n’avons pas l’autorisation de faire mourir quelqu’un. » De cette façon, la parole que Jésus a dite peut se réaliser. En effet, il a déjà indiqué de quelle mort il allait mourir. Pilate rentre donc dans le palais. Il fait venir Jésus et lui dit : « Est-ce que tu es le roi des Juifs ? » Jésus lui répond : « Pourquoi est-ce que tu demandes cela ? Est-ce que tu as pensé à cela toi-même, ou est-ce que d’autres te l’ont dit de moi ? » Pilate lui dit : « Est-ce que je suis juif, moi ? Les gens de ton peuple et les chefs des prêtres t’ont livré à moi. Qu’est-ce que tu as fait ? » Jésus lui répond : « Mon royaume n’appartient pas à ce monde. Si mon royaume appartenait à ce monde, j’aurais des gens sous mes ordres. Ils auraient lutté pour qu’on ne me livre pas aux chefs juifs. Mais non, mon royaume n’est pas d’ici. » Pilate lui demande : « Donc, tu es roi ? » Jésus lui répond : « C’est toi qui le dis. Moi, je suis né et je suis venu dans le monde pour rendre témoignage à la vérité. Tous ceux qui appartiennent à la vérité écoutent mes paroles. » Pilate dit à Jésus : « Qu’est-ce que la vérité ? » Après que Pilate a dit ces mots, il sort de nouveau du palais. Il va trouver ceux qui accusent Jésus et leur dit : « Moi, je ne trouve aucune raison de condamner cet homme. Votre coutume veut que je vous libère un prisonnier pour la fête de la Pâque. Est-ce que vous voulez que je vous libère le roi des Juifs ? » Alors ils se mettent à crier : « Non ! Pas celui-là, mais Barabbas ! » Pourtant, ce Barabbas est un bandit.
Jan 18:1-40 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Lè Jezi fin pale konsa, li ale ansanm ak disip li yo lòtbò ravin ki rele Sedwon an. Te gen yon jaden la, li antre ak disip li yo ladan l. Men, Jida ki t ap trayi l la te konnen jaden sa a, paske Jezi te konn reyini la avèk disip li yo. Li mache alatèt ploton sòlda women yo ak gad tanp lan, chèf prèt yo ak Farizyen yo te voye vin arete Jezi. Yo antre nan jaden an ak dife, lanp epi ak zam. Poutèt Jezi te konnen tout sa k te gen pou rive, li avanse sou yo epi l mande yo: “Kimoun n ap chache?” Yo reponn li: “Jezi, moun Nazarèt la.” Li di yo: “Se mwen menm.” Jida ki t ap trayi l la te avèk yo. Kou Jezi di yo: “Se mwen menm,” yo fè bak epi yo tonbe atè. Jezi mande yo ankò: “Ki moun n ap chache?” Yo reponn: “Jezi, moun Nazarèt la.” Jezi reponn yo: “Mwen di nou se mwen. Si se mwen n ap chache, kite moun sa yo ale.” Se kon sa pawòl Jezi te di a te dwe akonpli: “Mwen pa pèdi okenn nan sa ou te ban mwen yo.” Lè sa a, Simon Pyè te gen yon nepe, li rale l, li fè yon kou sou sèvitè Chèf prèt la, zòrèy dwat la koupe. Sèvitè sa a te rele Malkis. Men, Jezi di Pyè: “Mete nepe a nan fouwo l tande! Èske m pa dwe pran mezi soufrans Papa a ban mwen an?” Ploton sòlda yo, kòmandan an ak gad tanp lan mete men sou Jezi, yo mare l byen mare. Premye kote yo mennen l se lakay Àn. Àn se te bòpè Chèf prèt la ki te rele Kayif nan lane sa a. Se te menm Kayif sa a ki te bay Jwif yo konsèy la, lè l te di: “Gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la.” Simon Pyè ak yon lòt disip te swiv Jezi. Poutèt lòt disip sa a se te yon moun