Jan 16:7-15
Jan 16:7-15 1998 Haïtienne (HAT98)
Men, m'ap di nou laverite: L'ap pi bon pou nou wi si m'ale. Paske, si m'pa ale, moun ki pou vin pwoteje nou an p'ap vini. Men si m'ale, m'ap voye li. Li menm, lè l'a vini, l'a fè lemonn wè lerè yo sou kesyon peche, sou kesyon jistis ak sou kesyon jijman. Yo nan lerè sou kèsyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen. Yo nan lerè sou kèsyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m ankò. Yo nan lerè sou kesyon jijman an paske chèf k'ap dominen lemonn lan deja jije. Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m di nou, men nou pa ka konprann yo kounyeya. Men, li menm Lespri k'ap moutre verite a, lè l'a vini, l'a mennen nou nan tout verite a. Paske li p'ap pale pawòl pa li. Men, tou sa l'a tande, se sa l'a di nou: l'a fè nou konnen bagay ki gen pou rive. Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo. Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou l'a pran sa ki pou mwen pou l fè nou konnen yo.
Jan 16:7-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Pourtant, je vous dis la vérité : il vaut mieux pour vous que je parte. En effet, si je ne pars pas, celui qui doit vous aider ne viendra pas à vous, mais si je pars, je vous l’enverrai. Et quand il viendra, il montrera au monde qu’il se trompe au sujet du péché, au sujet de ce qui est juste et au sujet du jugement. Le monde se trompe au sujet du péché, parce que les gens ne croient pas en moi. Le monde se trompe au sujet de ce qui est juste, parce que je vais près du Père, et que vous ne me verrez plus. Le monde se trompe au sujet du jugement, parce que le chef mauvais de ce monde est déjà jugé. « J’ai encore beaucoup de choses à vous dire. Mais vous n’avez pas la force de les entendre maintenant. Quand l’Esprit de vérité viendra, il vous conduira dans la vérité tout entière. En effet, il ne dira pas des choses qui viennent de lui. Mais il dira tout ce qu’il entendra et il vous annoncera ce qui doit arriver. L’Esprit de vérité montrera ma gloire, parce qu’il recevra ce qui est à moi et il vous l’annoncera. Tout ce qui est à mon Père est aussi à moi. C’est pourquoi je vous ai dit : “L’Esprit de vérité recevra ce qui est à moi et il vous l’annoncera.”
Jan 16:7-15 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Poutan sa m di nou an se vre, li plis nan enterè nou si m ale. Paske si m pa ale, Konsolatè a p ap vini jwenn nou. Men, si m ale, m ap voye L pou nou. Lè konsolatè a vini, l ap montre moun nan lemonn kijan yo antò. Yo antò pou sa ki konsènen ki moun ki yon pechè. Yo antò sou sa k konsène ki moun k ap jwenn apwobasyon Bondye, epi yo antò tou sou sa k konsène ki moun k ap tonbe anba jijman Bondye. Konsolatè ap montre yo peche yo se moun ki pa kwè nan mwen. L ap montre yo Bondye dakò ak mwen poutèt m pral jwenn Papa a epi nou p ap wè m ankò. L ap montre kilès ki pral tonbe anba jijman Bondye, paske sila a k ap dirije lemonn nan deja kondane. Mwen gen anpil bagay pou m ta di nou ankò, men nou pa anmezi pou nou konprann yo kounye a. Lè Lespri verite a va vini, l ap fè nou konprann tout verite a. Paske li p ap kominike pwòp panse pa l, men l ap di tout sa l va tande epi li va anonse nou tout sa k gen pou vini. Li va fè lwanj pou mwen, paske l ap koute sa m di l epi l ap fè nou konnen yo. Tout sa Papa m genyen se pou mwen tou, se poutèt sa m te di l ap koute sa m di l, epi l ap fè nou konnen yo.
Jan 16:7-15 New International Version (NIV)
But very truly I tell you, it is for your good that I am going away. Unless I go away, the Advocate will not come to you; but if I go, I will send him to you. When he comes, he will prove the world to be in the wrong about sin and righteousness and judgment: about sin, because people do not believe in me; about righteousness, because I am going to the Father, where you can see me no longer; and about judgment, because the prince of this world now stands condemned. “I have much more to say to you, more than you can now bear. But when he, the Spirit of truth, comes, he will guide you into all the truth. He will not speak on his own; he will speak only what he hears, and he will tell you what is yet to come. He will glorify me because it is from me that he will receive what he will make known to you. All that belongs to the Father is mine. That is why I said the Spirit will receive from me what he will make known to you.”
Jan 16:7-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Pourtant, c’est la vérité que je vais vous dire : il vaut mieux pour vous que je m’en aille. En effet, si je ne m’en vais pas, le Défenseur en justice ne viendra pas à vous. Mais si je m’en vais, alors je vous l’enverrai. Et quand il sera venu, il produira la preuve que le monde s’égare au sujet du péché, de ce qui est juste et du jugement : au sujet du péché, parce que le monde ne croit pas en moi ; au sujet de ce qui est juste, parce que je m’en vais auprès du Père et que vous ne me verrez plus ; et au sujet du jugement, parce que le dominateur de ce monde est d’ores et déjà condamné. J’ai encore beaucoup de choses à vous dire, mais elles sont encore trop lourdes à porter pour vous. Quand l’Esprit de vérité sera venu, il vous conduira dans la vérité tout entière, car il ne parlera pas de lui-même, mais tout ce qu’il aura entendu, il le dira, et il vous annoncera les choses à venir. Il manifestera ma gloire, car il puisera dans ce qui est à moi et vous l’annoncera. Tout ce que le Père possède m’appartient à moi aussi ; voilà pourquoi je vous dis qu’il puisera dans ce qui est à moi et vous l’annoncera.