Jeremi 8:1-7

Jeremi 8:1-7 1998 Haïtienne (HAT98)

Men sa Senyè a di ankò: — Lè sa a, yo pral detere zosman wa Jida yo, zosman chèf li yo, zosman prèt yo, zosman pwofèt yo, zosman tout moun ki te rete lavil Jerizalèm yo. Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo te al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pèsonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a. Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a regrèt yo pat mouri pito. Se Senyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. W'a di yo pou mwen men pawòl ki sòti nan bouch Senyè a: Lè yon moun tonbe, eske li pa leve ankò? Lè yon moun pèdi chemen l, eske li pa tounen kote l sòti a? Poukisa atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm, nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje? Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt. Nou derefize tounen vin jwenn mwen. M pare zòrèy mwen pou m tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki sòti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo. Ata krabye konnen lè pou yo retounen lakay yo. Menm toutrèl, ziwondèl ak valèt, yo konnen lè pou yo vwayaje tounen. Men, nou menm, pèp mwen an, nou pa konnen regleman mwen ban nou pou nou swiv.

Jeremi 8:1-7 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

A ce moment-là, l’Eternel le déclare, on sortira de leurs tombeaux les ossements des rois de Juda, ceux de ses ministres, ceux des prêtres, ceux des prophètes et ceux des habitants de Jérusalem. On les exposera face au soleil, à la lune et à tous les astres du ciel, ces astres qu’ils ont adorés, auxquels ils ont rendu un culte, qu’ils ont suivis, qu’ils ont consultés et devant lesquels ils se sont prosternés. Ces ossements ne seront pas recueillis de nouveau pour être ensevelis ; ils deviendront du fumier sur le sol. Tous ceux de ce peuple mauvais qui subsisteront dans les divers lieux où je les aurai dispersés, préféreront la mort à la vie, l’Eternel le déclare, le Seigneur des armées célestes. Tu leur diras : Voici ce que déclare l’Eternel : Si quelqu’un tombe ╵ne se relèvera-t-il pas ? Si quelqu’un se détourne du chemin, ╵n’y reviendra-t-il pas ? Alors pourquoi ╵ce peuple de Jérusalem ╵se détourne-t-il du chemin ? Pourquoi persiste-t-il ╵dans l’infidélité ? Fermement, les gens de ce peuple ╵s’attachent à leurs illusions et ils refusent ╵de revenir à moi. J’ai, attentivement, ╵écouté ce qu’ils disent : je n’ai pas entendu ╵une parole dans ce sens ! Il n’y a parmi eux ╵personne qui renonce ╵au mal qu’il a commis, en disant : « Qu’ai-je fait ! » Tous poursuivent leur course comme un cheval qui fonce ╵dans la bataille ! La cigogne elle-même, ╵dans le ciel, connaît bien ╵le temps des migrations, la colombe, la grue ╵et l’hirondelle observent l’époque de leur retour ; mais mon peuple ne connaît pas ╵les lois que l’Eternel a établies.