Jan 15:1-11

Jan 15:1-11 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

“Mwen menm se vrè pye rezen an, epi Papa m se moun k ap okipe pye rezen an. Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou. Pou nou menm, ansèyman nou resevwa avè m gentan retire vye fèy ak vye branch ki ta fè nou pa ka donnen. Rete branche nan mwen, epi mwen menm m ap rete branche nan nou tou. Menm jan ak branch rezen ki pa kapab donnen poukont li san l pa rete atache nan pye rezen an, se kon sa tou nou pa kapab donnen si nou pa rete branche nan mwen. Mwen menm se pye rezen an, nou menm nou se branch yo. Branch sa yo ki rete nan mwen epi mwen menm nan yo, se pa ti donnen y ap donnen. Paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. Si yon moun pa rete atache nan mwen, yo va koupe l jete deyò, menm jan ak branch rezen an, l ap seche epi y ap ranmase l mete nan dife. Si nou rete atache nan mwen, epi nou pratike ansèyman mwen yo, nou mèt mande sa nou vle, nou va jwenn li. Lè nou donnen anpil, se kon sa nou montre nou se disip mwen. Alò moun va wè glwa Papa m. Menm jan Papa a renmen m, kon sa tou mwen renmen nou. Kontinye viv selon ansèyman mwen yo, epi mwen menm va renmen nou. Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li. Mwen di nou pawòl sa a, pou lajwa pa m kapab nan nou, epi pou nou menm kapab gen lajwa nèt ale.

Pataje
Li Jan 15

Jan 15:1-11 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Moi, je suis le vrai plant de vigne et mon Père est le vigneron. Tous les sarments, en moi, qui ne portent pas de fruit, il les coupe, et tous ceux qui en portent, il les purifie afin qu’ils produisent un fruit encore plus abondant. Vous aussi, vous avez déjà été purifiés grâce à la parole que je vous ai enseignée. Demeurez en moi, et moi je demeurerai en vous. Un sarment ne saurait porter du fruit tout seul, sans demeurer attaché au cep. Il en est de même pour vous : si vous ne demeurez pas en moi, vous ne pouvez porter aucun fruit. Je suis le cep de la vigne, vous en êtes les sarments. Celui qui demeure en moi et en qui je demeure, portera du fruit en abondance, car sans moi, vous ne pouvez rien faire. Si quelqu’un ne demeure pas en moi, on le jette hors du vignoble, comme les sarments coupés : ils se dessèchent, puis on les ramasse, on y met le feu et ils brûlent. Mais si vous demeurez en moi, et que mes paroles demeurent en vous, demandez ce que vous voudrez, vous l’obtiendrez. Si vous produisez du fruit en abondance et que vous prouvez ainsi que vous êtes vraiment mes disciples, mon Père sera glorifié aux yeux de tous. Comme le Père m’a toujours aimé, moi aussi je vous ai aimés ; maintenez-vous donc dans mon amour. Si vous obéissez à mes commandements, vous demeurerez dans mon amour, tout comme moi-même j’ai obéi aux commandements de mon Père et je demeure dans son amour. Tout cela, je vous le dis pour que la joie qui est la mienne vous remplisse vous aussi, et qu’ainsi votre joie soit complète.

Pataje
Li Jan 15

Jan 15:1-11

Jan 15:1-11 HAT98