Jan 17:9-17
Jan 17:9-17 1998 Haïtienne (HAT98)
M'ap lapriyè pou yo. Mwen p'ap lapriyè pou moun lemonn yo, men pou moun ou ban mwen yo, paske se pou ou yo ye. Tou sa m genyen se pou ou, tou sa ou genyen se pou mwen. Pouvwa mwen parèt aklè nan yo. Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl, menm jan ou fè yon sèl avèk mwen. Pandan m te la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pat pèdi, esèpte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Kounyeya, m'ap vin jwenn ou. M'ap pale konsa pandan m sou latè a, pou jan kè m kontan an se konsa pou kè yo ka kontan tou nèt ale. Mwen te ba yo pawòl ou. Lemonn rayi yo paske yo menm yo pa moun lemonn, menm jan mwen menm mwen pa moun lemonn. Mwen pa mande ou pou wete yo nan lemonn lan, men pou ou pwoteje yo anba Satan. Yo pa moun lemonn, menm jan mwen pa moun lemonn. Fè yo viv pou ou nèt gremesi verite a. Pawòl ou se verite a.
Jan 17:9-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
« Moi, je prie pour eux. Je ne prie pas pour le monde, mais je prie pour ceux que tu m’as donnés. Oui, ils sont à toi. Tout ce qui est à moi est à toi. De même, tout ce qui est à toi est à moi, et ma gloire apparaît en eux. « Maintenant, je ne suis plus dans le monde, mais eux, ils sont dans le monde. Et moi, je vais auprès de toi. Père saint, garde-les par la force de ton nom, le nom que tu m’as donné. Ainsi, ils seront un, comme toi et moi, nous sommes un. Quand j’étais avec eux, je les ai gardés par la force de ton nom, le nom que tu m’as donné. Je les ai protégés, et aucun d’eux ne s’est perdu, sauf celui qui devait se perdre. Ainsi ce qui est écrit dans les Livres Saints s’est réalisé. « Maintenant, Père, je vais auprès de toi. Mais, je dis ces paroles dans le monde, pour qu’ils aient en eux-mêmes ma joie, une joie totale. Moi, je leur ai donné ta parole, et le monde les a détestés. En effet, ils n’appartiennent pas au monde, comme moi, je n’appartiens pas au monde. Je ne te demande pas de les retirer du monde mais je te demande de les protéger du Mauvais . Ils n’appartiennent pas au monde, comme moi, je n’appartiens pas au monde. Fais qu’ils soient entièrement à toi par la vérité. Ta parole est la vérité.
Jan 17:9-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
M ap priye pou yo kounye a. Mwen p ap priye w pou lemonn, men pou sa ou ban mwen yo. Se pou ou yo ye, tout sa k pou mwen se pou ou, menm jan tout sa k pou ou se pou mwen, epi mwen te jwenn lwanj nan yo. Nan yon ti tan, mwen pral jwenn ou epi mwen p ap nan lemonn ankò, men yo menm yo nan lemonn. Papa, ou sen, prezève yo ak pouvwa non w genyen an, non w ou ban mwen an, pou yo kapab youn menm jan mwen menm ak ou, nou se youn. Lè m te ak yo, mwen te kenbe yo ak pouvwa non w ou ban mwen an. Mwen te pwoteje yo, okenn nan yo pa t pèdi, sof sa k te fèt pou pèdi a. Sa te pase kon sa pou pwofesi Bib la te ka akonpli. Kounye a mwen prale kote w, mwen di pawòl sa yo nan lemonn pou yo kapab gen lajwa m nan kè yo san mank. Mwen te ba yo pawòl ou epi lemonn te rayi yo, poutèt yo pa pou lemonn ankò, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn. Mwen pa mande w wete yo nan lemonn, men pou w pwoteje yo kont Malen an. Yo pa pou lemonn, menm jan mwen menm mwen pa pou lemonn. Mete yo apa pou sèvis ou nèt, grenmesi Verite a. Pawòl ou se verite a.
Jan 17:9-17 New International Version (NIV)
I pray for them. I am not praying for the world, but for those you have given me, for they are yours. All I have is yours, and all you have is mine. And glory has come to me through them. I will remain in the world no longer, but they are still in the world, and I am coming to you. Holy Father, protect them by the power of your name, the name you gave me, so that they may be one as we are one. While I was with them, I protected them and kept them safe by that name you gave me. None has been lost except the one doomed to destruction so that Scripture would be fulfilled. “I am coming to you now, but I say these things while I am still in the world, so that they may have the full measure of my joy within them. I have given them your word and the world has hated them, for they are not of the world any more than I am of the world. My prayer is not that you take them out of the world but that you protect them from the evil one. They are not of the world, even as I am not of it. Sanctify them by the truth; your word is truth.
Jan 17:9-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Je te prie pour eux. Je ne te prie pas pour le monde, mais pour ceux que tu m’as donnés parce qu’ils t’appartiennent. Car tout ce qui est à moi est à toi, comme tout ce qui est à toi est à moi. Ma gloire rayonne en eux. Bientôt, je ne serai plus dans le monde, car je vais à toi, mais eux, ils vont rester dans le monde. Père saint, garde-les par le pouvoir de ton nom, celui que tu m’as donné, pour qu’ils soient un comme nous le sommes. Aussi longtemps que j’étais parmi eux, je les ai gardés par le pouvoir de ton nom, ce nom que tu m’as donné; je les ai protégés et aucun d’eux ne s’est perdu (sauf celui qui devait se perdre pour que s’accomplisse l’Ecriture). A présent, je retourne auprès de toi, et je dis tout cela pendant que je suis encore dans le monde, pour qu’ils possèdent en eux cette joie qui est la mienne, une joie parfaite. Je leur ai donné ta Parole, et le monde les a pris en haine parce qu’ils ne lui appartiennent pas, comme moi-même je ne lui appartiens pas. Je ne te demande pas de les retirer du monde, mais de les préserver du diable. Ils n’appartiennent pas au monde, comme moi-même je ne lui appartiens pas. Consacre-les par la vérité. Ta Parole est la vérité.