Jij 7:1-22

Jij 7:1-22 1998 Haïtienne (HAT98)

Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l yo, y'al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an. Senyè a di Jedeyon konsa: — Ou gen twòp moun avè ou pou m kite ou kraze moun Madyan yo! Moun pèp Izrayèl yo va mete nan tèt yo se yo menm ak pwòp fòs kouray yo ki delivre peyi yo a, yo p'ap vle kwè se mwen menm ki fè sa pou yo. Koulyeya, pale ak tout pèp la. Di yo konsa: Si gen moun ki pè, k'ap tranble, yo mèt retounen lakay yo kite nou sou mòn Gibowa a. Se konsa venndemil moun ale lakay yo. Te rete dimil. Senyè a di Jedeyon ankò: — Gen twòp moun toujou. Fè yo tout desann bò larivyè a. M'a separe yo la pou ou. Moun m'a di ou ki pou ale avè ou yo va ale. Moun m'a di ou ki pa pou ale avè ou yo va rete. Jedeyon fè tout mesye yo desann bò larivyè a. Epi Senyè a di Jedeyon konsa: — Tout moun w'a wè k'ap lape dlo tankou chen, w'a mete yo yon bò, tout moun w'a wè ki va kwoupi pou bwè dlo, w'a mete yo yon lòt bò. Te gen twasan (300) gason ki te pran dlo nan pla men yo epi ki t'ap lape dlo a. Tout rès yo te kwoupi pou bwè dlo. Senyè a di Jedeyon! — Se avèk twasan nèg sa yo ou wè ki te lape dlo a mwen pral delivre nou. Mwen pral lage moun Madyan yo nan men ou. Kite tout lòt yo ale lakay yo. Yo pran tout pwovizyon lòt moun yo te genyen ansanm ak twonpèt yo, yo kenbe yo pou yo. Lèfini, Jedeyon voye tout rès moun pèp Izrayèl yo ale lakay yo. Li fè twasan (300) moun yo rete ak li sou mòn lan. Moun Madyan yo menm te anba nan plenn lan. Jou lannwit sa a, Senyè a di Jedeyon konsa: — Leve non! Desann al atake kan moun Madyan yo. Mwen lage yo nan men ou. Men si ou pè atake, desann bò kan moun Madyan yo ansanm ak Poura, domestik ou a. W'a tande sa y'ap di. Lè sa a, w'a pran kouray epi w'a desann al atake yo. Se konsa Jedeyon desann ansanm ak Poura, domestik li a, li rive toupre avanpòs kan an. Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pat ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè. Lè Jedeyon rive, li jwenn yon nonm ki t'ap rakonte yon zanmi l yon rèv li te fè. Li t'ap di l konsa: — Monchè, mwen fè yon rèv: Mwen wè yon pen won fèt ak farin lòj ki t'ap woule nan mitan kan an. Epi li rive, l'al frape sou tant lan. Tant lan chavire, li tonbe plat atè. Zanmi an reponn li: — Boul pen won an, se nepe Jedeyon, pitit Joas la, nonm pèp Izrayèl la. Sa pa vle di lòt bagay! Bondye lage moun Madyan yo ak tout lame a nan men l. Lè Jedeyon tande rèv la ak esplikasyon yo ba li a, li lage kò l atè devan Bondye. Apre sa, li leve, li tounen nan kan moun pèp Izrayèl yo. Li di yo: — Ann ale! Senyè a lage kan moun Madyan yo nan men nou. Li pran twasan mesye yo, li fè twa gwoup. Li bay chak moun yon twonpèt ak yon krich vid. Lèfini, li ba yo chak yon bwa chandèl pou mete nan krich la. Epi li di yo: — Se pou tout moun gade sou mwen pou wè sa m'ap fè. Lè n'a rive toupre kan an, tou sa n'a wè m fè, n'a fè l tou. N'a fè wonn kan an. Lè m'a kònen twonpèt ansanm ak tout moun ki avè m yo, nou menm tou n'a kònen twonpèt. Epi n'a rele: Annavan pou Senyè a ak pou Jedeyon! Lè Jedeyon rive toupre kan an ansanm ak san moun ki te avè l yo, li te prèt pou menwit. Yo te fenk chanje faksyonè. Yo pran kònen twonpèt yo epi yo kraze krich yo te gen nan men yo. Tou twa gwoup moun yo pran kònen twonpèt ansanm epi yo kraze krich yo. Yo kenbe bwa chandèl yo nan men gòch yo, twonpèt yo nan men dwat yo pou yo ka kònen yo, epi yo rele: — Ann al goumen pou Senyè a ak pou Jedeyon! Yo te kanpe fè wonn kan an, chak moun nan plas yo. Lè sa a tout moun nan kan an pran kouri met deyò, yo t'ap rele byen fò. Antan twasan moun Jedeyon yo t'ap kònen twonpèt yo, Senyè a menm t'ap fè moun Madyan yo yonn ap goumen ak lòt. Sa ki chape yo pran kouri nan direksyon Bèt-Chita bò Serera rive jouk bò lavil Abèl-Meola, toupre Tabat.