Chèf prèt la te konnen, li te antre avèk Jezi nan lakou Chèf prèt la. Pyè li menm te rete deyò, toupre baryè a. Lòt disip la, sa Chèf prèt la te konnen an, soti, epi li pale ak fanm ki t ap veye baryè a epi li fè Pyè antre. Sèvant sa a ki t ap veye baryè a di Pyè konsa: “Èske ou menm tou ou pa youn nan disip nonm sa a?” Pyè reponn: “Mwen pa disip nonm sa a.” Tout sèvitè yo ansanm ak gad tanp lan te fè yon dife ak bwa, paske l te fè frèt, yo t ap chofe kò yo. Pyè te kanpe bò kote mesye yo ap chofe kò l tou. Chèf prèt la kòmanse poze Jezi kesyon sou disip li yo epi sou sa li te konn anseye moun. Jezi reponn: “Mwen te pale an piblik ak lemonn, mwen toujou anseye nan Sinagòg yo epi nan tanp lan kote tout Jwif yo konn rasanble, mwen pa di anyen ankachèt. Pou kisa se mwen ou poze kesyon? Mande moun ki konn koute m yo sa m konn di. Yo konnen byen sa m konn di.” Lè Jezi di sa, youn nan gad yo bay Jezi yon bèl kalòt, epi li di l: “Se kon sa ou ap reponn Chèf prèt la?” Jezi reponn li: “Si m mal pale, montre sa m di ki mal; men si m byen pale, pou kisa ou ap ban m kou?” Apre sa, Àn voye Jezi byen mare bay Kayif, Chèf prèt la. Men, Simon Pyè te toujou kanpe la ap chofe kò l. Yon moun di l konsa: “Èske ou menm ou pa ta youn nan disip li yo?” Pyè nye sa, li di: “Mwen pa disip mesye a!” Youn nan sèvitè Chèf prèt la, yon fanmi nonm Pyè te koupe zòrèy li a, di l konsa: “Èske m pa t wè w nan jaden an ak li?” Pyè nye sa yon lòt fwa ankò, epi menm lè a, yon kòk chante. Lè sa a, yo mennen Jezi soti lakay Kayif ale nan katye jeneral gouvènè a. Li te fenk ap fè jou. Moun ki te mennen l yo pa t antre nan katye jeneral gouvènè a. Si yo te antre yo pa t ap pwòp pou manje nan manje fèt Pak la. Pilat soti vin jwenn yo deyò epi li di yo: “Ki sa nonm sa a fè ki mal?” Yo reponn li: “Si nonm nan pa t fè sa ki mal, nou pa t ap arete l mennen ba ou.” Lè sa a, Pilat di yo: “Enben, pran l, jije l nou menm dapre lwa pa nou.” Jwif yo di l konsa: “Men gouvènman women an pa pèmèt nou touye pèsonn kòm chatiman.” Se kon sa pawòl Jezi sou fason l te dwe mouri a te gen pou l akonpli. Pilat antre ankò nan palè a. Li rele Jezi epi li di l: “Èske ou se wa Jwif yo?” Jezi di l konsa: “Èske ou panse poze m kesyon sa a ou menm oubyen se moun ki di w sa de mwen?” Pilat reponn: “Èske mwen se Jwif, mwen menm? Moun pwòp ras ou yo, Chèf alatèt prèt yo arete w voye ban mwen! Ki sa w fè?” Jezi reponn li: “Se pa lemonn ki te ban m otorite pou m wa. Si se te lemonn ki te ban m otorite pou m wa, moun pa m yo ta batay pou Jwif yo pa t mete men sou mwen. Men, sa klè, otorite m kòm wa pa soti isiba.” Lè sa a, Pilat di li: “Ki fè, se wa ou ye?” Jezi reponn li: “Se ou ki di mwen se wa?” Mwen fèt epi mwen vini nan lemonn pou m pale pou verite a. Nenpòt moun ki moun verite a koute sa m ap di. Pilat di l konsa: “Ki sa verite a ye?” Apre sa, li soti deyò ankò al jwenn Jwif yo, li di yo: “Pou mwen menm, mwen pa jwenn okenn bagay li fè ki mal. Men, poutèt chak fèt Pak nou abitye lage yon prizonye pou nou, èske nou vle m lage wa Jwif yo?” Lè sa a, yo pran kriye konsa: “Pa li menm. Ban nou Barabas!” Barabas la se te yon revolisyonè.
