Jij 6:1-15
Jij 6:1-15 1998 Haïtienne (HAT98)
Pèp Izrayèl la lage kò l ankò nan fè sa ki mal nan je Senyè a. Senyè a kite moun peyi Madyan yo mete pye sou kou yo pandan setan. Moun peyi Madyan yo te pi fò pase moun pèp Izrayèl yo. Se poutèt sa, moun pèp Izrayèl yo al kache kò yo nan fon ravin, nan gwòt, nan twou wòch yo jwenn nan mòn yo. Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo. Yo moute tant yo sou tè moun Izrayèl yo, yo ravaje tout rekòt yo rive jouk toupre lavil Gaza. Yo pa kite anyen pou moun Izrayèl yo manje, pa menm yon mouton, yon bèf osinon yon bourik. Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l. Moun peyi Madyan yo te fini ak moun Izrayèl yo. Lè sa a, moun Izrayèl yo kriye nan pye Senyè a, yo mande l sekou. Lè pèp Izrayèl la te kriye nan pye Senyè a pou moun peyi Madyan yo, Senyè a te voye yon pwofèt bay pèp la ki di yo: — Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Se mwen menm ki te fè nou sòti nan peyi Lejip kote nou te nan esklavaj la. Mwen te delivre nou anba men moun Lejip yo ak anba men tout lòt moun ki t'ap malmennen nou isit la. Mwen mete yo deyò pou yo fè plas pou nou, lèfini mwen ban nou peyi moun sa yo pou nou rete. Mwen te di nou se mwen menm Senyè a ki Bondye nou an. Kounyeya nou rete nan peyi moun Amori yo, piga n'al sèvi bann bondye moun sa yo. Men, nou pat koute m lè m te pale nou. Lè sa a, zanj Senyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre bouk Ofra, ki te pou Jowas, moun fanmi Ebyezè yo. Jedeyon, pitit gason li a, t'ap bat ble ankachèt kote yo konn kraze rezen an, pou moun madyan yo pa te vin pran li nan men li. Zanj Senyè a parèt devan l, li di l konsa: — Bonjou, vanyan sòlda! Senyè a avè ou! Jedeyon reponn li: — Adye, mesye! Si Senyè a avè nou vre, manyè di m poukisa tout bagay sa yo rive nou! Kote tout bèl bagay zansèt nou yo te rakonte nou Senyè a te konn fè, jan se li menm ki te fè nou sòti kite peyi Lejip? Men kounyeya, Senyè a lage nou, li kite moun Madyan yo fè sa yo vle ak nou. Lè sa a, Senyè a bay Jedeyon lòd sa a, li di l: — Ale non. Avèk fòs kouray ou genyen an, w'a delivre pèp Izrayèl la anba men moun peyi Madyan yo. Se mwen menm menm ki voye ou! Jedeyon reponn li! — Tanpri, mèt! Avèk kisa mwen pral delivre pèp Izrayèl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lèfini, mwen menm pou tèt pa m, se mwen menm ki pi piti lakay papa m.
Jij 6:1-15 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Les Israélites font ce qui est mal aux yeux du SEIGNEUR. Alors le SEIGNEUR les livre aux Madianites pendant sept ans. Ceux-ci font peser durement leur pouvoir sur Israël. À cause d’eux, les Israélites s’installent dans les couloirs des montagnes, dans les grottes et dans des endroits difficiles à atteindre. Chaque fois que les Israélites sèment dans leurs champs, les Madianites viennent les attaquer avec les Amalécites et des nomades de l’est . Ils campent sur leurs terres et ils détruisent les produits des champs jusque près de Gaza. Ils ne laissent rien à manger aux Israélites, ils ne leur laissent ni moutons, ni bœufs, ni ânes. En effet, ils viennent avec leurs troupeaux et leurs tentes. Ils arrivent en masse comme des sauterelles. Ils sont si nombreux, eux et leurs chameaux, qu’on ne peut pas les compter. Ils rentrent dans le pays pour le détruire. Les Madianites mettent les Israélites dans une grande misère, et ceux-ci crient vers le SEIGNEUR. Quand les Israélites appellent le SEIGNEUR pour les libérer des Madianites, le SEIGNEUR leur envoie un prophète. Cet homme leur dit de sa part : « Moi, le SEIGNEUR, Dieu d’Israël, je vous ai fait sortir d’Égypte, le pays où vous étiez esclaves. Je vous ai libérés des Égyptiens et de tous ceux qui vous maltraitaient. J’ai chassé vos ennemis devant vous et je vous ai donné leur pays. Je vous ai dit : “Je suis le SEIGNEUR votre Dieu. Vous qui habitez le pays des Amorites, ne servez pas leurs dieux.” Mais vous ne m’avez pas écouté. » L’ange du SEIGNEUR vient au village d’Ofra. Il s’assoit sous l’arbre sacré qui appartient à Yoach, du clan d’Abiézer. Gédéon, le fils de Yoach, est en train de battre le blé là où d’habitude on écrase le raisin. Ainsi les Madianites ne peuvent pas le voir. L’ange du SEIGNEUR se montre à Gédéon et lui dit : « Le SEIGNEUR est avec toi, combattant courageux ! » Gédéon répond : « Pardon, mon seigneur ! Si le SEIGNEUR est avec nous, pourquoi est-ce que nous sommes si malheureux ? Nos ancêtres nous ont raconté les actions extraordinaires que le SEIGNEUR a faites au moment de la sortie d’Égypte. Où sont donc ces actions ? Maintenant, le SEIGNEUR nous a abandonnés, il nous a livrés aux Madianites. » Le SEIGNEUR se tourne vers Gédéon et lui dit : « Avec la force que tu as, va délivrer Israël des Madianites ! Oui, c’est moi qui t’envoie. » Gédéon répond : « Seigneur, pardon ! Comment est-ce que je peux délivrer Israël ? Mon clan est le plus faible de la tribu de Manassé. Et moi, je suis le plus jeune de ma famille. »
