Jij 1:1-36

Jij 1:1-36 1998 Haïtienne (HAT98)

Apre Jozye mouri, pèp Izrayèl la mande Senyè a: — Nan tout branch fanmi nou yo, kilès ladan yo ki pou al atake moun Kanaran yo anvan? Senyè a reponn yo: — Se branch fanmi Jida a ki pou premye ale. Se mwen menm k'ap lage tout peyi a nan men yo. Moun Jida yo di moun Simeyon yo konsa: — Ann al ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Jida yo. Enpi n'a mete ansanm pou goumen ak moun Kanaran yo. Apre sa, nou menm moun Jida yo, n'a ale ansanm ak nou nan pòsyon tè yo ban nou an, nou menm moun Simeyon yo. Se konsa, moun Simeyon yo ale ansanm ak moun Jida yo, yo moute al goumen. Senyè a lage moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo nan men yo. Yo bat yon lame dimil (10.000) sòlda nan lavil Bezèk. Yo jwenn Adonibezèk la tou. Yo goumen avè l. Yo bat moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo byen bat. Adonibezèk te kouri pou yo. Yo kouri dèyè l, yo mete men sou li, epi yo koupe de dwèt gwopous li yo ak de gwo tèt zòtèy pye l yo. Lè sa a, Adonibezèk di: — Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m sa m te fè yo a. Yo mennen mesye lavil Jerizalèm. Se la li mouri. Moun fanmi Jida yo al atake lavil Jerizalèm, epi yo pran l. Yo touye dènye moun ki te rete la, lèfini yo mete dife ladan l. Apre sa, y'al goumen ak moun Kanaran ki t'ap viv nan mòn yo ak nan pye mòn yo nan Negèv la. Moun Jida yo atake moun Kanaran ki te rete lavil Ebwon, ki te rele anvan sa Kiriyat-Aba. Yo bat Chechayi, Ayiman ak Talmayi. Yo kite Ebwon, yo mache al atake moun ki te rete lavil Debi yo. Nan tan lontan yo te rete lavil sa a Kiriyat-Sefè. Kalèb di: — Moun ki va resi pran lavil Kiriyat-Sefè a, m'ap marye l ak Aksa, pitit fi mwen an. Se Otonyèl, pitit gason Kenaz, ti frè Kalèb la, ki te pran lavil la. Konsa, Kalèb ba li Aksa, pitit fi li a, pou madanm. Lè Aksa rive lakay mari l, mari a di l poukisa li pa mande papa l yon bon jaden. Aksa al jwenn Kalèb. Desann li desann bourik li, Kalèb mande l: — Sa k gengenn, pitit mwen? Aksa reponn: — Mwen vin mande ou yon favè. Se ou menm ki voye m al viv nan dezè Negèv la, se pou ou ban m kote pou m pran dlo tou. Se konsa Kalèb ba li Sous Dlo Anwo ak Sous Dlo Anba Negèv la. Moun Kenit yo, fanmi bòpè Moyiz, kite lavil Palmis. Yo moute ansanm ak moun Jida yo nan dezè peyi Jida a sou bò sid peyi Arad. Se la y'al rete ak moun Amalèk yo. Moun Jida yo ale ansanm ak moun Simeyon yo, yo bat moun Kanaran ki te rete lavil Zefa yo. Yo detwi lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ladan li. Yo boule yo tankou yon ofrann pou Senyè a. Yo chanje non vil la, yo rele li Destriksyon. Moun Jida yo pat pran lavil Gaza ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Askalon ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Ekwon ak tout zòn ki sou zòd li. Senyè a te kanpe ak moun Jida yo. Li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men yo pa te kapab mete moun ki nan plenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt ak fè. Jan Moyiz te bay lòd la, yo pran lavil Ebwon bay Kalèb. Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la. Men, moun branch fanmi Benjamen yo pat mete moun Jebis yo deyò nan lavil Jerizalèm. Se konsa moun Jebis yo rete ap viv ansanm ak moun Benjamen yo nan lavil Jerizalèm jouk jòdi a. Moun de branch fanmi Jozèf yo moute al atake lavil Betèl ki te rele Louz anvan sa. Senyè a te kanpe avèk yo tou. Yo te voye kèk moun ankachèt al espyonnen lavil la. Moun yo te voye yo kontre yon nonm ki t'ap sòti lavil la. Yo di l konsa: — Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p'ap fè ou anyen. Se konsa nonm lan moutre yo ki jan pou yo antre nan lavil la. Yo touye tout moun ki te nan lavil la, esèpte nonm lan ansanm ak tout fanmi l. Apre sa, nonm lan pati ale nan peyi moun Et yo. Li bati yon lavil laba a, li rele l Louz. Se konsa yo rele lavil la jouk jòdi a. Moun branch fanmi Manase yo pat rive mete tout moun deyò nan lavil Bèt-Chean, nan lavil Tanak, nan lavil Dò, nan lavil Jibleyam, nan lavil Megibo ak nan tout ti bouk ki te sou kont yo. Konsa, moun Kanaran yo te toujou ap viv nan peyi a. Lè moun Izrayèl yo te vin pi fò, yo fòse moun Kanaran yo travay pou yo, men, yo pa janm mete yo deyò. Moun branch fanmi Efrayim yo tou pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Gezè. Se konsa, moun Kanaran yo rete viv la ansanm ak yo. Moun branch fanmi Zabilon yo pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Kitwon ak nan lavil Naalòl. Moun Kanaran yo te rete viv ansanm ak yo, men yo te blije travay pou moun Zabilon yo. Moun branch fanmi Asè yo pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Sidon, lavil Alad, lavil Agzid, lavil Elba, lavil Afik ak lavil Reyòb. Se konsa, moun Asè yo t'ap viv ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a, paske yo pat mete yo deyò. Moun branch fanmi Nèftali yo pat mete moun Kanaran yo deyò nan lavil Bèt-Chemèch, ni nan lavil Bèt-Anat. Yo te rete ansanm ak moun Kanaran ki te rete nan peyi a. Men, moun lavil Bèt-Chemèch ak moun lavil Bèt-Anat yo te blije travay pou yo. Moun Amori yo menm te kwense moun fanmi Dann yo nan mòn yo. Yo pat kite yo desann nan plenn lan menm. Se konsa, moun Amori yo rete rete yo nan mòn Erès, nan lavil Ayalon ak nan lavil Chalbim. Men, lè moun fanmi Jozèf yo rive donminen sou yo, yo fè yo travay pou yo. Fontyè peyi moun Amori yo te konmanse depi pas Eskòpyon yo, moute rive gwo Wòch.

