Jan 13:1-17
Jan 13:1-17 1998 Haïtienne (HAT98)
Se te jou lavèy fèt Pak jwif yo. Jezi te konnen lè a te rive pou li te kite tè sa a pou li al jwenn Papa a. Li pa te manke renmen moun pa li yo ki nan lemonn lan. Li te renmen yo nètale. Jezi t'ap manje ak disip li yo jou swa sa a. Satan te gentan pran tèt Jida, pitit gason Simon Iskaryòt la, pou l te trayi Jezi. Jezi te konnen pou tèt pa l li te sòti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay. Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l nan ren li. Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li konmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l lan. Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l konsa: — Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen? Jezi reponn li: — Kounyeya ou pa konprann sa m'ap fè a. Men, w'a konprann pita. Pye di li: — Non, mwen p'ap janm kite ou lave pye mwen. Jezi reponn li: — Si m pa lave pye ou, ou p'ap disip mwen ankò. Simon Pyè di li: — Si se konsa, Mèt, se pa pye m ase pou ou lave. Lave men m yo tou ansanm ak tèt mwen. Jezi di li: — Lè yon moun fin benyen, tout kò l pwòp. Se pye l ase ki bezwen lave. Nou menm, nou tou pwòp, men se pa nou tout ki pwòp. (Jezi te konnen ki moun ki ta pral trayi li. Se poutèt sa li te di: Se pa nou tout ki pwòp.) Lè l fin lave pye yo tout, Jezi mete gwo rad la sou li ankò, li tounen nan plas li bò tab la, epi li di yo: — Eske nou konprann sa m sot fè la a? Nou rele m Mèt, nou rele m Senyè. Nou gen rezon, se sa m ye vre. Si mwen menm ki Senyè, mwen menm ki Mèt, mwen lave pye nou, konsa tou, nou menm, se pou nou yonn lave pye lòt. Mwen ban nou yon egzanp pou nou ka fè menm bagay mwen te fè pou nou an. Sa m'ap di nou la a se vre wi: Yon sèvitè pa janm pi enpòtan pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi enpòtan pase moun ki voye li a. Kounyeya nou konn bagay sa yo. Benediksyon pou nou si nou fè menm jan an tou.
Jan 13:1-17 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
C’est le dernier jour avant la fête de la Pâque. Jésus sait que le grand moment arrive pour lui : il doit quitter ce monde et aller auprès du Père. Il a toujours aimé ses amis qui sont dans le monde, et il les aime jusqu’au bout. Jésus et ses disciples prennent le repas du soir. L’esprit du mal a déjà mis dans le cœur de Judas, le fils de Simon Iscariote, l’intention de livrer Jésus. Mais Jésus est venu de Dieu et il va auprès de Dieu. Jésus sait cela, et il sait aussi que le Père a tout mis dans ses mains. Pendant le repas, il se lève, il enlève son vêtement de dessus et il prend un linge pour le serrer autour de sa taille. Ensuite, il verse de l’eau dans une cuvette. Il se met à laver les pieds de ses disciples et à les essuyer avec le linge qu’il a autour de la taille. Il arrive près de Simon-Pierre, qui lui dit : « Toi, Seigneur, tu veux me laver les pieds ? » Jésus lui répond : « Maintenant, tu ne sais pas ce que je fais, mais tu comprendras plus tard. » Pierre lui dit : « Non ! Tu ne me laveras jamais les pieds ! » Jésus lui dit : « Si je ne te lave pas les pieds, tu ne pourras pas être avec moi. » Simon-Pierre lui dit : « Alors, Seigneur, ne me lave pas seulement les pieds, mais aussi les mains et la tête ! » Jésus lui répond : « Celui qui s’est baigné n’a pas besoin de se laver, sauf les pieds. En effet, il est propre tout entier, il est pur. Vous, vous êtes purs, mais pas tous. » Jésus sait qui va le livrer, c’est pourquoi il dit : « Vous n’êtes pas tous purs. » Quand Jésus a fini de laver les pieds de ses disciples, il remet son vêtement et il s’assoit. Il leur dit : « Est-ce que vous comprenez ce que je vous ai fait ? Vous m’appelez “Maître” et “Seigneur”, et vous avez raison : je suis Maître et Seigneur. Alors si moi, le Seigneur et le Maître, je vous ai lavé les pieds, vous aussi, vous devez vous laver les pieds les uns aux autres. Je vous ai donné un exemple : ce que je vous ai fait, faites-le vous aussi. Oui, je vous le dis, c’est la vérité : le serviteur n’est pas plus important que son maître, l’envoyé n’est pas plus important que celui qui l’envoie. Maintenant, vous savez tout cela. Vous serez heureux si vous le faites.
