Jak 5:7-12
Jak 5:7-12 1998 Haïtienne (HAT98)
Se poutèt sa, frè m yo, annou pran pasyans jouk jou Senyè a va vini. Gade jan kiltivatè a gen pasyans. Li gen pou l rete tann anvan pou tè a ba li yon bèl rekòt. Li pran pasyans, li rete tann lapli premye sezon an jouk lapli dènye sezon an. Nou menm tou, pran pasyans, bay kò nou kouraj. Paske Mèt la pa lontan vini. Frè m yo, pa plenyen yonn sou do lòt pou nou pa tonbe anba jijman Bondye. Men jij la la nan papòt la. Frè m yo, chonje pwofèt yo ki te pale nan non Mèt la. Pran egzanp sou yo, pou jan yo te gen pasyans lè yo t'ap soufri. Paske yo te soufri ak pasyans, nou di yo se moun Bondye beni. Nou tande ki jan Jòb te gen pasyans, nou wè bout pou bout sa Bondye te fè pou li, paske Bondye gen bon kè, li gen kè sansib. Anvan tout lòt bagay, frè mwen yo, men sa ki enpòtan: Piga nou sèmante ni sou syèl la, ni sou latè a, ni sou tèt okenn lòt bagay. Yon sèl pawòl pou nou genyen: se wi, se non. Konsa nou p'ap tonbe anba jijman Bondye.
Jak 5:7-12 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Frères et sœurs chrétiens, soyez patients, le Seigneur vient ! Regardez le cultivateur. Il attend avec patience les belles récoltes de la terre, depuis les premières jusqu’aux dernières. Vous aussi, soyez patients ! Courage, le Seigneur vient bientôt ! Frères et sœurs, ne vous plaignez pas des autres, pour que Dieu ne vous juge pas. Voici le juge, il est à votre porte ! Frères et sœurs, les prophètes, qui ont parlé au nom du Seigneur, ont souffert avec patience. Prenez-les comme exemples. Voyez ! Les gens qui résistent dans les difficultés, nous disons qu’ils sont heureux. Vous avez entendu l’histoire de Job, l’homme patient. Vous savez ce que le Seigneur lui a donné à la fin. Oui, le Seigneur est plein de tendresse et de pitié. Surtout, mes frères et mes sœurs, ne faites pas de serments. Ne prenez pas comme témoin le ciel, la terre ou autre chose ! Dites simplement oui quand c’est oui, et non quand c’est non, alors Dieu ne vous jugera pas.
Jak 5:7-12 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Frè m ak sè m yo, se pou n gen pasyans, an n tann Senyè a vini. Ann fè menm jan ak kiltivatè a. Li tann bèl rekòt latè avèk pasyans, depi soti nan premye grenn lapli rive nan dènye grenn lapli. Nou menm tou, an n pran pasyans! Ann pran kouraj, Senyè a pa lwen vini! Frè m ak sè m yo, an n sispann plenyen youn kont lòt. Si nou pa sispann, Bondye ap jije nou pou sa. Jij la gentan nan pòt la! Frè m ak sè m yo, an n pran egzanp sou pwofèt yo ki t ap pale pou Senyè a. Yo te pase anpil soufrans avèk pasyans. Gade non! Moun ki aksepte soufrans yo avèk pasyans, nou di se moun ki beni. Ou konn tande pale sous soufrans Jòb, yon nonm ki te gen anpil pasyans. Nou konnen kijan Senyè a te beni l nan lafen an. Sa montre nou Senyè a plen mizerikòd ansanm ak konpasyon. Frè m ak sè m yo, nou pa dwe ap sèmante. Pa pran kòm temwen ni syèl la, ni tè a oubyen yon lòt bagay. Lè se wi, di sèlman wi, lè se non, di sèlman non. Lè sa a, Bondye p ap gen pou jije w.
Jak 5:7-12 New International Version (NIV)
Be patient, then, brothers and sisters, until the Lord’s coming. See how the farmer waits for the land to yield its valuable crop, patiently waiting for the autumn and spring rains. You too, be patient and stand firm, because the Lord’s coming is near. Don’t grumble against one another, brothers and sisters, or you will be judged. The Judge is standing at the door! Brothers and sisters, as an example of patience in the face of suffering, take the prophets who spoke in the name of the Lord. As you know, we count as blessed those who have persevered. You have heard of Job’s perseverance and have seen what the Lord finally brought about. The Lord is full of compassion and mercy. Above all, my brothers and sisters, do not swear—not by heaven or by earth or by anything else. All you need to say is a simple “Yes” or “No.” Otherwise you will be condemned.
Jak 5:7-12 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Frères et sœurs, patientez donc jusqu’à ce que le Seigneur vienne. Pensez au cultivateur : il attend les précieuses récoltes de sa terre. Il prend patience à leur égard, jusqu’à ce que tombent les pluies de l’automne et du printemps. Vous aussi, prenez patience, soyez pleins de courage, car la venue du Seigneur est proche. Ne vous répandez pas en plaintes les uns contre les autres, frères et sœurs, si vous ne voulez pas être condamnés. Voici que le Juge se tient déjà devant la porte. Frères et sœurs, prenez comme modèles de patience persévérante dans la souffrance les prophètes qui ont parlé de la part du Seigneur. Oui, nous disons bienheureux ceux qui ont tenu bon. Vous avez entendu comment Job a supporté la souffrance. Vous savez ce que le Seigneur a finalement fait en sa faveur, parce que le Seigneur est plein de bonté et de compassion. Avant tout, frères et sœurs, ne faites pas de serment, ni par le ciel, ni par la terre, ni par n’importe quoi d’autre. Que votre oui soit un vrai oui et votre non un vrai non, afin que vous ne tombiez pas sous le coup de la condamnation.