Pataje
Li Jij 1

Jij 1:1-36 Parole de Vie 2017 (PDV2017)

Après la mort de Josué, les Israélites consultent le SEIGNEUR et ils lui demandent : « Quelle est la tribu qui doit aller la première attaquer les Cananéens ? » Le SEIGNEUR répond : « C’est la tribu de Juda. Je livre le pays en son pouvoir. » Alors les hommes de Juda disent à ceux de la tribu de Siméon, le frère de Juda : « Venez avec nous prendre le territoire qui nous revient. Attaquons ensemble les Cananéens ! Ensuite, nous irons avec vous prendre votre territoire. » Les gens de la tribu de Siméon vont avec ceux de la tribu de Juda et ils partent au combat. Le SEIGNEUR leur livre les Cananéens et les Perizites, et ils tuent 10 000 hommes à Bézec. En effet, dans cette ville, ils trouvent le roi Adoni-Bézec. Ils l’attaquent et battent les Cananéens et les Perizites. Adoni-Bézec fuit. Les Israélites le poursuivent, ils le prennent et lui coupent les pouces des mains et des pieds. Alors le roi dit : « Il y avait 70 rois qui ramassaient les miettes sous ma table. On leur avait coupé les pouces des mains et des pieds. Dieu m’a rendu ce que j’ai fait ! » Les Israélites emmènent Adoni-Bézec à Jérusalem, et il meurt là. Les hommes de Juda attaquent la ville de Jérusalem et ils la prennent. Ils tuent ses habitants et mettent le feu à la ville. Après cela, ils vont combattre les Cananéens qui habitent la région montagneuse, la région du sud et le Bas-Pays. Ils attaquent les habitants de la ville d’Hébron, qui s’appelait avant Quiriath-Arba. Ils battent les clans de Chéchaï, d’Ahiman et de Talmaï. De là, les hommes de Juda partent attaquer les habitants de la ville de Debir, qui s’appelait avant Quiriath-Séfer. Caleb dit : « Je donnerai ma fille Axa pour femme à celui qui attaquera Quiriath-Séfer et qui prendra cette ville. » Otniel, fils de Quenaz, le petit frère de Caleb, prend la ville, et Caleb lui donne sa fille en mariage. Quand Axa arrive auprès d’Otniel, elle lui dit : « Demande donc un champ à mon père ! » Ensuite elle descend de son âne. Caleb lui demande : « Qu’est-ce que tu veux ? » Elle répond : « Sois bon pour moi. Donne-moi des points d’eau. En effet, la région que tu m’as donnée au sud est très sèche. » Alors Caleb lui donne les sources d’en haut et les sources d’en bas. Le beau-père de Moïse était quénite. Ceux qui sont de sa famille partent de la ville des Palmiers, avec les hommes de Juda. Ils vont s’installer dans le désert de Juda, au sud d’Arad. Ils vont habiter parmi les Amalécites. Les hommes de Juda vont au combat avec ceux de la tribu de Siméon, le frère de Juda. Ils battent les Cananéens qui habitent Sefath. À cause du SEIGNEUR, ils détruisent complètement cette ville. Maintenant, on appelle ce lieu Horma . Ensuite, les hommes de Juda prennent Gaza, Ascalon et Écron avec les territoires voisins. Le SEIGNEUR lui-même est avec eux et ils prennent la région montagneuse. Pourtant, ils n’arrivent pas à chasser les habitants de la plaine, parce que ceux-ci ont des chars de fer. La ville d’Hébron est donnée à Caleb, comme Moïse l’a commandé. Caleb prend la ville aux trois clans anaquites qui l’habitent. Les gens de la tribu de Benjamin ne chassent pas les Jébusites qui habitent Jérusalem. Aujourd’hui encore, ceux-ci habitent dans cette ville avec les Benjaminites. Les gens de la famille de Joseph vont attaquer Béthel, et le SEIGNEUR est avec eux. Ils envoient des hommes explorer la ville, qui s’appelait autrefois Louz. Les envoyés voient un homme sortir de la ville. Ils lui disent : « Montre-nous comment nous pouvons entrer dans la ville, et nous serons bons pour toi. » L’homme leur montre comment entrer dans la ville. Alors les gens de Joseph font mourir tous les habitants. Mais ils laissent partir cet homme avec tout son clan. Il part au pays des Hittites. Là, il construit une ville qu’il appelle Louz. Elle a encore ce nom-là aujourd’hui. Les gens de Manassé, de la famille de Joseph, ne chassent pas les habitants de Beth-Chéan, de Taanak, de Dor, d’Ibléam et de Méguiddo, ni ceux des lieux voisins. Les Cananéens continuent à vivre dans cette région. Même quand les Israélites deviennent puissants, ils ne les chassent pas, mais ils les obligent à faire un travail d’esclaves. Les gens d’Éfraïm, de la famille de Joseph, ne chassent pas les Cananéens qui habitent Guézer. Alors ceux-ci vivent avec les gens d’Éfraïm. Les gens de Zabulon ne chassent pas les Cananéens qui habitent Quitron et Nahalal. Alors ceux-ci vivent avec la tribu de Zabulon, qui les oblige à faire un travail d’esclaves. Les gens d’Asser ne chassent pas les habitants d’Akko et de Sidon, d’Alab, d’Akzib, de Helba, d’Afic et de Rehob. Alors ils vivent avec les Cananéens du pays, car ils ne les chassent pas. Les gens de Neftali ne chassent pas les habitants de Beth-Chémech et de Beth-Anath. Ils vivent avec eux, mais ils les obligent à faire un travail d’esclaves. Les Amorites repoussent les gens de la tribu de Dan dans la montagne. Ils ne les laissent pas descendre dans la plaine. Les Amorites continuent à habiter Har-Hérès, Ayalon et Chaalbim. Plus tard, les gens de la famille de Joseph les dominent et ils les obligent à faire un travail d’esclaves. La frontière des Amorites au sud part à l’est de la montée des Scorpions, puis elle suit le territoire des Édomites.

Pataje
Li Jij 1

Jij 1:1-36 New International Version (NIV)