Jan 13:1-17 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Anvan fèt Pak la, Jezi te deja konnen lè l te rive pou l kite lemonn pou l ale kote Papa l, li te toujou renmen moun li chwazi pou disip li yo. Lè sa a, li ba yo yon prèv lanmou san mezi. Pandan yo t ap manje nan aswè, lè sa a, Satan te gentan mete nan kè Jida, pitit Simon Iskaryòt la, pou l trayi Jezi. Poutèt Jezi konnen Papa l te remèt li tout bagay, se Bondye ki te voye l epi l ap retounen jwenn Bondye, li leve kote yo t ap manje a, li wete rad li epi li pran yon twal fè sèvyèt mare ren li. Apre sa, li vide dlo nan yon veso, li pran lave pye disip li yo, epi siye yo ak twal li te mare ren l lan. Li te rive sou Simon Pyè pou l lave pye l. Pyè di l konsa: “Ou menm Senyè, lave pye m!” Jezi reponn li: “Sa m ap fè la a ou poko ka konprann sa kounye a, ou va konprann sa apre.” Pyè di l konsa: “Lave pye m menm! Sa p ap fèt pyès!” Lè sa a Jezi di li: “Si m pa lave w, ou pa kapab asosye avè m.” Simon Pyè reponn: “Si se konsa, se pa pye m pou w lave sèlman, lave ni men m ni tèt mwen tou!” Jezi di l konsa: “Yon moun ki benyen deja, li pa bezwen lave kò l ankò, paske tout kò l gentan pwòp, se pye l sèlman li bezwen lave. Nou pwòp deja, men se pa nou tout.” Li te konnen ki moun ki te gen pou trayi l la, se poutèt sa li di: “Se pa nou tout ki pwòp.” Lè Jezi fin lave pye disip yo, li remete rad li sou li, li chita ankò bò tab la, epi li di: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? N ap rele m Mèt ak Senyè. Nou byen fè, se sa mwen ye vre. Si mwen menm ki Senyè ak Mèt, mwen lave pye nou, nou menm tou, nou youn dwe lave pye lòt. Paske se yon egzanp mwen ban nou. Sa mwen fè pou nou an se pou nou youn fè l pou lòt. An verite, an verite, mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li, ni yon komisyonè pi gran pase moun ki voye l la. Si nou konnen bagay sa yo, nou se moun ki beni anpil, men se si nou fè sa.
Jan 13:1-17 New International Version (NIV)
It was just before the Passover Festival. Jesus knew that the hour had come for him to leave this world and go to the Father. Having loved his own who were in the world, he loved them to the end. The evening meal was in progress, and the devil had already prompted Judas, the son of Simon Iscariot, to betray Jesus. Jesus knew that the Father had put all things under his power, and that he had come from God and was returning to God; so he got up from the meal, took off his outer clothing, and wrapped a towel around his waist. After that, he poured water into a basin and began to wash his disciples’ feet, drying them with the towel that was wrapped around him. He came to Simon Peter, who said to him, “Lord, are you going to wash my feet?” Jesus replied, “You do not realize now what I am doing, but later you will understand.” “No,” said Peter, “you shall never wash my feet.” Jesus answered, “Unless I wash you, you have no part with me.” “Then, Lord,” Simon Peter replied, “not just my feet but my hands and my head as well!” Jesus answered, “Those who have had a bath need only to wash their feet; their whole body is clean. And you are clean, though not every one of you.” For he knew who was going to betray him, and that was why he said not every one was clean. When he had finished washing their feet, he put on his clothes and returned to his place. “Do you understand what I have done for you?” he asked them. “You call me ‘Teacher’ and ‘Lord,’ and rightly so, for that is what I am. Now that I, your Lord and Teacher, have washed your feet, you also should wash one another’s feet. I have set you an example that you should do as I have done for you. Very truly I tell you, no servant is greater than his master, nor is a messenger greater than the one who sent him. Now that you know these things, you will be blessed if you do them.
Jan 13:1-17 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
C’était juste avant la fête de la Pâque. Jésus savait que l’heure était venue pour lui de quitter ce monde pour s’en aller auprès du Père. C’est pourquoi il donna aux siens, qu’il aimait et qui étaient dans le monde, une marque suprême de son amour pour eux. C’était au cours du repas. Déjà le diable avait semé dans le cœur de Judas, fils de Simon Iscariot, le projet de trahir son Maître et de le livrer. Jésus savait que le Père avait tout remis entre ses mains, qu’il était venu d’auprès de Dieu et qu’il allait retourner auprès de lui. Il se leva de table pendant le dîner, posa son vêtement et prit une serviette de lin qu’il se noua autour de la taille. Ensuite, il versa de l’eau dans une bassine et commença à laver les pieds de ses disciples, puis à les essuyer avec la serviette qu’il s’était nouée autour de la taille. Quand vint le tour de Simon Pierre, celui-ci protesta : Toi, Seigneur, tu veux me laver les pieds ? Jésus lui répondit : Ce que je fais, tu ne le comprends pas pour l’instant, tu le comprendras plus tard. Mais Pierre lui répliqua : Non ! Tu ne me laveras pas les pieds ! Sûrement pas ! Jésus lui répondit : Si je ne te lave pas, il n’y a plus rien de commun entre toi et moi. – Dans ce cas, lui dit Simon Pierre, ne me lave pas seulement les pieds, mais aussi les mains et la tête. Jésus lui dit : Celui qui s’est baigné est entièrement pur, il lui suffit de se laver les pieds. Or vous, vous êtes purs – mais pas tous. Jésus, en effet, connaissait celui qui allait le livrer. Voilà pourquoi il avait ajouté : « Vous n’êtes pas tous purs. » Après leur avoir lavé les pieds, il remit son vêtement et se remit à table. Alors il leur dit : Avez-vous compris ce que je viens de vous faire ? Vous m’appelez Maître et Seigneur – et vous avez raison, car je le suis. Si donc moi, le Seigneur et le Maître, je vous ai lavé les pieds, vous devez, vous aussi, vous laver les pieds les uns aux autres. Je viens de vous donner un exemple, pour qu’à votre tour vous agissiez comme j’ai agi envers vous. Vraiment, je vous l’assure, un serviteur n’est jamais supérieur à son maître, ni un messager plus grand que celui qui l’envoie. Si vous savez ces choses, vous êtes heureux à condition de les mettre en pratique.