Jij 6:1-15 New International Version (NIV)
The Israelites did evil in the eyes of the LORD, and for seven years he gave them into the hands of the Midianites. Because the power of Midian was so oppressive, the Israelites prepared shelters for themselves in mountain clefts, caves and strongholds. Whenever the Israelites planted their crops, the Midianites, Amalekites and other eastern peoples invaded the country. They camped on the land and ruined the crops all the way to Gaza and did not spare a living thing for Israel, neither sheep nor cattle nor donkeys. They came up with their livestock and their tents like swarms of locusts. It was impossible to count them or their camels; they invaded the land to ravage it. Midian so impoverished the Israelites that they cried out to the LORD for help. When the Israelites cried out to the LORD because of Midian, he sent them a prophet, who said, “This is what the LORD, the God of Israel, says: I brought you up out of Egypt, out of the land of slavery. I rescued you from the hand of the Egyptians. And I delivered you from the hand of all your oppressors; I drove them out before you and gave you their land. I said to you, ‘I am the LORD your God; do not worship the gods of the Amorites, in whose land you live.’ But you have not listened to me.” The angel of the LORD came and sat down under the oak in Ophrah that belonged to Joash the Abiezrite, where his son Gideon was threshing wheat in a winepress to keep it from the Midianites. When the angel of the LORD appeared to Gideon, he said, “The LORD is with you, mighty warrior.” “Pardon me, my lord,” Gideon replied, “but if the LORD is with us, why has all this happened to us? Where are all his wonders that our ancestors told us about when they said, ‘Did not the LORD bring us up out of Egypt?’ But now the LORD has abandoned us and given us into the hand of Midian.” The LORD turned to him and said, “Go in the strength you have and save Israel out of Midian’s hand. Am I not sending you?” “Pardon me, my lord,” Gideon replied, “but how can I save Israel? My clan is the weakest in Manasseh, and I am the least in my family.”
Jij 6:1-15 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Les Israélites firent de nouveau ce que l’Eternel considère comme mal, de sorte que l’Eternel les livra au pouvoir des Madianites pendant sept ans. L’oppression des Madianites fut si dure que les Israélites s’aménagèrent des abris dans les cavernes, les grottes et les endroits escarpés des montagnes. Chaque fois que les Israélites avaient ensemencé leurs champs, les Madianites venaient les attaquer avec les Amalécites et d’autres tribus nomades de l’Orient. Ils établissaient leur campement dans le pays et détruisaient les récoltes jusqu’aux abords de Gaza. Ils ne laissaient aux Israélites ni vivres, ni moutons, ni bœufs, ni ânes. En effet, ils arrivaient en grand nombre, comme des sauterelles, avec leurs troupeaux et leurs tentes. Eux et leurs chameaux étaient innombrables, et ils envahissaient le pays pour le ravager. Les Israélites furent réduits à une grande misère par les Madianites et ils implorèrent l’Eternel. Lorsque les Israélites implorèrent l’Eternel à cause des Madianites, il leur envoya un prophète qui leur dit : Voici ce que déclare l’Eternel, le Dieu d’Israël : « C’est moi qui vous ai fait sortir d’Egypte, de ce pays où vous étiez réduits à l’esclavage. Je vous ai délivrés des Egyptiens et de tous ceux qui vous opprimaient : je les ai chassés devant vous et je vous ai donné leur pays. Je vous ai dit : Je suis l’Eternel votre Dieu ; ne craignez pas les dieux des Amoréens dont vous habitez le pays. Mais vous ne m’avez pas écouté. » L’ange de l’Eternel vint s’asseoir sous le chêne qui se trouvait à Ophra dans la propriété de Joas, un homme de la famille d’Abiézer. Gédéon, un fils de Joas, était en train de battre le blé dans le pressoir à raisin pour le cacher des Madianites. L’ange de l’Eternel lui apparut et dit : L’Eternel est avec toi, guerrier valeureux ! Gédéon lui répondit : De grâce, mon seigneur, si l’Eternel est avec nous, pourquoi tant de malheurs s’abattent-ils sur nous ? Où sont donc tous ces prodiges que nos pères nous ont racontés en nous disant que l’Eternel nous a fait sortir d’Egypte ? En réalité, l’Eternel nous a abandonnés et nous a livrés au pouvoir des Madianites. Alors l’Eternel se tourna vers lui et dit : Va avec cette force que tu as, et délivre Israël des Madianites. N’est-ce pas moi qui t’envoie ? Mais Gédéon répliqua : De grâce, mon Seigneur ! Avec quoi pourrais-je délivrer Israël ? Ma famille est peu importante dans la tribu de Manassé, et moi je suis le plus jeune des fils de mon père.