After the death of Joshua, the Israelites asked the LORD, “Who of us is to go up first to fight against the Canaanites?” The LORD answered, “Judah shall go up; I have given the land into their hands.” The men of Judah then said to the Simeonites their fellow Israelites, “Come up with us into the territory allotted to us, to fight against the Canaanites. We in turn will go with you into yours.” So the Simeonites went with them. When Judah attacked, the LORD gave the Canaanites and Perizzites into their hands, and they struck down ten thousand men at Bezek. It was there that they found Adoni-Bezek and fought against him, putting to rout the Canaanites and Perizzites. Adoni-Bezek fled, but they chased him and caught him, and cut off his thumbs and big toes. Then Adoni-Bezek said, “Seventy kings with their thumbs and big toes cut off have picked up scraps under my table. Now God has paid me back for what I did to them.” They brought him to Jerusalem, and he died there. The men of Judah attacked Jerusalem also and took it. They put the city to the sword and set it on fire. After that, Judah went down to fight against the Canaanites living in the hill country, the Negev and the western foothills. They advanced against the Canaanites living in Hebron (formerly called Kiriath Arba) and defeated Sheshai, Ahiman and Talmai. From there they advanced against the people living in Debir (formerly called Kiriath Sepher). And Caleb said, “I will give my daughter Aksah in marriage to the man who attacks and captures Kiriath Sepher.” Othniel son of Kenaz, Caleb’s younger brother, took it; so Caleb gave his daughter Aksah to him in marriage. One day when she came to Othniel, she urged him to ask her father for a field. When she got off her donkey, Caleb asked her, “What can I do for you?” She replied, “Do me a special favor. Since you have given me land in the Negev, give me also springs of water.” So Caleb gave her the upper and lower springs. The descendants of Moses’ father-in-law, the Kenite, went up from the City of Palms with the people of Judah to live among the inhabitants of the Desert of Judah in the Negev near Arad. Then the men of Judah went with the Simeonites their fellow Israelites and attacked the Canaanites living in Zephath, and they totally destroyed the city. Therefore it was called Hormah. Judah also took Gaza, Ashkelon and Ekron—each city with its territory. The LORD was with the men of Judah. They took possession of the hill country, but they were unable to drive the people from the plains, because they had chariots fitted with iron. As Moses had promised, Hebron was given to Caleb, who drove from it the three sons of Anak. The Benjamites, however, did not drive out the Jebusites, who were living in Jerusalem; to this day the Jebusites live there with the Benjamites. Now the tribes of Joseph attacked Bethel, and the LORD was with them. When they sent men to spy out Bethel (formerly called Luz), the spies saw a man coming out of the city and they said to him, “Show us how to get into the city and we will see that you are treated well.” So he showed them, and they put the city to the sword but spared the man and his whole family. He then went to the land of the Hittites, where he built a city and called it Luz, which is its name to this day. But Manasseh did not drive out the people of Beth Shan or Taanach or Dor or Ibleam or Megiddo and their surrounding settlements, for the Canaanites were determined to live in that land. When Israel became strong, they pressed the Canaanites into forced labor but never drove them out completely. Nor did Ephraim drive out the Canaanites living in Gezer, but the Canaanites continued to live there among them. Neither did Zebulun drive out the Canaanites living in Kitron or Nahalol, so these Canaanites lived among them, but Zebulun did subject them to forced labor. Nor did Asher drive out those living in Akko or Sidon or Ahlab or Akzib or Helbah or Aphek or Rehob. The Asherites lived among the Canaanite inhabitants of the land because they did not drive them out. Neither did Naphtali drive out those living in Beth Shemesh or Beth Anath; but the Naphtalites too lived among the Canaanite inhabitants of the land, and those living in Beth Shemesh and Beth Anath became forced laborers for them. The Amorites confined the Danites to the hill country, not allowing them to come down into the plain. And the Amorites were determined also to hold out in Mount Heres, Aijalon and Shaalbim, but when the power of the tribes of Joseph increased, they too were pressed into forced labor. The boundary of the Amorites was from Scorpion Pass to Sela and beyond.

Pataje
Li Jij 1

Jij 1:1-36 La Bible du Semeur 2015 (BDS)