Jan 18:1-40 New International Version (NIV)
When he had finished praying, Jesus left with his disciples and crossed the Kidron Valley. On the other side there was a garden, and he and his disciples went into it. Now Judas, who betrayed him, knew the place, because Jesus had often met there with his disciples. So Judas came to the garden, guiding a detachment of soldiers and some officials from the chief priests and the Pharisees. They were carrying torches, lanterns and weapons. Jesus, knowing all that was going to happen to him, went out and asked them, “Who is it you want?” “Jesus of Nazareth,” they replied. “I am he,” Jesus said. (And Judas the traitor was standing there with them.) When Jesus said, “I am he,” they drew back and fell to the ground. Again he asked them, “Who is it you want?” “Jesus of Nazareth,” they said. Jesus answered, “I told you that I am he. If you are looking for me, then let these men go.” This happened so that the words he had spoken would be fulfilled: “I have not lost one of those you gave me.” Then Simon Peter, who had a sword, drew it and struck the high priest’s servant, cutting off his right ear. (The servant’s name was Malchus.) Jesus commanded Peter, “Put your sword away! Shall I not drink the cup the Father has given me?” Then the detachment of soldiers with its commander and the Jewish officials arrested Jesus. They bound him and brought him first to Annas, who was the father-in-law of Caiaphas, the high priest that year. Caiaphas was the one who had advised the Jewish leaders that it would be good if one man died for the people. Simon Peter and another disciple were following Jesus. Because this disciple was known to the high priest, he went with Jesus into the high priest’s courtyard, but Peter had to wait outside at the door. The other disciple, who was known to the high priest, came back, spoke to the servant girl on duty there and brought Peter in. “You aren’t one of this man’s disciples too, are you?” she asked Peter. He replied, “I am not.” It was cold, and the servants and officials stood around a fire they had made to keep warm. Peter also was standing with them, warming himself. Meanwhile, the high priest questioned Jesus about his disciples and his teaching. “I have spoken openly to the world,” Jesus replied. “I always taught in synagogues or at the temple, where all the Jews come together. I said nothing in secret. Why question me? Ask those who heard me. Surely they know what I said.” When Jesus said this, one of the officials nearby slapped him in the face. “Is this the way you answer the high priest?” he demanded. “If I said something wrong,” Jesus replied, “testify as to what is wrong. But if I spoke the truth, why did you strike me?” Then Annas sent him bound to Caiaphas the high priest. Meanwhile, Simon Peter was still standing there warming himself. So they asked him, “You aren’t one of his disciples too, are you?” He denied it, saying, “I am not.” One of the high priest’s servants, a relative of the man whose ear Peter had cut off, challenged him, “Didn’t I see you with him in the garden?” Again Peter denied it, and at that moment a rooster began to crow. Then the Jewish leaders took Jesus from Caiaphas to the palace of the Roman governor. By now it was early morning, and to avoid ceremonial uncleanness they did not enter the palace, because they wanted to be able to eat the Passover. So Pilate came out to them and asked, “What charges are you bringing against this man?” “If he were not a criminal,” they replied, “we would not have handed him over to you.” Pilate said, “Take him yourselves and judge him by your own law.” “But we have no right to execute anyone,” they objected. This took place to fulfill what Jesus had said about the kind of death he was going to die. Pilate then went back inside the palace, summoned Jesus and asked him, “Are you the king of the Jews?” “Is that your own idea,” Jesus asked, “or did others talk to you about me?” “Am I a Jew?” Pilate replied. “Your own people and chief priests handed you over to me. What is it you have done?” Jesus said, “My kingdom is not of this world. If it were, my servants would fight to prevent my arrest by the Jewish leaders. But now my kingdom is from another place.” “You are a king, then!” said Pilate. Jesus answered, “You say that I am a king. In fact, the reason I was born and came into the world is to testify to the truth. Everyone on the side of truth listens to me.” “What is truth?” retorted Pilate. With this he went out again to the Jews gathered there and said, “I find no basis for a charge against him. But it is your custom for me to release to you one prisoner at the time of the Passover. Do you want me to release ‘the king of the Jews’?” They shouted back, “No, not him! Give us Barabbas!” Now Barabbas had taken part in an uprising.