Pataje
Li Jij 7

Jij 7:1-22 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Gédéon, appelé aussi Yeroubaal , se lève tôt le matin avec son armée. Ils vont installer leur camp près de la source de Harod. Le camp des Madianites se trouve plus au nord, dans la plaine, du côté de la colline de Moré. Le SEIGNEUR dit à Gédéon : « Tes hommes sont trop nombreux. Je ne veux pas leur livrer les Madianites. Sinon les Israélites se vanteront en disant : “C’est notre propre force qui nous a sauvés.” Tu vas donc annoncer ceci à tes hommes : “Tous ceux qui tremblent de peur n’ont qu’à rentrer chez eux, en passant par la montagne de Galaad !” » Parmi les combattants, il y a 22 000 hommes qui s’en vont, il en reste 10 000. Le SEIGNEUR dit à Gédéon : « Tes hommes sont encore trop nombreux. Fais-les descendre au bord de l’eau, et là, je vais choisir pour toi ceux qui iront avec toi. Quand je te dirai : “Cet homme ira avec toi”, il ira. Quand je te dirai : “Cet homme n’ira pas avec toi”, il n’ira pas. » Alors Gédéon fait descendre ses combattants au bord de l’eau. Le SEIGNEUR dit à Gédéon : « Ceux qui boiront l’eau avec la langue comme les chiens, tu les mettras d’un côté. Ceux qui se mettront à genoux pour boire, tu les mettras de l’autre côté. » Il y a 300 hommes qui prennent de l’eau dans leur main, pour la boire avec la langue comme les chiens. Tous les autres se mettent à genoux pour boire. Le SEIGNEUR dit à Gédéon : « Avec les 300 hommes qui ont bu l’eau comme les chiens, je vous sauverai en vous livrant les Madianites. Que les autres retournent chez eux ! » Gédéon prend avec lui les 300 hommes et il renvoie les autres Israélites chez eux. Mais on garde les provisions et les trompettes de ceux qui s’en vont. Le camp des Madianites se trouve plus bas dans la plaine. Cette nuit-là, le SEIGNEUR dit à Gédéon : « Lève-toi ! Descends attaquer le camp des Madianites. Je vais le livrer en ton pouvoir. Mais si tu as peur, descends d’abord avec Poura, ton serviteur. Tu entendras ce qu’ils disent. Ensuite, tu auras le courage d’aller les attaquer. » Gédéon descend avec son serviteur tout près du camp, là où les premiers soldats se trouvent. Les Madianites, les Amalécites et les nomades de l’est sont dans la plaine, aussi nombreux que des sauterelles. On ne peut pas compter leurs chameaux. Ils sont aussi nombreux que les grains de sable au bord de la mer. Au moment où Gédéon arrive, un homme est en train de raconter un rêve à un camarade : « Tiens, je viens de faire un rêve. J’ai vu un pain d’orge qui roulait dans notre camp. Il est venu cogner une tente . Il l’a renversée, et elle est tombée. » Son camarade répond : « C’est l’épée de Gédéon, l’Israélite, le fils de Yoach. Ça ne peut pas être autre chose ! Dieu a décidé de livrer tout notre camp en son pouvoir. » Quand Gédéon entend le récit de ce rêve et son interprétation, il se met à genoux pour remercier Dieu. Puis il revient au camp des Israélites. Il crie : « Levez-vous ! Le SEIGNEUR vous a livré le camp des Madianites ! » Gédéon divise les 300 hommes qui sont avec lui en trois groupes. Il donne à chacun une trompette, un pot vide et une torche à mettre dans le pot. Puis il leur dit : « Vous regarderez de mon côté et vous ferez comme moi ! Quand je serai arrivé près du camp, ce que je ferai, vous le ferez aussi. Quand je sonnerai de la trompette, moi et tous ceux qui sont avec moi, vous sonnerez de la trompette, vous aussi, tout autour du camp. Et vous crierez : “Pour le SEIGNEUR et pour Gédéon !” » Un peu avant minuit, Gédéon et un groupe de 100 hommes arrivent près du camp. On vient de remplacer les gardiens du camp. Gédéon et ses hommes sonnent de la trompette et ils cassent les pots qu’ils ont dans leur main. Alors les deux autres groupes sonnent de la trompette et ils cassent leurs pots. Tous tiennent les torches dans leur main gauche et ils tiennent les trompettes dans leur main droite pour en sonner. Puis ils se mettent à crier : « Attaquons ! Pour le SEIGNEUR et pour Gédéon ! » Ils se tiennent debout autour du camp, chacun à sa place. Dans le camp, tout le monde se met à courir en poussant des cris et en s’enfuyant. Les 300 hommes sonnent de la trompette. Pendant ce temps, le SEIGNEUR fait en sorte que les Madianites se tuent entre eux dans le camp. Ceux qui restent fuient jusqu’à Beth-Chitta, dans la direction de Seréda, et jusqu’à la ville d’Abel-Mehola, près de Tabbath.