Après la mort de Josué, les Israélites consultèrent l’Eternel pour savoir quelle tribu devait aller la première attaquer les Cananéens. L’Eternel répondit : C’est Juda qui ira la première : je livre le pays en son pouvoir. Alors les hommes de Juda dirent à ceux de Siméon, frère de Juda  : Venez avec nous à la conquête du territoire qui nous a été attribué. Nous combattrons ensemble les Cananéens. Ensuite, nous vous aiderons également à conquérir le territoire qui vous est échu. Les gens de Siméon se joignirent donc à eux, et Juda se mit en campagne. L’Eternel leur donna la victoire sur les Cananéens et les Phéréziens. A Bézeq, ils battirent dix mille hommes. En effet, ils tombèrent là sur le roi Adoni-Bézeq et l’attaquèrent. Ils battirent les Cananéens et les Phéréziens. Adoni-Bézeq s’enfuit, mais ils le poursuivirent, s’emparèrent de lui et lui coupèrent les pouces des mains et des pieds. Adoni-Bézeq s’exclama : Soixante-dix rois, dont on avait coupé les pouces des mains et des pieds, ramassaient les miettes qui tombaient sous ma table. Dieu m’a rendu ce que j’ai fait. On l’emmena à Jérusalem et c’est là qu’il mourut. Les hommes de Juda attaquèrent Jérusalem et s’en emparèrent. Ils massacrèrent ses habitants et mirent le feu à la ville. Ensuite, ils partirent combattre les Cananéens qui occupaient la région montagneuse, le Néguev et le Bas-Pays. Juda marcha aussi contre les Cananéens qui habitaient Hébron, dont le nom était autrefois Qiryath-Arba. Ils battirent Shéshaï, Ahimân et Talmaï. De là, ils partirent attaquer les habitants de Debir, appelée autrefois Qiryath-Sépher. Caleb promit sa fille Aksa en mariage à celui qui battrait et prendrait Qiryath-Sépher. Ce fut son neveu Otniel, fils de Qenaz, le frère cadet de Caleb, qui s’en empara ; et Caleb lui donna sa fille Aksa en mariage. Dès son arrivée auprès de son mari, elle l’engagea à demander un champ à son père Caleb. Puis elle sauta de son âne et Caleb lui demanda : Quel est ton désir ? Elle lui répondit : Accorde-moi un cadeau. Puisque tu m’as établie dans une terre aride, donne-moi aussi des points d’eau. Et Caleb lui donna les sources supérieures et les sources inférieures. Les descendants du Qénien, beau-père de Moïse, quittèrent la ville des palmiers avec les hommes de Juda pour aller s’installer parmi le peuple dans les territoires désertiques de Juda qui se situent au sud d’Arad. Les hommes de Juda se joignirent à ceux de Siméon, frère de Juda, pour battre les Cananéens qui habitaient Tsephath, ils en exterminèrent la population et détruisirent entièrement la ville, pour la vouer à l’Eternel, et on lui donna le nom de Horma. Les gens de Juda s’emparèrent également de Gaza, d’Ashkelôn et d’Eqrôn ainsi que des territoires voisins de ces villes. L’Eternel lui-même était avec eux, et c’est ainsi que les hommes de Juda purent conquérir la région montagneuse. Ils ne réussirent pas à déposséder les habitants de la vallée, car ceux-ci disposaient de chars de combat bardés de fer. On attribua Hébron à Caleb, comme Moïse l’avait dit. Il en expulsa les trois descendants d’Anaq. Les descendants de Benjamin ne dépossédèrent pas les Yebousiens qui habitaient Jérusalem ; ceux-ci y vivent encore aujourd’hui avec les Benjaminites. Les descendants de Joseph partirent de leur côté attaquer Béthel et l’Eternel fut avec eux. Ils envoyèrent d’abord des hommes en reconnaissance à Béthel qui s’appelait autrefois Louz. Les envoyés virent un homme sortir de la ville et ils lui dirent : Montre-nous par où on peut pénétrer dans la ville, et nous te traiterons avec bonté. L’homme leur montra donc comment pénétrer dans la ville. Ils massacrèrent tous les habitants, mais laissèrent partir cet homme avec toute sa famille. L’homme émigra dans le pays des Hittites  ; il y construisit une ville à laquelle il donna le nom de Louz qu’elle porte encore aujourd’hui. Les hommes de Manassé ne dépossédèrent pas les habitants de Beth-Sheân, de Taanak, de Dor, de Yibleam, de Meguiddo et des localités qui dépendaient de ces villes. Les Cananéens continuèrent donc à se maintenir dans cette région. Lorsque les Israélites furent devenus plus forts, ils leur imposèrent des corvées, mais ils ne les dépossédèrent pas. Les gens d’Ephraïm ne dépossédèrent pas les Cananéens établis à Guézer, et ceux-ci continuèrent à y vivre au milieu des Ephraïmites. Ceux de Zabulon ne dépossédèrent pas non plus les habitants de Qitrôn et de Nahalol ; les Cananéens habitèrent donc au milieu des gens de Zabulon qui leur imposèrent des corvées. Les gens d’Aser ne dépossédèrent pas les habitants d’Akko, de Sidon, d’Ahlab, d’Akzib, de Helba, d’Aphiq et de Rehob. Les descendants d’Aser s’établirent donc au milieu des Cananéens qui occupaient le pays, car ils ne les dépossédèrent pas. Les gens de Nephtali ne dépossédèrent pas les habitants de Beth-Shémesh ni ceux de Beth-Anath. Ils s’installèrent au milieu des Cananéens qui habitaient le pays et ils soumirent à des corvées les habitants de ces deux villes. Les Amoréens refoulèrent les Danites dans la région montagneuse et les empêchèrent de descendre dans la vallée. Les Amoréens continuèrent donc à se maintenir à Har-Hérès, à Ayalôn et à Shaalbim, mais les descendants de Joseph furent de plus en plus puissants et leur imposèrent des corvées. Le territoire des Amoréens s’étendait de la montée des Scorpions, depuis Séla et en remontant.

Pataje
Li Jij 1