Jan 18:1-40 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Après avoir ainsi parlé, Jésus s’en alla avec ses disciples et traversa le torrent du Cédron. Il y avait là un jardin où il entra avec eux. Or Judas, qui le trahissait, connaissait bien cet endroit, car Jésus s’y était souvent rendu avec ses disciples. Il prit donc la tête d’une troupe de soldats et de gardes fournis par les chefs des prêtres et les pharisiens, et il arriva dans ce jardin. Ces hommes étaient munis de lanternes, de torches et d’armes. Jésus, qui savait tout ce qui allait lui arriver, s’avança vers eux et leur demanda : Qui cherchez-vous ? Ils lui répondirent : Jésus de Nazareth. – Je suis Jésus, leur dit-il. Au milieu d’eux se tenait Judas, celui qui le trahissait. Au moment même où Jésus leur dit : « Je suis Jésus », ils eurent un mouvement de recul et tombèrent par terre. Une seconde fois, il leur demanda : Qui cherchez-vous ? – Jésus de Nazareth, répétèrent-ils. – Je vous ai dit que je suis Jésus, reprit-il. Puisque c’est moi que vous venez chercher, laissez partir les autres. Ainsi s’accomplit cette parole qu’il avait prononcée peu avant : « Je n’ai perdu aucun de ceux que tu m’as donnés. » Simon Pierre, qui avait une épée, la dégaina, en donna un coup au serviteur du grand-prêtre et lui coupa l’oreille droite. Ce serviteur s’appelait Malchus. Jésus dit à Pierre : Remets ton épée au fourreau. Ne dois-je pas boire la coupe du jugement que le Père m’a destinée ? Alors la cohorte, son commandant et les gardes des Juifs s’emparèrent de Jésus et le conduisirent enchaîné tout d’abord chez Hanne, le beau-père de Caïphe, qui était le grand-prêtre en exercice cette année-là. Caïphe était celui qui avait suggéré aux Juifs qu’il valait mieux qu’un seul homme meure pour le peuple. Simon Pierre et un autre disciple suivirent Jésus. Ce disciple connaissait personnellement le grand-prêtre, et il entra en même temps que Jésus dans la cour du palais du grand-prêtre. Pierre, lui, resta dehors près du portail. L’autre disciple qui connaissait le grand-prêtre ressortit donc, dit un mot à la concierge, et fit entrer Pierre. La servante qui gardait la porte demanda alors à Pierre : Ne fais-tu pas partie, toi aussi, des disciples de cet homme ? – Non, lui répondit-il, je n’en suis pas. Les serviteurs et les gardes avaient allumé un feu de braise car il faisait froid, et ils se tenaient tout autour pour se réchauffer. Pierre se joignit à eux et se réchauffa également. De son côté, le grand-prêtre commença à interroger Jésus sur ses disciples et sur son enseignement. Jésus lui répondit : J’ai parlé ouvertement devant tout le monde. J’ai toujours enseigné dans les synagogues et dans la cour du Temple, où tous les Juifs se réunissent. Je n’ai rien dit en secret. Pourquoi donc m’interroges-tu ? Demande à ceux qui m’ont écouté ce que j’ai dit. Ils savent fort bien ce que j’ai dit. A ces mots, un des gardes qui se tenait à côté de lui le gifla en disant : C’est comme cela que tu réponds au grand-prêtre ? Jésus lui répondit : Si j’ai mal parlé, montre en quoi c’est mal. Mais si ce que j’ai dit est vrai, pourquoi me frappes-tu ? Hanne l’envoya enchaîné à Caïphe, le grand-prêtre. Pendant ce temps, Simon Pierre se tenait toujours au même endroit et se chauffait. Plusieurs lui dirent : N’es-tu pas, toi aussi, un des disciples de cet homme ? Mais Pierre le nia en disant : Non, je n’en suis pas. Un des serviteurs du grand-prêtre, parent de celui à qui Pierre avait coupé l’oreille, l’interpella : Voyons, ne t’ai-je pas vu avec lui dans le jardin ? Mais Pierre le nia de nouveau, et aussitôt, un coq se mit à chanter. De chez Caïphe, on amena Jésus au palais du gouverneur. C’était l’aube. Ceux qui l’avaient amené n’entrèrent pas eux-mêmes dans le palais afin de conserver leur pureté rituelle et de pouvoir manger ainsi le repas de la Pâque. C’est pourquoi Pilate sortit du palais pour les voir et leur demanda : De quoi accusez-vous cet homme ? Ils lui répondirent : S’il n’avait rien fait de mal, nous ne te l’aurions pas livré. – Reprenez-le, répliqua Pilate, et jugez-le vous-mêmes d’après votre Loi. Mais ils lui répondirent : Nous n’avons pas le droit de mettre quelqu’un à mort. La parole par laquelle Jésus avait annoncé quelle mort il allait subir devait ainsi s’accomplir. Pilate rentra donc dans le palais de justice et fit comparaître Jésus : – Es-tu le roi des Juifs ? lui demanda-t-il. – Dis-tu cela de toi-même ou d’autres t’ont-ils dit cela à mon sujet ? répondit Jésus. – Est-ce que je suis juif, moi ? répliqua Pilate. Ce sont ceux de ton peuple et les chefs des prêtres qui t’ont livré à moi. Qu’as-tu fait ? Jésus lui répondit : Mon royaume n’est pas de ce monde. Si mon royaume était de ce monde, mes serviteurs se seraient battus pour que je ne tombe pas aux mains des Juifs. Non, réellement, mon royaume n’est pas d’ici. – Es-tu donc roi ? reprit Pilate. – Tu le dis toi-même : je suis roi ! Si je suis né et si je suis venu dans ce monde, c’est pour rendre témoignage à la vérité. Celui qui appartient à la vérité écoute ce que je dis. – Qu’est-ce que la vérité ? lui répondit Pilate. Là-dessus, il alla de nouveau trouver les Juifs et leur dit : En ce qui me concerne, je ne trouve chez cet homme aucune raison de le condamner. Il est d’usage que je vous relâche un prisonnier à l’occasion de la fête de la Pâque. Voulez-vous donc que je vous relâche le roi des Juifs ? Ils lui répondirent en criant : Non ! Pas lui ! Barabbas ! Or, Barabbas était un bandit.