Jan 1:1-18
Jan 1:1-18 1998 Haïtienne (HAT98)
Nan kòmansman, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Pawòl la te Bondye. Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pat gen anyen ki te fèt san Pawòl la. Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè. Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pat resevwa li. Bondye te voye yon nonm ki te rele Jan. Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesay li a te ka kwè. Se pa li menm ki te limyè a. Li te vin pou sèvi temwen pou pale sou limyè a. Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k'ap klere tout moun. Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn. Men, moun ki nan lemonn pat rekonèt li. Li te vin nan mitan pèp li a, men pèp li a pa te resevwa li. Men, moun ki te resevwa li yo, moun ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa pou yo vin pitit Bondye. Yo pa te vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm. Paske sa pa te soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se nan Bondye menm sa te soti. Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a. Se li menm Jan Batis t'ap pale a, lè l te di byen fò: — Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m te di nou: L'ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m, paske li te la anvan mwen. Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l yo. Li ban nou favè sou favè. Si Moyiz pote lalwa, se Jezikri ki pote lagras ak laverite. Pesonn pa janm wè Bondye. Men se sèl Pitit Bondye a, li menm ki nan sekrè Papa a, se li menm ki devwale nou ki moun Bondye ye.
Jan 1:1-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Au commencement, la Parole existait déjà. La Parole était avec Dieu et la Parole était Dieu. Au commencement, la Parole était avec Dieu. Par elle, Dieu a fait toutes choses et il n’a rien fait sans elle. En elle, il y a la vie, et la vie est la lumière des êtres humains. La lumière brille dans la nuit, mais la nuit ne l’a pas reçue. Dieu a envoyé un homme qui s’appelait Jean . Il est venu comme témoin pour être le témoin de la lumière, afin que tous croient par lui. Il n’était pas la lumière, mais il était le témoin de la lumière. La Parole est la vraie lumière. En venant dans le monde, elle éclaire tous les êtres humains. La Parole était dans le monde, et Dieu a fait le monde par elle, mais le monde ne l’a pas reconnue. La Parole est venue dans son peuple, mais les gens de son peuple ne l’ont pas reçue. Pourtant certains l’ont reçue et ils croient en elle. À ceux-là, la Parole a donné le pouvoir de devenir enfants de Dieu. Et ils sont devenus enfants de Dieu en naissant non par la volonté d’un homme et d’une femme, mais de Dieu. La Parole est devenue un homme, et il a habité parmi nous. Nous avons vu sa gloire. Cette gloire, il la reçoit du Père. C’est la gloire du Fils unique, plein d’amour et de vérité. Jean est son témoin. Il affirme d’une voix forte : C’est de lui que j’ai parlé quand j’ai dit : « L’homme qui vient après moi est plus important que moi, parce qu’il existait déjà avant moi. » Oui, nous avons tous reçu une part de sa richesse, nous avons tous été remplis de son amour, et de plus en plus. Dieu nous a donné la loi par Moïse, mais l’amour et la vérité sont venus par Jésus-Christ. Personne n’a jamais vu Dieu. Mais le Fils unique, qui est Dieu et qui vit auprès du Père, nous l’a fait connaître.
Jan 1:1-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Anvan tout bagay te kòmanse, Pawòl la te la. Li te avèk Bondye epi Pawòl la se te Bondye menm. Li te avèk Bondye nan kòmansman. Se ak li menm tout bagay te kreye; pa te gen anyen ki te kreye san li. Se nan limenm lavi te ye, epi lavi sa a se te limyè pou tout moun sou latè. Limyè a klere nan fènwa, men fòs fènwa pa kapab gen viktwa sou li. Te gen yon nonm Bondye te voye, li te rele Jan. Li te vin temwanye pou fè moun konnen kilès ki Limyè a. Konsa tout moun ta rive kwè nan li. Se pa Jan ki te limyè a. Men, li te vini pou fè moun konnen kilès ki limyè a. Vrè limyè a, parèt li parèt nan mond lan, li klere tout moun. Men Pawòl la te nan mond lan deja, se ak Pawòl la menm mond lan te kreye. Poutan, mond lan pa t rekonèt Pawòl la. Li te vini pami moun pa l yo, men moun pa l yo pa t resevwa li. Men, tout moun ki resevwa Pawòl la, epi ki kwè nan li, li ba yo dwa pou yo vin pitit Bondye. Yo vin pitit Bondye, men sa pa fèt menm jan ak lè yon moun fè pitit. Se pa paske yon moun te vle sa oubyen te fè plan pou sa, men se yon bagay Bondye fè ak pwòp volonte li. Pawòl la te vin tounen moun epi li viv nan mitan nou. Nou te wè grandè li manifeste, yon glwa sèl pitit Bondye Papa a te ka genyen. Pawòl la te plen gras epi li montre nou tout verite Bondye a. Jan te rann temwanyaj sou Pawòl la. Li pale byen fò, li di: “Se de li m t ap pale nou, lè m te di moun nan ki gen pou vini apre m nan pi gran pase m, paske li te la anvan m.” Wi, Pawòl la te tèlman plen ak lanmou epi ak verite a pou nou, nou tout resevwa benediksyon nan men li youn apre lòt. Paske Bondye te ba nou Lalwa pa mwayen Moyiz, men lanmou ak verite a vini pa mwayen Jezikris. Pa gen okenn moun ki janm wè Bondye Papa a. Men, se sèl Pitit Bondye a ki nan yon relasyon san parèy ak Papa a, se li menm ki fè konnen kilès Papa a ye.