Pataje
Li Jij 7

Jij 7:1-22 New International Version (NIV)

Early in the morning, Jerub-Baal (that is, Gideon) and all his men camped at the spring of Harod. The camp of Midian was north of them in the valley near the hill of Moreh. The LORD said to Gideon, “You have too many men. I cannot deliver Midian into their hands, or Israel would boast against me, ‘My own strength has saved me.’ Now announce to the army, ‘Anyone who trembles with fear may turn back and leave Mount Gilead.’ ” So twenty-two thousand men left, while ten thousand remained. But the LORD said to Gideon, “There are still too many men. Take them down to the water, and I will thin them out for you there. If I say, ‘This one shall go with you,’ he shall go; but if I say, ‘This one shall not go with you,’ he shall not go.” So Gideon took the men down to the water. There the LORD told him, “Separate those who lap the water with their tongues as a dog laps from those who kneel down to drink.” Three hundred of them drank from cupped hands, lapping like dogs. All the rest got down on their knees to drink. The LORD said to Gideon, “With the three hundred men that lapped I will save you and give the Midianites into your hands. Let all the others go home.” So Gideon sent the rest of the Israelites home but kept the three hundred, who took over the provisions and trumpets of the others. Now the camp of Midian lay below him in the valley. During that night the LORD said to Gideon, “Get up, go down against the camp, because I am going to give it into your hands. If you are afraid to attack, go down to the camp with your servant Purah and listen to what they are saying. Afterward, you will be encouraged to attack the camp.” So he and Purah his servant went down to the outposts of the camp. The Midianites, the Amalekites and all the other eastern peoples had settled in the valley, thick as locusts. Their camels could no more be counted than the sand on the seashore. Gideon arrived just as a man was telling a friend his dream. “I had a dream,” he was saying. “A round loaf of barley bread came tumbling into the Midianite camp. It struck the tent with such force that the tent overturned and collapsed.” His friend responded, “This can be nothing other than the sword of Gideon son of Joash, the Israelite. God has given the Midianites and the whole camp into his hands.” When Gideon heard the dream and its interpretation, he bowed down and worshiped. He returned to the camp of Israel and called out, “Get up! The LORD has given the Midianite camp into your hands.” Dividing the three hundred men into three companies, he placed trumpets and empty jars in the hands of all of them, with torches inside. “Watch me,” he told them. “Follow my lead. When I get to the edge of the camp, do exactly as I do. When I and all who are with me blow our trumpets, then from all around the camp blow yours and shout, ‘For the LORD and for Gideon.’ ” Gideon and the hundred men with him reached the edge of the camp at the beginning of the middle watch, just after they had changed the guard. They blew their trumpets and broke the jars that were in their hands. The three companies blew the trumpets and smashed the jars. Grasping the torches in their left hands and holding in their right hands the trumpets they were to blow, they shouted, “A sword for the LORD and for Gideon!” While each man held his position around the camp, all the Midianites ran, crying out as they fled. When the three hundred trumpets sounded, the LORD caused the men throughout the camp to turn on each other with their swords. The army fled to Beth Shittah toward Zererah as far as the border of Abel Meholah near Tabbath.

