Jak 3:13-18
Jak 3:13-18 1998 Haïtienne (HAT98)
Si gen nan mitan nou yon moun ki gen bon konprann, ki gen lespri, se pou l moutre sa ak bon kondit li. Se pou l fè sa ki byen san lògèy, men avèk bon konprann. Men, si n'ap fè jalouzi nan kè nou, si nou kenbe moun nan kè nou, si n'ap kouri dèyè enterè pa nou, pa vante tèt nou, pa fè manti sou laverite a. Bon konprann konsa pa sòti nan Bondye, li sòti nan lemonn, nan moun ak nan dyab la. Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste. Pou konmanse, moun ki gen bon konprann ki sòti nan Bondye a ap fè volonte Bondye, l'ap viv byen ak tout moun, l'ap respekte tout moun, l'ap tande rezon, l'ap gen kè sansib, l'ap fè anpil anpil byen, li pa nan de fas ni nan ipokrit. Moun k'ap chache pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, y'ap travay ak kè poze pou yo ka rekòlte yon lavi ki dwat devan Bondye.
Jak 3:13-18 Parole de Vie 2017 (PDV2017)
Est-ce qu’il y a quelqu’un de sage parmi vous ? Est-ce qu’il y a quelqu’un d’intelligent ? Alors il doit le montrer par sa bonne conduite, par des actes faits avec douceur et sagesse. Mais si vous avez dans votre cœur une jalousie amère et l’envie de passer devant les autres, ne vous vantez pas. Ne dites pas de paroles contraires à la vérité ! Cette sagesse-là ne vient pas d’en haut. Elle appartient à la terre, elle est humaine, elle ressemble à celle des esprits mauvais. Quand les gens sont jaloux, quand ils ont envie de passer devant les autres, il y a du désordre et toutes sortes d’actions mauvaises. Mais la sagesse d’en haut donne d’abord un cœur pur, puis elle apporte paix et douceur. Elle cherche à unir, elle est pleine de bonté et elle produit des actions bonnes. Elle ne fait pas de différence entre les gens, et elle n’est pas fausse. Ceux qui aiment la paix répandent la paix autour d’eux, comme des semences, et les fruits qu’ils récoltent, ce sont des actions justes.
Jak 3:13-18 Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Èske gen moun pami nou ki reyèlman saj, yon moun ki vrèman gen bon konprann? Alò, li dwe manifeste sa nan yon bon konpòtman, nan sa l ap fè avèk imilite epi ak sajès. Men si w gen nan kè w yon jalouzi anmè, yon lanvi egoyis ak lanbisyon, pa fè lwanj di ou saj. Pa bay manti konsa! Sajès sa a, se pa nan syèl li soti. Li soti sou latè, se sajès lèzòm, se yon sajès dyabolik. Paske, kote k gen jalouzi ak lanbisyon pou pase devan lòt moun, sa fè dezòd ansanm ak tout move zak. Men, sajès ki soti nan syèl la, li soti nan yon kè ki pwòp. Epi l ap pote lapè ak dousè. L ap chache ini moun. Li plen ak bonte. Li fè anpil bon bagay. Li pa nan patipri, li pa ipokrit. Moun ki renmen simen lapè toupatou kote yo ye, gen pou yo rekòlte fui la jistis.
Jak 3:13-18 New International Version (NIV)
Who is wise and understanding among you? Let them show it by their good life, by deeds done in the humility that comes from wisdom. But if you harbor bitter envy and selfish ambition in your hearts, do not boast about it or deny the truth. Such “wisdom” does not come down from heaven but is earthly, unspiritual, demonic. For where you have envy and selfish ambition, there you find disorder and every evil practice. But the wisdom that comes from heaven is first of all pure; then peace-loving, considerate, submissive, full of mercy and good fruit, impartial and sincere. Peacemakers who sow in peace reap a harvest of righteousness.
Jak 3:13-18 La Bible du Semeur 2015 (BDS)
Y a-t-il parmi vous quelqu’un de sage et d’expérimenté ? Qu’il en donne la preuve par sa bonne conduite, c’est-à-dire par des actes empreints de l’humilité qui caractérise la véritable sagesse. Mais si votre cœur est plein d’amère jalousie, si vous êtes animés d’un esprit querelleur, il n’y a vraiment pas lieu de vous vanter ; ce serait faire entorse à la vérité. Une telle sagesse ne vient certainement pas du ciel, elle est de ce monde, de l’homme sans Dieu, elle est démoniaque. Car là où règnent la jalousie et l’esprit de rivalité, là aussi habitent le désordre et toutes sortes de pratiques indignes. Au contraire, la sagesse qui vient d’en haut est en premier lieu pure ; de plus, elle aime la paix, elle est modérée et conciliante, pleine de compassion ; elle produit beaucoup de bons fruits, elle est sans parti pris et sans hypocrisie. Ceux qui travaillent à la paix sèment dans la paix une semence qui produira un fruit conforme à ce qui est juste.