Jan 1:1-18 New International Version (NIV)
In the beginning was the Word, and the Word was with God, and the Word was God. He was with God in the beginning. Through him all things were made; without him nothing was made that has been made. In him was life, and that life was the light of all mankind. The light shines in the darkness, and the darkness has not overcome it. There was a man sent from God whose name was John. He came as a witness to testify concerning that light, so that through him all might believe. He himself was not the light; he came only as a witness to the light. The true light that gives light to everyone was coming into the world. He was in the world, and though the world was made through him, the world did not recognize him. He came to that which was his own, but his own did not receive him. Yet to all who did receive him, to those who believed in his name, he gave the right to become children of God— children born not of natural descent, nor of human decision or a husband’s will, but born of God. The Word became flesh and made his dwelling among us. We have seen his glory, the glory of the one and only Son, who came from the Father, full of grace and truth. (John testified concerning him. He cried out, saying, “This is the one I spoke about when I said, ‘He who comes after me has surpassed me because he was before me.’ ”) Out of his fullness we have all received grace in place of grace already given. For the law was given through Moses; grace and truth came through Jesus Christ. No one has ever seen God, but the one and only Son, who is himself God and is in closest relationship with the Father, has made him known.
Jan 1:1-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Au commencement était celui qui est la Parole de Dieu. Il était avec Dieu, il était lui-même Dieu. Au commencement, il était avec Dieu. Dieu a tout créé par lui ; rien de ce qui a été créé n’a été créé sans lui. En lui résidait la vie, et cette vie était la lumière des hommes. La lumière brille dans les ténèbres et les ténèbres ne l’ont pas étouffée. Un homme parut, envoyé par Dieu ; il s’appelait Jean. Il vint pour être un témoin de la lumière, afin que tous les hommes croient par lui. Il n’était pas lui-même la lumière, mais sa mission était d’être le témoin de la lumière. Celle-ci était la véritable lumière, celle qui, en venant dans le monde, éclaire tout être humain. Celui qui est la Parole était déjà dans le monde, puisque Dieu a créé le monde par lui, et pourtant, le monde ne l’a pas reconnu. Il est venu chez lui, et les siens ne l’ont pas accueilli. Certains pourtant l’ont accueilli ; ils ont cru en lui. A tous ceux-là, il a accordé le privilège de devenir enfants de Dieu. Ce n’est pas par une naissance naturelle, ni sous l’impulsion d’un désir, ou encore par la volonté d’un homme, qu’ils le sont devenus ; mais c’est de Dieu qu’ils sont nés. Celui qui est la Parole est devenu homme et il a vécu parmi nous. Nous avons contemplé sa gloire, la gloire du Fils unique envoyé par son Père : plénitude de grâce et de vérité ! Jean, son témoin, a proclamé publiquement : Voici celui dont je vous ai parlé lorsque j’ai dit : Celui qui vient après moi m’a précédé, car il existait déjà avant moi. Nous avons tous été comblés de ses richesses. Il a déversé sur nous une grâce après l’autre. En effet, si la Loi nous a été donnée par Moïse, la grâce et la vérité sont venues par Jésus-Christ. Personne n’a jamais vu Dieu : Dieu, le Fils unique qui vit dans l’intimité du Père, nous l’a révélé.