Pataje
Li Jij 7

Jij 7:1-22 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Le lendemain matin, Yeroubbaal, c’est-à-dire Gédéon, se mit en route avec toutes ses troupes et ils établirent leur camp près de Eyn-Harod. L’armée des Madianites était campée plus au nord dans la vallée qui s’étend au pied de la colline de Moré. L’Eternel dit à Gédéon : Ton armée est trop nombreuse pour que je te donne la victoire sur les Madianites. Sinon les Israélites s’en vanteraient à mes dépens, en pensant que c’est par leurs propres forces qu’ils se sont délivrés. Fais donc la proclamation suivante à tes troupes : « Qui d’entre vous a peur au point de trembler  ? Qu’il s’éloigne du mont Galaad et rentre chez lui. » Vingt-deux mille hommes de son armée s’en allèrent, et il en resta dix mille. Mais l’Eternel dit à Gédéon : Les troupes sont encore trop nombreuses. Fais-les descendre au bord du torrent, et là je les trierai pour toi. Ceux que je désignerai pour t’accompagner iront avec toi, mais ceux dont je te dirai qu’ils ne doivent pas t’accompagner n’iront pas avec toi. Gédéon fit descendre ses hommes au bord du torrent, et l’Eternel lui dit : Tu mettras d’un côté tous ceux qui lapent l’eau avec la langue comme les chiens, et de l’autre côté ceux qui s’agenouillent pour boire. Il y eut trois cents hommes qui prirent de l’eau dans leurs mains pour la porter à leur bouche et la laper, et tous les autres s’agenouillèrent pour boire. L’Eternel dit à Gédéon : C’est avec ces trois cents hommes qui ont lapé l’eau dans leurs mains que je vous délivrerai des Madianites en vous donnant la victoire sur eux. Que tous les autres rentrent chez eux ! Les trois cents hommes reçurent les provisions et les cors des autres et Gédéon renvoya le gros des hommes d’Israël chez eux, en ne retenant que les trois cents hommes. Or, le camp des Madianites était en dessous du sien dans la vallée. Cette nuit-là, l’Eternel dit à Gédéon : Va, descends attaquer le camp madianite, car je le livre en ton pouvoir. Cependant, si tu as peur d’y aller, vas-y d’abord avec ton serviteur Poura. Ecoute ce qu’ils disent, et cela t’encouragera ; tu descendras ensuite attaquer le camp. Gédéon descendit donc avec son serviteur Poura jusqu’aux avant-postes du camp. Les Madianites, les Amalécites et les nomades de l’Orient étaient répandus dans la vallée en aussi grand nombre qu’une nuée de sauterelles, et leurs chameaux étaient innombrables comme le sable au bord de la mer. Gédéon s’approcha et il entendit un homme raconter un rêve à son camarade. – Ecoute, disait-il, j’ai fait un rêve. Je voyais une miche de pain d’orge rouler à travers le camp de Madian ; arrivée à la tente, elle l’a frappée de plein fouet, l’a fait tomber et l’a renversée sens dessus dessous, si bien que la tente était par terre. Son camarade répondit : Cela ne représente rien d’autre que l’épée de Gédéon, fils de Joas, homme d’Israël à qui Dieu donne la victoire sur Madian et toute l’armée. Lorsque Gédéon eut entendu le récit du rêve et son interprétation, il se prosterna, puis il retourna au camp d’Israël et cria : Tout le monde debout, car l’Eternel vous donne la victoire sur l’armée de Madian ! Gédéon divisa les trois cents hommes en trois groupes et remit à chaque soldat un cor et une cruche vide dans laquelle fut mise une torche allumée. Il leur dit : Vous me regarderez faire et vous ferez exactement comme moi. Je vais m’avancer jusqu’aux abords du camp. Quand j’y serai arrivé, vous n’aurez qu’à m’imiter. Quand je sonnerai du cor avec ceux de mon groupe, vous sonnerez aussi du cor tout autour du camp et vous crierez : « Pour l’Eternel et pour Gédéon ! » Peu avant minuit, Gédéon et les cent hommes de son groupe arrivèrent aux abords du camp. On venait juste de remplacer les sentinelles. Soudain, ils sonnèrent du cor et cassèrent les cruches qu’ils tenaient à la main. Les trois groupes sonnèrent du cor et cassèrent leurs cruches. De la main gauche, ils brandirent les torches, et de la droite ils tenaient les cors pour en sonner, et ils crièrent : « A vos épées, pour l’Eternel et pour Gédéon ! » tout en restant chacun à sa place autour du camp. Les hommes dans le camp se mirent à courir, à crier et à se sauver. Les trois cents Israélites continuèrent à sonner du cor, et l’Eternel fit que dans tout le camp chacun tourne son épée contre son compagnon. Finalement, ils s’enfuirent tous jusqu’à Beth-Shitta, du côté de Tseréra et jusqu’aux abords de Abel-Mehola près de Tabbath.

Pataje
Li Jij 7